Mak 11:20-33

Mak 11:20-33 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Nan demen maten, pandan yo t ap pase sou wout la, disip yo wè pye fig la sèk jouk nan rasin. Pyè vin sonje sa k te pase a, li di Jezi: “Mèt gade pye fig ou te modi a sèk.” Jezi di yo: “Fè Bondye konfyans.” An verite m ap di nou: “Si yon moun di mòn sa a, retire kò w la, al jete tèt ou nan lanmè, si l pa gen dout nan kè l, men si l kwè sa l di a, sa gen pou rive toutbon vre. Se poutèt sa m ap di nou, kèlkeswa sa nou mande nan lapriyè, kwè nou gen tan jwenn li, epi n ap jwenn li. Lè nou ap priye, si nou gen yon bagay nan kè nou kont yon moun, padone l, kon sa Papa nou ki nan syèl la ap padone peche nou yo.” Jezi ak disip li yo retounen lavil Jerizalèm. Pandan li t ap mache nan lakou tanp lan, chèf prèt yo, doktè lalwa yo ak ansyen yo vin kote l. Yo mande l: “Kilès ki ba w otorite fè tout bagay sa yo? Kilès ki ba w otorite pou fè yo?” Jezi di yo: “M ap poze nou yon kesyon tou. Si nou reponn li, m ap di nou kilès ki otorize m fè sa m ap fè yo. Ki kote batèm Janbatis la soti: bò kote Bondye oswa bò kote lèzòm?” Lè sa a, youn t ap di lòt: “Si nou reponn, batèm jan an soti nan Bondye, l ap mande nou, poukisa nou pa t kwè nan mesaj li a, Men tou, si nou reponn se bò kote lèzòm batèm Jan an soti, lè sa a pèp la pral lage nan kò nou.” (Lidè Juif yo te pè pèp la paske pèp la te kwè Jan te yon pwofèt.) Lè sa a yo reponn Jezi: “Nou pa konnen.” Jezi di yo: “Mwen non plis, m p ap di nou ak ki otorite m ap fè bagay sa yo.”

Pataje
Li Mak 11

Mak 11:20-33 1998 Haïtienne (HAT98)

Nan denmen maten, byen bonè, antan yo t'ap pase sou wout la, disip yo wè pye fig frans la cheche jouk nan rasin. Pyè vin chonje sa k te pase. Li di Jezi konsa: — Mèt, gade pye fig frans ou te madichonnen an. Li cheche wi. Lè sa a, Jezi pran lapawòl, li di yo: — Se pou nou toujou gen konfyans nan Bondye. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si yon moun di mòn sa a: Wete kò ou la, al jete ou nan lanmè, si l pa gen doutans nan kè l menm, si l gen fèm konviksyon sa l di a gen pou rive, l'a wè l rive vre. Se pou sa mwen di nou: Tou sa n'ap mande lè n'ap lapriyè, si nou gen fèm konviksyon nou resevwa l deja, n'a wè sa rive vre. Lè nou kanpe pou n lapriyè, si nou gen yon moun nan kè nou, padonnen l, pou Papa nou ki nan syèl la ka padonnen peche nou yo tou. [ Men, si nou pa padonnen lòt moun yo, Papa nou ki nan syèl la p'ap padonnen peche nou yo tou.] Se konsa, yo tounen lavil Jerizalèm ankò. Pandan Jezi t'ap pwonmennen nan tanp lan, chèf prèt yo, dirèktè lalwa yo ak chèf fanmi yo te vin bò kote li. Yo di l konsa: — Ki dwa ou genyen pou w'ap fè tout bagay sa yo? Kilès ki ba ou otorite pou fè yo? Jezi reponn yo: — Mwen pral poze nou yon sèl kèsyon tou. Si nou reponn mwen, m'a di nou ak ki otorite m'ap fè bagay sa yo. Ki moun ki te voye Jan batize moun: Bondye osinon moun? Reponn mwen non. Men, yonn t'ap di lòt konsa: — Si nou reponn: Se Bondye ki voye l, l'a mande nou poukisa nou pat kwè li. Epi si nou reponn se moun ki voye li...! Yo te pè reyaksyon pèp la. Paske tout moun yo te pran Janbatis pou yon pwofèt tout bon Lè sa a yo reponn Jezi: — Nou pa konnen. Jezi di yo: — Enben, mwen menm tou, mwen p'ap di nou avèk ki otorite mwen fè bagay sa yo.

Pataje
Li Mak 11

Mak 11:20-33 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Le matin suivant, en passant le long du chemin, ils voient le figuier. Il est complètement sec jusqu’aux racines. Pierre se souvient de ce qui s’est passé et il dit à Jésus : « Maître, regarde ! Tu as jeté une malédiction au figuier, il est devenu tout sec ! » Alors Jésus dit à ses disciples : « Croyez en Dieu. Supposons ceci : quelqu’un dit à cette montagne : “Va-t’en et jette-toi dans la mer !” Je vous le dis, c’est la vérité, si cette personne n’hésite pas dans son cœur, mais si elle croit que sa parole va se réaliser, alors Dieu la réalisera. C’est pourquoi je vous le dis : quand vous priez pour demander quelque chose, croyez que vous l’avez reçu, et Dieu vous le donnera. Et quand vous êtes debout pour prier, pardonnez à ceux qui vous ont fait du mal. Alors votre Père qui est dans les cieux vous pardonnera aussi vos fautes. [] » De nouveau, Jésus et ses disciples entrent dans Jérusalem. Pendant que Jésus marche dans le temple, les chefs des prêtres, les maîtres de la loi et les anciens s’approchent de lui. Ils lui demandent : « De quel droit est-ce que tu fais ces choses ? Qui t’a donné le pouvoir de les faire ? » Jésus leur dit : « Je vais vous poser une seule question, répondez-moi. Ensuite, je vous dirai de quel droit je fais ces choses. Qui a envoyé Jean baptiser ? Est-ce que c’est Dieu ou les hommes ? » Ils discutent entre eux et se disent : « Si nous répondons : “C’est Dieu”, Jésus va nous dire : “Vous n’avez pas cru ce que Jean disait. Pourquoi donc ?” Mais si nous répondons : “Ce sont les hommes”, alors… » Ils ont peur de la foule. En effet, tout le monde pense que Jean était vraiment un prophète. C’est pourquoi ils répondent à Jésus : « Nous ne savons pas. » Et Jésus leur dit : « Moi non plus, je ne vous dis pas de quel droit je fais ces choses. »

Pataje
Li Mak 11

Mak 11:20-33 New International Version (NIV)

In the morning, as they went along, they saw the fig tree withered from the roots. Peter remembered and said to Jesus, “Rabbi, look! The fig tree you cursed has withered!” “Have faith in God,” Jesus answered. “Truly I tell you, if anyone says to this mountain, ‘Go, throw yourself into the sea,’ and does not doubt in their heart but believes that what they say will happen, it will be done for them. Therefore I tell you, whatever you ask for in prayer, believe that you have received it, and it will be yours. And when you stand praying, if you hold anything against anyone, forgive them, so that your Father in heaven may forgive you your sins.” They arrived again in Jerusalem, and while Jesus was walking in the temple courts, the chief priests, the teachers of the law and the elders came to him. “By what authority are you doing these things?” they asked. “And who gave you authority to do this?” Jesus replied, “I will ask you one question. Answer me, and I will tell you by what authority I am doing these things. John’s baptism—was it from heaven, or of human origin? Tell me!” They discussed it among themselves and said, “If we say, ‘From heaven,’ he will ask, ‘Then why didn’t you believe him?’ But if we say, ‘Of human origin’ …” (They feared the people, for everyone held that John really was a prophet.) So they answered Jesus, “We don’t know.” Jesus said, “Neither will I tell you by what authority I am doing these things.”

Pataje
Li Mak 11

Mak 11:20-33 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Le lendemain matin, en passant par là, ils virent le figuier : il avait séché jusqu’aux racines. Pierre, se souvenant de ce qui s’était passé, dit à Jésus : Maître ! regarde le figuier que tu as maudit : il est devenu tout sec ! Jésus répondit : Ayez foi en Dieu. Vraiment, je vous l’assure, si quelqu’un dit à cette colline : « Soulève-toi de là et jette-toi dans la mer », sans douter dans son cœur, mais en croyant que ce qu’il dit va se réaliser, la chose s’accomplira pour lui. C’est pourquoi je vous le déclare : tout ce que vous demandez dans vos prières, croyez que vous l’avez reçu et cela vous sera accordé. Quand vous priez, si vous avez quoi que ce soit contre quelqu’un, pardonnez-lui, pour que votre Père céleste vous pardonne, lui aussi, vos fautes. [Mais si vous ne pardonnez pas, votre Père qui est dans les cieux ne vous pardonnera pas non plus vos fautes.] Ils retournèrent à Jérusalem. Pendant que Jésus marchait dans la cour du Temple, les chefs des prêtres, les spécialistes de la Loi et les responsables du peuple l’abordèrent et lui demandèrent : Par quelle autorité agis-tu ainsi ? Qui t’a donné l’autorité de faire cela ? Jésus leur répondit : J’ai aussi une question à vous poser, une seule. Si vous me répondez, je vous dirai de quel droit je fais cela : De qui Jean tenait-il son mandat pour baptiser ? De Dieu ou des hommes ? Répondez-moi ! Alors ils se mirent à raisonner entre eux : Si nous disons : « De Dieu », il va demander : « Pourquoi alors n’avez-vous pas cru en lui ? » Mais, d’autre part, si nous répondons : « Des hommes », alors ? … Ils craignaient les réactions de la foule, car tout le monde pensait que Jean était un vrai prophète. Ils répondirent donc à Jésus : Nous ne savons pas. Et Jésus répliqua : Alors, moi non plus, je ne vous dirai pas par quelle autorité j’agis comme je le fais.

Pataje
Li Mak 11