Revelasyon 2:18-29

Revelasyon 2:18-29 1998 Haïtienne (HAT98)

Ekri zanj legliz ki nan lavil Tiyati a. Di l konsa: — Men sa pitit Bondye a voye di ou, li menm ki gen je l yo tankou de flanm dife, ak pye l yo klere tankou kwiv poli. Mwen konnen tou sa w'ap fè. Mwen konnen jan ou gen renmen nan kè ou, jan ou gen konfyans, jan ou fè sèvis ou byen, ak jan ou gen anpil pasyans. Mwen konnen tou w'ap travay kounyeya pi plis pase anvan. Men, men repwòch mwen gen pou m fè ou: w'ap tolere fanm yo rele Jezabèl la k'ap pran pòz pwofèt Bondye li. L'ap detounen sèvitè m yo, l'ap moutre yo pou yo lage kò yo nan imoralite, pou yo manje vyann bèt yo te ofri pou touye bay zidòl. Mwen ba l kont tan pou l vire kite peche l yo. Men, li pa vle kite imoralite li a. Se poutèt sa, mwen pral fè li pran kabann kote li pral soufri anpil. Tout moun ki nan adiltè ak li yo pral soufri anpil tou si yo pa vire do kite zak y'ap plede fè avèk li yo. Apre sa, m'ap fè tout pitit li yo mouri. Konsa, tout legliz yo va konnen mwen se moun ki konnen tout lide lèzòm ap fè nan tèt yo ak tout santiman yo gen nan kè yo. M'ap bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè. — Pou nou menm, lòt manm legliz nan lavil Tiyati yo ki pa swiv move konsèy sa yo, ki pat aprann sa bann moun sa yo ap rele gwo sekrè Satan an, men sa m'ap di nou: Mwen p'ap ban nou lòt chay pase sa. Men, kenbe sa nou genyen an byen fèm jouk jou m'a tounen. — Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, epi ki va toujou ap fè sa m vle yo fè a jouk sa kaba, m'a ba yo pouvwa sou tout nasyon, menm jan Papa m te ban m pouvwa sa a tou. Y'a gouvènen nasyon yo ak yon baton fè, y'a kraze yo an miyèt moso tankou yon kannari yo kraze. M'a ba yo bèl zetwal ki klere chak maten an tou. — Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo.

Revelasyon 2:18-29 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

« Écris à l’ange de l’Église qui est à Thyatire : « Voici le message du Fils de Dieu. Celui-ci a des yeux brillants comme du feu, et ses pieds semblent faits d’un métal très solide. Je connais tout ce que tu fais, ton amour, ta foi, les services que tu rends et ta patience, et maintenant, tu fais encore plus de choses qu’au début. Mais j’ai un reproche à te faire : tu laisses agir Jézabel . Cette femme dit qu’elle parle de la part de Dieu. Mais elle trompe mes serviteurs, elle leur apprend à abandonner le vrai Dieu et à manger les animaux offerts en sacrifice aux faux dieux. Je lui ai laissé du temps pour qu’elle change sa vie, mais elle ne veut pas, elle veut continuer à se prostituer. Alors voilà : je vais la jeter sur un lit de souffrance, avec ceux qui ont commis l’adultère avec elle. Elle va beaucoup souffrir et les autres aussi. Mais s’ils changent leur vie et n’agissent plus comme elle, cela ne leur arrivera pas. Je vais faire mourir ses enfants. Ainsi toutes les Églises le sauront : je suis celui qui connaît les pensées et les désirs des êtres humains. Je rendrai à chacun de vous selon ce qu’il a fait. « Mais vous, les autres chrétiens de Thyatire, vous n’êtes pas d’accord avec l’enseignement de ces gens-là. Vous ne cherchez pas à connaître ce qu’ils appellent les secrets profonds de Satan. Et je vous le dis : je ne vous force pas à faire quelque chose de plus. Mais, ce que vous avez, gardez-le solidement jusqu’à ma venue. Ceux qui continueront à me servir jusqu’à la fin, voilà les vainqueurs, et je leur donnerai le pouvoir que j’ai reçu de mon Père. Je leur donnerai le pouvoir sur les peuples. Ils les dirigeront très durement et ils les briseront comme on brise des plats en terre. Je leur donnerai également l’étoile du matin . « Celui qui a des oreilles, qu’il écoute ce que l’Esprit Saint dit aux Églises ! »

Revelasyon 2:18-29 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Ekri anj legliz Tiyati a. Di l konsa: Men kisa pitit Bondye a voye di w, li menm ki gen je l menm jan ak flanm dife epi pye li te sanble ak bwonz dife fè vin klere anpil. Mwen konnen kijan ou ap viv, lanmou ou, lafwa ou, sèvis ou, pèseverans ou, epi ou toujou ap chache fè pi plis chak jou. Men, men sa m repwoche w: Ou ap tolere dam yo rele Jezabèl la, li di l se pwofèt, ou kite l ap detounen sèvitè m yo pou fè yo komèt peche seksyèl epi manje viann yo sakrifye bay zidòl. Mwen te ba li tan pou l repanti l, men li refize repanti pou kite move zak li yo. Poutèt sa, m pral jete l sou yon kabann, nan yon gran detrès, ansanm ak tout moun ki t ap fè adiltè avè l yo, sof si yo ta repanti, si yo kite move zak yo. M ap touye moun k ap swiv li yo. Konsa, tout legliz yo va konnen sa moun panse ak sa moun santi. Pou nou tout, m ap fè chak moun pote konsekans aksyon li yo. Pou nou menm, lòt moun nan Tiyati yo ki pa nan doktrin sa a, epi ki pa antre byen fon nan Satan, jan yo di l la, mwen deklare, m pa mete lòt chaj sou nou. Sèlman, sa k nan men nou an, kenbe l fèm jouktan m vini. Moun ki ranpòte laviktwa yo, ki fè volonte m jiska lafen, m ap ba yo pouvwa sou nasyon yo. Y ap dirije nasyon yo ak yon baton anfè, y ap kraze nasyon yo menm jan yo kraze yon po anajil. Se konsa, mwen menm, mwen te resevwa pouvwa nan men papa m. Epi m ap bay moun sa yo zetwal ki klere chak maten an tou. Se pou tout moun ki gen zòrèy tande sa Sentespri a ap di legliz yo!

Revelasyon 2:18-29 New International Version (NIV)

“To the angel of the church in Thyatira write: These are the words of the Son of God, whose eyes are like blazing fire and whose feet are like burnished bronze. I know your deeds, your love and faith, your service and perseverance, and that you are now doing more than you did at first. Nevertheless, I have this against you: You tolerate that woman Jezebel, who calls herself a prophet. By her teaching she misleads my servants into sexual immorality and the eating of food sacrificed to idols. I have given her time to repent of her immorality, but she is unwilling. So I will cast her on a bed of suffering, and I will make those who commit adultery with her suffer intensely, unless they repent of her ways. I will strike her children dead. Then all the churches will know that I am he who searches hearts and minds, and I will repay each of you according to your deeds. Now I say to the rest of you in Thyatira, to you who do not hold to her teaching and have not learned Satan’s so-called deep secrets, ‘I will not impose any other burden on you, except to hold on to what you have until I come.’ To the one who is victorious and does my will to the end, I will give authority over the nations— that one ‘will rule them with an iron scepter and will dash them to pieces like pottery’—just as I have received authority from my Father. I will also give that one the morning star. Whoever has ears, let them hear what the Spirit says to the churches.

Revelasyon 2:18-29 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

A l’ange de l’Eglise qui est à Thyatire, écris : « Voici ce que dit le Fils de Dieu, dont les yeux sont comme une flamme ardente et les pieds comme du bronze : Je connais tes œuvres, ton amour, ta fidélité, ton service et ta persévérance. Je sais que tes dernières œuvres sont plus nombreuses que les premières. Pourtant, j’ai un reproche à te faire : tu laisses cette femme, cette Jézabel qui se dit prophétesse, égarer mes serviteurs en leur enseignant à participer au culte des idoles, en se livrant à la débauche et en mangeant les viandes des sacrifices. Je lui ai laissé du temps pour qu’elle change, mais elle ne veut pas renoncer à son immoralité. Voici : je la jette, elle et ses compagnons de débauche, sur un lit de grande détresse, à moins qu’ils changent en renonçant à agir selon son enseignement. Je livrerai ses disciples à la mort. Ainsi, toutes les Eglises reconnaîtront que je suis celui qui sonde les pensées et les désirs secrets. Je rétribuerai chacun de vous selon ses actes. Quant à vous, les autres membres de l’Eglise qui est à Thyatire, vous qui ne suivez pas cet enseignement et qui n’avez pas voulu connaître ce qu’ils appellent “les profondeurs de Satan”, je vous le déclare : je ne vous impose pas d’autre fardeau. Mais tenez fermement ce que vous avez jusqu’à ce que je vienne. Au vainqueur, à celui qui continue à agir jusqu’à la fin selon mon enseignement, je donnerai autorité sur tous les peuples : il les dirigera avec un sceptre de fer, comme on brise les poteries d’argile , ainsi que j’en ai reçu, moi aussi, le pouvoir de mon Père. Et je lui donnerai l’étoile du matin. Que celui qui a des oreilles écoute ce que l’Esprit dit aux Eglises. »