Matye 26:6-15
Matye 26:6-15 1998 Haïtienne (HAT98)
Antan Jezi te Betani lakay Simon, nonm ki te gen maladi lalèp la, yon fanm pwoche kote li. Li te vin ak yon boutèy pòslèn plen bon losyon koute chè. Pandan Jezi chita bò tab la, fanm lan vide tout losyon an sou tèt li. Lè disip yo wè sa, yo pat kontan menm. Yo di: — Poukisa tout gaspiyay sa a? Yo ta kapab vann odè a byen chè, yo ta bay pòv lajan an. Jezi vin konnen sa yo t'ap di, li di yo konsa: — Poukisa n'ap fè fanm lan tout lapenn sa a? Se yon bèl bagay li fè la a wi pou mwen. Paske, pòv yo, n'ap toujou genyen yo avèk nou. Men, mwen menm, nou p'ap genyen m pou tout tan. Lè li vide odè sa a sou kò mwen, li tou benyen m pou lantèman mwen. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Toupatou sou latè, kote y'a anonse bòn nouvèl sa a, y'a rakonte sa fanm sa a te fè tou pou yo pa janm bliye li. Lè sa a, yonn nan douz disip yo, Jida Iskaryòt, al jwenn chèf prèt yo. Li di yo: — Kisa n'a ban mwen si m fè nou pran Jezi? Yo konte trant pyès lajan ba li.
Matye 26:6-15 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Jésus est à Béthanie dans la maison de Simon le lépreux. Alors, pendant le repas, une femme s’approche de lui, avec un très beau vase, plein d’un parfum très cher. Elle verse le parfum sur la tête de Jésus. Quand les disciples voient cela, ils ne sont pas contents du tout et ils disent : « Elle a gaspillé ce parfum ! Pourquoi ? On pouvait le vendre très cher et ensuite donner l’argent aux pauvres ! » Jésus entend cela et il dit : « Pourquoi est-ce que vous faites de la peine à cette femme ? Ce qu’elle a fait pour moi est une bonne action. Vous aurez toujours des pauvres avec vous, mais moi, vous ne m’aurez pas toujours. Elle a mis du parfum sur mon corps : d’avance, elle m’a préparé pour la tombe. Je vous le dis, c’est la vérité : partout où on annoncera cette Bonne Nouvelle, dans le monde entier, on racontera ce que cette femme a fait, et on se souviendra d’elle. » Alors l’un des douze apôtres, appelé Judas Iscariote, va voir les chefs des prêtres et il leur dit : « Qu’est-ce que vous voulez me donner, si je vous livre Jésus ? » Les chefs des prêtres lui donnent 30 pièces d’argent .
Matye 26:6-15 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Pandan Jezi te Betani lakay Simon, mesye ki te gen maladi lèp la, yon dam ki te gen yon boutèy pafen byen chè nan men l te pwoche bò kote Jezi, epi li vide pafen an sou tèt li pandan l t ap manje. Lè disip yo wè sa, yo fache ak dam lan. Yo kòmanse ap di: “Pouki kalite gaspiyaj sa a? Pafen sa a t ap vann yon bon ti kòb ki te ka ede anpil moun pòv.” Jezi ki te konnen sa yo t ap di a, mande yo: “Poukisa n ap bay dam nan panik? Se yon bon bagay li fè pou mwen. N ap toujou gen pòv avèk nou, men nou p ap toujou genyen m avèk nou. Pafen dam nan vide sou mwen an, se prepare l ap prepare kadav kò m pou antèman apre m fin mouri. An verite m ap di nou, kèlkeswa kote Bòn Nouvèl la preche nan lemonn, yo gen pou yo pale de aksyon sa a, epi moun ap sonje dam nan.” Apre sa, Jida Iskaryòt, youn nan douz disip yo al pale ak chèf prèt yo, epi l di yo: “Ki sa n ap ban m si m livre Jezi ba nou?” Konsa, yo ofri l trant pyès lajan.
Matye 26:6-15 New International Version (NIV)
While Jesus was in Bethany in the home of Simon the Leper, a woman came to him with an alabaster jar of very expensive perfume, which she poured on his head as he was reclining at the table. When the disciples saw this, they were indignant. “Why this waste?” they asked. “This perfume could have been sold at a high price and the money given to the poor.” Aware of this, Jesus said to them, “Why are you bothering this woman? She has done a beautiful thing to me. The poor you will always have with you, but you will not always have me. When she poured this perfume on my body, she did it to prepare me for burial. Truly I tell you, wherever this gospel is preached throughout the world, what she has done will also be told, in memory of her.” Then one of the Twelve—the one called Judas Iscariot—went to the chief priests and asked, “What are you willing to give me if I deliver him over to you?” So they counted out for him thirty pieces of silver.
Matye 26:6-15 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Jésus se trouvait à Béthanie, dans la maison de Simon, le lépreux. Une femme s’approcha de lui, tenant un flacon d’albâtre rempli d’un parfum de myrrhe de grande valeur. Pendant que Jésus était à table, elle répandit ce parfum sur sa tête. En voyant cela, les disciples s’indignèrent et dirent : Pourquoi un tel gaspillage ? On aurait pu vendre ce parfum pour un bon prix et donner l’argent aux pauvres ! Mais, se rendant compte de cela, Jésus leur dit : Pourquoi faites-vous de la peine à cette femme ? Ce qu’elle vient d’accomplir pour moi est vraiment une belle action. Des pauvres, vous en aurez toujours autour de vous ; mais moi, vous ne m’aurez pas toujours avec vous. Si elle a répandu cette myrrhe sur moi, c’est pour préparer mon enterrement. Vraiment, je vous l’assure, dans le monde entier, partout où cette Bonne Nouvelle qu’est l’Evangile sera annoncée, on racontera aussi, en souvenir d’elle, ce qu’elle vient de faire. Alors, l’un des Douze, celui qui s’appelait Judas Iscariot, se rendit auprès des chefs des prêtres pour leur demander : Si je me charge de vous livrer Jésus, quelle somme me donnerez-vous ? Ils lui versèrent trente pièces d’argent.