Matye 3:1-17

Matye 3:1-17 1998 Haïtienne (HAT98)

Lè sa a, Jan Batis parèt nan dezè Jide a. Li t'ap mache bay mesay sa a. Li t'ap di: — Tounen vin jwenn Bondye. Paske, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men l. Se sou Jan pwofèt Ezayi t'ap pale lè l te di: Se vwa yon nonm k'ap rele nan dezè a: Pare gran wout Senyè nou an. Plani chemen an byen plani pou li. Jan te abiye ak rad plim chamo. Li te mare ren li ak yon sentiwon kwi. Li te manje krikèt ak gato myèl li te jwenn nan bwa. Moun sòti lavil Jerizalèm, nan tout peyi Jide a ak nan tout vwazinay larivyè Jouden an, yo tout te vin jwenn Jan. Yo te konfese peche yo devan tout moun. Apre sa, Jan te batize yo nan larivyè Jouden an. Lè Jan wè te gen anpil farizyen ak sadiseyen ki t'ap vin jwenn li pou resevwa batèm nan men l, li di yo: — Bann vèmin! Ki moun ki fè nou konnen nou kapab chape anba kòlè Bondye k'ap vini an? Fè bagay ki pou fè wè lavi nou chanje tout bon. Pa konprann nou ka di nan kè nou: Se pitit pitit Abraram nou ye. Paske, mwen p'ap kache di nou sa: Bondye kapab pran wòch sa yo, li fè yo tounen pitit pou Abraram. Epitou, rach la tou pare pou koupe rasin pyebwa yo. Nenpòt pyebwa ki pa bay bon donn, yo pral koupe sa jete nan dife. Mwen menm, mwen batize nou nan dlo, pou fè wè nou tounen vin jwenn Bondye. Men, moun k'ap vin apre mwen an gen plis pouvwa anpil pase m. Mwen pa bon ase menm pou m ta wete sapat ki nan pye li. Se li menm ki va batize nou nan Sentespri ak nan dife. Li gen laye l nan men li. L'ap vannen tout grenn ki sou glasi a. L'a ranmase grenn ki bon yo, l'a mete yo nan galata li. Men, l'ap boule pay la nan yon dife ki p'ap janm mouri. Lè sa a, Jezi sòti nan peyi Galile, li vin larivyè Jouden, bò kote Jan pou Jan batize li. Men, Jan pat dakò pou sa menm. Li di l: — Se ou ki pou ta batize m, epi se ou menm ki vin jwenn mwen pou m batize ou? Jezi reponn li: — Kite sa fèt konsa kounyeya. Se konsa pou nou fè tou sa Bondye mande. Jan pat kenbe tèt avè l ankò. Fini Jan fin batize l, Jezi sòti nan dlo a. Menm lè a, syèl la louvri, Jezi wè Lespri Bondye a desann sou fòm yon ti pijon vin sou li. Lè sa a, yon vwa soti nan syèl la, li di: — Sa a se pitit mwen, m' renmen li anpil. Li ban m' anpil anpil kè kontan.

Matye 3:1-17 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

À ce moment-là, Jean-Baptiste paraît dans le désert de Judée. Il annonce : « Changez votre vie ! Oui, le Royaume des cieux est tout près de vous ! » Le prophète Ésaïe a parlé de Jean quand il a dit : « Quelqu’un crie dans le désert : “Préparez la route du Seigneur ! Faites-lui des chemins bien droits !” » Jean porte un vêtement en poils de chameau. Il a une ceinture de cuir autour de la taille. Il mange des sauterelles et du miel sauvage. Alors les habitants de Jérusalem, de toute la Judée et de toute la région du Jourdain viennent vers Jean. Ils avouent leurs péchés devant tout le monde, et Jean les baptise dans l’eau du Jourdain. Beaucoup de Pharisiens et de Sadducéens viennent pour que Jean les baptise. En voyant cela, Jean leur dit : « Espèce de vipères ! La colère de Dieu va venir, et vous croyez que vous pouvez l’éviter ? Qui vous a dit cela ? Faites donc de bonnes actions pour montrer que vous avez changé votre vie ! Ne vous mettez pas à penser : “Notre ancêtre, c’est Abraham.” Oui, je vous le dis, vous voyez ces pierres, ici. Eh bien, Dieu peut les changer pour en faire des enfants d’Abraham ! Déjà la hache est prête à attaquer les racines des arbres. Tous les arbres qui ne produisent pas de bons fruits, on va les couper et les jeter dans le feu ! Moi, je vous baptise dans l’eau, pour montrer que vous changez votre vie. Mais celui qui vient après moi est plus puissant que moi. Je ne suis pas digne de lui enlever ses sandales. Lui, il vous baptisera avec le feu de l’Esprit Saint. Dans la cour, il tient son van dans les mains pour séparer le grain de la paille. Il va ranger son grain dans le grenier, mais la paille, il va la brûler dans le feu qui ne s’éteint pas. » Alors Jésus vient de la Galilée jusqu’au Jourdain. Il arrive auprès de Jean pour que Jean le baptise, mais Jean n’est pas d’accord. Il dit à Jésus : « C’est moi qui ai besoin d’être baptisé par toi, et c’est toi qui viens vers moi ! » Jésus lui répond : « Accepte cela pour le moment. Oui, c’est ainsi que nous devons faire tout ce que Dieu demande. » Alors Jean accepte. Dès que Jésus est baptisé, il sort de l’eau. Au même moment, le ciel s’ouvre. Jésus voit l’Esprit de Dieu qui descend comme une colombe et qui vient sur lui. Une voix vient du ciel et dit : « Celui-ci est mon Fils très aimé. C’est lui que j’ai choisi avec joie. »

Matye 3:1-17 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Lè a te rive, Janbatis ki te vin nan zòn dezè rejyon Jide. Jan t ap di moun yo: “Repanti, chanje jan n ap viv lavi nou, paske wayòm Bondye a rive sou nou.” Se sou Janbatis Ezayi t ap pale, lè l te di: “Gen yon vwa nan dezè a k ap pale byen fò: Fè chemen pou Senyè a. Fè wout yo byen dwat devant l.” Jan te abiye ak yon rad ki fèt ak plim po chamo. Li te gen yon sentiwon an kui nan ren li. Li te konn manje krikèt ak siwo myèl. Moun te soti Jerizalèm, nan tout rejyon Jide a, ak nan tout zòn rivyè Jouden an pou yo vin tande Jan. Yo te konfese peche yo epi Jan te batize yo nan rivyè Jouden an. Pami moun yo ki t ap vin resevwa batèm Jan an, te gen anpil Farizyen ak Sadiseyen. Lè Jan wè sa, li di yo: “Bann ras vipè! Kilès ki fè nou konnen pou n chape anba jijman kolè Bondye ki pa lwen vini an? Enben, se pou nou montre nou repanti nan jan n ap viv. Pa chita ap di: Se pitit Abraram nou ye! Paske, m ap di nou franchman, Bondye ka fè wòch sa yo fè pitit pou Abraram. Rach la gentan pare pou koupe pyebwa yo depi nan rasin. Nenpòt pyebwa ki pa pwodui bonjan fwi, y ap koupe l epi jete l nan dife a. Mwen menm, mwen batize nou nan dlo pou montre chanjman nan kè nou ak nan lavi nou. Men, sila a k ap vin apre m nan, li ka fè plis pase m. Mwen pa diy ase pou m sèvi kòm esklav pou delase sandal nan pye l. Li menm l ap batize nou nan Sentespri ak nan dife. Li gen laye l nan men l pou l ka separe bon grenn yo ak pay yo. L ap mete bon grenn yo nan depo, epi l ap lage pay yo nan yon dife ki p ap janm etenn.” Nan menm epòk la, Jezi soti nan rejyon Galile, li vini bò larivyè Jouden an paske li te vle pou Jan batize l. Men, Jan t ap chache yon fason pou l di non. Li di Jezi konsa: “Se mwen ki ta pou vin jwenn ou pou ou batize m, pouki ou vin jwenn mwen?” Lè sa a, Jezi reponn li: “Kite tout bagay fèt kon sa pou kounye a. Nou dwe fè tout sa ki dwat pou akonpli plan Bondye.” Apre sa, Jan te vin dakò pou l batize Jezi. Se kon sa Jezi te resevwa batèm nan. Touswit apre li te soti nan dlo a, syèl la te louvri. Lè sa a, Jezi wè Sentespri a tankou yon pijon ki t ap desann sou li. Epi yon vwa soti nan syèl la, li di: “Sa a se pitit mwen renmen anpil la. Li fè kè m kontan anpil.”

Matye 3:1-17 New International Version (NIV)

In those days John the Baptist came, preaching in the wilderness of Judea and saying, “Repent, for the kingdom of heaven has come near.” This is he who was spoken of through the prophet Isaiah: “A voice of one calling in the wilderness, ‘Prepare the way for the Lord, make straight paths for him.’ ” John’s clothes were made of camel’s hair, and he had a leather belt around his waist. His food was locusts and wild honey. People went out to him from Jerusalem and all Judea and the whole region of the Jordan. Confessing their sins, they were baptized by him in the Jordan River. But when he saw many of the Pharisees and Sadducees coming to where he was baptizing, he said to them: “You brood of vipers! Who warned you to flee from the coming wrath? Produce fruit in keeping with repentance. And do not think you can say to yourselves, ‘We have Abraham as our father.’ I tell you that out of these stones God can raise up children for Abraham. The ax is already at the root of the trees, and every tree that does not produce good fruit will be cut down and thrown into the fire. “I baptize you with water for repentance. But after me comes one who is more powerful than I, whose sandals I am not worthy to carry. He will baptize you with the Holy Spirit and fire. His winnowing fork is in his hand, and he will clear his threshing floor, gathering his wheat into the barn and burning up the chaff with unquenchable fire.” Then Jesus came from Galilee to the Jordan to be baptized by John. But John tried to deter him, saying, “I need to be baptized by you, and do you come to me?” Jesus replied, “Let it be so now; it is proper for us to do this to fulfill all righteousness.” Then John consented. As soon as Jesus was baptized, he went up out of the water. At that moment heaven was opened, and he saw the Spirit of God descending like a dove and alighting on him. And a voice from heaven said, “This is my Son, whom I love; with him I am well pleased.”

Matye 3:1-17 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

En ce temps-là, parut Jean-Baptiste. Il se mit à prêcher dans le désert de Judée. Il disait : Changez, car le royaume des cieux est proche. C’est Jean que le prophète Esaïe a annoncé lorsqu’il a dit : On entend la voix de quelqu’un ╵ qui crie dans le désert : Préparez le chemin pour le Seigneur, faites-lui des sentiers droits . Jean portait un vêtement de poils de chameau maintenu autour de la taille par une ceinture de cuir. Il se nourrissait de sauterelles et de miel sauvage. On venait à lui de Jérusalem, de la Judée entière et de toutes les contrées riveraines du Jourdain. Tous se faisaient baptiser par lui dans le Jourdain, en reconnaissant publiquement leurs péchés. Beaucoup de pharisiens et de sadducéens venaient se faire baptiser par lui. Il leur dit : Espèces de vipères ! Qui vous a enseigné à fuir la colère de Dieu qui va se manifester ? Produisez plutôt pour fruits des actes qui montrent que vous avez changé. Ne vous imaginez pas qu’il vous suffit de répéter en vous-mêmes : « Nous sommes les descendants d’Abraham ! » Car, regardez ces pierres : je vous déclare que Dieu peut en faire des enfants d’Abraham. La hache est déjà sur le point d’attaquer les arbres à la racine. Tout arbre qui ne produit pas de bon fruit sera coupé et jeté au feu. Moi, je vous baptise dans l’eau, en signe d’un profond changement. Mais quelqu’un vient après moi : il est bien plus puissant que moi et je ne suis même pas digne de lui enlever les sandales. C’est lui qui vous baptisera dans le Saint-Esprit et le feu. Il tient en main sa pelle à vanner. Il va nettoyer son aire de battage et amasser le blé dans son grenier. Quant à la bale, il la brûlera dans un feu qui ne s’éteindra pas. C’est à cette époque que parut Jésus. Il se rendit de la Galilée au Jourdain, auprès de Jean, pour être baptisé par lui. Mais Jean essaya de l’en dissuader. Il lui disait : C’est moi qui ai besoin d’être baptisé par toi, et c’est toi qui viens à moi ! Jésus lui répondit : Accepte, pour le moment, qu’il en soit ainsi ! Car c’est de cette manière qu’il nous convient d’accomplir tout ce que Dieu considère comme juste. Là-dessus, Jean accepta de le baptiser. Aussitôt après avoir été baptisé, Jésus sortit de l’eau. Alors le ciel s’ouvrit pour lui et il vit l’Esprit de Dieu descendre sous la forme d’une colombe et venir sur lui. Une voix venant du ciel déclara : Celui-ci est mon Fils bien-aimé, celui qui fait toute ma joie.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an