Matye 20:17-34
Matye 20:17-34 1998 Haïtienne (HAT98)
Apre sa, Jezi t'ap moute Jerizalèm. Antan li t'ap mache sou wout la, li pran douz disip li yo apa, li di yo: — Tande. Men n'ap moute Jerizalèm kote yo pral lage m, mwen menm Moun Bondye voye nan lachè a, nan men chèf prèt yo ansanm ak dirèktè lalwa yo. Yo pral kondannen m amò, y'ap lage m bay moun lòt nasyon yo. Etranje sa yo pral pase m nan rizib, yo pral bat mwen ak kout fwèt, apre sa yo pral kloure m sou yon kwa. Men, sou twa jou, m'a leve sòti vivan nan lanmò. Lè sa a, manman pitit Zebede yo pwoche bò kote Jezi ak pitit li yo. Li bese tèt li byen ba devan Jezi pou mande l yon favè. Jezi di li: — Kisa ou vle? Madanm lan reponn: — Men de pitit mwen yo. Bay lòd pou yo chita, yonn sou bò dwat ou, lòt la sou bò gòch ou, lè ou va wa. Jezi reponn li: — Nou pa konnen sa n'ap mande a non. Eske nou ka bwè gode chatiman mwen pral bwè a? Eske nou ka resevwa batèm mwen gen pou m' resevwa a? Yo reponn li: — Nou kapab. Jezi reponn yo: — Se vre. N'a bwè nan gode m lan. Men, kanta pou chita sou bò dwat osinon sou bò gòch mwen an, se pa mwen ki bay sa. Plas sa yo, Papa m rezève yo pou moun li vle. Lè dis lòt disip yo tande sa, yo pat manke fache sou de frè yo. Jezi rele yo, li di yo: — Nou konnen ki jan chèf nasyon yo trete pèp la tankou esklav. Grannèg yo renmen fè moun santi jan yo gen pouvwa. Men, se pa konsa pou sa fèt nan mitan nou. Okontrè si yonn nan nou ta vle vin pi enpòtan, se pou li fè li sèvitè nou tout. Si yonn nan nou vle chèf, se pou li fè li domestik nou tout. Paske mwen menm, moun Bondye voye nan lachè a, mwen pa vini pou moun sèvi mwen, men mwen vini pou sèvi. Wi, mwen vin bay lavi mwen pou delivrans anpil moun. Antan yo t'ap sòti lavil Jeriko, yon gwo foul moun pran swiv Jezi. Te gen de avèg chita bò chemen an. Yo annik tande se Jezi ki t'ap pase, yo pran rele: — Mèt, pitit David la, pitye pou nou. Moun yo t'ap kouri dèyè yo pou fè yo pe bouch yo. Men, yo t'ap rele pi rèd: — Mèt, pitit David la, gen pitye pou nou! Jezi rete, li rele avèg yo, li mande yo: — Kisa nou vle m fè pou nou? Yo di li: — Mèt, fè nou rewè ankò. Kè Jezi fè l mal pou yo, li manyen je yo. Menm lè a de mesye yo wè, epi yo swiv Jezi.
Matye 20:17-34 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Jésus monte à Jérusalem. Il prend les douze apôtres à part et il leur dit, tout en marchant : « Écoutez ! Nous montons à Jérusalem. Le Fils de l’homme va être livré aux chefs des prêtres et aux maîtres de la loi. Ils vont le condamner à mort et le livrer à ceux qui ne connaissent pas Dieu. Ceux-ci vont se moquer de lui, ils le frapperont à coups de fouet. Puis ils vont le clouer sur une croix, et le troisième jour, il se réveillera de la mort. » Alors la mère des fils de Zébédée s’approche de Jésus avec ses fils. Elle se met à genoux devant lui pour lui demander quelque chose. Jésus lui dit : « Qu’est-ce que tu veux ? » Elle répond : « Voici mes deux fils. Promets-moi qu’ils seront assis, l’un à ta droite et l’autre à ta gauche, quand tu seras roi. » Jésus dit : « Vous ne savez pas ce que vous demandez. Est-ce que vous pouvez boire la coupe de souffrance que je vais boire ? » Ils lui répondent : « Nous le pouvons. » Jésus leur dit : « Oui, vous boirez ma coupe. Mais je ne peux pas décider qui sera assis à ma droite ou à ma gauche. C’est mon Père qui a préparé ces places pour certains. » Les dix autres disciples entendent cela et ils se mettent en colère contre les deux frères. Alors Jésus les appelle auprès de lui et il leur dit : « Vous le savez, les chefs des peuples les commandent comme des maîtres. Et les gens importants font peser leur pouvoir sur les autres. Mais entre vous, cela ne doit pas se passer ainsi. Au contraire, si l’un de vous veut être important, il doit être votre serviteur. Et si l’un de vous veut être le premier, il doit être votre esclave. De la même façon, le Fils de l’homme n’est pas venu pour être servi. Mais il est venu pour servir et donner sa vie pour libérer un grand nombre de gens. » Jésus et ses disciples sortent de Jéricho. Une foule nombreuse suit Jésus. Deux aveugles sont assis au bord du chemin. Ils apprennent que Jésus passe par là, alors ils se mettent à crier : « Seigneur, Fils de David, aie pitié de nous ! » La foule leur fait des reproches et leur dit : « Taisez-vous ! » Mais les aveugles crient encore plus fort : « Seigneur, Fils de David, aie pitié de nous ! » Jésus s’arrête, il les appelle et leur demande : « Qu’est-ce que vous voulez ? Qu’est-ce que je peux faire pour vous ? » Ils lui disent : « Seigneur, ouvre nos yeux. » Jésus est plein de pitié pour eux, il touche leurs yeux. Aussitôt, les aveugles voient clair et ils suivent Jésus.
Matye 20:17-34 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Pandan Jezi te sou wout pou l monte Jerizalèm, li pran douz disip li yo apa, epi li di yo: “Tande m! Nou sou wout pou Jerizalèm kote yo pral livre Pitit Lòm nan bay chèf prèt yo ak pwofesè lalwa yo ki gen pou kondane l amò. Apre sa, yo gen pou yo livre l bay payen yo ki gen pou yo pase l nan betiz, pou yo bat li byen bat, epi krisifye l sou yon kwa. Men li gen pou l resisite sou twazyèm jou a.” Apre sa, manman pitit Zebede yo ak de pitit gason l yo, pwoche bò kote Jezi. Li mete l ajenou devan Jezi pou mande l yon favè. Jezi mande li: “Kisa w vle?” Li reponn: “Mwen vle pou ou pwomèt mwen de pitit gason m yo ap chita youn sou bò dwat ou epi youn sou bò gòch ou, lè w va nan wayòm ou an.” Jezi di li: “M pa kwè ou konprann sa w ap mande la a. Èske nou ka bwè nan menm gode mwen pral bwè a?” Mesye yo reponn: “Wi, nou kapab!” Jezi di yo: “Se vre, n ap gen pou n bwè nan gode a. Men kanta pou privilèj pou youn chita adwat, lòt la chita agoch la, sa pa depann de mwen. Papa a rezève plas sa yo pou moun li vle.” Lè lòt dis disip yo tande sa, yo te fache anpil ak de frè yo. Jezi rele yo epi l di yo: “Nou konnen kijan chèf nasyon yo ak grannèg yo renmen fè lòt moun santi ki kalite pouvwa yo gen nan men yo. Men se pa kon sa sa dwe ye nan mitan nou. Okontrè, nenpòt moun ki vle jwe wòl lidè nan mitan nou bezwen jwe wòl sèvitè nou. Nenpòt moun ki vle jwe wòl premye nan mitan nou dwe jwe wòl esklav nou tout. Fè menm jan ak Pitit Lòm nan, li pa vini pou moun sèvi l, men l vini pou l ka sèvi moun epi bay lavi l pou peye delivrans anpil moun.” Pandan Jezi ak disip li yo t ap kite Jeriko, te gen yon gwo foul moun ki t ap swiv li. Te gen de mesye avèg ki te chita bò wout la. Lè yo tande Jezi ap pase, yo pran rele byen fò: “Senyè, Pitit David la, gen pitye pou nou!” Foul la t ap kritike mesye yo epi mande yo fèmen bouch yo. Men yo te kriye pi fò: “Senyè, Pitit David la, gen pitye pou nou!” Jezi fè yon kanpe. Li rele mesye yo, epi l mande yo: “Kisa nou vle m fè pou nou?” Yo reponn li: “Senyè, nou vle wè!” Jezi santi kè l fè l mal pou yo. Li touche je yo, epi nan menm moman an, je mesye yo te vin wè. Yo te leve, yo swiv Jezi.
Matye 20:17-34 New International Version (NIV)
Now Jesus was going up to Jerusalem. On the way, he took the Twelve aside and said to them, “We are going up to Jerusalem, and the Son of Man will be delivered over to the chief priests and the teachers of the law. They will condemn him to death and will hand him over to the Gentiles to be mocked and flogged and crucified. On the third day he will be raised to life!” Then the mother of Zebedee’s sons came to Jesus with her sons and, kneeling down, asked a favor of him. “What is it you want?” he asked. She said, “Grant that one of these two sons of mine may sit at your right and the other at your left in your kingdom.” “You don’t know what you are asking,” Jesus said to them. “Can you drink the cup I am going to drink?” “We can,” they answered. Jesus said to them, “You will indeed drink from my cup, but to sit at my right or left is not for me to grant. These places belong to those for whom they have been prepared by my Father.” When the ten heard about this, they were indignant with the two brothers. Jesus called them together and said, “You know that the rulers of the Gentiles lord it over them, and their high officials exercise authority over them. Not so with you. Instead, whoever wants to become great among you must be your servant, and whoever wants to be first must be your slave— just as the Son of Man did not come to be served, but to serve, and to give his life as a ransom for many.” As Jesus and his disciples were leaving Jericho, a large crowd followed him. Two blind men were sitting by the roadside, and when they heard that Jesus was going by, they shouted, “Lord, Son of David, have mercy on us!” The crowd rebuked them and told them to be quiet, but they shouted all the louder, “Lord, Son of David, have mercy on us!” Jesus stopped and called them. “What do you want me to do for you?” he asked. “Lord,” they answered, “we want our sight.” Jesus had compassion on them and touched their eyes. Immediately they received their sight and followed him.
Matye 20:17-34 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Alors qu’il montait à Jérusalem, Jésus prit les Douze à part et leur dit, en cours de route : Voici, nous montons à Jérusalem. Le Fils de l’homme y sera livré aux chefs des prêtres et aux spécialistes de la Loi. Ils le condamneront à mort, et le remettront entre les mains des païens pour qu’ils se moquent de lui, le battent à coups de fouet et le clouent sur une croix. Puis, le troisième jour, il ressuscitera. Alors, la femme de Zébédée, s’approcha de Jésus avec ses fils. Elle se prosterna devant lui pour lui demander une faveur. – Que désires-tu ? lui demanda-t-il. Elle lui répondit : Voici mes deux fils. Promets-moi de faire siéger l’un à ta droite, l’autre à ta gauche, dans ton royaume. Jésus leur répondit : Vous ne vous rendez pas compte de ce que vous demandez. Pouvez-vous boire la coupe que je vais boire ? – Oui, lui répondirent-ils, nous le pouvons. Alors Jésus reprit : Vous boirez, en effet, ma coupe, mais quant à siéger à ma droite ou à ma gauche, il ne m’appartient pas de vous l’accorder. Ces places reviendront à ceux pour qui mon Père les a préparées. En entendant cela, les dix autres s’indignèrent contre les deux frères. Alors Jésus les appela tous auprès de lui et dit : Vous savez ce qui se passe dans les nations : les chefs politiques dominent sur leurs peuples et les grands personnages font peser sur eux leur autorité. Qu’il n’en soit pas ainsi parmi vous. Au contraire : si quelqu’un veut être grand parmi vous, qu’il soit votre serviteur, si quelqu’un veut être le premier parmi vous, qu’il soit votre esclave. Car, de même, le Fils de l’homme n’est pas venu pour se faire servir, mais pour servir et donner sa vie en rançon pour beaucoup. Lorsqu’ils sortirent de Jéricho, une grande foule suivit Jésus. Deux aveugles étaient assis au bord du chemin. Quand ils entendirent que Jésus passait par là, ils se mirent à crier : Seigneur, Fils de David, aie pitié de nous ! La foule les rabroua pour les faire taire, mais ils se mirent à crier de plus belle : Seigneur, Fils de David, aie pitié de nous ! Jésus s’arrêta, les appela et leur demanda : Que voulez-vous que je fasse pour vous ? – Seigneur, répondirent-ils, que nos yeux s’ouvrent ! Pris de compassion pour eux, Jésus leur toucha les yeux. Aussitôt, ils recouvrèrent la vue et le suivirent.