Mak 6:17-29

Mak 6:17-29 1998 Haïtienne (HAT98)

Se Ewòd menm ki te voye arete Jan. Li te fè mete l nan prizon poutèt Ewodyad. Ewòd te pran Ewodyad, madanm Filip, frè li, pou madanm li. Se konsa, Jan te di li: — Ou pa gendwa pran madanm frè ou pou madanm ou. Ewodyad te kenbe Jan nan kè. Li te vle fè yo touye li. Men, li pat kapab, paske Ewòd pou tèt pa l te gen yon krentif pou Jan. Li te konnen Jan se yon nonm dwat ki t'ap viv pou Bondye. Se sa k fè li te pwoteje li. Li te renmen tande l pale tou, menm si apre sa kè l te boulvèse. Jou Ewodyad t'ap tann lan vin rive. Se te jou fèt Ewòd. Jou sa a, Ewòd te fè yon fèt pou tout zotobre nan gouvènman l lan, ansanm ak gwo chèf nan lame a ak lòt grannèg nan peyi Galile a. Pitit fi Ewodyad la antre nan sal resèpsyon an: li danse, li danse. Sa te fè Ewòd ak envite l yo plezi anpil. Wa a di madmwazèl la konsa: — Mande m nenpòt sa ou vle, m'ap ba ou li. Ewòd sèmante ba li, li di l konsa: — Tou sa ou mande, m'ap ba ou li, te mèt mwatye nan peyi m'ap gouvènen an. Madmwazèl la sòti, l'al di manman li: — Kisa m ta mande? Manman an reponn li: — Mande tèt Jan Batis. Jenn fi a prese tounen kote wa a, li fè l demann sa a: — Mwen ta vle pou ou ban mwen tèt Jan Batis kounyeya, nan yon plato. Kè wa a kase. Men, li pat kapab di li non ankò, akòz gwo sèman li te fin fè devan tout envite yo. Menm lè a, li voye yon gad avèk lòd pou l'al chache tèt Jan Batis pote vini. Gad la koupe tèt Jan Batis nan prizon an. Li pote l vini nan yon plato. Li bay madmwazèl la tèt la. Madmwazèl la menm pote l bay manman li. Lè patizan Jan yo tande sa, yo vin pran kò a, yo mete l nan yon kavo.

Pataje
Li Mak 6

Mak 6:17-29 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Voici l’histoire de la mort de Jean-Baptiste. Hérode Antipas a pris pour femme Hérodiade, la femme de son frère Philippe. Jean dit à Hérode : « Tu n’as pas le droit de prendre la femme de ton frère. » Alors Hérode lui-même commande d’arrêter Jean, il le fait attacher et mettre en prison. Hérodiade déteste Jean et elle veut le faire mourir. Mais elle n’y arrive pas, parce qu’Hérode respecte Jean. Il sait que c’est un homme juste et saint, et il le protège. Quand Hérode écoute Jean, il ne sait plus ce qu’il faut penser. Pourtant, il aime bien l’écouter. Mais un jour, Hérodiade trouve une bonne occasion pour faire mourir Jean. C’est l’anniversaire d’Hérode et celui-ci donne un grand repas. Il invite les notables, les chefs de l’armée et les gens importants de Galilée. La fille d’Hérodiade entre dans la salle et elle se met à danser. Elle plaît à Hérode et à ceux qui mangent avec lui. Alors le roi dit à la jeune fille : « Demande-moi ce que tu veux, et je te le donnerai. » Puis il lui fait ce serment : « Je te donnerai ce que tu me demanderas, même la moitié de mon royaume. » La jeune fille sort et dit à sa mère : « Qu’est-ce que je vais demander ? » Sa mère lui répond : « Demande la tête de Jean-Baptiste. » La jeune fille se dépêche de retourner auprès du roi et elle lui dit : « Je veux que tu me donnes tout de suite, sur un plat, la tête de Jean-Baptiste. » Le roi devient tout triste. Mais il n’ose pas repousser sa demande, parce qu’il a fait un serment devant les invités. Aussitôt, il donne cet ordre à un soldat : « Va, et apporte-moi la tête de Jean. » Le soldat part et il va dans la prison pour couper la tête de Jean. Il apporte la tête sur un plat, il la donne à la jeune fille, et la jeune fille la donne à sa mère. Quand les disciples de Jean apprennent cela, ils viennent prendre son corps et ils le mettent dans une tombe.

Pataje
Li Mak 6

Mak 6:17-29 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Se Ewòd li menm ki te bay lòd pou arete Jan, anchene l epi mete l nan prizon. Ewòd te arete l poutèt Ewodyas madanm Filip, frè li, Ewòd te pran l, li marye avè l. Jan t ap plede di Ewòd: “Li pa nòmal pou ou pran madanm frè w pou ou marye avè l.” Ewodyas te kenbe jan nan kè poutèt bagay sa a. Li te vle touye Jan, men li pa t kapab. Ewòd te pè pou l touye Jan. Li te konnen Jan se yon nonm ki jis epi ki sen, kon sa Ewòd te pwoteje Jan. Li te renmen tande Jan, menm si sa Jan t ap di yo te fè l poze tèt li plis kesyon toujou. Men, pral gen yon bèl okazyon pou Ewodyas aji nan jou fèt nesans Ewòd la. Ewòd fè yon gwo fèt lamanjay pou tout gwo chèf ki nan gouvènman l lan, pou lame a ak pou tout moun enpòtan nan Galile. Pitit fi Ewodyas la al nan fèt la. Ewòd ak tout moun nan fèt la te pran plezi pou wè jan Ewodyas t ap danse. Wa Ewòd di demwazèl la: “Mande m sa ou vle m ap ba ou l.” Li pwomèt demwazèl la: “M ap ba ou nenpòt sa ou vle, menmsi se ta mwatye nan wayòm mwen an.” Demwazèl la al kote manman l, li mande l: “Ki sa pou m mande wa Ewòd pou l ban mwen?” Manman li reponn: “Mande tèt Janbatis.” Manman li reponn: “Mande tèt Janbatis.” Tousuit apre sa, ti demwazèl la kouri retounen kote wa Ewòd. Li di l: “Silvouplè, ban mwen tèt Janbatis. Pote l ban mwen nan yon kabare.” Ewòd te vin tris anpil, men poutèt pwomès li te fè a, devan tout envite l yo, li pa t vle pa aksepte. Imedyatman, li voye yon sòlda pou koupe tèt Jan epi pote l vini. Sòlda a ale nan prizon an, li koupe tèt Jan. Yo mete l nan yon asyèt, yo pote l bay madmwazèl la. Epi demwazèl la pran l pote bay manman l. Lè disip Jan yo tande sa k te rive a, yo vini pran kò a epi yo antere l nan yon tonm.

Pataje
Li Mak 6

Mak 6:17-29 New International Version (NIV)

For Herod himself had given orders to have John arrested, and he had him bound and put in prison. He did this because of Herodias, his brother Philip’s wife, whom he had married. For John had been saying to Herod, “It is not lawful for you to have your brother’s wife.” So Herodias nursed a grudge against John and wanted to kill him. But she was not able to, because Herod feared John and protected him, knowing him to be a righteous and holy man. When Herod heard John, he was greatly puzzled; yet he liked to listen to him. Finally the opportune time came. On his birthday Herod gave a banquet for his high officials and military commanders and the leading men of Galilee. When the daughter of Herodias came in and danced, she pleased Herod and his dinner guests. The king said to the girl, “Ask me for anything you want, and I’ll give it to you.” And he promised her with an oath, “Whatever you ask I will give you, up to half my kingdom.” She went out and said to her mother, “What shall I ask for?” “The head of John the Baptist,” she answered. At once the girl hurried in to the king with the request: “I want you to give me right now the head of John the Baptist on a platter.” The king was greatly distressed, but because of his oaths and his dinner guests, he did not want to refuse her. So he immediately sent an executioner with orders to bring John’s head. The man went, beheaded John in the prison, and brought back his head on a platter. He presented it to the girl, and she gave it to her mother. On hearing of this, John’s disciples came and took his body and laid it in a tomb.

Pataje
Li Mak 6

Mak 6:17-29 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

En effet, Hérode avait fait arrêter Jean, l’avait fait enchaîner et jeter en prison, à cause d’Hérodiade, la femme de Philippe, son demi-frère, qu’il avait épousée. Car Jean disait à Hérode : Tu n’as pas le droit de prendre la femme de ton frère. Hérodiade, furieuse contre lui, cherchait à le faire mourir, mais elle n’y parvenait pas, car Hérode craignait Jean. Il savait que c’était un homme juste et saint. Il le protégeait donc. Quand il l’entendait parler, il en restait fort perplexe. Et pourtant, il aimait l’entendre. Un jour cependant, Hérodiade trouva une occasion favorable, lors de l’anniversaire d’Hérode. Celui-ci organisa ce jour-là une grande fête à laquelle il invita les hauts dignitaires de sa cour, les officiers supérieurs et les notables de la Galilée. Au cours du banquet, la fille d’Hérodiade entra dans la salle : elle dansa, Hérode et ses invités étaient sous son charme. Le roi dit alors à la jeune fille : Demande-moi ce que tu voudras et je te le donnerai. Il alla même jusqu’à lui faire ce serment : Tout ce que tu me demanderas, je te le donnerai, même si c’est la moitié de mon royaume. Elle sortit pour prendre conseil auprès de sa mère : Que vais-je lui demander ? – La tête de Jean-Baptiste, lui répondit celle-ci. Aussitôt la jeune fille se hâta de retourner auprès du roi pour lui exprimer son vœu en ces termes : Je veux que, tout de suite, tu me donnes sur un plat la tête de Jean-Baptiste. Le roi en fut consterné, mais à cause de son serment et de ses invités, il ne voulut pas le lui refuser. Il envoya donc aussitôt un garde en lui ordonnant de rapporter la tête de Jean. Celui-ci s’en alla décapiter Jean dans la prison. Il apporta la tête sur un plat et la remit à la jeune fille, et celle-ci la donna à sa mère. Lorsque les disciples de Jean apprirent ce qui s’était passé, ils vinrent prendre son corps pour l’ensevelir dans un tombeau.

Pataje
Li Mak 6

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an