Mak 7:14-23
Mak 7:14-23 1998 Haïtienne (HAT98)
Apre sa, Jezi rele foul moun yo vin bò kote l ankò. Li di yo konsa: — Nou tout, tande byen sa m'ap di nou la a. Manyè konprann sa. Se pa sa ki antre anndan yon moun lè li manje ki ka mete li nan kondisyon pou li pa ka sèvi Bondye. [ Si nou gen zòrèy pou n tande, tande.] Lè l fin kite foul moun yo dèyè, li antre nan kay la. Disip li yo mande l esplike yo parabòl sa a. Li di yo: — Nou menm tou, nou san konprann toujou? Nou pa konprann pawòl sa a: Tout bagay ki sot deyò antre anndan yon moun pa kapab mete l nan kondisyon pou l pa ka fè sèvis Bondye. Paske manje pa antre nan kè moun. Se nan vant li pase. Apre sa, li watè li yon kote. Se konsa Jezi fè konprann tout manje bon Li di yo ankò: — Sa ki sòti nan kè yon nonm, se sa ki mete l nan kondisyon pou l pa ka fè sèvis Bondye. Se nan kè yon moun, se anndan li tout move lide sòti: lide fè ou fè tout move bagay, li fè ou vòlè, li fè ou touye moun; li fè ou fè adiltè, li fè ou renmen lajan. Li rann ou mechan, fentè, li lage ou nan libètinay, li ba ou gwo je, li fè ou pale moun mal, li fè ou gen lògèy, li rann ou fou. Tout move bagay sa yo, se nan kè moun sa sòti, se yo ki mete yon moun nan kondisyon pou l pa ka fè sèvis Bondye.
Mak 7:14-23 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Ensuite, Jésus appelle de nouveau la foule et il dit aux gens : « Vous tous, écoutez-moi et comprenez bien ceci. Aucune chose de l’extérieur ne peut rendre une personne impure quand elle entre en elle. Au contraire, ce qui sort du cœur, voilà ce qui rend une personne impure. [] » Jésus quitte la foule et il entre dans la maison. Alors ses disciples l’interrogent sur ce qu’il vient de dire. Jésus leur répond : « Vous non plus, vous n’êtes pas encore capables de comprendre ? Aucune chose de l’extérieur ne peut rendre une personne impure quand elle entre en elle. Vous ne comprenez donc pas cela ? Ces choses n’entrent pas dans son cœur, mais dans son ventre, et ensuite elles sortent du corps. » Par ces paroles, Jésus montre qu’on peut manger de tous les aliments. Il leur dit encore : « Ce qui sort d’une personne, voilà ce qui la rend impure. En effet, les mauvais désirs sortent de l’intérieur, du cœur humain. Ainsi, les gens ont une vie immorale, ils volent, ils tuent les autres, ils commettent l’adultère, ils veulent avoir toujours plus. Ils font du mal aux autres, ils les trompent. Ils se conduisent n’importe comment, ils sont jaloux. Ils disent du mal des autres, ils sont orgueilleux, ils manquent de sagesse. Tout ce mal sort de l’intérieur d’une personne et la rend impure. »
Mak 7:14-23 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Jezi pale ak foul moun yo ankò epi li di yo: “Se pou nou tout louvri zòrèy nou byen pou n ka tande epi konprann sa m pral di nou an. Se pa sa k deyò ki antre nan you moun ki fè moun nan pa pwòp. Men se sa ki anndan yo k ap sòti yo.” Apre sa, Jezi kite foul la ale epi l al lakay li. Disip yo poze l kesyon sou sans ki kache dèryè sa l te di a. Li di yo: “Menm nou menm tou, nou pa konprann? Nou pa konprann tout sa ki antre nan you moun ki kapab sal moun sa a? Paske se pa nan kè l li antre, men se nan vant li l ale. Apresa l al jete l nan latrin.” (Lè Jezi t ap di sa, li te vle di pa t gen yon manje k ap fè nou pa akseptab devan Bondye). Epi Jezi di: “Se sa k sot nan bouch se nan kè li sòti. Se sa ki sal yon moun. Paske se nan kè move panse soti, epi ki bay tout lòt bagay yo, tankou move zak, vòlè, touye moun, adiltè, avaris, mechanste, bay manti, fònikasyon, gwo je, tripotay, awogans ak yon lavi tankou moun fou. Tout move bagay sa yo se anndan yo sòti, epi se yo ki sal moun.”
Mak 7:14-23 New International Version (NIV)
Again Jesus called the crowd to him and said, “Listen to me, everyone, and understand this. Nothing outside a person can defile them by going into them. Rather, it is what comes out of a person that defiles them.” After he had left the crowd and entered the house, his disciples asked him about this parable. “Are you so dull?” he asked. “Don’t you see that nothing that enters a person from the outside can defile them? For it doesn’t go into their heart but into their stomach, and then out of the body.” (In saying this, Jesus declared all foods clean.) He went on: “What comes out of a person is what defiles them. For it is from within, out of a person’s heart, that evil thoughts come—sexual immorality, theft, murder, adultery, greed, malice, deceit, lewdness, envy, slander, arrogance and folly. All these evils come from inside and defile a person.”
Mak 7:14-23 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Puis Jésus appela de nouveau la foule et lui dit : Ecoutez-moi tous, et comprenez-moi bien : Rien de ce qui vient du dehors et qui pénètre dans l’homme ne peut le rendre impur. C’est, au contraire, ce qui sort de l’homme qui le rend impur ! [ Si quelqu’un a des oreilles pour entendre, qu’il entende!] Lorsque Jésus, laissant la foule, fut rentré à la maison, ses disciples lui demandèrent de leur expliquer le sens de cette image. Il leur répondit : Ainsi, vous non plus, vous ne comprenez pas ? Ne saisissez-vous pas ce que je veux dire ? De tout ce qui vient du dehors et pénètre dans l’homme, rien ne peut le rendre impur. Tout cela, en effet, ne va pas dans son cœur mais dans son ventre, et est évacué par les voies naturelles. – Il déclarait par là même que tous les aliments sont purs. – Et il ajouta : Ce qui sort de l’homme, c’est cela qui le rend impur. Car c’est du dedans, c’est du cœur de l’homme que proviennent les pensées mauvaises, l’immoralité, le vol, le meurtre, les adultères, l’envie, la méchanceté, la tromperie, le vice, la jalousie, le blasphème, l’orgueil, et toutes sortes de comportements insensés. Tout ce mal sort du dedans et rend l’homme impur.