Mak 12:1-27

Mak 12:1-27 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Jezi kòmanse pale ak pèp la an parabòl: “Yon nonm te plante yon jaden rezen. Li fè kloti li bare l, li fouye yon basen pou kraze rezen yo, li bati yon gerit pou gadyen yo. Li remèt li bay kèk moun jere l epi l pati an vwayaj. Lè sezon rekòt la rive, mèt jaden an voye yon sèvitè kote kiltivatè yo pou yo ba li pati pa l nan rekòlt la. Men yo kenbe sèvitè a, yo bat li byen bat epi yo voye l tounen san yo pa ba l anyen. Apre sa, mèt jaden an voye yon lòt sèvitè kote yo; yo bat li nan tèt epi se pa de maltrete yo maltrete l. Li voye yon lòt sèvitè, kiltivatè yo touye l. Mèt jaden an voye plizyè lòt; gen ladan yo, yo bat; gen lòt yo touye. Mèt jaden an te gen yon sèl pitit gason li te renmen anpil, li voye l kote yo an dènye. Li di nan kè l: Sètènman y a gen respè pou pitit gason m nan. Men kiltivatè yo reflechi, yo di: Men eritye a. Ann touye l, kon sa jaden an ap rete pou nou. Yo mete men sou li, yo trennen l met deyò jaden rezen an, epi yo touye l. Nan kondisyon sa a, kisa mèt jaden an pral fè kiltivatè sa yo? L ap bay lòt moun jaden an. Nou pa li sa ki ekri nan Bib la: Wòch bòs mason yo te refize sèvi a vin tounen wòch ki pi enpòtan nan kay la. Se Bondye ki te fè sa! Se yon mèvèy pou nou wè sa!” Lè lidè Jwif yo tande sa, yo te vle jwenn yon fason pou arete Jezi, men yo te krenn pèp la. Yo te byen konnen se pou yo Jezi te bay parabòl sa a. Konsa, yo kite l, y al fè wout yo. Apre sa, lidè Jwif yo voye kèk Farizyen ak Ewodyen bò kote Jezi pou eseye rache kèk pawòl nan bouch li pou yo ka akize l. Lè yo rive, yo di l: “Mèt, nou konnen ou toujou met verite a kote l ye. W ap montre moun chemen Bondye. Sa ou gen pou di a se li w ap di. Ou pa gade moun sou laparans: Èske l legal pou nou kontinye peye taks bay Seza, wi ou non?” Men Jezi te konnen byen kesyon yo a pa t sensè, li di yo: “Poukisa nou vle pran m nan pyèj? Pote yon pyès lajan ban m wè.” Yo pote youn ba li epi li di yo: “Foto ak non ki moun ki sou li? Yo reponn li: Seza.” Lè sa a, Jezi reponn yo: “Bay seza sa k pou Seza, bay Bondye sa k pou Bondye.” Jezi pa t manke fè yo sezi ak repons sa a. Kèk Sadiseyen, ki wè moun ki mouri pa resisite, vin kote Jezi. Yo mande l: “Mèt, Moyiz ekri si yon frè mouri san li pa fè pitit ak madanm li, se pou lòt frè a marye ak madanm defen an, pou li fè pitit avè l pou defen an. Te gen sèt frè, premye a te marye ak yon fi, li mouri san li pa kite pitit. Dezyèm nan marye ak vèv la, li mouri san li pa kite pitit. Menm bagay la rive twazyèm nan. Konsa, pa gen youn nan sèt la ki kite pitit. Apre sa, fi a vinn mouri tou. Lè jou rezireksyon an va rive, madanm kilès nan sèt frè yo fi a pral ye, paske li te marye ak tou lè sèt?” Jezi reponn yo: “Nou nan erè nèt. Nou pa konnen sa Bib la di, ni nou pa konprann pouvwa Bondye. Lè mò yo va leve, p ap gen ni mari ni moun k ap marye paske y ap vin tankou anj nan syèl la. Pou sa ki konsène mò k ap leve yo, nou pa li sa ki ekri nan liv Moyiz la, nan pasaj touf bwa ki te pran dife san l pa boule a! Se la Bondye di: mwen se Bondye Abraram nan, Bondye izaak la ak Bondye Jakòb la. Bondye pa Bondye moun mò, men li se Bondye moun vivan. Nou twonpe tèt nou nèt.”

Pataje
Li Mak 12

Mak 12:1-27 1998 Haïtienne (HAT98)

Apre sa, Jezi pran rakonte yo yon parabòl. — Vwala se yon nonm ki te gen yon jaden rezen. Nonm lan leve lantouray klotire jaden an. Li fouye yon basen pou kraze rezen. Li bati yon kay bay moun k'ap veye jaden an. Apre sa, li antann li ak kèk moun pou okipe jaden an. Lèfini li pati l'al nan vwayaj. Lè sezon rekòt la rive, li voye yon domestik bò kote moun ki t'ap okipe jaden an pou li. Li te voye chache pòsyon pa l nan rekòt rezen an nan men yo. Yo mete men sou domestik la, yo bat li byen bat, epi yo voye l tounen bay mèt jaden an san yo pa ba l anyen. Mèt jaden an voye yon dezyèm sèvitè kote yo ankò. Fwa sa a menm, se nan tèt ase yo bat li, epi yo vekse li byen vekse. Mèt jaden an voye yon twazyèm domestik, yo touye si la a. Li voye anpil lòt ankò: gen sa yo bat, gen sa yo touye. Sèl moun mèt jaden an te rete pou l te voye, se pitit gason li te renmen anpil la. Li voye l an dènye bò kote yo. Li t'ap di nan kè l: Omwen y'a gen respè pou gason m lan. Men mesye yo antann yo yonn ak lòt epi yo di: Men eritye a. Annou fè yon jan ak li. Konsa jaden an va vin pou nou nèt. Yo mete men sou li vre. Yo touye li epi yo jete kadav la deyò jaden an. Bon! Ki aksyon nou kwè mèt jaden an ka fè? L'a vini, l'a fè touye mesye yo epi l'a bay lòt moun travay jaden an. Eske nou pa li pawòl ki ekri a? Mwen sèten nou li l deja: Wòch moun ki t'ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la. Sa se travay Mèt la. Se bèl bagay pou nou wè sa. Chèf jwif yo t'ap chache mete men sou Jezi paske yo te konprann byen se pou yo li te bay parabòl sa a. Men yo te pè reyaksyon foul la ka fè sou yo. Se pou sa yo kite li al fè wout li. Yo te voye kèk farizyen ak kèk patizan Ewòd kot Jezi pou wè si yo te ka rache yon pawòl nan bouch li pou antrave li. Yo vin di l konsa: — Mèt, nou konnen ou se moun ki kare, ou pa pè pèsonn, paske ou pa gade sou figi moun. Men, ou moutre chemen Bondye a jan li ye a. Manyè di nou: eske lalwa pèmèt nou peye Seza lajan kontribisyon an? Eske nou dwe peye li? Wi ou non? Men Jezi te konnen yo gen lòt lide dèyè tèt yo. Li reponn yo: — Poukisa n'ap chache pran m nan pèlen konsa? Pote yon pyès lajan ban mwen pou m gade yon bagay. Yo pote yon pyès lajan ba li. Jezi mande yo: — Pòtre ki moun ak non ki moun ki sou pyès lajan an? Yo reponn li: — Se pòtre Seza ak non Seza. Lè sa a, li di yo: — Bay Seza sa ki pou Seza, bay Bondye sa ki pou Bondye. Pawòl sa a te fè yo pi sezi ankò. Sadiseyen yo se yon gwoup jwif ki di moun mouri pa leve. Yo vin bò kote Jezi ak yon kèsyon. Yo di l konsa: — Mèt, Moyiz te ekri lòd sa a ban nou: Yon nonm ki gen frè, si l mouri kite madanm li san pitit, frè a gen pou l marye avèk madanm defen an pou li sa fè pitit pou frè l ki mouri a. Se konsa, te gen sèt frè. Premye a marye, li mouri san l pa kite pitit. Dezyèm lan marye avèk vèv la. Li mouri tou san l pa kite pitit. Menm bagay la rive twazyèm lan tou. Konsa konsa, tout sèt frè yo marye ak fanm lan epi yo yonn pa kite pitit. Apre yo tout fin mouri, li menm tou fanm lan mouri. Lè mò yo va gen pou yo leve, madanm kilès nan yo li pral ye la a, paske li te madanm tout sèt frè yo? Jezi reponn yo: — Nou nan lerè wi. M'ap di nou poukisa: Nou pa konprann sa ki ekri a, nou pa konnen pouvwa Bondye. Lè mò yo va gen pou yo leve, fanm ak gason pa nan marye ankò. Tout moun pral viv tankou zanj Bondye nan syèl la. Pou kèsyon mò yo k'ap leve vivan ankò a, eske nou pa li nan Liv Moyiz la sa Bondye te di l bò touf bwa a: Mwen se Bondye Abraram, Bondye Izarak, Bondye Jakòb? Bondye se Bondye moun vivan li ye, li pa Bondye moun mouri. Nou wè nou nan lerè anpil, pa vre?

Pataje
Li Mak 12

Mak 12:1-27 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Après cela, Jésus se met à leur parler en utilisant des comparaisons. Il leur dit : « Un homme plante une vigne. Il l’entoure d’un mur, il creuse un trou pour le pressoir à raisin, il construit une tour pour surveiller la vigne. Ensuite, il laisse la vigne à des vignerons et il part en voyage. Au moment de la récolte, il envoie un serviteur vers les vignerons pour aller chercher son raisin. Mais les vignerons prennent le serviteur, ils le frappent et le renvoient sans rien lui donner. Le maître envoie un autre serviteur. Les vignerons le frappent à la tête et l’insultent. Le maître envoie encore un autre serviteur, et les vignerons le tuent. Le maître envoie encore beaucoup d’autres serviteurs. Les vignerons frappent les uns et ils tuent les autres. Le maître n’a plus que son fils très aimé. Il l’envoie en dernier vers les vignerons, en se disant : “Ils respecteront mon fils.” Mais ces vignerons méchants se disent entre eux : “C’est lui qui sera le propriétaire plus tard ! Venez ! Tuons-le, et la vigne sera à nous !” Ils prennent le fils, ils le tuent et ils jettent son corps en dehors de la vigne. » Jésus demande : « Qu’est-ce que le propriétaire de la vigne va faire ? Il va venir, il va tuer les vignerons, et il donnera la vigne à d’autres. Vous avez sûrement lu ces phrases dans les Livres Saints : “La pierre que les maçons ont rejetée est devenue la pierre principale de la maison. C’est le Seigneur qui a fait cela. Quelle action magnifique à nos yeux !” » Les chefs religieux cherchent un moyen pour arrêter Jésus. En effet, ils comprennent qu’il a raconté cette histoire contre eux. Mais ils ont peur de la foule. Alors ils laissent Jésus et s’en vont. Les chefs religieux envoient auprès de Jésus des Pharisiens et des gens du parti d’Hérode Antipas. Ils veulent lui tendre un piège en le faisant parler. Ils viennent dire à Jésus : « Maître, nous le savons, tu dis la vérité et tu n’as peur de personne. Tu ne regardes pas l’importance des gens, mais tu enseignes en toute vérité ce que Dieu nous demande de faire. Dis-nous : est-il permis ou non de payer l’impôt à l’empereur romain ? Est-ce que nous devons payer, oui ou non ? » Mais Jésus comprend que ce sont des hommes faux et il leur dit : « Pourquoi est-ce que vous me tendez un piège ? Faites-moi voir une pièce d’argent . » Ils lui apportent une pièce d’argent et Jésus leur dit : « Sur cette pièce, il y a l’image et le nom de quelqu’un. De qui donc ? » Ils lui répondent : « De l’empereur. » Alors Jésus leur dit : « Rendez à l’empereur ce qui est à l’empereur et rendez à Dieu ce qui est à Dieu. » Et ils sont très étonnés par la réponse de Jésus. Quelques Sadducéens s’approchent de Jésus. Les Sadducéens pensent que les morts ne se relèveront pas. Ils interrogent Jésus en lui disant : « Maître, Moïse a écrit pour nous dans la loi : “Un homme et une femme sont mariés. S’ils n’ont pas d’enfants et si l’homme meurt, son frère doit se marier avec la veuve. Ainsi, il donnera des enfants au frère qui est mort.” Eh bien, supposons ceci : Il y a sept frères. Le premier se marie et il meurt sans laisser d’enfants. Le deuxième se marie avec la veuve et il meurt sans laisser d’enfants. Il arrive la même chose au troisième et aux autres aussi. Les sept frères meurent sans laisser d’enfants. Après eux tous, la femme meurt à son tour. Quand les morts se relèveront, elle sera la femme de qui ? En effet, chacun des sept frères a été son mari. » Jésus leur dit : « Vous vous trompez ! Est-ce que vous savez pourquoi ? Parce que vous ne connaissez ni les Livres Saints, ni la puissance de Dieu. Quand les morts se relèveront, les hommes et les femmes ne se marieront pas, mais ils vivront comme les anges auprès de Dieu. Au sujet des gens qui se relèveront, vous avez sûrement lu, dans le livre de Moïse, l’histoire du buisson. C’est là que Dieu a dit à Moïse : “Je suis le Dieu d’Abraham, le Dieu d’Isaac et le Dieu de Jacob.” Dieu n’est pas le Dieu des morts, mais il est le Dieu des vivants. Donc, vous vous trompez complètement. »

Pataje
Li Mak 12

Mak 12:1-27 New International Version (NIV)

Jesus then began to speak to them in parables: “A man planted a vineyard. He put a wall around it, dug a pit for the winepress and built a watchtower. Then he rented the vineyard to some farmers and moved to another place. At harvest time he sent a servant to the tenants to collect from them some of the fruit of the vineyard. But they seized him, beat him and sent him away empty-handed. Then he sent another servant to them; they struck this man on the head and treated him shamefully. He sent still another, and that one they killed. He sent many others; some of them they beat, others they killed. “He had one left to send, a son, whom he loved. He sent him last of all, saying, ‘They will respect my son.’ “But the tenants said to one another, ‘This is the heir. Come, let’s kill him, and the inheritance will be ours.’ So they took him and killed him, and threw him out of the vineyard. “What then will the owner of the vineyard do? He will come and kill those tenants and give the vineyard to others. Haven’t you read this passage of Scripture: “ ‘The stone the builders rejected has become the cornerstone; the Lord has done this, and it is marvelous in our eyes’?” Then the chief priests, the teachers of the law and the elders looked for a way to arrest him because they knew he had spoken the parable against them. But they were afraid of the crowd; so they left him and went away. Later they sent some of the Pharisees and Herodians to Jesus to catch him in his words. They came to him and said, “Teacher, we know that you are a man of integrity. You aren’t swayed by others, because you pay no attention to who they are; but you teach the way of God in accordance with the truth. Is it right to pay the imperial tax to Caesar or not? Should we pay or shouldn’t we?” But Jesus knew their hypocrisy. “Why are you trying to trap me?” he asked. “Bring me a denarius and let me look at it.” They brought the coin, and he asked them, “Whose image is this? And whose inscription?” “Caesar’s,” they replied. Then Jesus said to them, “Give back to Caesar what is Caesar’s and to God what is God’s.” And they were amazed at him. Then the Sadducees, who say there is no resurrection, came to him with a question. “Teacher,” they said, “Moses wrote for us that if a man’s brother dies and leaves a wife but no children, the man must marry the widow and raise up offspring for his brother. Now there were seven brothers. The first one married and died without leaving any children. The second one married the widow, but he also died, leaving no child. It was the same with the third. In fact, none of the seven left any children. Last of all, the woman died too. At the resurrection whose wife will she be, since the seven were married to her?” Jesus replied, “Are you not in error because you do not know the Scriptures or the power of God? When the dead rise, they will neither marry nor be given in marriage; they will be like the angels in heaven. Now about the dead rising—have you not read in the Book of Moses, in the account of the burning bush, how God said to him, ‘I am the God of Abraham, the God of Isaac, and the God of Jacob’? He is not the God of the dead, but of the living. You are badly mistaken!”

Pataje
Li Mak 12

Mak 12:1-27 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Puis il se mit à leur parler en utilisant des paraboles : Un homme planta une vigne , l’entoura d’une haie, creusa un pressoir, et bâtit une tour de guet . Après cela, il la loua à des vignerons et partit en voyage. Au moment des vendanges il envoya un de ses serviteurs aux vignerons pour recevoir la part du produit de sa vigne qui lui revenait. Mais ceux-ci se précipitèrent sur ce serviteur, le rouèrent de coups et le renvoyèrent les mains vides. Alors le propriétaire leur envoya un deuxième serviteur : celui-là, ils le frappèrent à la tête et le couvrirent d’insultes. Le maître leur en envoya un troisième, et celui-là, ils le tuèrent ; puis beaucoup d’autres, et ils battirent les uns et tuèrent les autres. Il ne lui restait plus, désormais, qu’une seule personne à envoyer : son fils bien-aimé. Il le leur envoya en dernier. Il se disait : « Pour mon fils au moins, ils auront du respect. » Mais les vignerons se dirent entre eux : « Voilà l’héritier ! Venez ! Tuons-le ! Et l’héritage sera à nous ! » Et ils se jetèrent sur lui, le tuèrent et traînèrent son cadavre hors du vignoble. Que va faire le propriétaire de la vigne ? Il viendra lui-même, fera exécuter les vignerons et confiera le soin de sa vigne à d’autres. N’avez-vous pas lu ces paroles de l’Ecriture : La pierre que les constructeurs ╵ ont rejetée est devenue la pierre principale, ╵ la pierre d’angle. C’est du Seigneur ╵ que cela est venu et c’est un prodige à nos yeux . Les chefs des prêtres, les spécialistes de la Loi et les responsables du peuple cherchaient un moyen d’arrêter Jésus. Mais ils avaient peur des réactions de la foule. En effet, ils avaient bien compris que c’était eux que Jésus visait par cette parabole. Ils le laissèrent donc, et se retirèrent. Cependant, ils lui envoyèrent une délégation de pharisiens et de membres du parti d’Hérode pour le prendre au piège de ses propres paroles. Ils vinrent lui dire : Maître, nous savons que tu dis la vérité et que tu ne te laisses influencer par personne, car tu ne regardes pas à la position sociale, mais tu enseignes en toute vérité la voie à suivre selon Dieu. Dis-nous : A-t-on, oui ou non, le droit de payer des impôts à César ? Mais Jésus, sachant combien ils étaient hypocrites, leur répondit : Pourquoi me tendez-vous un piège ? Apportez-moi une pièce d’argent, que je la voie ! Ils lui en apportèrent une. Alors il leur demanda : Cette effigie et cette inscription, de qui sont-elles ? – De César. Alors Jésus leur dit : Rendez à César ce qui revient à César, et à Dieu ce qui revient à Dieu. Ils en restèrent tout déconcertés. Des sadducéens vinrent aussi le trouver. Ils prétendent que les morts ne ressuscitent pas. Ils lui demandèrent : Maître, dans ses écrits, Moïse nous a laissé ce commandement : Si un homme meurt en laissant une femme mais sans avoir eu d’enfant, son frère devra épouser sa veuve et donner une descendance au défunt . Or, il y avait sept frères. L’aîné s’est marié et il est mort sans laisser de descendant. Le deuxième a épousé la veuve, puis il est décédé, lui aussi, sans avoir eu de descendant. Le troisième a fait de même. Et ainsi de suite. Bref, les sept sont morts sans laisser de descendance. La femme est restée la dernière, puis elle est morte. A la résurrection, quand ils ressusciteront tous, duquel d’entre eux sera-t-elle la femme ? Car tous les sept l’ont eue pour épouse. Jésus leur dit : Vous êtes dans l’erreur, et en voici la raison : vous ne connaissez pas les Ecritures, ni quelle est la puissance de Dieu. En effet, une fois ressuscités, les hommes et les femmes ne se marieront plus ; ils vivront comme les anges qui sont dans le ciel. Quant à la résurrection des morts, n’avez-vous jamais lu dans le livre de Moïse, lorsqu’il est question du buisson ardent, en quels termes Dieu lui a parlé ? Il lui a dit : Je suis le Dieu d’ Abraham , le Dieu d’ Isaac , le Dieu de Jacob . Dieu n’est pas le Dieu des morts, mais le Dieu des vivants. Oui, vous êtes complètement dans l’erreur.

Pataje
Li Mak 12