Filipyen 4:1-23

Filipyen 4:1-23 1998 Haïtienne (HAT98)

Se pou sa, frè m yo ak zanmi m yo, nou menm mwen anvi wè anpil la, nou menm ki fè kè m kontan an, nou menm ki yon lwanj pou mwen an, se konsa pou nou kenbe fèm nan lavi n'ap mennen ansanm nan Senyè a. M'ap ekri de ti mo pou Evodi ak Sentich: Tanpri souple, mete nou dakò tankou de sè k'ap viv ansanm nan Senyè a. Ou menm tou k'ap travay ansanm avè m, mwen mande ou pou ou ede yo, paske de medam sa yo te travay di pou fè konnen bòn nouvèl la ansanm ak Kleman ak tout lòt moun ki te travay ansanm avè mwen yo. Yo tout gen non yo ekri nan Liv Bondye a ki gen non moun ki gen lavi a. Se pou nou toujou kontan nan lavi n'ap mennen ansanm nan Senyè a. M'ap repete l ankò: Fè kè nou kontan anpil. Se pou tout moun konnen nou se moun ki gen bon kè. Senyè a ap vini anvan lontan. Pa bay kò nou traka pou anyen. Men, nan tout sikonstans mande Bondye tou sa nou bezwen nan lapriyè. Toujou chonje di l mèsi tou lè n'ap lapriyè. Konsa, Bondye va ban nou kè poze nan jan pa l, bagay lèzòm pa ka konprann. La kenbe kè nou ak lespri nou fèm nan Jezikri. Pou fini, frè m yo, mete lide nou sou bagay ki bon, ki merite lwanj: bagay ki vre, ki kòrèk, ki dwat, ki bèl, ki p'ap fè nou wont. Fè tou sa mwen te moutre nou, ni sa nou te resevwa nan menm m, ni sa nou te tande m di ak tou sa nou te wè m fè. Konsa, Bondye k'ap bay kè poze a va toujou la avè nou. Mwen pat manke kontan nan lavi m'ap mennen ansanm ak Senyè a, paske nou vin fè m wè ankò jan nou pran ka mwen. Sa pa vle di nou te lage m non. Men, nou pat ankò jwenn okazyon fè m wè jan nou fèb pou mwen. Si nou wè m'ap pale konsa, se pa paske kounyeya mwen nan nesesite. Paske nan lavi, m aprann kontante tèt mwen ak sa m genyen. Mwen konnen sa ki rele viv nan mizè, mwen konnen sa ki rele viv nan richès. Kit mwen pa gen ase, kit mwen gen plis pase sa m bezwen, nan tout sikonstans m aprann kontante tèt mwen toupatou ak sa mwen genyen. Nenpòt sitirasyon ki parèt devan mwen, m'ap degaje m, gremesi Kris la ki ban mwen fòs kouray. Malgre sa, nou byen fèt ede m nan traka m yo. Nou menm, moun lavil Filip, nou byen konnen sa m pral di nou la a. Lè mwen kite peyi Masedouàn, lè yo te fenk konmanse ap pibliye bòn nouvèl la, se nou menm sèl legliz ki te ede mwen. Se nou menm sèl ki te separe sa nou genyen avè m pou sa m te fè pou nou. Lè m te lavil Tesalonik, an de fwa nou voye sa m te bezwen ban mwen. Se pa dèyè kado mwen ye. Men, mwen ta renmen Bondye mete sou sa nou gen deja. Wi, mwen resevwa tou sa nou te voye ban mwen, pou di vre, sa depase sa m te bezwen. Kounyeya, avèk Epafwodit ki pote kado nou yo, mwen gen tou sa m bezwen. Kado nou yo se tankou yon ofrann ki santi bon, yon ofrann bèt Bondye ap asepte paske sa fè l plezi. Bondye ki rich anpil la va ban nou tou sa nou bezwen nan Jezikri. Tout lwanj lan se pou Bondye, Papa nou, pou tout tan. Amèn. Bonjou pou pèp Bondye a k'ap viv ansanm nan Jezikri. Tout frè ki la avè m yo voye bonjou pou nou. Tout pèp Bondye a ki isit la, espesyalman sa ki nan palè Seza a, voye bonjou pou nou. Se pou benediksyon Jezikri, Senyè a, toujou avè nou.

Filipyen 4:1-23 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Mes frères et mes sœurs très aimés, j’ai très envie de vous revoir. Vous êtes ma joie et vous me faites honneur. C’est pourquoi, amis très chers, restez fidèlement unis au Seigneur. Évodie et Syntique, je vous le demande avec force, soyez d’accord entre vous en restant unies au Seigneur. Et toi aussi qui travailles fidèlement avec moi, je te le demande, aide ces deux femmes. Elles ont lutté pour la Bonne Nouvelle avec moi, avec Clément et avec les autres frères qui travaillent avec moi. Leurs noms sont écrits dans le livre de la vie . Soyez toujours dans la joie en étant unis au Seigneur ! Je le répète, soyez dans la joie ! Soyez bons avec tout le monde. Le Seigneur vient bientôt ! Ne soyez inquiets de rien, mais demandez toujours à Dieu ce qu’il vous faut. Et quand vous priez, faites vos demandes avec un cœur reconnaissant. Ainsi la paix de Dieu, qui dépasse tout ce que nous pouvons comprendre, gardera vos cœurs et vos pensées unis au Christ Jésus. En tout cas, frères et sœurs, voici ce qui doit vous intéresser : tout ce qui est vrai et mérite d’être respecté, tout ce qui est juste et pur, tout ce qu’on peut aimer et approuver, tout ce qui est très bon et ce qui mérite des félicitations. Faites ce que vous avez appris de moi, ce que vous avez reçu et entendu de moi, ce que vous m’avez vu faire. Et le Dieu qui donne la paix sera avec vous. J’ai eu beaucoup de joie dans le Seigneur. En effet, finalement, vous avez pu montrer de nouveau votre intérêt pour moi. Cet intérêt, vous l’aviez, mais vous n’aviez pas eu l’occasion de le montrer. Je ne dis pas cela parce que j’ai besoin de quelque chose ! Non, j’ai appris à me contenter de ce que j’ai. Je sais vivre dans la pauvreté, je sais vivre dans la richesse. Toujours et partout, j’ai appris à être rassasié et à avoir faim, à vivre avec beaucoup et avec peu. Je suis capable de tout cela grâce au Christ qui me rend fort. Pourtant, vous avez bien fait de prendre part à mes souffrances. Vous le savez, vous, mes amis de Philippes : quand on commençait à annoncer la Bonne Nouvelle, j’ai quitté la Macédoine. Et à ce moment-là, aucune autre Église ne s’est occupée de mon salaire et de mes dépenses, vous avez été les seuls à m’aider. Déjà, quand j’étais à Thessalonique, vous m’avez envoyé plusieurs fois ce qui me manquait. Cela ne veut pas dire que je cherche des cadeaux ! Ce que je cherche, c’est que vous en retiriez un bénéfice. J’ai tout ce qu’il faut, et même plus ! J’ai reçu ce qu’Épafrodite m’a apporté de votre part, et maintenant, j’ai vraiment tout. Vos cadeaux sont comme une offrande agréable, un sacrifice que Dieu accepte et qui lui plaît. Et mon Dieu vous donnera tout ce qui vous manque par le Christ Jésus, tellement sa gloire est grande. Rendons gloire à Dieu notre Père pour toujours ! Amen ! Saluez dans le Christ Jésus tous ceux qui appartiennent à Dieu. Les frères et les sœurs qui sont avec moi vous saluent. Tous les chrétiens vous saluent, surtout ceux qui travaillent au service de l’empereur. Que le Seigneur Jésus-Christ vous bénisse !

Filipyen 4:1-23 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Frè m ak sè byeneme m yo, mwen anvi wè nou anpil. Nou fè kè mwen kontan epi mwen fyè de nou. Poutèt sa, byeneme, kontinye rete fidèl epi rete atache ak Senyè a. Evodi, ou menm ak Sentich, m ap egzòte nou pou nou chache gen tèt ansanm nan Senyè a. Ou menm ki se yon konpanyon fidèl pou mwen: M ap mande w pou w ede medam sa yo. Se pa ti travay yo te travay ansanm ak mwen nan anonse Levanjil la, ansanm ak Klèman epi lòt moun yo tou. Non yo tout ekri nan Liv lavi a. Toujou kontan nan Senyè a! M ap repete sa, fè kè nou kontan! Se pou tout moun wè kijan nou se bon moun. Senyè a pa lwen retounen. Pa bay tèt nou pwoblèm pou anyen. Men nan chak sikonstans, fè Bondye konnen sa nou bezwen nan lapriyè pandan n ap di l mèsi. Lè sa a, lapè Bondye ki depase tout sa yon moun kapab konprann va kenbe kè nou ak panse nou nan Jezikris. Pou fin i, frè m ak sè m yo, bagay ki pou nan lespri nou se bagay ki bon, ki vrè, ki jis, ki sen, ki bèl, bagay moun respekte, ki pwòp epi bagay moun ka fè lwanj pou yo. Mete sa nou aprann an pratik, pratike sa nou te resevwa nan menm; sa nou tande ak sa nou wè nan lavi m. Epi Bondye ki sous lapè a va avèk nou. Mwen senti m kontan anpil nan Senyè a, paske nou te montre kijan nou renmen m yon lòt fwa ankò. Nou te toujou renmen m, men nou pa t gen mwayen pou nou montre sa. Se pa paske m nan bezwen ki fè m ap di sa. Mwen aprann satisfè m ak sa m genyen epi ak sa ki rive m. Mwen konn viv nan nesesite, mwen konn viv nan labondans. Mwen aprann sekrè kijan pou m viv nan kèlkeswa sitiyasyon an, nan vant plen oubyen nan grangou, nan labondans oubyen nan zafè pa bon. Mwen kapab fè fas ak nenpòt ki sitiyasyon poutèt Kris k ap ban mwen fòs. Men, se yon bon bagay nou fè, lè nou ede m kon sa nan soufrans mwen yo. Nou menm Filipyen, nou konnen sa k te rive, lè m te fenk kòmanse preche Levanjil. Lè m te kite rejyon Masedwàn nan, pa gen yon legliz ki te ede m, se nou menm sèlman ki te fè sa. Plizyè fwa nou voye anpil bagay pou ede mwen, lè m te lavil Tesalonik. Se pa kado ak lajan m ap chache non. Okontrè, m ap chache wè si nou menm, lafwa nou ta fè pi plis benefisye toujou devan Bondye. Mwen resevwa tout bagay, mwen pa manke anyen, epi menm pi plis pase sa m te bezwen. Epafwodit te ban mwen pwovizyon nou te voye yo. Yo te byen vini, tankou yon bon kalite ofrann ki fè Bondye plezi. Se pou Bondye m nan ban nou tou sa nou gen bezwen ki soti nan richès laglwa li nan Jezikris. N ap fè louwanj pou Bondye Papa a pou tout tan gen tan. Amèn! Salye tout pèp Bondye a nan Jezikris. Frè ki avè m yo salye nou tou. Tout pèp Bondye isit la voye salitasyon pou nou, sitou sa yo k ap travay pou anperè Seza. Se pou gras Senyè Jezikris ranpli lespri nou chak.

Filipyen 4:1-23 New International Version (NIV)

Therefore, my brothers and sisters, you whom I love and long for, my joy and crown, stand firm in the Lord in this way, dear friends! I plead with Euodia and I plead with Syntyche to be of the same mind in the Lord. Yes, and I ask you, my true companion, help these women since they have contended at my side in the cause of the gospel, along with Clement and the rest of my co-workers, whose names are in the book of life. Rejoice in the Lord always. I will say it again: Rejoice! Let your gentleness be evident to all. The Lord is near. Do not be anxious about anything, but in every situation, by prayer and petition, with thanksgiving, present your requests to God. And the peace of God, which transcends all understanding, will guard your hearts and your minds in Christ Jesus. Finally, brothers and sisters, whatever is true, whatever is noble, whatever is right, whatever is pure, whatever is lovely, whatever is admirable—if anything is excellent or praiseworthy—think about such things. Whatever you have learned or received or heard from me, or seen in me—put it into practice. And the God of peace will be with you. I rejoiced greatly in the Lord that at last you renewed your concern for me. Indeed, you were concerned, but you had no opportunity to show it. I am not saying this because I am in need, for I have learned to be content whatever the circumstances. I know what it is to be in need, and I know what it is to have plenty. I have learned the secret of being content in any and every situation, whether well fed or hungry, whether living in plenty or in want. I can do all this through him who gives me strength. Yet it was good of you to share in my troubles. Moreover, as you Philippians know, in the early days of your acquaintance with the gospel, when I set out from Macedonia, not one church shared with me in the matter of giving and receiving, except you only; for even when I was in Thessalonica, you sent me aid more than once when I was in need. Not that I desire your gifts; what I desire is that more be credited to your account. I have received full payment and have more than enough. I am amply supplied, now that I have received from Epaphroditus the gifts you sent. They are a fragrant offering, an acceptable sacrifice, pleasing to God. And my God will meet all your needs according to the riches of his glory in Christ Jesus. To our God and Father be glory for ever and ever. Amen. Greet all God’s people in Christ Jesus. The brothers and sisters who are with me send greetings. All God’s people here send you greetings, especially those who belong to Caesar’s household. The grace of the Lord Jesus Christ be with your spirit. Amen.

Filipyen 4:1-23 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Ainsi donc, mes frères et sœurs bien-aimés, vous que je désire tant revoir, vous qui êtes ma joie et ma couronne, c’est de cette manière, mes chers amis, que vous devez tenir ferme, en restant attachés au Seigneur. Je recommande à Evodie et à Syntyche de vivre en parfaite harmonie, l’une avec l’autre, selon le Seigneur ; je les y invite instamment. Toi, mon fidèle collègue, je te le demande : viens-leur en aide, car elles ont combattu à mes côtés pour la cause de l’Evangile, tout comme Clément et mes autres collaborateurs dont les noms sont inscrits dans le livre de vie. Réjouissez-vous en tout temps de tout ce que le Seigneur est pour vous. Oui, je le répète, soyez dans la joie. Faites-vous connaître par votre amabilité envers tous les hommes. Le Seigneur est proche. Ne vous mettez en souci pour rien, mais, en toute chose, exposez vos demandes à Dieu en lui adressant vos prières et vos supplications, tout en lui exprimant votre reconnaissance. Alors la paix de Dieu, qui surpasse tout ce qu’on peut concevoir, gardera votre cœur et votre pensée sous la protection de Jésus-Christ. Enfin, frères et sœurs, nourrissez vos pensées de tout ce qui est vrai, noble, juste, pur, digne d’amour ou d’approbation, de tout ce qui est vertueux et mérite louange. Ce que vous avez appris et reçu de moi, ce que vous m’avez entendu dire et vu faire, mettez-le en pratique. Alors le Dieu qui donne la paix sera avec vous. Je me suis profondément réjoui, dans le Seigneur, en voyant que votre intérêt pour moi a pu finalement porter de nouveaux fruits. Car cette sollicitude à mon égard, vous l’éprouviez toujours, mais vous n’aviez pas eu l’occasion de la manifester. Ce n’est pas le besoin qui me fait parler ainsi, car j’ai appris en toutes circonstances à être content avec ce que j’ai. Je sais vivre dans le dénuement, je sais aussi vivre dans l’abondance. C’est le secret que j’ai appris : m’accommoder à toutes les situations et toutes les circonstances, que je sois rassasié ou que j’aie faim, que je connaisse l’abondance ou que je sois dans le besoin. Je peux tout, grâce à celui qui me fortifie. Pourtant, vous avez bien fait de prendre part à ma détresse. Comme vous le savez, Philippiens, dans les premiers temps de mon activité pour la cause de l’Evangile, lorsque j’ai quitté la Macédoine, aucune autre Eglise n’est entrée avec moi dans un échange réciproque de dons matériels et spirituels. Vous seuls l’avez fait. Pendant mon séjour à Thessalonique, vous m’avez envoyé, par deux fois, des dons pour subvenir à mes besoins. Ce n’est pas que je tienne à recevoir des dons ; ce qui m’intéresse, c’est qu’un plus grand nombre de fruits soit porté à votre actif. J’atteste par cette lettre avoir reçu tous vos dons, et je suis dans l’abondance. Depuis qu’Epaphrodite me les a remis, je suis comblé. Ils ont été pour moi comme le doux parfum d’une offrande agréée par Dieu et qui lui fait plaisir. Aussi, mon Dieu subviendra pleinement à tous vos besoins ; il le fera, selon sa glorieuse richesse qui se manifeste en Jésus-Christ. A notre Dieu et Père soit la gloire dans tous les siècles ! Amen ! Saluez tous ceux qui, par leur union avec Jésus-Christ, font partie du peuple saint. Les frères qui sont ici avec moi vous saluent. Tous les membres du peuple saint vous adressent leurs salutations, et en particulier ceux qui sont au service de l’empereur. Que la grâce du Seigneur Jésus-Christ soit avec vous.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an