Mak 9:1-29

Mak 9:1-29 1998 Haïtienne (HAT98)

Li di yo ankò: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nan moun ki la kounyeya gen ladan yo ki p'ap mouri san yo pa wè Bondye vin pran gouvènman an nan men l avèk pouvwa. Sis jou apre sa, Jezi pran Pyè, Jak ak Jan apa avèk li. Li menmen yo poukont yo sou yon mòn byen wo. Epi Jezi transfòme devan yo; rad li vin klere tou blan. Pa gen lesivyèz sou latè ki kapab blanchi konsa. Twa disip yo wè Eli ak Moyiz parèt, yo t'ap koze avèk Jezi. Pyè pran lapawòl, li di Jezi: — Mèt, sa bon nèt wi pou nou isit la. Annou moute twa tant: yonn pou ou, yonn pou Moyiz, yonn pou Eli. Li pat konnen sa pou l te di tèlman yo te pè. Yon nyaj vin kouvri yo, epi yon vwa moun sòti nan nyaj la, li di: — Sa se pitit mwen renmen anpil la. Koute li. Menm lè a, disip yo vire tèt yo, yo gade adwat, yo gade agòch, men yo pa wè pèsonn pase. Jezi ki te pou kont li avèk yo. Antan yo t'ap desann mòn lan, Jezi pale sevè avèk yo: — Pa di pèsonn sa nou sot wè la a, jouk mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, m'a leve sòti vivan pami mò yo. Yo te kenbe pawòl la sekrè, men yonn t'ap di lòt: — Sa sa vle di menm: leve sòti vivan pami mò yo? Twa disip yo poze l kèsyon sa a: — Poukisa dirèktè lalwa yo di: Se pou Eli vin anvan. Li reponn yo: — Se vre wi. Eli gen pou l vin anvan pou l mete tout bagay nan lòd. Men, ki jan yo te fè ekri tou: Moun Bondye voye nan lachè a gen pou l soufri anpil, yo p'ap manke pase l nan betiz? Men mwen menm, mwen di nou: Eli vini deja, yo fè sa yo te vle avè l, jan sa te ekri sou li a. Lè yo rive bò kote lòt disip yo, yo wè yo nan mitan yon mas moun. Te gen kèk dirèktè lalwa la tou ki t'ap diskite avèk yo. Lè foul moun yo wè Jezi, sezisman pran yo, yo tout kouri vin di l bonjou. Li mande disip li yo: — Sa n'ap diskite konsa? Yon nonm nan foul moun yo reponn li: — Mèt, mwen te mennen ti gason m lan ba ou. Li anba yon move lespri ki rann li bèbè. Nenpòt ki kote lespri a pran l, li fese l atè. Lè konsa, tibway la kimen, li manje dan l, epi li vin tou rèd. Mwen te mande disip ou yo pou yo chase lespri a sot sou li, men yo pat kapab. Jezi di yo: — Ala jenerasyon san konfyans! Jouk konbe tan nou konprann m'ap rete nan mitan nou ankò? Jouk konbe tan pou mwen sipòte nou ankò? Mennen tibway la ban mwen non. Yo mennen l ba li. Kou ti nonm lan wè Jezi, move lespri a souke l byen souke. Ti gason an tonbe atè, li woule, li kimen. Jezi mande papa a: — Depi konbe tan li konsa? Papa a reponn li: — Depi li tou piti wi. Anpil fwa menm, move lespri a jete l nan dife, osinon nan dlo pou touye li. Men, si ou kapab fè kichòy, tanpri, ede nou. Gen pitye pou nou! Jezi di li: — Si m kapab menm!... Tout bagay posib wi pou moun ki met konfyans yo nan Bondye. Menm lè a, papa tibway la di byen fò: — Mwen gen konfyans nan Bondye! Men, vin ede m pou m sa gen plis konfyans toujou. Lè Jezi wè foul la ap kouri vini, li pale byen sevè ak movèzespri a, li di li: — Lespri bèbè, lespri soudè, mwen kòmande ou: Soti sou tibway la touswit, pa janm tounen sou li ankò. Move lespri a souke tibway la byen souke. Li bay yon gwo rèl, epi li sòti, l ale. Ti gason an te rete tankou si l te mouri atè a, kifè anpil moun te gentan ap di: — Li mouri wi. Men Jezi pran men l, li fè l leve. Lamenm, ti gason an kanpe. Antre Jezi antre nan kay la, disip yo pran l apa, epi yo di li: — Poukisa nou pat kapab chase lespri sa a? Li di yo: — Se lapriyè sèlman ki ka chase kalite lespri sa a.

Pataje
Li Mak 9

Mak 9:1-29 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Jésus leur dit encore : « Je vous le dis, c’est la vérité : quelques-uns ici ne mourront pas avant de voir le Royaume de Dieu venir avec puissance. » Six jours après, Jésus emmène avec lui Pierre, Jacques et Jean. Il les conduit sur une haute montagne, loin des gens. Là, ils sont seuls avec lui. Sous leurs yeux, Jésus change d’aspect. Ses vêtements deviennent extraordinairement brillants. Personne sur la terre ne peut rendre des vêtements aussi blancs. Les trois disciples voient aussi Élie et Moïse, qui parlent avec Jésus. Alors Pierre dit à Jésus : « Maître, c’est une bonne chose pour nous d’être ici. Nous allons faire trois abris, un pour toi, un pour Moïse, et un pour Élie. » En effet, Pierre ne sait pas quoi dire. Il est effrayé et les autres disciples aussi. Un nuage arrive et les couvre de son ombre. Une voix vient du nuage et dit : « Celui-ci est mon Fils très aimé. Écoutez-le ! » Les disciples regardent autour d’eux, mais soudain, ils ne voient plus personne. Jésus est seul avec eux. Pendant qu’ils descendent de la montagne, Jésus leur donne cet ordre : « Ne racontez à personne ce que vous avez vu, jusqu’à ce que le Fils de l’homme se relève de la mort. » Ils obéissent à cette parole, mais ils se demandent entre eux : « Qu’est-ce que cela veut dire, “se relever de la mort” ? » Ensuite ils demandent à Jésus : « Les maîtres de la loi disent : “Élie doit venir d’abord.” Pourquoi donc ? » Jésus leur dit : « Oui, Élie doit venir d’abord pour tout remettre en ordre. Mais dans les Livres Saints, on lit aussi : “Le Fils de l’homme doit beaucoup souffrir, et on le méprisera.” Pourquoi donc ? Pourtant, je vous le dis, Élie est déjà venu, et les gens lui ont fait tout ce qu’ils ont voulu, comme les Livres Saints l’ont annoncé. » Quand ils arrivent auprès des autres disciples, ils voient une grande foule autour d’eux. Des maîtres de la loi sont en train de discuter avec eux. En voyant Jésus, la foule est très étonnée. Tout de suite, les gens courent vers lui pour le saluer. Jésus demande à ses disciples : « De quoi est-ce que vous discutez avec eux ? » Quelqu’un dans la foule lui répond : « Maître, je t’ai amené mon fils. Il a en lui un esprit mauvais qui l’empêche de parler. Cet esprit peut le prendre n’importe où. Alors il le jette par terre, l’enfant a de la salive qui sort de sa bouche, il grince des dents, et son corps devient raide. J’ai demandé à tes disciples de chasser cet esprit mauvais, mais ils n’ont pas eu la force de le faire. » Jésus leur dit : « Vous, les gens d’aujourd’hui, vous n’avez pas la foi ! Je vais rester avec vous combien de temps encore ? Je vais vous supporter combien de temps encore ? Amenez-moi l’enfant ! » On lui amène l’enfant. Quand l’esprit mauvais voit Jésus, aussitôt il secoue l’enfant avec force. Celui-ci tombe, il se roule par terre, et de la salive sort de sa bouche. Jésus demande au père : « Cela lui arrive depuis quand ? » Le père répond : « Depuis qu’il est petit. L’esprit l’a souvent poussé dans le feu et dans l’eau, pour le faire mourir. Mais si tu peux faire quelque chose, aie pitié de nous et aide-nous ! » Jésus lui répond : « Pourquoi est-ce que tu dis : “Si tu peux faire quelque chose…” ? Tout est possible pour celui qui croit ! » Aussitôt le père de l’enfant se met à crier : « Je crois ! Mais aide-moi, parce que je n’ai pas assez de foi ! » Jésus voit qu’une foule nombreuse se rassemble. Alors il menace l’esprit mauvais en lui disant : « Esprit qui empêches de parler et d’entendre, sors de cet enfant et ne rentre plus jamais en lui ! C’est un ordre ! » L’esprit pousse des cris, il secoue l’enfant avec force et il sort. L’enfant a l’air d’être mort, et beaucoup de gens disent : « Il est mort. » Mais Jésus le prend par la main, il l’aide à se lever, et l’enfant se met debout. Ensuite Jésus rentre à la maison. Quand ses disciples sont seuls avec lui, ils lui demandent : « Et nous, nous n’avons pas pu chasser cet esprit. Pourquoi donc ? » Jésus leur répond : « C’est seulement par la prière qu’on peut faire sortir ce genre d’esprit. »

Pataje
Li Mak 9

Mak 9:1-29 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Apre sa Jezi di: “Nou mèt kwè m lè m di nou kèk nan nou ki la jodi a ap wè wayòm Bondye a vini ak puisans anvan nou mouri.” Sis jou apre sa, Jezi te mennen Pyè, Jak ak Jan sou yon tèt mòn byen wo. Se te mesye sa yo sèlman ki te avèk Jezi. Epi devan disip yo li te kòmanse transfòme. Rad li te klere tou blan. Pa gen yon klowòks sou latè ki te ka fè yo blan konsa. Epi, men Moyiz ak Eli te vin parèt ap pale ak Jezi. Pyè pran lapawòl, li di Jezi konsa: “Mèt, li bon pou nou ta rete isit la! Si ou dakò, m ap monte twa tant, youn pou ou, youn pou Moyiz epi youn pou Eli.” Pyè pa t konnen sa pou li paske li menm ak lòt disip yo te ranpli ak pèrèz. Apre sa, yon nwaj klere vin kouvri yo, epi yon vwa pale nan nyaj la, li di: “Sa a se pitit mwen, pitit mwen chwazi a, tande l lè l pale!” Lè disip yo voye je vit gade toutotou, sèl moun yo te wè devan yo se Jezi ki te la avèk yo. Pandan Jezi ak disip yo t ap desann mòn nan, li di yo pou yo pa di pèsonn moun sa yo sot wè a jouktan Pitit Lòm nan leve soti vivan nan lanmò. Disip yo pa t pale pawòl la, men yo t ap diskite ant yo sou sa Jezi te vle di lè li te pale de “leve soti vivan nan lanmò a.” Yo mande li: “Pou kisa pwofesè lalwa yo di fòk Eli vini anvan?” Jezi reponn yo: “Wi, Eli dwe vini anvan pou li mete tout bagay nan plas yo! Men poukisa Bib la di Piti lòm nan gen pou l soufri anpil, epi pèp la gen pou rejte li? Men m ap di nou, Eli te vini deja, epi yo te fè sa yo te vle avèk li, jan sa te gentan ekri nan Bib la.” Lè yo desann al jwenn lòt disip yo, yo wè yon foul moun ak direktè Lalwa ki t ap diskite ant yo. Lè foul la wè Jezi yo te sezi anpil epi yo te kouri vin salye l. Jezi di yo: “Sou kisa n ap diskite la ak direktè Lalwa yo?” Yon nonm nan foul la di: “Mèt, mwen mennen pitit gason m nan ba ou. Li gen yon demon sou li ki fè l pa ka pale. Epi, lè lespri a pran l, lespri a frape l atè, li kimen li manje dan l epi tout kò l vin rèd. Mwen mande disip ou yo pou yo ta chase move lespri a, men yo pa t kapab.” Jezi reponn yo: “Bann moun san lafwa k ap viv nan peche. Pou konbyen tan ankò pou m rete avèk nou, pou m ap pran pasyans ak nou? Mennen pitit ou a ban mwen!” Disip yo mennen jèn gason an bay Jezi. Lè move lespri a wè Jezi, li atake jèn gason an, li tonbe, li woule atè epi kim t ap sòti nan bouch li. Jezi mande papa jèn gason an: “Depi konbyen tan li konsa?” Papa a reponn li: “Li kon sa depi li te tou piti. Anpil fwa lespri a voye l jete nan dife osinon nan dlo pou l touye l. Men si ou kapab fè yon bagay, tanpri gen pitye pou nou, ede nou.” Jezi di papa a: “Poukisa ou di si ou kapab? Tout bagay posib pou moun ki kwè.” Menm kote a, papa a di byen fò: “Mwen kwè, ede m pou m kwè pi plis.” Lè Jezi wè foul la t ap vin pi gwo, li pali byen sevè ak move lespri a, li di l: “Movèzespri ki fè jèn gason sa a soud epi ki fè l paka pale a, mwen ba ou lòd pou sòti epi pou pa janm rantre sou li ankò!” Movèzespri a pouse yon kri, li frape jèn gason an atè ankò, epi li sòti. Jèn gason an rete atè a tankou yon moun ki mouri, se sa ki fè anpil moun t ap di: “li mouri.” Men Jezi pran men jèn gason an pou l ede l kanpe. Epi li kanpe. Apre Jezi te ale lakay la. Lè disip yo te poukont yo ak li, yo mande l: “Poukisa nou pa t kapab chase move lespri a?” Jezi reponn yo: “Kalite lespri sa yo se sèlman ak lapriyè ou ka chase yo.”

Pataje
Li Mak 9

Mak 9:1-29 New International Version (NIV)

And he said to them, “Truly I tell you, some who are standing here will not taste death before they see that the kingdom of God has come with power.” After six days Jesus took Peter, James and John with him and led them up a high mountain, where they were all alone. There he was transfigured before them. His clothes became dazzling white, whiter than anyone in the world could bleach them. And there appeared before them Elijah and Moses, who were talking with Jesus. Peter said to Jesus, “Rabbi, it is good for us to be here. Let us put up three shelters—one for you, one for Moses and one for Elijah.” (He did not know what to say, they were so frightened.) Then a cloud appeared and covered them, and a voice came from the cloud: “This is my Son, whom I love. Listen to him!” Suddenly, when they looked around, they no longer saw anyone with them except Jesus. As they were coming down the mountain, Jesus gave them orders not to tell anyone what they had seen until the Son of Man had risen from the dead. They kept the matter to themselves, discussing what “rising from the dead” meant. And they asked him, “Why do the teachers of the law say that Elijah must come first?” Jesus replied, “To be sure, Elijah does come first, and restores all things. Why then is it written that the Son of Man must suffer much and be rejected? But I tell you, Elijah has come, and they have done to him everything they wished, just as it is written about him.” When they came to the other disciples, they saw a large crowd around them and the teachers of the law arguing with them. As soon as all the people saw Jesus, they were overwhelmed with wonder and ran to greet him. “What are you arguing with them about?” he asked. A man in the crowd answered, “Teacher, I brought you my son, who is possessed by a spirit that has robbed him of speech. Whenever it seizes him, it throws him to the ground. He foams at the mouth, gnashes his teeth and becomes rigid. I asked your disciples to drive out the spirit, but they could not.” “You unbelieving generation,” Jesus replied, “how long shall I stay with you? How long shall I put up with you? Bring the boy to me.” So they brought him. When the spirit saw Jesus, it immediately threw the boy into a convulsion. He fell to the ground and rolled around, foaming at the mouth. Jesus asked the boy’s father, “How long has he been like this?” “From childhood,” he answered. “It has often thrown him into fire or water to kill him. But if you can do anything, take pity on us and help us.” “ ‘If you can’?” said Jesus. “Everything is possible for one who believes.” Immediately the boy’s father exclaimed, “I do believe; help me overcome my unbelief!” When Jesus saw that a crowd was running to the scene, he rebuked the impure spirit. “You deaf and mute spirit,” he said, “I command you, come out of him and never enter him again.” The spirit shrieked, convulsed him violently and came out. The boy looked so much like a corpse that many said, “He’s dead.” But Jesus took him by the hand and lifted him to his feet, and he stood up. After Jesus had gone indoors, his disciples asked him privately, “Why couldn’t we drive it out?” He replied, “This kind can come out only by prayer.”

Pataje
Li Mak 9

Mak 9:1-29 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Et il ajouta : Vraiment, je vous le déclare, quelques-uns de ceux qui sont ici présents ne mourront pas avant d’avoir vu le règne de Dieu venir avec puissance. Six jours plus tard, Jésus prit avec lui Pierre, Jacques et Jean, et les emmena sur une haute montagne, à l’écart, eux seuls. Là, il fut transfiguré devant eux : ses vêtements devinrent éblouissants et si parfaitement blancs que personne sur la terre ne peut produire une telle blancheur. Alors Elie leur apparut, avec Moïse ; ils parlaient tous deux avec Jésus. Pierre s’adressa à Jésus et lui dit : Maître, il est bon que nous soyons ici. Nous allons dresser trois tentes, une pour toi, une pour Moïse et une pour Elie. En fait, il ne savait ce qu’il disait, car ils étaient tous les trois remplis de peur. Une nuée se forma alors et les enveloppa. Une voix en sortit : Celui-ci est mon Fils bien-aimé. Ecoutez-le ! Aussitôt les disciples regardèrent autour d’eux, et ils ne virent plus personne, sinon Jésus, qui était seul avec eux. Pendant qu’ils descendaient de la montagne, il leur ordonna de ne raconter à personne ce qu’ils venaient de voir, jusqu’à ce que le Fils de l’homme ressuscite. Ils obéirent à cet ordre, mais discutaient entre eux sur ce que « ressusciter » voulait dire. Ils lui demandèrent alors : Pourquoi les spécialistes de la Loi disent-ils qu’Elie doit venir d’abord ? – Oui, leur dit-il, Elie vient d’abord pour remettre toutes choses en ordre a. Pourquoi l’Ecriture annonce-t-elle aussi que le Fils de l’homme souffrira beaucoup et sera traité avec mépris ? En fait, je vous le déclare : Elie est venu et ils l’ont traité comme ils ont voulu, comme l’Ecriture l’a annoncé à son sujet. Lorsqu’ils revinrent vers les disciples, ils virent une grande foule qui les entourait et des spécialistes de la Loi qui discutaient avec eux. Dès que tous ces gens aperçurent Jésus, ils furent très surpris et se précipitèrent à sa rencontre pour le saluer. – De quoi discutez-vous avec eux ? leur demanda-t-il. De la foule, quelqu’un lui répondit : Maître, je t’ai amené mon fils car il est sous l’emprise d’un esprit qui le rend muet. Partout où cet esprit s’empare de lui, il le jette par terre, de l’écume sort de la bouche de l’enfant, qui grince des dents ; puis il devient tout raide. J’ai demandé à tes disciples de chasser ce mauvais esprit, mais ils n’ont pas pu le faire. Jésus s’adressa à eux et leur dit : Gens incrédules ! Jusqu’à quand devrai-je encore rester avec vous ? Jusqu’à quand devrai-je vous supporter ? Amenez-moi l’enfant ! On le lui amena. Mais, dès qu’il vit Jésus, l’esprit mauvais agita convulsivement l’enfant et le jeta par terre. Celui-ci se roula sur le sol, de l’écume à la bouche. – Depuis combien de temps cela lui arrive-t-il ? demanda Jésus à son père. – Depuis qu’il est tout petit. Souvent même, l’esprit mauvais le pousse à se jeter dans le feu ou dans l’eau pour le faire mourir. Si tu peux faire quelque chose, aie pitié de nous et viens à notre aide ! – Si tu peux ! répliqua Jésus. Tout est possible à celui qui croit. Aussitôt le père de l’enfant s’écria : Je crois, mais aide-moi, car je manque de foi ! Jésus, voyant la foule affluer, commanda avec sévérité à l’esprit mauvais : Esprit qui rends sourd et muet, lui dit-il, je te l’ordonne, sors de cet enfant et ne rentre plus jamais en lui ! L’esprit poussa un grand cri, secoua l’enfant avec violence et sortit de lui. L’enfant resta comme mort, si bien que la plupart des témoins disaient : « Il est mort. » Mais Jésus, prenant l’enfant par la main, le fit lever, et celui-ci se tint debout. Jésus rentra à la maison ; ses disciples, qui étaient seuls avec lui, lui demandèrent alors : Pourquoi n’avons-nous pas réussi, nous, à chasser cet esprit ? Jésus leur répondit : Des esprits comme celui-là, on ne peut les chasser que par la prière.

Pataje
Li Mak 9