Matye 24:1-28
Matye 24:1-28 1998 Haïtienne (HAT98)
Jezi sòti nan tanp lan, li ta pral fè wout li lè disip li yo pwoche bò kote li. Yo t'ap fè l wè ki jan tanp lan te byen bati. Men li di yo: — Nou wè tout bagay sa yo! Sa m'ap di nou la a, se vre wi. Yon lè p'ap gen de wòch k'ap rete kanpe yonn sou lòt. Tou sa pral kraze nèt vide atè. Jezi te chita sou mòn Olivye yo. Disip li yo te poukont yo ak li. Yo pwoche bò kote li, yo mande li: — Di nou non kilè sa va rive? Di nou ki siy ki va fè nou konnen lè w'ap vini an, lè tan sa a va fini nèt? Jezi reponn yo: — Atansyon pou pèsonn pa twonpe nou. Paske, anpil moun va vini sou non mwen, y'a di se yo menm ki Kris la. Y'a twonpe anpil moun. Nou pral tande lagè ap fèt toupre nou, ansanm ak nouvèl lagè k'ap fèt byen lwen. Koute sa m'ap di nou byen: nou pa bezwen pè. Paske, fòk bagay sa yo rive. Men, se p'ap ankò lafen an sa. Yon pèp pral leve goumen ak yon lòt pèp. Yon peyi va atake yon lòt peyi. Va gen anpil grangou, va gen tranblemanntè divès kote. Tou sa, se va tankou tranche anvan akouchman. — Lè sa a, y'ap pran nou, y'ap lage nou nan men moun k'ap fè nou pase touman, y'ap touye nou. Moun tout nasyon pral rayi nou poutèt mwen. Lè sa a, anpil moun pral jwenn okazyon pou yo tonbe nan peche, yonn pral denonse lòt, yonn pral rayi lòt. Gen anpil moun k'ap parèt, y'ap pran pòz pwofèt yo, y'a twonpe anpil moun. Ap sitèlman gen mechanste sou latè, pifò moun yonn p'ap renmen lòt. Men, moun ki va kenbe fèm jouk sa kaba, se li ki va delivre. Fòk yo gentan mache bay bòn nouvèl Peyi kote Bondye Wa a toupatou sou latè, pou tout moun ka tande mesay la. Se lè sa a atò lafen an va rive. — Lè nou va wè bagay dwòl nou pa ta renmen wè a, bagay pwofèt Danyèl te pale sou li a, vin chita nan Tanp ki apa pou Bondye a, lè sa a, se pou moun k'ap li chache konprann byen sa y'ap li a Lè sa a, tout moun ki nan peyi Jide pral blije sove al nan mòn. Moun ki anlè teras kay yo, yo p'ap gentan desann pran zafè yo. Moun ki nan jaden pa bezwen tounen lakay yo al pran rechanj. Lè sa a, se p'ap de doulè pou fanm ansent ak nouris yo. Lapriyè Bondye pou jou n'a gen pou n kouri a pa rive ni nan tan fredi, ni yon jou saba. Paske lè sa a, va gen yon gwo lafliksyon moun poko janm wè depi nan konmansman lè Bondye t'ap kreye latè a jouk jòdi a. P'ap janm gen yon lòt tankou l ankò. Si yo pat wete kèk jou sou jou sa yo, pèsonn pa ta sove. Men, y'a wete sou jou sa yo poutèt moun Bondye chwazi yo. — Lè sa a, si yon moun di nou: Gade, men Kris la bò isit, osinon: Men li bò la a, pa kwè li. Paske lè sa a, gen fo Kris ak fo pwofèt k'ap parèt. Y'a fè anpil mèvèy ak anpil mirak pou twonpe ata moun Bondye chwazi yo, si yo ta kapab. Mwen di nou sa davans. — Se pou si yo di nou: Gade, men l nan dezè a, nou pa bezwen ale. Osinon, si yo di nou: Gade, men l kache bò isit la, nou pa bezwen kwè yo. Menm jan zèklè a fè yan, li klere tout syèl la depi bò solèy leve jouk bò solèy kouche, se konsa Moun Bondye voye nan lachè a gen pou l vini. Kote kadav la va ye a, se la tout zwazo ki manje kadav va ransanble.
Matye 24:1-28 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Jésus sort du temple et il s’en va. Alors ses disciples s’approchent de lui pour lui montrer les bâtiments du temple. Jésus leur dit : « Vous voyez tout cela ? Je vous le dis, c’est la vérité : ici, il ne restera pas une seule pierre sur une autre. Tout sera détruit. » Jésus s’assoit sur le mont des Oliviers. Ses disciples s’approchent. Ils sont seuls avec lui et ils lui demandent : « Dis-nous : quand est-ce que cela va arriver ? Comment allons-nous savoir que c’est le moment de ta venue et de la fin du monde ? » Jésus leur répond : « Faites attention ! Ne vous laissez pas tromper ! En effet, beaucoup de gens vont venir en prenant mon nom. Ils diront : “C’est moi le Messie !” Et ils vont tromper beaucoup de monde. Vous allez entendre parler de guerres proches ou lointaines. Attention, n’ayez pas peur ! Oui, tout cela doit arriver, mais ce ne sera pas encore la fin. Un peuple se battra contre un autre peuple, et un roi se battra contre un autre roi. Dans plusieurs régions, il y aura la famine et la terre tremblera. Tous ces événements seront comme les premières douleurs de l’accouchement. » « Alors, on vous livrera pour vous faire souffrir et on vous tuera. Tous ceux qui ne connaissent pas Dieu vous détesteront à cause de moi, et beaucoup de gens abandonneront la foi. Ils se trahiront les uns les autres et ils se détesteront. Beaucoup de faux prophètes viendront et ils tromperont beaucoup de monde. Le mal deviendra de plus en plus fort. À cause de cela, beaucoup de gens auront moins d’amour. Mais celui qui résistera jusqu’à la fin, Dieu le sauvera. On annoncera au monde entier cette Bonne Nouvelle du Royaume, pour que tous ceux qui ne connaissent pas Dieu l’entendent. Alors ce sera la fin. » « Vous verrez celui qu’on appelle “le Destructeur horrible”. Il sera placé dans le lieu saint. Le prophète Daniel a parlé de lui. – Celui qui lit cela doit bien comprendre ! – « À ce moment-là, ceux qui seront en Judée devront fuir dans les montagnes. Celui qui sera sur la terrasse ne devra pas descendre pour aller chercher des affaires dans sa maison. Celui qui sera dans son champ ne devra pas retourner chez lui pour prendre son vêtement. Quel malheur, ces jours-là pour les femmes enceintes et pour celles qui allaitent leur bébé ! Priez Dieu pour ne pas être obligés de partir vous cacher pendant la mauvaise saison, ou un jour de sabbat. En effet, à ce moment-là, les gens souffriront beaucoup. Personne n’a jamais souffert comme cela depuis le commencement du monde jusqu’à maintenant. Et personne ne souffrira plus jamais comme cela. Si Dieu n’avait pas décidé de diminuer le nombre de ces jours-là, personne ne pourrait sauver sa vie ! Mais il a décidé de diminuer le nombre de ces jours-là, à cause des gens qu’il a choisis. « Alors, quand quelqu’un vous dira : “Regardez ! Le Messie est ici !” ou : “Il est là !”, ne le croyez pas. En effet, des faux messies et des faux prophètes vont venir. Ils feront des choses très étonnantes et des miracles, pour tromper, si possible, même ceux que Dieu a choisis. Voilà ! Je vous ai prévenus ! » « Quand on vous dira : “Regardez, le Messie est dans le désert !”, n’y allez pas. Quand on vous dira : “Regardez, il se cache ici !”, ne le croyez pas. En effet le Fils de l’homme viendra comme l’éclair qui brille d’un bout du ciel à l’autre. Là où il y aura le cadavre, les charognards se rassembleront.
Matye 24:1-28 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Jezi kite tanp la. Pandan li sou wout pou l ale, disip li yo pwoche bò kote l pou yo montre l kijan bilding nan bèl. Jezi di yo: “Se bilding sa yo n ap kontanple, pa vre? An verite m ap di nou: Pa gen yon wòch k ap rete chita sou yon lòt, yo gen pou yo detwi rapyetè.” Pandan Jezi chita sou mòn Olivye a, disip li yo vin kote l an prive. Yo mande l: “Di nou ki lè bagay sa yo gen pou rive? Di nou tou ki siy k ap anonse retou ou ak lafendimond?” Jezi reponn yo: “Fè atansyon pou moun pa pran nou sou blòf. M di nou sa, paske gen anpil moun ki pral vin sou non mwen, epi k ap di: se mwen menm ki Kris la. Y ap rive twonpe anpil moun konsa. Nou pral pran nouvèl sou lagè k ap fèt pasi pala. Lè nou pran nouvèl sou lagè, ou pa bezwen pè. Bagay sa yo gen pou rive, men se p ap ko lafen an sa. Wi, yon nasyon gen pou leve kont yon lòt nasyon. Yon wayòm gen pou leve kont yon lòt wayòm. Pral gen grangou ak tranblemanntè toupatou. Tout bagay sa yo se tranche anvan akouchman an. Lè sa a, y ap livre nou bay moun ki pral tòtire nou, epi touye nou. Kote nou pase sou latè, y ap rayi nou, paske nou se disip mwen. Anpil moun pral bay lafwa vag. Youn ap livre lòt bay otorite yo. Youn p ap vle wè lòt. Epi pral gen anpil fo pwofèt k ap rive twonpe anpil moun. Pral tèlman gen mechanste sou latè, lanmou ap disparèt nan kè pi fò moun. Men se moun ki pèsevere jiska lafen an ki va sove. Yo pral pataje Bòn Nouvèl wayòm nan toupatou sou latè tankou yon temwen pou Payen yo. Lè nouvèl la fin gaye nan tout nasyon, se lè sa a lafendimond lan va rive. Lè nou wè bagay ki tèrib la, sa k ap detwi tout bagay la, kanpe nan lye ki sen nan tanp lan, n a sonje pwofèt Danyèl te pale sou sa. Moun k ap li fò pou lòt moun tande, yo sipoze konprann sa m ap di a. Lè sa a, tout moun nan teritwa Jide a ta dwe chape pou l yo ale nan mòn yo. Moun ki sou tèt kay yo pa bezwen desann pou pran afè yo anndan kay la. Moun te nan jaden, li p ap bezwen tounen lakay ankò. Nan jou sa yo, bagay la p ap dous ditou pou medam ki ansent yo, oswa sa yo ki ti nouris. Priye Bondye pou pete kouri sa a pa rive ni pandan livè ni pandan yon jou saba. Doulè ki pral gen lè sa a, depi lemonn kreye poko janm gen tankou l, epi p ap janm gen tankou l ankò. Amplis, si Bondye pa t deside fè tan bagay sa yo vin pit kout, pa t ap gen yon moun ki t ap chape. Men li fè l kout, poutèt moun li chwazi yo. Lè sa a, si w tande yon moun di w: Men Kris la isit, oswa men Kris la laba. Pa okipe l. Paske se pa de fo Kris ak fo pwofèt ki pral genyen! Y ap fè gwo mirak pou yo wè si yo te ka twonpe menm moun Bondye chwazi yo, si sa ta posib. Nou wè, m di nou bagay sa yo, anvan menm yo rive. Konsa, si yon moun di nou, men Mesi a nan dezè a, nou pa bezwen ale. Si yo di nou, men l nan tèl kay tèl kote, nou pa bezwen kwè. Menm jan yon kout zèklè flache syèl la tout moun ka wè l, se menm jan l ap ye lè Pitit Lòm nan ap vini. Kote kadav la ye, se la votou yo ap rasanble.
Matye 24:1-28 New International Version (NIV)
Jesus left the temple and was walking away when his disciples came up to him to call his attention to its buildings. “Do you see all these things?” he asked. “Truly I tell you, not one stone here will be left on another; every one will be thrown down.” As Jesus was sitting on the Mount of Olives, the disciples came to him privately. “Tell us,” they said, “when will this happen, and what will be the sign of your coming and of the end of the age?” Jesus answered: “Watch out that no one deceives you. For many will come in my name, claiming, ‘I am the Messiah,’ and will deceive many. You will hear of wars and rumors of wars, but see to it that you are not alarmed. Such things must happen, but the end is still to come. Nation will rise against nation, and kingdom against kingdom. There will be famines and earthquakes in various places. All these are the beginning of birth pains. “Then you will be handed over to be persecuted and put to death, and you will be hated by all nations because of me. At that time many will turn away from the faith and will betray and hate each other, and many false prophets will appear and deceive many people. Because of the increase of wickedness, the love of most will grow cold, but the one who stands firm to the end will be saved. And this gospel of the kingdom will be preached in the whole world as a testimony to all nations, and then the end will come. “So when you see standing in the holy place ‘the abomination that causes desolation,’ spoken of through the prophet Daniel—let the reader understand— then let those who are in Judea flee to the mountains. Let no one on the housetop go down to take anything out of the house. Let no one in the field go back to get their cloak. How dreadful it will be in those days for pregnant women and nursing mothers! Pray that your flight will not take place in winter or on the Sabbath. For then there will be great distress, unequaled from the beginning of the world until now—and never to be equaled again. “If those days had not been cut short, no one would survive, but for the sake of the elect those days will be shortened. At that time if anyone says to you, ‘Look, here is the Messiah!’ or, ‘There he is!’ do not believe it. For false messiahs and false prophets will appear and perform great signs and wonders to deceive, if possible, even the elect. See, I have told you ahead of time. “So if anyone tells you, ‘There he is, out in the wilderness,’ do not go out; or, ‘Here he is, in the inner rooms,’ do not believe it. For as lightning that comes from the east is visible even in the west, so will be the coming of the Son of Man. Wherever there is a carcass, there the vultures will gather.
Matye 24:1-28 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Là-dessus, Jésus quitta la cour du Temple. Tandis qu’il s’éloignait, ses disciples s’approchèrent pour lui faire remarquer l’architecture du Temple. Alors il leur dit : Oui, regardez bien tout cela ! Vraiment, je vous l’assure : tout sera démoli : il ne restera pas une pierre sur une autre. Comme il était assis sur le mont des Oliviers, ses disciples s’approchèrent, le prirent à part, et lui demandèrent : Dis-nous : quand cela se produira-t-il et quel signe annoncera ta venue et la fin du monde ? Jésus leur répondit : Faites bien attention que personne ne vous induise en erreur. Car plusieurs viendront sous mon nom en disant : « Je suis le Messiea ! », et ils tromperont beaucoup de gens. Vous entendrez parler de guerres et de menaces de guerres. Attention ! Ne vous laissez pas troubler par ces nouvelles, car cela doit arriver, mais ce ne sera pas encore la fin. En effet, on verra se dresser une nation contre une nation, un royaume contre un autre ; il y aura des famines et des tremblements de terre en divers lieux. Mais ce ne seront que les premières douleurs de l’enfantement. Alors on vous persécutera et l’on vous mettra à mort. Tous les peuples vous haïront à cause de moi. A cause de cela, beaucoup abandonneront la foi, ils se trahiront et se haïront les uns les autres. De nombreux faux prophètes surgiront et ils tromperont beaucoup de gens. Parce que le mal ne cessera de croître, l’amour du plus grand nombre se refroidira. Mais celui qui tiendra bon jusqu’au bout sera sauvé. Cette Bonne Nouvelle du royaume de Dieu sera proclamée dans le monde entier pour que tous les peuples en entendent le témoignage. Alors seulement viendra la fin. Quand donc vous verrez l’abominable profanation annoncée par le prophète Daniel s’établir dans le lieu saint – que celui qui lit comprenne ! – alors, que ceux qui sont en Judée s’enfuient dans les montagnes. Si quelqu’un est sur son toit en terrasse, qu’il ne rentre pas dans sa maison pour emporter les biens qui s’y trouvent. Que celui qui sera dans les champs ne retourne pas chez lui pour aller chercher son manteau. Malheur, en ces jours-là, aux femmes enceintes et à celles qui allaitent ! Priez pour que votre fuite n’ait pas lieu en hiver, ni un jour de sabbat. Car à ce moment-là, la détresse sera plus terrible que tout ce qu’on a connu depuis le commencement du monde ; et jamais plus, on ne verra pareille souffrance. Vraiment, si le Seigneur n’avait pas décidé de réduire le nombre de ces jours, personne n’en réchapperait ; mais, à cause de ceux qu’il a choisis, il abrégera ce temps. Si quelqu’un vous dit alors : « Le Messie est ici ! » ou : « Il est là ! », ne le croyez pas. De faux messies surgiront, ainsi que de faux prophètes. Ils produiront des signes extraordinaires et des prodiges au point de tromper même, si c’était possible, ceux que Dieu a choisis. Voilà, je vous ai prévenus ! Si l’on vous dit : « Regardez, il est dans le désert ! », n’y allez pas ! Si l’on prétend : « Il se cache en quelque endroit secret ! », n’en croyez rien. En effet, quand le Fils de l’homme viendra, ce sera comme l’éclair qui jaillit du levant et illumine tout jusqu’au couchant. Où que soit le cadavre, là s’assembleront les vautours .