Matye 25:14-30

Matye 25:14-30 1998 Haïtienne (HAT98)

— Vwala, se va tankou yon nonm ki ta pral pati pou yon vwayaj. Li rele domestik li yo, li mete yo reskonsab byen li yo. Li bay yonn senkmil (5.000) goud, li bay yon lòt demil (2.000) goud, li bay yon twazyèm mil (1.000) goud. Konsa, li bay yo chak dapre sa l konnen yo ka fè. Lèfini, li pati. Lamenm, domestik ki te resevwa senkmil (5.000) goud la al fè lajan an travay. Li rapòte l senkmil (5.000) goud benefis. Konsa tou, domestik ki te resevwa demil (2.000) goud la fè demil (2.000) goud benefis. Sa ki te resevwa mil (1.000) goud la menm ale, li fouye yon twou nan tè, li sere lajan mèt la. — Lontan apre sa, mèt domestik yo tounen, li pran fè regleman ak yo. Domestik ki te resevwa senkmil goud la pwoche, li pote senkmil goud benefis la ba li, li di: Mèt, ou te ban mwen senkmil goud. Men senkmil goud benefis mwen fè. Mèt la di l: Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik ki travay byen. Paske ou fè ti travay sa a byen, m'ap mete ou reskonsab pi gwo zafè toujou. Vin fè fèt avèk mèt ou. — Domestik ki te resevwa demil goud la pwoche apre sa, li di: Mèt, ou te ban mwen demil goud, men demil goud benefis mwen fè. Mèt la di l: Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik ki travay byen. Paske ou te fè ti travay sa a byen, m'ap mete ou reskonsab pi gwo zafè ankò. Vin fè fèt avèk mèt ou. — Apre sa, domestik ki te resevwa sèlman mil goud la pwoche, li di: Mèt, mwen konnen ou se yon nonm ki di. Ou rekòlte kote ou pat simen, ou ranmase kote ou pat plante. Mwen te pè, se sa k fè mwen te al sere mil goud ou a anba tè. Men, pran lajan ou. — Mèt la reponn li: Gade jan ou se yon move domestik, ou parese konsa! Ou te konnen mwen rekòlte kote mwen pat simen, mwen ranmase kote mwen pat plante. Enben, se pou ou te mete lajan m labank. Lè m ta tounen, mwen ta wete manman lajan an ak yon enterè sou li. Wete mil goud la nan men l, pran l bay sa ki gen dimil (10.000) goud la. Paske, moun ki gen deja, y'a ba li ankò. Konsa, l'a gen plis toujou. Men moun ki pa genyen anyen an, y'a wete menm ti sa li ta genyen an. Kanta domestik ki pa vo anyen an, jete l deyò nan fènwa a. Se lè sa a va gen rèl, se lè sa a va gen manje dan.

Matye 25:14-30 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

« Le Royaume des cieux ressemble à ceci : Un homme part en voyage. Il appelle ses serviteurs et leur confie ses richesses. Il donne à chacun selon ce qu’il peut faire. Il donne à l’un 500 pièces d’or, à un autre 200, à un troisième 100, et il part. Le serviteur qui a reçu les 500 pièces d’or s’en va tout de suite faire du commerce avec cet argent et il gagne encore 500 pièces d’or. Celui qui a reçu les 200 pièces d’or fait la même chose et il gagne encore 200 pièces d’or. Mais celui qui a reçu les 100 pièces d’or s’en va faire un trou dans la terre et il cache l’argent de son maître. « Longtemps après, le maître de ces serviteurs revient. Il leur demande ce qu’ils ont fait avec son argent. Le serviteur qui a reçu les 500 pièces d’or s’approche et il présente encore 500 pièces d’or en disant : “Maître, tu m’as confié 500 pièces d’or. Voici encore 500 pièces d’or que j’ai gagnées.” Son maître lui dit : “C’est bien. Tu es un serviteur bon et fidèle. Tu as été fidèle pour une petite chose, je vais donc te confier beaucoup de choses. Viens et réjouis-toi avec moi.” Le serviteur qui a reçu les 200 pièces d’or s’approche et il dit : “Maître, tu m’as confié 200 pièces d’or. Voici encore 200 pièces d’or que j’ai gagnées.” Son maître lui dit : “C’est bien. Tu es un serviteur bon et fidèle. Tu as été fidèle pour une petite chose, je vais donc te confier beaucoup de choses. Viens et réjouis-toi avec moi.” Enfin, celui qui a reçu les 100 pièces d’or s’approche et il dit : “Maître, je le savais : tu es un homme dur. Tu récoltes ce que tu n’as pas semé, tu ramasses ce que tu n’as pas planté. J’ai eu peur et je suis allé cacher tes pièces d’or dans la terre. Les voici ! Tu as ton argent.” Son maître lui répond : “Tu es un serviteur mauvais et paresseux ! Tu le savais : je récolte ce que je n’ai pas semé, je ramasse ce que je n’ai pas planté. Donc tu devais mettre mon argent à la banque. De cette façon, à mon retour, je pouvais reprendre l’argent avec les intérêts ! Enlevez-lui donc les 100 pièces d’or. Donnez-les à celui qui a 1 000 pièces d’or. Oui, celui qui a quelque chose, on lui donnera encore plus et il aura beaucoup plus. Mais celui qui n’a rien, on lui enlèvera même le peu de chose qu’il a ! Et ce serviteur inutile, jetez-le dehors dans la nuit. Là, il pleurera et il grincera des dents .” »

Matye 25:14-30 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Wayòm syèl la se tankou yon nonm ki ap pati pou yon vwayaj byen long. Li rele sèvitè li yo pou l ba yo responsab tout byen li genyen. Li gade sou kapasite chak moun pou l konn ki kantite byen pou l bay yo responsab. Li rele yon premye li ba li senk sak lajan. Li rele yon dezyèm, li ba li de sak. Li bay yon twazyèm yon sak. Apre sa li pati. Sèvitè ki te resevwa senk sak lajan an pa t pèdi tan pou l te kòmanse fè l travay. Li fè yon benefis menm gwosè ak manman lajan an. Sèvitè ki te resevwa de sak lajan an fè benefis de lòt sak. Poutan, sèvitè ki te resevwa yon sèl sak lajan an fouye yon twou li sere lajan mèt li te ba l responsab la anba tè. Apre yon bon tan deyò, mèt la retounen epi l rele sèvitè l yo pou yo vin ba l rapò. Sèvitè ki te resevwa senk sak lajan an vini ak senk sak anplis. Li di: Mèt, ou te ban m responsab senk sak, men senk sak benefis mwen fè. Mèt la di li: Konpliman, ou se yon bon sèvitè, yon sèvitè fidèl! Poutèt ou te fidèl nan ti bagay mwen pral ba w responsab anpil gwo bagay. Vin rejwi ak mèt ou! Sèvitè ki te resevwa de sak la vini ak de lòt sak anplis. Li di: Mèt, ou te bann responsab de sak, men de lòt sak benefis mwen fè. Mèt la di li: Konpliman, ou se yon bon sèvitè, yon sèvitè fidèl. Poutèt ou te fidèl nan ti bagay mwen pral ba w responsab anpil gwo bagay. Vin rejwi ak mèt ou! Sèvitè ki te resevwa yon sèl sak lajan an vini. Li di mèt la: Mwen te konnen ou se nèg ki di. Ou rekòlte kote w pa t simen grenn. Ou ranmase fwi kote w pa t plante. Mwen te pè. Konsa mwen te sere lajan w nan anba tè. Men lajan w, mwen pot tounen ba ou! Mèt la reponn li: Ou se yon sèvitè mechan epi w parese! Ou te konnen m rekòlte kote m pa t simen grenn, m ranmase fwi kote w pa t plante, pouki ou pa t met lajan m nan labank? Konsa, m ta jwenn yon ti enterè sou li. Pran lajan an nan men l bay sèvitè ki fè lajan an rapòte dis (10) fwa plis la. Wi, moun ki byen sèvi ak sa l gen nan men l ap resevwa plis toujou. Epi li p ap manke anyen! Men moun ki mal sèvi ak sa l gen nan men l, y a wete nan men l tout ti sa l te genyen. Pran voryen an, voye l deyò nan fènwa a kote ki pral gen rèl ak manje dan.

Matye 25:14-30 New International Version (NIV)

“Again, it will be like a man going on a journey, who called his servants and entrusted his wealth to them. To one he gave five bags of gold, to another two bags, and to another one bag, each according to his ability. Then he went on his journey. The man who had received five bags of gold went at once and put his money to work and gained five bags more. So also, the one with two bags of gold gained two more. But the man who had received one bag went off, dug a hole in the ground and hid his master’s money. “After a long time the master of those servants returned and settled accounts with them. The man who had received five bags of gold brought the other five. ‘Master,’ he said, ‘you entrusted me with five bags of gold. See, I have gained five more.’ “His master replied, ‘Well done, good and faithful servant! You have been faithful with a few things; I will put you in charge of many things. Come and share your master’s happiness!’ “The man with two bags of gold also came. ‘Master,’ he said, ‘you entrusted me with two bags of gold; see, I have gained two more.’ “His master replied, ‘Well done, good and faithful servant! You have been faithful with a few things; I will put you in charge of many things. Come and share your master’s happiness!’ “Then the man who had received one bag of gold came. ‘Master,’ he said, ‘I knew that you are a hard man, harvesting where you have not sown and gathering where you have not scattered seed. So I was afraid and went out and hid your gold in the ground. See, here is what belongs to you.’ “His master replied, ‘You wicked, lazy servant! So you knew that I harvest where I have not sown and gather where I have not scattered seed? Well then, you should have put my money on deposit with the bankers, so that when I returned I would have received it back with interest. “ ‘So take the bag of gold from him and give it to the one who has ten bags. For whoever has will be given more, and they will have an abundance. Whoever does not have, even what they have will be taken from them. And throw that worthless servant outside, into the darkness, where there will be weeping and gnashing of teeth.’

Matye 25:14-30 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Il en sera comme d’un homme qui partit pour un voyage : il convoqua ses serviteurs et leur confia l’administration de ses biens. Il remit à l’un cinq lingots, à un autre deux, et à un troisième un seul, en tenant compte des capacités personnelles de chacun. Puis il s’en alla. Celui qui avait reçu les cinq lingots se mit aussitôt à les faire fructifier, de sorte qu’il en gagna cinq autres. Celui qui en avait reçu deux fit de même et en gagna deux autres. Quant à celui qui n’en avait reçu qu’un, il s’en alla creuser un trou dans la terre pour y cacher l’argent de son maître. Longtemps après, le maître de ces serviteurs revint et leur fit rendre compte de leur gérance. Celui qui avait reçu les cinq lingots se présenta, apportant les cinq lingots supplémentaires qu’il avait gagnés. « Maître, dit-il, tu m’avais remis cinq lingots, j’en ai gagné cinq autres. Les voici. – Très bien, lui dit son maître, tu es un bon serviteur, en qui l’on peut avoir confiance. Tu t’es montré fidèle en peu de choses. C’est pourquoi je t’en confierai de plus importantes. Viens partager la joie de ton maître ! » Celui qui avait reçu les deux lingots se présenta aussi et dit : « Maître, tu m’avais remis deux lingots, j’en ai gagné deux autres. Les voici. – Très bien, lui dit son maître, tu es un bon serviteur, en qui l’on peut avoir confiance. Tu t’es montré fidèle en peu de choses. C’est pourquoi je t’en confierai de plus importantes. Viens partager la joie de ton maître ! » Enfin, celui qui n’avait reçu qu’un lingot vint à son tour et dit : « Maître, je savais que tu es un homme dur : tu moissonnes là où tu n’as rien semé, tu récoltes où tu n’as pas répandu de semence. Alors, j’ai pris peur et je suis allé cacher ton argent dans la terre. Voilà : prends ce qui t’appartient. » Mais son maître lui répondit : « Vaurien ! Fainéant ! Tu savais que je moissonne là où je n’ai rien semé et que je récolte là où je n’ai pas répandu de semence ! Eh bien, tu aurais dû placer mon argent chez les banquiers et, à mon retour, j’aurais récupéré le capital et les intérêts. Qu’on lui retire donc le lingot et qu’on le donne à celui qui en a déjà dix. Car à celui qui a, on donnera encore, et il sera dans l’abondance. Mais à celui qui n’a pas, on ôtera même ce qu’il a. Quant à ce vaurien, jetez-le dans les ténèbres du dehors, où il y aura des pleurs et d’amers regrets. »

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an