Matye 14:15-21
Matye 14:15-21 1998 Haïtienne (HAT98)
Lè solèy fin kouche, disip Jezi yo pwoche bò kote l, yo di l konsa: — Li fin ta wi. Pa gen moun ki rete bò isit la. Voye moun yo ale pou yo ka achte manje nan bouk yo. Jezi reponn yo: — Yo pa bezwen ale. Ba yo manje nou menm. Men yo di li: — Se senk pen ak de pwason ase nou gen la a. Jezi di yo: — Pote yo ban mwen. Apre sa, li bay lòd fè moun yo chita sou zèb la. Li pran senk pen yo ak de pwason yo, li leve je l nan syèl la, li di Bondye mèsi. Li kase pen yo, li bay disip yo. Disip yo menm mache bay tout moun. Tout moun manje vant plen. Apre sa, disip yo plen douz panyen ak ti moso ki te rete, yo pote ale. Te gen senkmil (5,000) gason konsa ki te jwenn manje pou yo manje, san konte fanm ak timoun.
Matye 14:15-21 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Le soir arrive. Les disciples s’approchent de Jésus et ils disent : « Il est déjà tard et cet endroit est isolé. Renvoie les gens dans les villages. Là, ils pourront acheter quelque chose à manger. » Jésus leur répond : « Ils n’ont pas besoin d’y aller. Donnez-leur vous-mêmes à manger. » Ils lui disent : « Nous avons ici seulement cinq pains et deux poissons. » Jésus leur dit : « Apportez-les-moi. » Ensuite, il commande aux foules de s’asseoir sur l’herbe. Jésus prend les cinq pains et les deux poissons. Il lève les yeux vers le ciel et dit la prière de bénédiction. Il partage les pains et les donne aux disciples, puis les disciples les donnent aux foules. Tous mangent autant qu’ils veulent. On emporte les morceaux qui restent : cela remplit douze paniers ! Il y a environ 5 000 hommes qui ont mangé, sans compter les femmes et les enfants.
Matye 14:15-21 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Li te kòmanse fènwa. Disip yo vin kote l epi yo di l: “Zòn sa a pa gen moun menm, epi li deja fin ta. Voye moun yo ale pou yo ka al chache manje achte nan zòn alantou yo.” Jezi di yo: “Yo pa bezwen ale. Degaje nou pou n ba yo manje!” Yo reponn Jezi: “Men se sèlman senk pen ak de pwason nou genyen.” Jezi di: “Pote sa nou genyen yo ban mwen.” Apre sa, li mande tout moun yo pou yo chita sou zèb yo. Li pran senk pen ak de pwason yo. Li leve je l anlè epi li di Bondye mèsi pou manje a. Apre sa, li kase pen yo fè plizyè moso epi li bay disip yo pou yo distribye bay moun yo. Tout moun te manje vant deboutonnen. Lè tout moun fin rasazye, yo te ranmase douz panye plen rabouch ak ti mòso ki te rete. Antotal te gen senk mil gason san konte medam yo ak timoun yo ki te manje jou sa a.
Matye 14:15-21 New International Version (NIV)
As evening approached, the disciples came to him and said, “This is a remote place, and it’s already getting late. Send the crowds away, so they can go to the villages and buy themselves some food.” Jesus replied, “They do not need to go away. You give them something to eat.” “We have here only five loaves of bread and two fish,” they answered. “Bring them here to me,” he said. And he directed the people to sit down on the grass. Taking the five loaves and the two fish and looking up to heaven, he gave thanks and broke the loaves. Then he gave them to the disciples, and the disciples gave them to the people. They all ate and were satisfied, and the disciples picked up twelve basketfuls of broken pieces that were left over. The number of those who ate was about five thousand men, besides women and children.
Matye 14:15-21 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Le soir venu, les disciples s’approchèrent de lui et lui dirent : Cet endroit est désert et il se fait tard ; renvoie donc ces gens pour qu’ils aillent dans les villages voisins s’acheter de la nourriture. Mais Jésus leur dit : Ils n’ont pas besoin d’y aller : donnez-leur vous-mêmes à manger ! – Mais, lui répondirent-ils, nous n’avons ici que cinq pains et deux poissons. – Apportez-les moi, leur dit Jésus. Il ordonna à la foule de s’asseoir sur l’herbe, puis il prit les cinq pains et les deux poissons, il leva les yeux vers le ciel et prononça la prière de bénédiction ; ensuite, il partagea les pains et les donna aux disciples qui les distribuèrent à la foule. Tout le monde mangea à satiété. On ramassa les morceaux qui restaient ; on en remplit douze paniers. Ceux qui avaient mangé étaient au nombre de cinq mille hommes, sans compter les femmes et les enfants.