Matye 27:32-60

Matye 27:32-60 1998 Haïtienne (HAT98)

Lè yo sòti, yo kontre yon nonm peyi Sirèn ki te rele Simon. Yo fòse mesye pote kwa Jezi a. Lè yo rive kote ki rele Gòlgota a (ki vle di: Plas zo bwa tèt la), yo bay Jezi bwè diven mele ak fyèl. Men, lè l goute l, li pat vle bwè li. Apre yo fin kloure li sou kwa a, yo fè tirajosò separe rad li ki te sou li. Apre sa, yo chita ap veye li. Yo mete yon ti pankat anlè tèt li pou fè konnen kòz ki fè yo te kondannen l la. Yo te kloure de ansasen sou de lòt kwa anmenmtan avè l, yonn sou bò dwat, yonn sou bò gòch. Moun ki t'ap pase bò la a t'ap plede joure li. Yo t'ap fè siy sou li. Yo t'ap di: — Ou menm ki te vle kraze tanp lan pou ou te rebati l nan twa jou, sove tèt ou non! Si ou se pitit Bondye a, desann sou kwa a! Konsa tou, chèf prèt yo, dirèktè lalwa yo ak chèf fanmi yo t'ap pase l nan rizib. Yo t'ap di: — Gade! Li sove lòt moun, li pa kapab sove tèt pa li. Si l se wa pèp Izrayèl la, se pou l desann sou kwa a kounyeya. Lè sa a, n'a kwè nan li. Li te mete konfyans li nan Bondye, li te di se pitit Bondye li ye. Ann wè koulyeya si Bondye ap vin delivre li. Ata ansasen ki te kloure sou lòt kwa yo t'ap joure l menm jan an tou. Vè midi konsa, vin gen yon fènwa sou tout peyi a, jouk twazè apre midi. Vè twazè, Jezi rele byen fò, li di: — Eli, Eli lema sabaktani? (Ki vle di: Bondye, Bondye, poukisa ou lage m konsa?) Nan moun ki te la yo, genyen ki tande l'ap pale. Yo di: — Men l'ap rele Eli. Lamenm, yonn nan yo kouri al pran yon eponj, li tranpe l nan vinèg, li mete l nan pwent yon gòl wozo, li lonje l bò bouch Jezi ba l bwè. Men, lòt moun yo di: — Tann non, monchè. Ann wè si Eli ap vin delivre li. Jezi bay yon gwo rèl ankò, epi li mouri. Menm lè a, rido tanp lan chire fè de moso, depi anwo jouk anba. Latè tranble. Wòch fann. Tonm yo louvri. Anpil fidèl Bondye ki te mouri, yo resisite. Yo soti vivan nan tonm yo. Apre Jezi li menm te leve sòti vivan nan lanmò, yo antre lavil Jerizalèm kote anpil moun te wè yo. Lè ofisye lame a ansanm ak gad ki t'ap veye Jezi ansanm avè l yo wè tranblemanntè a ak tou sa ki te pase, yon sèl lapè pran yo. Yo di: — Se vre wi, nonm sa a te Pitit Bondye. Te gen plizyè fanm la tou. Men, yo te rete lwen ap gade. Se moun ki t'ap swiv Jezi, ki t'ap okipe l depi lè l te nan peyi Galile. Nan yo te genyen: Mari, moun lavil Magdala a, Mari, manman Jak ak Jozèf, ansanm ak manman pitit Zebede yo. Lè solèy fin kouche, yon nonm rich, moun lavil Arimate, vin rive. Yo te rele l Jozèf. Li menm tou li te yon disip Jezi. L'al jwenn Pilat, li mande l kò Jezi a. Pilat bay lòd pou yo renmèt li kò a. Jozèf pran kò a, li vlope l nan yon bèl dra blan tou nèf. Apre sa, li mete kò a nan yon kavo li te fenk fè fouye nan wòch la pou tèt pa l. Apre sa, li woule yon gwo wòch devan bouch kavo a. Epi l'al fè wout li.

Matye 27:32-60 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Quand les soldats sortent de la ville, ils rencontrent un homme de Cyrène, appelé Simon. Ils l’obligent à porter la croix de Jésus. Ils arrivent dans un endroit appelé Golgotha, ce qui veut dire « Le lieu du Crâne ». Ils donnent à boire à Jésus du vin mélangé avec un liquide amer. Jésus le goûte et il ne veut pas en boire. Ensuite, les soldats le clouent sur une croix. Ils tirent au sort pour savoir qui aura ses vêtements. Puis ils les partagent entre eux, et ils s’assoient là pour garder Jésus. Au-dessus de sa tête, il y a une pancarte, elle indique pourquoi il est condamné. On a écrit : « C’est Jésus, le roi des Juifs. » Les soldats clouent aussi deux bandits sur des croix à côté de Jésus, l’un à sa droite et l’autre à sa gauche. Les gens qui passent par là secouent la tête et ils insultent Jésus en disant : « Tu voulais détruire le temple et le reconstruire en trois jours. Eh bien, si tu es le Fils de Dieu, sauve-toi toi-même et descends de la croix ! » Les chefs des prêtres avec les maîtres de la loi et les anciens se moquent de Jésus. Ils disent : « Il a sauvé les autres, mais il ne peut pas se sauver lui-même ! C’est le roi d’Israël ! Maintenant, il n’a qu’à descendre de la croix, alors nous croirons en lui. Il a fait confiance à Dieu. Eh bien, si Dieu l’aime, il n’a qu’à le sauver maintenant ! En effet, cet homme a dit : “Je suis Fils de Dieu.” » Même les bandits qu’on a cloués sur des croix à côté de Jésus l’insultent de la même façon. À partir de midi, il fait nuit dans tout le pays jusqu’à trois heures de l’après-midi. Vers trois heures, Jésus crie très fort : « Éli, Éli, lema sabaktani ? » Cela veut dire : « Mon Dieu, mon Dieu, pourquoi m’as-tu abandonné ? » Parmi ceux qui sont là, certains l’entendent et disent : « Il appelle Élie ! » Aussitôt, l’un d’eux part en courant. Il prend une éponge et la trempe dans du vinaigre. Il met l’éponge au bout d’un roseau et la présente à Jésus pour qu’il boive. Mais les autres disent : « Attends ! Nous allons voir si Élie vient le sauver ! » De nouveau, Jésus pousse un grand cri et il meurt. À ce moment-là, le grand rideau qui est dans le temple se déchire en deux morceaux, depuis le haut jusqu’en bas. La terre tremble, les rochers se fendent. Les tombes s’ouvrent, et les corps de beaucoup d’amis de Dieu, qui étaient morts, se réveillent. Plus tard, quand Jésus se réveille de la mort, ils sortent des tombes. Ils entrent dans Jérusalem, la ville sainte, et ils se montrent à beaucoup de gens. L’officier romain et les soldats qui gardent Jésus avec lui voient que la terre tremble. Ils voient aussi tout ce qui se passe. Alors ils ont très peur et ils disent : « Vraiment, cet homme était Fils de Dieu ! » Beaucoup de femmes sont là, elles regardent de loin. Elles ont suivi Jésus depuis la Galilée, pour le servir. Parmi elles, il y a Marie de Magdala, Marie la mère de Jacques et de Joseph, et la mère des fils de Zébédée. C’est le soir, un homme riche arrive. Il est de la ville d’Arimathée et s’appelle Joseph. Lui aussi est disciple de Jésus. Il va voir Pilate, le gouverneur, et lui demande le corps de Jésus. Alors Pilate commande de lui donner le corps. Joseph le prend et l’enveloppe dans un drap neuf. Il met le corps dans la tombe qu’il vient de faire creuser pour lui-même dans le rocher. Ensuite, il roule une grosse pierre pour fermer l’entrée de la tombe, et il s’en va.

Matye 27:32-60 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Pandan yo sou wout pou y al krisifye Jezi a, yo kontre ak Simon, moun Sirèn. Yo fòse l pote kwa Jezi a. Lè yo rive kote yo rele Gòlgota a (Gòlgota vle di: Plas zo tèt), yo ba l bwè yon melanj diven ak yon bagay anmè. Lè Jezi goute l, li refize bwè l. Yo krisifye l epi yo fè tiraj osò pou yo ka separe ata rad ki te sou li. Sòlda yo te ret chita veye l. Te gen yon pannkat nan tèt kwa Jezi ki te di pouki yo touye l. Men sa k te ekri ladan l: NONM SA A, SE JEZI, WA JWIF YO. Yo te pwofite menm okazyon an pou yo krisifye de bandi, youn sou bò dwat Jezi, lòt la sou bò gòch li. Moun ki t ap fè ale vini nan wout la t ap joure Jezi, epi yo t ap souke tèt yo. Yo t ap di: “Ou ta pral kraze tanp lan epi nan twa jou ou ap rebati l la? Ebyen, kounye a sove tèt! Si ou se pitit Bondye vre se pou desann kwa a!” Chèf prèt yo, pwofesè lalwa yo ak lòt lidè Jwif yo, t ap pase Jezi nan betiz menm jan ak lòt moun yo. Yo t ap di: “Li sove lòt moun, epi l pa ka sove pwòp tèt pa l. Si l se wa Izrayèl vre se pou l desann kwa a. Lè sa n ap kwè nan li. Li mete konfyans li nan Bondye. Enben, si Bondye vle l, se pou l delivre l kounye a! Dayè li te di ak bouch li: Mwen se pitit Bondye.” Menm bandi yo ki te krisifye ak Jezi t ap pase l nan betiz tou. Sòti midi pou rive twazè, li te fè nwa nan tout peyi a. Vè twazè, Jezi pouse yon gwo kri: “ Eli, Eli, lema sabaktani! ” Sa vle di: “Bondye m, Bondye m, pou kisa ou abandone m?” Kèk nan moun ki te kanpe la te tande lè l fè kri a, epi yo di: “Men l ap rele Eli.” Youn pami yo kouri pran yon eponj, li tranpe l nan yon diven ki gen gou vinèg, epi l mete sou tèt yon gòl pou Jezi te ka bwè l. Men tout lòt moun yo t ap di: “Padon kò w la! Kite l pou nou wè si Eli ap vin delivre l.” Jezi fè yon lòt gwo kri ankò, epi li rann dènye souf li. Nan menm lè a, vwal tanp la te chire fè de moso, sòti anwo pou desann anba. Latè tranble. Karyann yo fann. Tonm yo ouvri. Yon bon valè moun nan pèp Bondye a ki te gen tan mouri te resisite. Apre Jezi fin resisite, yo te kite tonm yo, epi yo antre vil Jerizalèm. Anpil moun te wè yo. Ofisye a ak sòlda yo ki te la pou veye kò Jezi a te vin pè anpil, lè yo wè tranbleman tè a ak tout lòt evènman yo. Yo di: “Vrèman vre, nonm sa a se te Pitit Bondye.” Te gen plizyè medam ki te kanpe a distans ap gade sa k ap pase. Medam sa yo se moun ki t ap swiv Jezi espesyalman pou yo te ka pran swen l, depi lè l te nan Galile. Pami yo nou jwenn Mari, moun Magdala a, Mari manman Jak ak Jozèf, epi manman Jak ak Jan pitit Zebede yo. Nan apremidi te gen yon nonm rich ki te disip Jezi, yo rele Jozèf, moun Arimate, ki te vini bò kote Pilat pou l mande pou yo ba li kò Jezi. Pilat pase sòlda yo lòd pou yo remèt li kò a. Jozèf pran kò a, li vlope l ak yon dra len fen, epi l al antere l nan yon kavo tou nèf, li te fèk fè fouye nan yon karyann. Li woule yon gwo wòch pou fèmen bouch kavo a, epi l al lakay li.

Matye 27:32-60 New International Version (NIV)

As they were going out, they met a man from Cyrene, named Simon, and they forced him to carry the cross. They came to a place called Golgotha (which means “the place of the skull”). There they offered Jesus wine to drink, mixed with gall; but after tasting it, he refused to drink it. When they had crucified him, they divided up his clothes by casting lots. And sitting down, they kept watch over him there. Above his head they placed the written charge against him: THIS IS JESUS, THE KING OF THE JEWS. Two rebels were crucified with him, one on his right and one on his left. Those who passed by hurled insults at him, shaking their heads and saying, “You who are going to destroy the temple and build it in three days, save yourself! Come down from the cross, if you are the Son of God!” In the same way the chief priests, the teachers of the law and the elders mocked him. “He saved others,” they said, “but he can’t save himself! He’s the king of Israel! Let him come down now from the cross, and we will believe in him. He trusts in God. Let God rescue him now if he wants him, for he said, ‘I am the Son of God.’ ” In the same way the rebels who were crucified with him also heaped insults on him. From noon until three in the afternoon darkness came over all the land. About three in the afternoon Jesus cried out in a loud voice, “Eli, Eli, lema sabachthani?” (which means “My God, my God, why have you forsaken me?”). When some of those standing there heard this, they said, “He’s calling Elijah.” Immediately one of them ran and got a sponge. He filled it with wine vinegar, put it on a staff, and offered it to Jesus to drink. The rest said, “Now leave him alone. Let’s see if Elijah comes to save him.” And when Jesus had cried out again in a loud voice, he gave up his spirit. At that moment the curtain of the temple was torn in two from top to bottom. The earth shook, the rocks split and the tombs broke open. The bodies of many holy people who had died were raised to life. They came out of the tombs after Jesus’ resurrection and went into the holy city and appeared to many people. When the centurion and those with him who were guarding Jesus saw the earthquake and all that had happened, they were terrified, and exclaimed, “Surely he was the Son of God!” Many women were there, watching from a distance. They had followed Jesus from Galilee to care for his needs. Among them were Mary Magdalene, Mary the mother of James and Joseph, and the mother of Zebedee’s sons. As evening approached, there came a rich man from Arimathea, named Joseph, who had himself become a disciple of Jesus. Going to Pilate, he asked for Jesus’ body, and Pilate ordered that it be given to him. Joseph took the body, wrapped it in a clean linen cloth, and placed it in his own new tomb that he had cut out of the rock. He rolled a big stone in front of the entrance to the tomb and went away.

Matye 27:32-60 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

A la sortie de la ville, ils rencontrèrent un nommé Simon, originaire de Cyrène. Ils lui firent porter la croix de Jésus. Ils arrivèrent à un endroit nommé Golgotha (c’est-à-dire : « le lieu du crâne »). Là, ils donnèrent à boire à Jésus du vin mélangé avec du fiel  ; mais quand il l’eut goûté, il refusa de le boire. Après l’avoir cloué sur la croix, les soldats se partagèrent ses vêtements en les tirant au sort. Puis ils s’assirent pour monter la garde. Ils avaient fixé au-dessus de la tête de Jésus un écriteau sur lequel était inscrit, comme motif de sa condamnation : « Celui-ci est Jésus, le roi des Juifs. » Deux brigands furent crucifiés en même temps que lui, l’un à sa droite, l’autre à sa gauche. Ceux qui passaient par là lui lançaient des insultes en secouant la tête, et criaient : Hé, toi qui démolis le Temple et qui le reconstruis en trois jours, sauve-toi toi-même. Si tu es le Fils de Dieu, descends de la croix ! De même, les chefs des prêtres se moquaient de lui, avec les spécialistes de la Loi et les responsables du peuple, en disant : Dire qu’il a sauvé les autres, et qu’il est incapable de se sauver lui-même ! C’est ça le roi d’Israël ? Qu’il descende donc de la croix ; alors nous croirons en lui ! Il a mis sa confiance en Dieu. Eh bien, si Dieu trouve son plaisir en lui, qu’il le délivre ! N’a-t-il pas dit : « Je suis le Fils de Dieu » ? Les brigands crucifiés avec lui l’insultaient, eux aussi, de la même manière. A partir de midi, et jusqu’à trois heures de l’après-midi, le pays entier fut plongé dans l’obscurité. Vers trois heures, Jésus cria d’une voix forte : Eli, Eli, lama sabachthani ? ce qui veut dire : Mon Dieu, mon Dieu, pourquoi m’as-tu abandonné ? En entendant ces paroles, quelques-uns de ceux qui étaient là disaient : Il appelle Elie ! L’un d’entre eux courut aussitôt prendre une éponge, qu’il imbiba de vinaigre et piqua au bout d’un roseau. Il la présenta à Jésus pour qu’il boive, quand les autres lui dirent : Attends ! On va bien voir si Elie vient le délivrer. A ce moment, Jésus poussa de nouveau un grand cri et rendit l’esprit. Et voici qu’au même instant, le rideau du Temple se déchira en deux, de haut en bas ; la terre trembla, les rochers se fendirent. Des tombes s’ouvrirent et les corps de beaucoup d’hommes fidèles à Dieu qui étaient morts ressuscitèrent. Ils quittèrent leurs tombeaux et, après la résurrection de Jésus, ils entrèrent dans la ville sainte où beaucoup de personnes les virent. En voyant le tremblement de terre et tout ce qui se passait, l’officier romain et les soldats qui gardaient Jésus furent saisis d’épouvante et dirent : Cet homme était vraiment le Fils de Dieu  ! Il y avait aussi là plusieurs femmes qui regardaient de loin ; c’étaient celles qui avaient suivi Jésus depuis la Galilée, pour être à son service. Parmi elles, Marie de Magdala, Marie, la mère de Jacques et de Joseph et la mère des fils de Zébédée. Le soir venu, arriva un homme riche appelé Joseph, originaire de la ville d’Arimathée. Lui aussi était un disciple de Jésus. Il alla demander à Pilate le corps de Jésus. Alors Pilate donna l’ordre de le lui remettre. Joseph prit donc le corps, l’enroula dans un drap de lin pur et le déposa dans le tombeau tout neuf qu’il s’était fait tailler pour lui-même dans le roc. Puis il roula un grand bloc de pierre devant l’entrée du tombeau et s’en alla.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an