Matye 24:37-44
Matye 24:37-44 1998 Haïtienne (HAT98)
Sa k te rive nan tan Noye a, se sa k'ap rive tou lè Moun Bondye voye nan lachè a ap vini. Se konsa, nan jou anvan gwo inondasyon an, moun t'ap manje, yo t'ap bwè, moun t'ap marye, yo t'ap marye pitit fi yo. Konsa konsa, jouk jou Noye te antre nan gwo batiman an. Yo pat konprann anyen nan sa ki t'ap pase, jouk lè gwo inondasyon an fèt, li pote yo tout ale. Se va menm jan an tou lè Moun Bondye voye nan lachè a va vini. Lè sa a, dezòm ap nan menm jaden, y'a pran yonn, y'a kite yonn. De fanm k' ap moulen ansanm, y'a pran yonn, y'a kite yonn. — Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, paske nou pa konnen ki jou Mèt nou va vini. Se yon bagay nou tout dwe konnen: Si mèt kay la te konnen kilè nan lannwit lan vòlò a t'ap vini, li ta veye, li pa ta kite l kase kay la. Se pou sa tou, nou menm se pou nou toujou pare, paske Moun Bondye voye nan lachè a ap vini lè nou pa ta kwè.
Matye 24:37-44 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Quand le Fils de l’homme viendra, il se passera la même chose qu’au temps de Noé. À ce moment-là, avant la grande inondation, les gens mangeaient, buvaient. Ils se mariaient ou donnaient leurs filles en mariage. Puis Noé est entré dans le bateau. Les gens n’ont rien compris, jusqu’au moment où la grande inondation est venue et les a tous emportés. Quand le Fils de l’homme viendra, ce sera la même chose. Alors deux hommes seront dans leur champ, on prendra l’un et on laissera l’autre. Deux femmes travailleront à écraser du grain, on prendra l’une et on laissera l’autre. Restez donc éveillés : vous ne savez pas quel jour votre Seigneur viendra. Comprenez ceci : le maître de maison ne sait pas à quelle heure de la nuit le voleur va venir. Sinon, il resterait éveillé et il ne laisserait pas le voleur entrer chez lui. C’est pourquoi, vous aussi, soyez prêts. En effet, le Fils de l’homme viendra, mais vous ne savez pas à quel moment. »
Matye 24:37-44 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Menm jan sa te pase nan tan Noye a, se menm jan l pral ye nan lè Pitit Lòm ap vini. Nan jou anvan delij la, lèzòm t ap manje, yo t ap bwè, yo t ap marye, yo t ap marye pitit yo, jouk jou Noye antre nan lach la. Yo pa t reyalize sa k t ap pase a, jouktan delij la vini, epi l trennen yo ale. Se kon sa sa pral pase, lè Pitit Lòm nan ap vini. Lè sa a, de moun ap nan jaden ansanm, y ap pran youn, y ap kite lòt la. De dam ap moulen grenn ansanm, y ap pran youn, y ap kite lòt la. Konsa, se pou nou toujou pare, paske nou pa konnen ki jou Senyè nou an ap vini. Sonje byen: si mèt kay la te konnen a ki lè nan nuit lan vòlè ap vin kase kay li, li t ap pare pou li epi l t ap veye, li pa t ap kite l kase kay la. Se poutèt sa, nou menm tou, nou bezwen pare, paske Pitit Lòm nan ap vini nan lè nou pa panse.
Matye 24:37-44 New International Version (NIV)
As it was in the days of Noah, so it will be at the coming of the Son of Man. For in the days before the flood, people were eating and drinking, marrying and giving in marriage, up to the day Noah entered the ark; and they knew nothing about what would happen until the flood came and took them all away. That is how it will be at the coming of the Son of Man. Two men will be in the field; one will be taken and the other left. Two women will be grinding with a hand mill; one will be taken and the other left. “Therefore keep watch, because you do not know on what day your Lord will come. But understand this: If the owner of the house had known at what time of night the thief was coming, he would have kept watch and would not have let his house be broken into. So you also must be ready, because the Son of Man will come at an hour when you do not expect him.
Matye 24:37-44 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Lors de la venue du Fils de l’homme, les choses se passeront comme au temps de Noé ; en effet, à l’époque qui précéda le déluge, les gens étaient occupés à manger et à boire, à se marier et à marier leurs enfants, jusqu’au jour où Noé entra dans le bateau. Ils ne se doutèrent de rien, jusqu’à ce que vienne le déluge qui les emporta tous. Ce sera la même chose lorsque le Fils de l’homme viendra. Alors deux ouvriers travailleront côte à côte dans un champ : l’un sera emmené, l’autre laissé. Deux femmes seront en train de tourner la pierre de meule : l’une sera emmenée, l’autre laissée. Tenez-vous donc en éveil, puisque vous ignorez quel jour votre Seigneur viendra. Vous le savez bien : si le maître de maison savait à quelle heure de la nuit le voleur doit venir, il resterait éveillé pour ne pas le laisser pénétrer dans sa maison. Pour cette même raison, vous aussi, tenez-vous prêts, car c’est à un moment que vous n’auriez pas imaginé que le Fils de l’homme viendra.