Matye 26:57-75

Matye 26:57-75 1998 Haïtienne (HAT98)

Moun ki te arete Jezi yo mennen l kay Kayif, granprèt la. Se la tout dirèktè lalwa yo ansanm ak chèf fanmi yo te reyini. Pyè t'ap swiv Jezi yon ti jan lwen lwen, jouk yo rive nan lakou kay granprèt la. Li antre nan lakou a tou, li chita ak gad yo pou l wè kouman sa ta pral fini. Chèf prèt yo ak tout manm Gran Konsèy jwif yo t'ap chache yon manti pou yo te fè sou Jezi, pou yo te ka kondannen l amò. Men, yo pat kapab jwenn anyen malgre anpil moun te vin fè anpil manti sou li. Bout pou bout, de moun parèt. Yo di: — Nonm sa a di: Mwen kapab kraze tanp Bondye a, epi nan twa jou m'a rebati l ban nou. Granprèt la leve, li di Jezi: — Ou pa reponn anyen? Kisa mesye yo ap di sou ou konsa? Jezi pa louvri bouch li. Granprèt la di l ankò: — Nan non Bondye vivan an, m'ap mande ou pou di nou verite a: Eske se ou ki Kris la, Pitit Bondye a? Jezi reponn li: — Se ou ki di li. Men, m'ap di nou sa, depi jòdi a n'a wè m, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, chita sou bò dwat Bondye ki gen pouvwa a, n'a wè m ap vini sou nyaj yo nan syèl la. Lè sa a, granprèt la chire rad ki te sou li a, li di: — L'ap pale mal sou Bondye. Sa nou bezwen lòt temwen fè: Nou fenk tande ak zòrèy nou jan l pale mal sou Bondye. Kisa nou di nan sa? Yo reponn: — Li antò, se pou yo touye li. Lè sa a, yo pran krache nan figi l, yo tonbe ba l kout pwen. Gen ladan yo ki ba l souflèt. Yo di li: — Kris, si ou konnen, di nou non! Di nou ki moun k'ap frape ou konsa. Pyè menm te chita deyò nan lakou a. Yon sèvant pwoche bò kote l, li di li konsa: — Ou menm tou, ou te avèk Jezi, nonm Galile a. Men, Pyè demanti l devan tout moun, li di: — Mwen pa konnen sa w'ap di la a. Apre sa, Pyè leve, l'ale bò pòtay lakou a. La, yon lòt sèvant wè li. Li di moun ki te la yo: — Nonm sa a te avèk Jezi, nonm Nazarèt la. Pyè demanti li tou, li di: — Anveritedye, mwen pa konnen nonm sa a. Yon ti kadè apre, moun ki te la yo pwoche, yo di Pyè konsa: — Se vre wi, monchè. Ou fè pati moun sa yo tou. Jan ou pale a fè nou rekonèt ou. Lè sa a, Pyè pran fè sèman, li di yo: — Mwen mande Bondye pou nenpòt bagay rive m si m manti: Mwen di nou non, mwen pa konnen nonm sa a. Menm lè a, kòk chante. Latou, Pyè vin chonje pawòl Jezi te di l la: Anvan kòk chante, ou va gentan di twa fwa ou pa janm konnen mwen. Pyè sòti, li tonbe kriye jouk li pat kapab ankò.

Matye 26:57-75 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Ceux qui ont arrêté Jésus l’emmènent chez Caïphe, le grand-prêtre. Là, les maîtres de la loi et les anciens sont réunis. Pierre suit Jésus de loin, jusqu’à la cour de la maison du grand-prêtre. Il entre dans la cour et il s’assoit avec les serviteurs. Il veut voir comment cela va finir. Les chefs des prêtres et tout le Tribunal religieux cherchent une fausse raison d’accuser Jésus, pour le condamner à mort. Mais ils n’en trouvent pas. Pourtant, beaucoup de faux témoins viennent dire des mensonges contre Jésus. À la fin, deux hommes arrivent et ils disent : « Cet homme a dit : “Je peux détruire le temple de Dieu et le reconstruire en trois jours.” » Alors le grand-prêtre se lève et il dit à Jésus : « Tu ne réponds rien ? Qu’est-ce que ces gens disent contre toi ? » Mais Jésus se tait. Le grand-prêtre lui dit : « Au nom du Dieu vivant, je te demande de répondre : Est-ce que tu es le Messie, le Fils de Dieu ? » Jésus lui répond : « C’est toi qui le dis. Mais je vous l’affirme, à partir de maintenant, vous verrez le Fils de l’homme assis à droite du Tout-Puissant. Il viendra sur les nuages du ciel. » Alors le grand-prêtre déchire ses vêtements et dit : « Il a insulté Dieu ! Nous n’avons plus besoin de témoins ! Vous venez d’entendre l’insulte ! Qu’est-ce que vous en pensez ? » Ils lui répondent : « Il doit mourir. » Alors ils crachent sur le visage de Jésus et ils le frappent à coups de poing. D’autres lui donnent des gifles en disant : « Messie, devine ! Dis-nous qui t’a frappé ! » Pierre est assis dehors dans la cour. Une servante s’approche de lui et elle lui dit : « Toi aussi, tu étais avec Jésus, cet homme de Galilée ! » Mais devant tout le monde, Pierre répond : « Non, je ne sais pas ce que tu veux dire ! » Ensuite, il s’en va vers la porte de la cour. Une autre servante le voit et elle dit à ceux qui sont là : « Celui-ci était avec Jésus de Nazareth ! » Encore une fois, Pierre répond : « Non ! Je ne connais pas cet homme, je le jure ! » Un peu plus tard, ceux qui sont là s’approchent de Pierre et lui disent : « Sûrement, tu es un des disciples, toi aussi ! En effet, on le reconnaît à ta façon de parler. » Alors Pierre se met à dire : « Que Dieu me punisse si je mens ! Je ne connais pas cet homme, je le jure ! » Et au même moment un coq chante. Pierre se souvient que Jésus lui a dit : « Avant que le coq chante, tu diras trois fois que tu ne me connais pas. » Pierre sort de la cour et il pleure beaucoup.

Matye 26:57-75 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Yo arete Jezi, yo mennen l kay Kayif, granprèt la, kote pwofesè lalwa yo ak lidè pèp Juif la te gen tan rasanble. Pyè ki t ap swiv yo a yon distans te antre nan lakou granprèt la tou. Li te chita pami sèvitè granprèt la pou l te ka wè kijan sa pral fin i. Chèf prèt yo ak gran Konsèy Juif la t ap chache fo temwayaj pou yo met sou do Jezi pou yo ka jwenn yon rezon pou yo touye l. Men yo pa t ka jwenn anyen malgre te gen anpil fo temwen ki t ap eseye fè manti sou li. Finalman gen de pami yo ki pase devan, epi yo di: “Misye te di: Mwen gen pouvwa pou m detwi tanp Bondye a, epi rebati l nan twa jou.” Lè sa a, Granprèt la leve kanpe epi l di Jezi: “Ki sa w di sou akizasyon sa yo? Èske sa yo di a se vre?” Men pèsòn pa t ka rache yon mo nan bouch Jezi. Granprèt la di Jezi ankò: “Nan non Bondye vivan an, m ap mande w pou di m tout verite a. Di m non: èske se ou menm ki Mesi a, pitit Bondye a?” Jezi reponn li: “Sa ou di a se sa. Men kite m di w yon bagay: Nou gen pou n wè Pitit Lòm nan sou tèt nyaj yo k ap desann sou latè avèk anpil pouvwa ak gwo onè.” Lè sa a Granprèt chire rad sou li, epi l di: “Li derespekte Bondye. Ki lòt prèv nou bezwen ankò? Nou fèk tande ak de zòrèy nou kijan l pa gen okenn respè pou Bondye. E nou menm, sa nou di?” Yo reponn li: “Li merite lanmò.” Epi, yo kòmanse krache nan figi Jezi. Genyen ki ba l kout pwen. Gen lòt ki ba l souflèt. Yo di li: “Ey Mesi, ba nou prèv ou se yon vrè pwofèt. Di nou ki lès ki frape w la?” Pandan tan sa a, Pyè te chita deyò nan lakou a. Youn nan sèvant Granprèt la di l: “Ou menm tou, ou te avèk Jezi, moun Galile a.” Men, Pyè demanti l devan tout moun. Li di sèvant lan: “M pa konn sa w ap di la a.” Apre sa li deplase, l ale bò baryè pou antre nan lakou Granprèt la. Yon lòt sèvant di moun ki te la yo: “Nonm sa a te avèk Jezi, moun Nazarèt la.” Pyè demanti dam nan. Epi fwa sa a, li fè sèman pou l di: “M pa janm konnen nonm sa a.” Yon ti tan apre, moun ki te kanpe toupre Pyè yo pwoche bò kote l, yo di l: “Nan jan w pale a, nou sèten ou se youn ladan yo.” Lè sa a, Pyè kòmanse fè sèman pou madichon tonbe sou li si l ap bay manti, epi l di: “M pa janm konnen nonm sa a.” Li patko menm fèmen bouch li lè yon kòk te kòmanse chante. Lè sa a Pyè sonje pawòl Jezi a: “Anvan kòk chante aswè a ou ap gen tan di ou pa konnen m pandan twa fwa.” Pyè soti deyò, epi l kriye tankou moun ki gen gwo doulè.

Matye 26:57-75 New International Version (NIV)

Those who had arrested Jesus took him to Caiaphas the high priest, where the teachers of the law and the elders had assembled. But Peter followed him at a distance, right up to the courtyard of the high priest. He entered and sat down with the guards to see the outcome. The chief priests and the whole Sanhedrin were looking for false evidence against Jesus so that they could put him to death. But they did not find any, though many false witnesses came forward. Finally two came forward and declared, “This fellow said, ‘I am able to destroy the temple of God and rebuild it in three days.’ ” Then the high priest stood up and said to Jesus, “Are you not going to answer? What is this testimony that these men are bringing against you?” But Jesus remained silent. The high priest said to him, “I charge you under oath by the living God: Tell us if you are the Messiah, the Son of God.” “You have said so,” Jesus replied. “But I say to all of you: From now on you will see the Son of Man sitting at the right hand of the Mighty One and coming on the clouds of heaven.” Then the high priest tore his clothes and said, “He has spoken blasphemy! Why do we need any more witnesses? Look, now you have heard the blasphemy. What do you think?” “He is worthy of death,” they answered. Then they spit in his face and struck him with their fists. Others slapped him and said, “Prophesy to us, Messiah. Who hit you?” Now Peter was sitting out in the courtyard, and a servant girl came to him. “You also were with Jesus of Galilee,” she said. But he denied it before them all. “I don’t know what you’re talking about,” he said. Then he went out to the gateway, where another servant girl saw him and said to the people there, “This fellow was with Jesus of Nazareth.” He denied it again, with an oath: “I don’t know the man!” After a little while, those standing there went up to Peter and said, “Surely you are one of them; your accent gives you away.” Then he began to call down curses, and he swore to them, “I don’t know the man!” Immediately a rooster crowed. Then Peter remembered the word Jesus had spoken: “Before the rooster crows, you will disown me three times.” And he went outside and wept bitterly.

Matye 26:57-75 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Ceux qui avaient arrêté Jésus le conduisirent devant Caïphe, le grand-prêtre, chez qui les spécialistes de la Loi et les responsables du peuple s’étaient déjà rassemblés. Pierre le suivit à distance jusqu’au palais du grand-prêtre et il entra dans la cour où il s’assit au milieu des gardes pour voir comment tout cela finirait. Les chefs des prêtres et le Grand-Conseil au complet cherchaient un faux témoignage contre Jésus pour pouvoir le condamner à mort. Mais, bien qu’un bon nombre de faux témoins se soient présentés, ils ne parvenaient pas à trouver de motif valable. Finalement, il en vint tout de même deux qui déclarèrent : Cet homme a dit : « Je peux démolir le temple de Dieu et le rebâtir en trois jours. » Alors le grand-prêtre se leva et demanda à Jésus : Tu n’as rien à répondre aux témoignages qu’on vient de porter contre toi ? Jésus garda le silence. Alors le grand-prêtre reprit en disant : Je t’adjure, par le Dieu vivant, de nous déclarer si tu es le Messie, le Fils de Dieu. Jésus lui répondit : Tu l’as dit toi-même. De plus, je vous le déclare : A partir de maintenant, vous verrez le Fils de l’homme siéger à la droite du Tout-Puissant et venir en gloire sur les nuées du ciel . A ces mots, le grand-prêtre déchira ses vêtements en signe de consternation et s’écria : Il vient de prononcer des paroles blasphématoires ! Qu’avons-nous encore besoin de témoins ? Vous venez vous-mêmes d’entendre le blasphème. Quel est votre verdict ? Ils répondirent : Il est passible de mort. Alors, ils lui crachèrent au visage et le frappèrent. D’autres le giflèrent en disant : Hé, Messie, fais le prophète ! Dis-nous qui vient de te frapper ! Pendant ce temps, Pierre était resté assis dehors, dans la cour intérieure. Une servante s’approcha de lui et dit : Toi aussi, tu étais avec Jésus le Galiléen. Mais Pierre le nia en disant devant tout le monde : Je ne vois pas ce que tu veux dire. Comme il se dirigeait vers le porche pour sortir, une autre servante l’aperçut et dit à ceux qui étaient là : En voilà un qui était avec ce Jésus de Nazareth. Il le nia de nouveau et il jura : Je ne connais pas cet homme ! Après un petit moment, ceux qui se tenaient dans la cour s’approchèrent de Pierre et lui dirent : C’est sûr, toi aussi, tu fais partie de ces gens ! C’est évident : il suffit d’entendre ton accent ! Alors Pierre se mit à dire : Je le jure ! Et que je sois maudit si ce n’est pas vrai : je ne connais pas cet homme. Et aussitôt, un coq chanta. Alors Pierre se souvint de ce que Jésus lui avait dit : « Avant que le coq chante, tu m’auras renié trois fois. » Il se glissa dehors et se mit à pleurer amèrement.