Matye 16:5-28

Matye 16:5-28 1998 Haïtienne (HAT98)

Lè disip yo janbe lòt bò lanmè a, yo te bliye pote pen. Lè sa a, Jezi di yo: — Fè atansyon, pran prekosyon nou avèk ledven farizyen yo ansanm ak ledven sadiseyen yo. Disip yo yonn t'ap di lòt: — Se paske nou pa pote pen kifè l'ap di sa. Jezi vin konnen sa yo t'ap di konsa. Li mande yo: — Poukisa nou yonn ap di lòt se paske nou pa pote pen kifè m'ap di sa? Ala nou manke konfyans nan Bondye! Nou poko ka konprann toujou! Se bliye nou gentan bliye lè m te separe senk pen bay senkmil (5.000) moun lan? Nou pa chonje konbe panyen nou te pote ale? Se bliye nou gentan bliye lè m te separe sèt pen bay katmil (4.000) moun lan? Nou pa chonje konbe panyen nou te pote ale apre sa? Ki jan nou fè konprann se sou pen mwen t'ap pale nou, lè mwen di nou: pran prekosyon nou ak ledven farizyen yo ansanm ak ledven sadiseyen yo? Se lè sa a disip yo konprann li pat di yo pran prekosyon ak ledven yo fè pen, men ak tout bagay farizyen yo ak sadiseyen yo t'ap moutre moun. Apre sa, Jezi ale nan rejyon ki toupre lavil Sezare Filip la. Li mande disip li yo: — Ki moun yo di mwen ye, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a? Yo reponn li: — Gen moun ki di se Jan Batis ou ye. Gen lòt ki di ou se Eli. Gen lòt ankò ki di ou se Jeremi osinon yonn nan pwofèt yo. Li di yo: — Bon, epi nou menm menm, kilès moun nou di mwen ye? Simon Pyè reponn: — Ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an. Lè sa a, Jezi di li: — Ou wè ou menm, Simon, pitit Jan an, ou se yon nonm Bondye beni. Paske, se pa moun ki fè ou konn verite sa a. Men, se Papa m ki nan syèl la ki fè sa pou ou. Mwen menm, men sa m'ap di ou: Ou se yon wòch, Pyè. Se sou wòch sa a m'ap bati legliz mwen. Ata lanmò p'ap kapab fè l anyen. M'ap ba ou kle Peyi Wa ki nan syèl la. Tou sa ou va defann moun fè sou latè, yo p'ap kapab fè l nan syèl la nonplis. Tou sa ou va pèmèt moun fè sou latè, y'a kapab fè l nan syèl la tou. Apre sa, li bay disip li yo lòd pou yo pa di pèsonn se Kris la li ye. Depi lè sa a, Jezi konmanse pale aklè ak disip li yo, li di: — Fòk mwen moute lavil Jerizalèm. Fòk mwen soufri anpil nan men chèf fanmi yo, nan men chèf prèt yo, nan men dirèktè lalwa yo. Y'ap fè yo touye mwen. Men, sou twa jou, mwen gen pou m leve sòti vivan nan lanmò. Lè sa a, Pyè rele Jezi sou kote, li di l konsa: — Mande Bondye padon, Mèt! Sa p'ap rive ou. Men, Jezi vire tèt li, li di Pyè konsa: — Wete kò ou sou mwen, Satan. W'ap chache fè m tonbe. Lide ou pa sou sa Bondye vle, men sou sa lèzòm ta vle. Apre sa, Jezi di disip li yo: — Si yon moun vle mache dèyè m, se pou li bliye tèt li. Se pou l chaje kwa l sou zepòl li, epi swiv mwen. Paske, moun ki ta vle sove lavi l va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l poutèt mwen, li va jwenn li ankò. Kisa sa ta sèvi yon moun pou l ta genyen lemonn antye si l pèdi lavi li? Kisa yon moun kapab bay pou l gen lavi? Konprann sa byen, Moun Bondye voye nan lachè a gen pou l tounen ak zanj li yo, nan tout bèl pouvwa Papa l la. Lè sa a, li va bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nan moun ki la kounyeya, gen ladan yo ki p'ap gentan mouri san yo pa wè Moun Bondye voye nan lachè a tounen tankou yon wa k'ap gouvènen.

Matye 16:5-28 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Les disciples passent de l’autre côté du lac. Ils ont oublié de prendre du pain. Jésus leur dit : « Faites attention ! Méfiez-vous du levain des Pharisiens et des Sadducéens ! » Alors les disciples pensent : « Nous n’avons pas pris de pain. » Jésus sait qu’ils pensent cela et il leur dit : « Vous n’avez pas beaucoup de foi ! Pourquoi est-ce que vous pensez : “Nous n’avons pas de pain” ? Vous ne comprenez pas encore ? Souvenez-vous des cinq pains pour les 5 000 hommes ! Ce jour-là, vous avez emporté combien de paniers ? Souvenez-vous des sept pains pour les 4 000 hommes ! Ce jour-là, vous avez emporté combien de paniers ? Je vous ai dit : “Méfiez-vous du levain des Pharisiens et des Sadducéens.” Vous ne comprenez donc pas que je ne vous parlais pas de pain ? » Alors les disciples comprennent : Jésus ne leur a pas dit de se méfier du levain du pain. Mais ils doivent se méfier de l’enseignement des Pharisiens et des Sadducéens. Jésus arrive dans la région de Césarée de Philippe. Il demande à ses disciples : « Pour les gens, qui est le Fils de l’homme ? » Ils lui répondent : « Les uns disent que tu es Jean-Baptiste. D’autres disent que tu es Élie. D’autres encore disent que tu es Jérémie ou l’un des autres prophètes. » Jésus leur dit : « Mais vous, qu’est-ce que vous dites ? Qui suis-je ? » Simon-Pierre lui répond : « Tu es le Messie, le Fils du Dieu vivant. » Alors Jésus lui dit : « Simon, fils de Jean, tu es heureux. En effet, ce n’est pas une personne humaine qui t’a fait connaître cela, mais c’est mon Père qui est dans les cieux. Et moi, je te dis ceci : Tu es Pierre, et sur cette pierre, je construirai mon Église, et la puissance de la mort ne pourra rien contre elle. Je te donnerai les clés du Royaume des cieux. Ce que tu refuseras sur la terre, on le refusera dans les cieux. Ce que tu accueilleras sur la terre, on l’accueillera dans les cieux. » Alors Jésus donne cet ordre à ses disciples : « Ne dites à personne que je suis le Messie. » À partir de ce moment, Jésus-Christ commence à annoncer clairement à ses disciples : « Il faut que j’aille à Jérusalem. Je vais beaucoup souffrir à cause des anciens, des chefs des prêtres et des maîtres de la loi. Ils vont me faire mourir. Et le troisième jour, je me réveillerai de la mort. » Alors Pierre prend Jésus à part et il se met à lui faire des reproches. Il lui dit : « Seigneur, que Dieu te protège ! Non, cela ne t’arrivera pas ! » Mais Jésus se retourne et il dit à Pierre : « Va-t’en ! Passe derrière moi, Satan ! Tu es en train de me tendre un piège. En effet, tu ne penses pas comme Dieu, mais comme les hommes ! » Ensuite Jésus dit à ses disciples : « Si quelqu’un veut venir avec moi, il ne doit plus penser à lui-même. Il doit porter sa croix et me suivre. En effet, celui qui veut sauver sa vie la perdra. Mais celui qui perdra sa vie à cause de moi, la retrouvera. Si une personne gagne toutes les richesses du monde, mais si elle perd sa vie, à quoi cela lui sert-il ? Qu’est-ce qu’on peut payer en échange de la vie ? Oui, le Fils de l’homme va venir avec ses anges, dans la gloire de son Père. Alors il récompensera chacun selon ses actions. Je vous le dis, c’est la vérité : quelques-uns ici ne mourront pas avant de voir le Fils de l’homme venir comme roi. »

Matye 16:5-28 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Jezi travèse lak la avèk disip li yo. Yo te bliye pote pen. Apre sa Jezi di yo: “Fè atansyon ak ledven Farizyen ak Sadiseyen yo.” Yo te kòmanse ap fè diskisyon ant yo. Youn t ap di lòt: “Se poutèt nou pa pote pen ki fè l ap di sa.” Jezi te konnen sou kisa disip yo t ap pale. Konsa li di yo: “Fwa nou piti! Pouki tout pale sa yo sou koze pen?” Èske nou pako konprann toujou? Oubyen èske se bliye nou gen tan bliye lè m te bay 5,000 moun manje ak senk pen? Konbyen panye nou te pote tounen? Èske nou gen tan bliye m te bay 4,000 moun manje ak sèt pen? Konbyen panye nou te pote tounen? Kòman nou fè pa ka konprann mwen p ap pale sou pen lè m di nou: fè atansyon ak ledven Farizyen yo ak Sadiseyen. Se apre sa yo vin konprann Jezi pa t ap pale yo de ledven pou fè pen, men se de ansèyman Farizyen yo ak Sadiseyen yo. Lè Jezi rive nan zòn Sezare Filip, li poze disip li yo yon kesyon: “Ki lès nou tande yo di mwen ye, mwen menm Pitit Lòm nan?” Yo reponn li: “Gen moun ki di ou se Janbatis. Gen lòt moun ki di ou se Eli. Gen yon lòt gwoup ki di ou se Jeremi oswa youn nan pwofèt yo.” Apre sa, Jezi mande disip yo: “E nou menm, ki lès nou di mwen ye?” Simon Pyè reponn: “Ou se Kris la, Pitit Bondye vivan an!” Jezi di Pyè: “Simon, pitit Jonas, ou se yon nonm beni. Sa w di la a, yon lòm pa ta ka fè w konnen l. Se sèl Papa m ki nan syèl la ki te ka fè konnen sa. Ou rele Pyè ki vle di wòk, pa vre? Enben se sou wòk sa a mwen pral bati legliz mwen an. Menm puisans lanmò p ap ka gen viktwa sou li. M ap remèt ou kle wayòm Bondye a. Bondye nan syèl la ap bay apwobasyon li lè w refize oswa pèmèt yon bagay fèt sou latè.” Apre sa, Jezi di disip li yo pou yo pa di moun se li menm ki Kris la. Depi menm lè a, Jezi kòmanse eksplike disip yo li gen pou l monte Jerizalèm. Li gen pou l soufri anpil bagay. Ansyen yo ki nan tèt pèp Jwif la, sakrifikatè yo ansanm ak eskrib yo gen pou meprize l epi touye l. Men sou twa jou l ap leve vivan ankò. Pyè pran Jezi sou kote pou l rale zòrèy li. Li di li: “Bondye nan syèl la p ap janm pèmèt yon bagay kon sa rive!” Jezi fè yon vire sou Pyè, epi l di l: “Rale kò w sou mwen, Satan! Pa sèvi obstak devan m! Lide nan tèt ou pa gen anyen pou wè ak volonte Bondye, yo plis sou sa lèzòm ta vle.” Apre sa, Jezi di disip li yo: “Si yon moun vle swiv mwen, fòk li bliye pwòp tèt li, fòk li pote kwa l epi swiv mwen. Nenpòt moun ki vle konsève lavi l kèlkeswa kondisyon an, l ap gen pou pèdi lavi l. Men nenpòt moun ki pèdi lavi l poutèt mwen l ap gen pou jwenn vrè lavi a. Ki sa li t ap itil yon nonm pou l ta gen lemonn antye, si l ap pèdi pwòp lavi l? Kisa yon moun ka bay an echanj pou lavi li. Pitit Lòm nan gen pou l retounen ak tout pouvwa Papa a, ansanm ak anj yo. Lè sa a, l ap bay chak moun sa yo merite, selon sa yo te fè. Nou mèt kwè m lè m di nou: kèk nan nou ki la jodi a va wè Pitit Lòm nan lè l ap vini kòm chèf nan wayòm li a.”

Matye 16:5-28 New International Version (NIV)

When they went across the lake, the disciples forgot to take bread. “Be careful,” Jesus said to them. “Be on your guard against the yeast of the Pharisees and Sadducees.” They discussed this among themselves and said, “It is because we didn’t bring any bread.” Aware of their discussion, Jesus asked, “You of little faith, why are you talking among yourselves about having no bread? Do you still not understand? Don’t you remember the five loaves for the five thousand, and how many basketfuls you gathered? Or the seven loaves for the four thousand, and how many basketfuls you gathered? How is it you don’t understand that I was not talking to you about bread? But be on your guard against the yeast of the Pharisees and Sadducees.” Then they understood that he was not telling them to guard against the yeast used in bread, but against the teaching of the Pharisees and Sadducees. When Jesus came to the region of Caesarea Philippi, he asked his disciples, “Who do people say the Son of Man is?” They replied, “Some say John the Baptist; others say Elijah; and still others, Jeremiah or one of the prophets.” “But what about you?” he asked. “Who do you say I am?” Simon Peter answered, “You are the Messiah, the Son of the living God.” Jesus replied, “Blessed are you, Simon son of Jonah, for this was not revealed to you by flesh and blood, but by my Father in heaven. And I tell you that you are Peter, and on this rock I will build my church, and the gates of Hades will not overcome it. I will give you the keys of the kingdom of heaven; whatever you bind on earth will be bound in heaven, and whatever you loose on earth will be loosed in heaven.” Then he ordered his disciples not to tell anyone that he was the Messiah. From that time on Jesus began to explain to his disciples that he must go to Jerusalem and suffer many things at the hands of the elders, the chief priests and the teachers of the law, and that he must be killed and on the third day be raised to life. Peter took him aside and began to rebuke him. “Never, Lord!” he said. “This shall never happen to you!” Jesus turned and said to Peter, “Get behind me, Satan! You are a stumbling block to me; you do not have in mind the concerns of God, but merely human concerns.” Then Jesus said to his disciples, “Whoever wants to be my disciple must deny themselves and take up their cross and follow me. For whoever wants to save their life will lose it, but whoever loses their life for me will find it. What good will it be for someone to gain the whole world, yet forfeit their soul? Or what can anyone give in exchange for their soul? For the Son of Man is going to come in his Father’s glory with his angels, and then he will reward each person according to what they have done. “Truly I tell you, some who are standing here will not taste death before they see the Son of Man coming in his kingdom.”

Matye 16:5-28 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

En passant de l’autre côté du lac, les disciples avaient oublié d’emporter du pain. Jésus leur dit : Faites bien attention : gardez-vous du levain des pharisiens et des sadducéens ! Les disciples discutaient entre eux : Il dit cela parce que nous n’avons pas pris de pain ! Jésus, sachant ce qui se passait, leur dit : Pourquoi discutez-vous entre vous parce que vous n’avez pas de pain ? Ah, votre foi est bien petite ! Vous n’avez donc pas encore compris ? Ne vous souvenez-vous pas des cinq pains distribués aux cinq mille hommes et du nombre de paniers que vous avez remplis avec les restes ? Et des sept pains distribués aux quatre mille hommes et du nombre de corbeilles que vous avez emportées ? Comment se fait-il que vous ne compreniez pas que je ne parlais pas de pain quand je vous disais : Gardez-vous du levain des pharisiens et des sadducéens ! Alors ils comprirent qu’il leur avait dit de se garder, non pas du levain que l’on met dans le pain, mais de l’enseignement des pharisiens et des sadducéens. Jésus se rendit dans la région de Césarée de Philippe. Il interrogea ses disciples : Que disent les gens au sujet du Fils de l’homme  ? Qui est-il d’après eux ? Ils répondirent : Pour les uns, c’est Jean-Baptiste ; pour d’autres, Elie ; pour d’autres encore, Jérémie ou un autre prophète. – Et vous, leur demanda-t-il, qui dites-vous que je suis ? Simon Pierre lui répondit : Tu es le Messie, le Fils du Dieu vivant. Jésus lui dit alors : Tu es heureux, Simon, fils de Jonas, car ce n’est pas de toi-même que tu as trouvé cela. C’est mon Père céleste qui te l’a révélé. Et moi, je te déclare : Tu es Pierre, et sur cette pierre je bâtirai mon Eglise, contre laquelle la mort elle-même ne pourra rien. Je te donnerai les clés du royaume des cieux  : tout ce que tu interdiras sur la terre sera interdit aux yeux de Dieu et tout ce que tu autoriseras sur la terre sera autorisé aux yeux de Dieu. Puis Jésus interdit à ses disciples de dire à qui que ce soit qu’il était le Messie. A partir de ce moment, Jésus commença à exposer à ses disciples qu’il devait se rendre à Jérusalem, y subir de cruelles souffrances de la part des responsables du peuple, des chefs des prêtres et des spécialistes de la Loi, être mis à mort et ressusciter le troisième jour. Alors Pierre le prit à part et se mit à lui faire des reproches : Que Dieu t’en préserve, Seigneur ! Cela ne t’arrivera pas ! Mais Jésus, se retournant, lui dit : Arrière, «  Satan  » ! Eloigne-toi de moi ! Tu es pour moi un obstacle, car tes pensées ne sont pas celles de Dieu ; ce sont des pensées tout humaines. Puis, s’adressant à ses disciples, Jésus dit : Si quelqu’un veut marcher à ma suite, qu’il renonce à lui-même, qu’il se charge de sa croix et qu’il me suive. Car celui qui est préoccupé de sauver sa vie la perdra ; mais celui qui perdra sa vie à cause de moi, la retrouvera. Si un homme parvient à posséder le monde entier, à quoi cela lui sert-il s’il perd sa vie ? Et que peut-on donner pour racheter sa vie ? Le Fils de l’homme viendra dans la gloire de son Père, avec ses anges, et alors il donnera à chacun ce que lui auront valu ses actes. Vraiment, je vous l’assure, plusieurs de ceux qui sont ici ne mourront pas avant d’avoir vu le Fils de l’homme venir comme Roi.