Matye 27:1-31
Matye 27:1-31 1998 Haïtienne (HAT98)
Nan granmaten, tout chèf prèt yo ansanm ak chèf fanmi k'ap dirije pèp la, yo mete tèt yo ansanm sou do Jezi. Yo pran desizyon pou fè touye li. Apre yo fin mare l, yo mennen l ale, yo renmèt li bay Pons Pilat, gouvènè peyi a. Jida menm, sila ki te trayi Jezi a, lè li wè yo te kondannen Jezi, remò pran li. Li pote trant pyès lajan an tounen renmèt chèf prèt yo ak chèf fanmi yo. Li di konsa: — Sa m fè a mal. Se yon inonsan mwen lage nan men nou. Yo reponn li: — Ki mele nou sa? Sa se zafè pa ou. Jida jete pyès lajan yo nan tanp lan, li sòti, l'ale pann tèt li. Chèf prèt yo ranmase lajan an, yo di konsa: — Sa se lajan san. Lalwa nou pa pèmèt nou mete lajan konsa nan kès tanp lan. Apre sa, yo tonbe dakò pou yo achte yon jaden nan men yon nonm ki te konn fè krich. Yo pran tè a sèvi simityè pou etranje ki mouri nan peyi a. Se poutèt sa, jouk jounen jòdi a, yo rele jaden sa a: Jaden san. Se konsa pawòl pwofèt Jeremi te di a rive vre: Yo pran trant pyès lajan yo. Se pri sa a moun ras Izrayèl yo te dakò peye pou li. Ak lajan an, yo achte jaden nonm ki konn fè krich la, dapre lòd Bondye te ban mwen an. Jezi parèt devan gouvènè a. Gouvènè a kèsyonnen l, li mande li: — Ou se wa jwif yo? Jezi reponn li: — Se ou ki di li. Chèf prèt yo ak chèf fanmi yo t'ap depoze anpil plent kont Jezi. Jezi menm pat reponn anyen. Pilat di li: — Ou pa tande tout plent yo depoze sou do ou? Men Jezi pa ba l repons sou anyen. Sa te fè Pilat sezi anpil. Pou chak fèt Delivrans gouvènè a te konn lage yon prizonye. Se pèp la ki te konn chwazi kilès. Lè sa a, te gen yon prizonye yo te rele Jezi Barabas. Tout moun te konnen ki moun li ye. Lè Pilat wè pèp la sanble deyò a, li di yo: — Kilès nou vle m lage ban nou: Jezi Barabas osinon Jezi yo rele Kris la? Pilat te byen konnen se jalouzi ki te fè yo mennen Jezi ba li. Antan Pilat te chita sou fòtèy jij li nan tribinal la, madanm li voye di li: — Nonm sa a inonsan tande. Pa mele nan zafè sa a. Paske yèswa, mwen soufri anpil poutèt li nan dòmi. Chèf prèt yo ak chèf fanmi yo pran tèt pèp la pou yo mande Pilat pou l lage Barabas ba yo, pou l fè touye Jezi. Gouvènè a pran lapawòl, li di yo: — Kilès nan de a nou vle m lage ban nou? Yo reponn: — Barabas. Pilat mande yo: — Bon. Kisa pou m fè ak Jezi yo rele Kris la? Yo tout reponn: — Kloure l sou yon kwa! Pilat di yo: — Ki movezak li fè konsa? Yo rele pi fò toujou: — Kloure l sou yon kwa! Lè Pilat wè li pat kapab fè anyen ankò, paske pèp la te sòti pou l te fè plis dezòd toujou, li pran dlo, li lave men l devan tout foul moun yo. Li di yo: — Mwen menm, mwen pa reskonsab lanmò nonm sa a. Sa, se sou kont nou li ye. Tout pèp la reponn: — Se pou reskonsabilite lanmò l tonbe sou nou ak sou tout pitit nou yo. Apre sa, Pilat lage Barabas ba yo. Li fè yo bat Jezi byen bat, li renmèt yo li pou y'al kloure l sou yon kwa. Sòlda Pilat yo mennen Jezi nan kay gouvènè a. Yo sanble tout batayon sòlda yo fè wonn li. Yo dezabiye l, yo mete yon gwo rad koulè wouj vyolèt sou li. Yo trese yon kouwòn pikan mete nan tèt li, yo ba l yon ti bwa wozo kenbe nan men dwat li. Apre sa, yo mete ajenou devan l, yo pran pase l nan betiz. Yo di li: — Bonjou, wa jwif yo! Yo krache sou li, yo pran wozo a, yo ba l kou nan tèt. Apre yo fin pase l anba kont betiz yo, yo wete gwo rad la, yo mete rad pa l sou li ankò. Epi yo mennen l ale pou yo kloure l sou yon kwa.
Matye 27:1-31 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Le matin, de bonne heure, les chefs des prêtres et les anciens du peuple décident tous ensemble de faire mourir Jésus. Ils le font attacher, ils l’emmènent et le livrent à Pilate, le gouverneur romain. Judas, celui qui a livré Jésus, voit qu’on l’a condamné. Alors il regrette ce qu’il a fait et il va rendre les 30 pièces d’argent aux chefs des prêtres et aux anciens. Il leur dit : « J’ai péché, j’ai livré un innocent à la mort. » Ils lui répondent : « Cela nous est égal. C’est ton affaire ! » Judas jette l’argent dans le temple et il part. Ensuite il va se pendre. Les chefs des prêtres ramassent l’argent en disant : « Nous n’avons pas le droit de le mettre avec les offrandes du temple. En effet, c’est le prix du sang. » Ils se mettent d’accord et avec cet argent, ils achètent le champ du potier. Là, on enterrera les étrangers. Voilà pourquoi ce champ s’appelle encore aujourd’hui le « champ du sang ». Ainsi se réalise ce que le prophète Jérémie a dit : « Ils ont pris les 30 pièces d’argent. C’est la somme que le peuple d’Israël a décidé de payer pour lui. Ils les ont données pour acheter le champ du potier. C’est ce que le Seigneur m’a commandé de leur dire. » On amène Jésus devant Pilate, le gouverneur. Le gouverneur l’interroge en lui disant : « Est-ce que tu es le roi des Juifs ? » Jésus lui répond : « C’est toi qui le dis. » Ensuite, les chefs des prêtres et les anciens accusent Jésus, mais il ne répond rien. Alors Pilate lui dit : « Tu n’entends pas tout ce qu’ils disent contre toi ? » Mais Jésus ne donne aucune réponse à ce qu’ils disent, et le gouverneur est très étonné. À chaque fête de la Pâque, le gouverneur a l’habitude de libérer un prisonnier, celui que la foule veut. À ce moment-là, il y a un prisonnier célèbre. Il s’appelle Jésus Barabbas. Les gens se sont rassemblés, et Pilate leur demande : « Je vais vous libérer un prisonnier. Qui voulez-vous : Jésus Barabbas ou Jésus qu’on appelle Messie ? » En effet, Pilate sait bien qu’ils lui ont livré Jésus par jalousie. Pendant que Pilate est assis au tribunal, sa femme envoie quelqu’un pour lui dire : « Ne t’occupe pas de l’affaire de cet homme innocent ! Cette nuit, dans un rêve, j’ai beaucoup souffert à cause de lui. » Les chefs des prêtres et les anciens poussent la foule à demander Barabbas et à faire mourir Jésus. Le gouverneur leur dit : « Je vais vous libérer un prisonnier. Lequel des deux voulez-vous ? » Ils répondent : « Barabbas ! » Pilate leur demande : « Qu’est-ce que je vais donc faire de Jésus qu’on appelle Messie ? » Tout le monde répond : « Cloue-le sur une croix ! » Pilate leur dit : « Qu’est-ce qu’il a donc fait de mal ? » Mais ils se mettent à crier encore plus fort : « Cloue-le sur une croix ! » Pilate voit qu’il n’arrive à rien, et l’agitation est de plus en plus grande. Alors il prend de l’eau et il se lave les mains devant la foule en disant : « Je ne suis pas responsable de la mort de cet homme. C’est votre affaire ! » Tout le peuple lui répond : « Nous acceptons d’être responsables de la mort de cet homme, nous et nos enfants ! » Alors Pilate leur libère Barabbas. Il fait frapper Jésus à coups de fouet et il le livre aux soldats pour qu’ils le clouent sur une croix. Alors les soldats romains emmènent Jésus dans le palais du gouverneur. Ils rassemblent toute la troupe autour de lui. Pour se moquer de lui, ils lui enlèvent ses vêtements et lui mettent un habit rouge . Ils tressent une couronne avec des branches épineuses et la posent sur sa tête. Ils lui placent un roseau dans la main droite. Ensuite, ils se mettent à genoux devant lui et ils se moquent de lui en disant : « Salut, roi des Juifs ! » Ils crachent sur lui et ils prennent le roseau pour le frapper sur la tête. Quand ils ont fini de se moquer de Jésus, ils lui enlèvent l’habit rouge et lui remettent ses vêtements. Après cela, ils l’emmènent pour le clouer sur une croix.
Matye 27:1-31 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Byen bonè nan maten, tout chèf prèt yo ak tout lidè Jwif yo te pran desizyon pou yo touye Jezi. Yo mare li, yo kondui li epi yo livre l bay Pilat, gouvènè a. Lè Jida, moun ki te trayi Jezi a, wè yo pral touye l, li regrèt sa l te fè a. Li pote trant pyès lajan an remèt chèf prèt yo ak lòt lidè Jwif yo. Li di: “Mwen peche paske mwen te livre yon nonm inosan bay lènmi l yo pou yo touye l.” Yo reponn li: “Ki mele nou? Sa a se biznis pa w!” Jida voye pyès lajan yo anndan tanp la, epi l soti, l al pann tèt li. Chèf prèt yo ranmase pyès lajan yo, epi yo di: “lajan sa a se lajan san, lalwa pa pèmèt nou mete l nan kès tanp la.” Konsa, yo mete yo dakò pou yo achte yon tèren yo rele Jaden Potye a. Tèren sa a te sèvi simityè pou vizitè ki mouri pandan y ap vizite Jerizalèm. Se poutèt sa, depi lè a, yo rele tèren kot simityè a ye a Jaden San. Alò, pwofesi pwofèt Jeremi an te akonpli: “Yo pran trant pyès lajan. Se fòs kòb sa a pèp Izrayèl te deside peye pou lavi l. Yo pran trant pyès lajan sa a, yo achte Jaden Potye a avè l, jan Senyè a te ban m lòd la.” Jezi parèt devan gouvènè a. Pilat mande l: “Èske w se wa Juif yo?” Jezi reponn li: “Se sa ou di.” Apre sa, malgre tout akizasyon chèf prèt yo ak lidè Jwif yo t ap mete sou do l, li pa t janm ouvè bouch li. Lè Pilat wè sa, li di l: “Ou gen lè pa tande ki valè akizasyon y ap met sou do w?” Men, Jezi pa t janm di yon mo. Sa te fè Pilat sezi anpil. Chak ane nan sezon fèt Pak la, gouvènè a te gen abitid pou l lage nenpòt prizonye foul la te vle. Lè sa a, te gen yon prizonye moun te byen konnen yo te rele Barabas. Konsa lè foul la te rasanble, Pilat mande yo: “Kilès nan de a nou vle m lage ba nou: Barabas oswa Jezi, yo rele Kris la?” Li konnen se jalouzi ki fè moun yo te livre Jezi ba li. Pandan Pilat chita nan plas espesyal li konn fè jijman an, madanm li voye di l: “Pa foure kò w twò fon nan zafè sa a, paske nonm lan inosan. Yè swa mwen fè yon move rèv sou li, epi depi lè a m boulvèse anpil.” Men, chèf prèt yo ak lòt lidè Jwif yo, te gen tan jwe nan tèt pèp la pou yo mande Pilat pou l lage Barabas epi kondane Jezi. Gouvènè a mande: “Kilès nan de prizonye yo nou vle pou m lage?” Pèp la reponn: “Barabas!” Pilat di ankò: “Ki sa pou m fè ak Jezi yo rele Kris la?” Yo tout reponn: “Krisifye l!” Pilat mande yo: “Men, pouki? Ki mal li fè?” Men yo tout te pran rele pi fò: “Krisifye l!” Lè sa a, Pilat wè se tan l ap pèdi. Okontrè, foul la te vin pi ajite. Li mande enpe dlo, epi li lave men l devan je tout moun. Li di: “Mwen inosan nan lanmò nonm sa a. Lanmò l sou kont nou!” Pèp la reponn: “Ou mèt met lanmò a sou do nou menm ak tout pitit nou!” Konsa, Pilat lage Barabas. Li fè bat Jezi. Epi li livre Jezi bay sòlda yo pou y al krisifye l. Apre sa, sòlda yo mennen Jezi nan palè gouvènè a. Tout sòlda te reyini, epi yo mete Jezi nan mitan. Yo dezabiye l, epi yo mete yon tòj wouj vyolèt sou li. Yo trese yon kouwòn ak branch pikan met sou tèt li. Yo mete yon baton nan men dwat li. Apre sa yo met ajenou devan l, epi yo t ap rele “Viv wa Juif yo!” pou yo te ka pase l nan betiz. Yo krache sou li. Yo pran baton ki te nan men l lan yo frape l nan tèt. Apre yo pase l nan betiz kont yo, yo retire rad la sou li, epi yo mete rad pa l sou li. Apre sa yo pati avè l pou yo al krisifye l.
Matye 27:1-31 New International Version (NIV)
Early in the morning, all the chief priests and the elders of the people made their plans how to have Jesus executed. So they bound him, led him away and handed him over to Pilate the governor. When Judas, who had betrayed him, saw that Jesus was condemned, he was seized with remorse and returned the thirty pieces of silver to the chief priests and the elders. “I have sinned,” he said, “for I have betrayed innocent blood.” “What is that to us?” they replied. “That’s your responsibility.” So Judas threw the money into the temple and left. Then he went away and hanged himself. The chief priests picked up the coins and said, “It is against the law to put this into the treasury, since it is blood money.” So they decided to use the money to buy the potter’s field as a burial place for foreigners. That is why it has been called the Field of Blood to this day. Then what was spoken by Jeremiah the prophet was fulfilled: “They took the thirty pieces of silver, the price set on him by the people of Israel, and they used them to buy the potter’s field, as the Lord commanded me.” Meanwhile Jesus stood before the governor, and the governor asked him, “Are you the king of the Jews?” “You have said so,” Jesus replied. When he was accused by the chief priests and the elders, he gave no answer. Then Pilate asked him, “Don’t you hear the testimony they are bringing against you?” But Jesus made no reply, not even to a single charge—to the great amazement of the governor. Now it was the governor’s custom at the festival to release a prisoner chosen by the crowd. At that time they had a well-known prisoner whose name was Jesus Barabbas. So when the crowd had gathered, Pilate asked them, “Which one do you want me to release to you: Jesus Barabbas, or Jesus who is called the Messiah?” For he knew it was out of self-interest that they had handed Jesus over to him. While Pilate was sitting on the judge’s seat, his wife sent him this message: “Don’t have anything to do with that innocent man, for I have suffered a great deal today in a dream because of him.” But the chief priests and the elders persuaded the crowd to ask for Barabbas and to have Jesus executed. “Which of the two do you want me to release to you?” asked the governor. “Barabbas,” they answered. “What shall I do, then, with Jesus who is called the Messiah?” Pilate asked. They all answered, “Crucify him!” “Why? What crime has he committed?” asked Pilate. But they shouted all the louder, “Crucify him!” When Pilate saw that he was getting nowhere, but that instead an uproar was starting, he took water and washed his hands in front of the crowd. “I am innocent of this man’s blood,” he said. “It is your responsibility!” All the people answered, “His blood is on us and on our children!” Then he released Barabbas to them. But he had Jesus flogged, and handed him over to be crucified. Then the governor’s soldiers took Jesus into the Praetorium and gathered the whole company of soldiers around him. They stripped him and put a scarlet robe on him, and then twisted together a crown of thorns and set it on his head. They put a staff in his right hand. Then they knelt in front of him and mocked him. “Hail, king of the Jews!” they said. They spit on him, and took the staff and struck him on the head again and again. After they had mocked him, they took off the robe and put his own clothes on him. Then they led him away to crucify him.
Matye 27:1-31 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
L’aube s’était levée. L’ensemble des chefs des prêtres et des responsables du peuple tinrent conseil contre Jésus pour le faire condamner à mort. Ils le firent lier et le conduisirent chez Pilate, le gouverneur, pour le remettre entre ses mains. En voyant que Jésus était condamné, Judas, qui l’avait trahi, fut pris de remords : il alla rapporter aux chefs des prêtres et aux responsables du peuple les trente pièces d’argent et leur dit : J’ai péché en livrant un innocent à la mort ! Mais ils lui répliquèrent : Que nous importe ? Cela te regarde ! Judas jeta les pièces d’argent dans le Temple, partit, et alla se pendre. Les chefs des prêtres ramassèrent l’argent et déclarèrent : On n’a pas le droit de verser cette somme dans le trésor du Temple, car c’est le prix du sang. Ils tinrent donc conseil et décidèrent d’acquérir, avec cet argent, le « Champ-du-Potier » et d’en faire un cimetière pour les étrangers. Voilà pourquoi ce terrain s’appelle encore de nos jours « le champ du sang ». Ainsi s’accomplit la parole du prophète Jérémie : Ils ont pris les trente pièces d’argent, le prix auquel les descendants d’ Israël l’ont estimé, et ils les ont données pour acheter le champ du potier, comme le Seigneur me l’avait ordonné . Jésus comparut devant le gouverneur qui l’interrogea. – Es-tu le roi des Juifs ? lui demanda-t-il. – Tu le dis toi-même, répondit Jésus. Mais ensuite, quand les chefs des prêtres et les responsables du peuple vinrent l’accuser, il ne répondit rien. Alors Pilate lui dit : Tu n’entends pas tout ce qu’ils disent contre toi ? Mais, au grand étonnement du gouverneur, Jésus ne répondit pas même sur un seul point. A chaque fête de la Pâque, le gouverneur avait l’habitude de relâcher un prisonnier, celui que la foule désignait. Or, à ce moment-là, il y avait sous les verrous, un prisonnier célèbre nommé Barabbas. En voyant la foule rassemblée, Pilate lui demanda donc : Lequel de ces deux hommes voulez-vous que je vous relâche, Barabbas ou Jésus, qu’on appelle le Messie ? En effet, il s’était bien rendu compte que c’était par jalousie qu’on lui avait livré Jésus. Pendant qu’il siégeait au tribunal, sa femme lui fit parvenir un message disant : Ne te mêle pas de l’affaire de ce juste, car cette nuit, j’ai été fort tourmentée par des rêves à cause de lui. Cependant, les chefs des prêtres et les responsables du peuple persuadèrent la foule de réclamer la libération de Barabbas et l’exécution de Jésus. Le gouverneur prit la parole et redemanda à la foule : Lequel des deux voulez-vous que je vous relâche ? – Barabbas ! crièrent-ils. – Mais alors, insista Pilate, que dois-je faire de Jésus, qu’on appelle le Messie ? Et tous répondirent : Crucifie-le ! – Mais enfin, reprit Pilate, qu’a-t-il fait de mal ? Eux, cependant, criaient de plus en plus fort : Crucifie-le ! Quand Pilate vit qu’il n’aboutissait à rien, mais qu’au contraire, l’agitation de la foule augmentait, il prit de l’eau et, devant la foule, se lava les mains en disant : Je ne suis pas responsable de la mort de cet homme. Cela vous regarde. Et tout le peuple répondit : Que la responsabilité de sa mort retombe sur nous et sur nos enfants ! Alors Pilate leur relâcha Barabbas. Quant à Jésus, après l’avoir fait battre à coups de fouet, il le livra pour qu’on le crucifie. Les soldats du gouverneur traînèrent Jésus vers l’intérieur du palais et rassemblèrent toute la cohorte autour de lui. Ils lui arrachèrent ses vêtements et le revêtirent d’un manteau écarlate. Ils lui posèrent sur la tête une couronne tressée de rameaux épineux ; dans sa main droite, ils placèrent un roseau en guise de sceptre. Ils s’agenouillèrent devant lui en disant sur un ton sarcastique : Salut, roi des Juifs ! Ils crachaient sur lui et, prenant le roseau, ils le frappaient à la tête. Quand ils eurent fini de se moquer de lui, ils lui ôtèrent le manteau, lui remirent ses vêtements et l’emmenèrent pour le crucifier.