Mak 5:36-42
Mak 5:36-42 1998 Haïtienne (HAT98)
Men Jezi pat okipe sa yo t'ap di a. Li di chèf sinagòg la: — Pa pè. Sèlman met konfyans ou nan mwen. Li pran Pyè, Jak ak Jan, frè Jak la, avèk li. Li pat pèmèt lòt moun swiv li. Lè yo rive kay chèf sinagòg la, Jezi wè yon bann moun ki t'ap fè gwo eskandal: genyen ki t'ap kriye. Lòt menm t'ap plede rele. Li antre nan kay la, li di yo konsa: — Men poukisa tout bri sa a? Poukisa tout rèl sa yo? Ti fi a pa mouri. Se dòmi l'ap dòmi. Yo tonbe pase l nan betiz. Lè sa a, li fè yo tout sòti. Li pran papa ak manman pitit la ansanm ak twa disip li yo sèlman. Epi li antre nan chanm kote pitit la te ye a. Li pran men li epi li di li: — Talita koum, - ki vle di: Tifi, mwen di ou leve. Menm lè a, ti fi a leve, li pran mache, li te gen douzan. Se pa ti sezi moun yo te sezi lè yo wè sa.
Mak 5:36-42 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Mais Jésus a entendu ces mots et il dit au chef de la maison de prière : « N’aie pas peur, crois seulement ! » Il ne permet à personne de l’accompagner, sauf à Pierre, Jacques et Jean, le frère de Jacques. Ils arrivent à la maison de Jaïrus. Là, il y a beaucoup de bruit. Jésus voit que les gens pleurent et poussent de grands cris. Il entre dans la maison et leur dit : « Pourquoi faites-vous tout ce bruit ? Et pourquoi est-ce que vous pleurez ? La petite fille n’est pas morte, mais elle dort. » Les gens se moquent de lui. Alors Jésus fait sortir tout le monde, il prend avec lui le père et la mère de l’enfant et ses trois disciples. Il entre dans la pièce où la petite fille se trouve. Il la prend par la main et lui dit : « Talita koum ! » Cela veut dire : « Petite fille, je te le dis, lève-toi ! » La petite fille se lève tout de suite et elle se met à marcher. Elle a douze ans. Ceux qui sont là sont très étonnés
Mak 5:36-42 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Men Jezi pa t fè ka de sa nonm nan te di, epi li di Jayiris: “Ou pa bezwen pè. Kwè sèlman.” Jezi kite sèlman Pyè, Jak ak Jan, frè Jak la, swiv li. Yo ale lakay lidè sinagòg la. Lè yo rive, Jezi wè tout bri moun yo t ap fè, yo t ap kriye byen fò epi yo t ap plenn. Li antre epi li di yo: “Poukisa tout bri sa yo? Timoun nan pa mouri, se dòmi l ap dòmi.” Moun ki te la yo pete ri Jezi. Li mete tout moun deyò, li pran papa timoun nan ak manman l ak disip li yo epi yo al nan chanm kote timoun nan te ye a. Jezi pran men timoun nan epi li di li: “ Talita koum ” ki vle di: “Ti fi, mwen di ou leve kanpe!” La menm ti fi a leve kanpe epi li kòmanse mache toupatou. Li te gen douzan. Se pa de sezi moun yo te sezi.
Mak 5:36-42 New International Version (NIV)
Overhearing what they said, Jesus told him, “Don’t be afraid; just believe.” He did not let anyone follow him except Peter, James and John the brother of James. When they came to the home of the synagogue leader, Jesus saw a commotion, with people crying and wailing loudly. He went in and said to them, “Why all this commotion and wailing? The child is not dead but asleep.” But they laughed at him. After he put them all out, he took the child’s father and mother and the disciples who were with him, and went in where the child was. He took her by the hand and said to her, “Talitha koum!” (which means “Little girl, I say to you, get up!”). Immediately the girl stood up and began to walk around (she was twelve years old). At this they were completely astonished.
Mak 5:36-42 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Mais Jésus entendit ces paroles. Il dit au chef de la synagogue : Ne crains pas. Crois seulement ! Il ne permit à personne de le suivre plus loin, excepté Pierre, Jacques et Jean, son frère. En arrivant à la maison du chef de la synagogue, Jésus vit une grande agitation : on pleurait et on poussait des cris. Il entra dans la maison et dit : Pourquoi ce tumulte ? Pourquoi ces pleurs ? L’enfant n’est pas morte, elle est seulement endormie. Mais on se moqua de lui. Alors il fit sortir tout le monde, prit avec lui le père et la mère de l’enfant ainsi que les disciples qui l’accompagnaient, et il entra dans la pièce où l’enfant était couchée. Il lui prit la main en disant : Talitha koumi , ce qui signifie : Jeune fille, lève-toi, je te l’ordonne. Aussitôt, la jeune fille se mit debout et marcha. Elle avait environ douze ans. Tous furent frappés de stupeur.