Filipyen 1:27-30
Filipyen 1:27-30 1998 Haïtienne (HAT98)
Sèl bagay ki konsekan se pou nou viv yon jan ki konfòm ak bòn nouvèl Kris la. Konsa, mwen ta mèt rive vin wè nou, mwen ta mèt pa kapab, se pou m tande jan n'ap kenbe fèm, jan n'ap viv ansanm yonn ak lòt. Se pou m tande jan n'ap mennen batay la ansanm pou defann konfyans bòn nouvèl la fè nou gen nan Bondye. Pa kite okenn lènmi kraponnen nou. Se pou tout bagay sa yo sèvi tankou yon prèv pou fè lènmi yo wè se pèdi y'ap pèdi tèt yo. Men, pou nou menm, yo fè wè se delivre n'ap delivre. Sa se travay Bondye. Paske nou menm k'ap sèvi Kris la, Bondye ban nou favè sa a, non sèlman pou nou gen konfyans nan li, men pou nou ka soufri avè li tou. Batay n'ap mennen an, se menm batay la m'ap mennen tou. Se menm batay nou te wè m'ap mennen nan tan lontan an. Se li menm m'ap mennen jouk kounyeya, jan nou konnen an.
Filipyen 1:27-30 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Mais vivez comme la Bonne Nouvelle du Christ le demande. Ainsi, si je viens, je vous verrai, et si je ne viens pas, j’entendrai parler de vous. Alors je saurai que vous restez solides, très unis entre vous, et que vous luttez ensemble et d’un même cœur, pour garder la foi que la Bonne Nouvelle apporte. Je saurai aussi que vous n’avez pas peur de vos ennemis. Pour eux, c’est la preuve qu’ils sont perdus. Pour vous, c’est la preuve que vous êtes sauvés, et cela vient de Dieu. C’est lui qui vous a donné non seulement de croire au Christ, mais encore de souffrir pour lui. En effet, nous luttons ensemble, vous et moi. Autrefois, j’ai lutté sous vos yeux et je continue à lutter, vous le savez.
Filipyen 1:27-30 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Men, kèlkeswa sitiyasyon an, se pou n viv yon fason ki konfòm ak Levanjil Jezikris a. Konsa, kit mwen retounen wè nou, kit mwen pa vini, mwen ta renmen tande bon temwanyaj sou nou, epi m ap konnen n ap mennen yon konba ansanm pou lafwa nou jwenn nan Levanjil la. Nou p ap pè sa yo ki kont nou. Kouray nou sèvi kòm prèv. Moun ki kont nou yo se moun pèdi yo ye, men nou menm, nou se moun sove. Se Bondye menm k ap fè sa. Se yon benediksyon Bondye ban nou, non sèlman pou nou sèvi Kris la, men pou nou soufri pou li tou. Konsa, nou nan menm batay avè m, batay nou te wè m ap mennen anvan sa a, se menm batay sa a nou tande mwen toujou ap mennen jouk kounye a.
Filipyen 1:27-30 New International Version (NIV)
Whatever happens, conduct yourselves in a manner worthy of the gospel of Christ. Then, whether I come and see you or only hear about you in my absence, I will know that you stand firm in the one Spirit, striving together as one for the faith of the gospel without being frightened in any way by those who oppose you. This is a sign to them that they will be destroyed, but that you will be saved—and that by God. For it has been granted to you on behalf of Christ not only to believe in him, but also to suffer for him, since you are going through the same struggle you saw I had, and now hear that I still have.
Filipyen 1:27-30 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Quoi qu’il en soit, menez une vie digne de l’Evangile de Christ, en vrais citoyens de son royaume. Ainsi, que je vienne vous voir ou que je reste loin de vous, je pourrai apprendre que vous tenez bon, unis par un même esprit, luttant ensemble d’un même cœur pour la foi fondée sur l’Evangile, sans vous laisser intimider en rien par les adversaires. C’est pour eux le signe qu’ils courent à leur perte, et pour vous celui que vous êtes sauvés. Et cela vient de Dieu. Car en ce qui concerne Christ, Dieu vous a accordé la grâce, non seulement de croire en lui, mais encore de souffrir pour lui. Vous êtes en effet engagés dans le même combat que moi, ce combat que vous m’avez vu soutenir et que je soutiens encore maintenant, comme vous le savez.