Mak 1:21-28
Mak 1:21-28 1998 Haïtienne (HAT98)
Apre sa, Jezi ale ak disip li yo nan yon lavil yo rele Kapènawòm. Jou repo a, Jezi antre nan sinagòg la. Li konmanse moutre moun yo anpil bagay. Yo te sezi tande sa l t'ap moutre yo. Se pat menm jan avèk dirèktè lalwa yo, paske li te pale ak yo tankou yon moun ki otorize. Lè sa a, yon nonm ki te gen yon move lespri sou li vin antre nan sinagòg la, li pran rele: — Ey Jezi, moun Nazarèt, kisa nou gen avè ou? Ou vin isit la pou detwi nou? Mwen konnen byen pwòp ki moun ou ye. Ou se moun Bondye chwazi a. Jezi pale byen fò ak move lespri ki te sou nonm lan, li di li: — Pe la! Sòti sou nonm sa a. Move lespri a souke nonm lan byen souke, li bay yon gwo rèl, epi li sòti, l ale. Tout moun yo te sitèlman sezi, yonn t'ap mande lòt: — Sa sa ye la a menm! Sa se yon lòt bagay l'ap moutre nou la a. Menm move lespri yo, li pase yo lòd ak otorite, yo obeyi li. Se tout moun ki t'ap nonmen non l nan peyi Galile a.
Mak 1:21-28 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Jésus et ses disciples arrivent à la ville de Capernaüm. Le jour du sabbat, Jésus entre dans la maison de prière et il se met à enseigner. Ceux qui l’entendent sont très étonnés par sa façon d’enseigner. En effet, il n’enseigne pas comme les maîtres de la loi, il le fait avec l’autorité que Dieu lui donne. Juste à ce moment, un homme qui a un esprit mauvais en lui entre dans la maison de prière. Il se met à crier : « Jésus de Nazareth, qu’est-ce que tu nous veux ? Est-ce que tu es venu pour notre malheur ? Je sais bien qui tu es, tu es le Saint que Dieu a envoyé ! » Jésus menace l’esprit mauvais en lui disant : « Tais-toi et sors de cet homme ! » L’esprit mauvais secoue l’homme avec force et sort de lui en poussant un grand cri. Tous sont très étonnés et ils se demandent entre eux : « Qu’est-ce qui se passe ? Cet homme enseigne d’une façon nouvelle et avec assurance. Il commande même aux esprits mauvais, et ils lui obéissent ! » Alors les gens se mettent à parler de Jésus dans toute la région de la Galilée.
Mak 1:21-28 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Jezi ak disip li yo te ale lavil Kapènawòm. Konsa, lè pwochen jou repo a te rive, Jezi te ale nan reyinyon nan sinagòg la, epi li kòmanse anseye moun ki te la yo. Pèp la pa t manke sezi pou tande kijan l t ap anseye. Jezi pa t anseye menm jan ak pwofesè lalwa yo, paske li te anseye avèk otorite. Menm lè sa a, te gen yon nonm ki te gen yon move lespri sou li, nan sinagòg la. Li te pran krye byen fò: “Jezi moun Nazarèt, Ey, kisa ki genyen ant nou menm avèk ou, Jezi, moun Nazarèt la? Èske ou vin pou detwi nou? Mwen konnen ki lès ou ye, moun ki apa pou Bondye a!” Jezi pale byen rèd ak lespri a, li di l: “Fèmen bouch ou, retire kò w sou misye a!” Movèzespri a sakaje misye a. Li pouse yon gwo kri epi li sòti sou misye a. Tout moun te sezi wè sa ki te rive a, epi yo te komanse ap fè gwo diskisyon ant yo menm, youn t ap di lòt: “Sa k ap pase la a? Nonm sa a vini ak yon nouvo ansèyman ki mache avèk otorite. Li menm pase move lespri yo lòd epi yo oblije obeyi l.” Sa ou tande a, nouvèl la gaye nèt nan tout rejyon Galile a.
Mak 1:21-28 New International Version (NIV)
They went to Capernaum, and when the Sabbath came, Jesus went into the synagogue and began to teach. The people were amazed at his teaching, because he taught them as one who had authority, not as the teachers of the law. Just then a man in their synagogue who was possessed by an impure spirit cried out, “What do you want with us, Jesus of Nazareth? Have you come to destroy us? I know who you are—the Holy One of God!” “Be quiet!” said Jesus sternly. “Come out of him!” The impure spirit shook the man violently and came out of him with a shriek. The people were all so amazed that they asked each other, “What is this? A new teaching—and with authority! He even gives orders to impure spirits and they obey him.” News about him spread quickly over the whole region of Galilee.
Mak 1:21-28 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Ils se rendirent à Capernaüm. Le jour du sabbat, Jésus entra dans la synagogue et se mit à enseigner. Ses auditeurs étaient profondément impressionnés par son enseignement, car il parlait avec une autorité que n’avaient pas les spécialistes de la Loi. Or, il se trouvait juste à ce moment-là, dans leur synagogue, un homme qui était sous l’emprise d’un esprit mauvais. Il se mit à crier : Que nous veux-tu, Jésus de Nazareth ? Es-tu venu pour nous détruire ? Je sais qui tu es ! Tu es le Saint envoyé par Dieu ! Mais, d’un ton sévère, Jésus lui ordonna : Tais-toi, et sors de cet homme ! Alors l’esprit mauvais secoua l’homme de convulsions et sortit de lui en poussant un grand cri. Tous furent saisis de stupeur ; ils se demandaient entre eux : Que se passe-t-il ? Voilà un enseignement nouveau, et donné avec autorité ! Il commande même aux esprits mauvais, et ils lui obéissent ! Aussitôt, sa réputation se répandit dans toute la Galilée.