Matye 12:38-45

Matye 12:38-45 1998 Haïtienne (HAT98)

Lè sa a, kèk dirèktè lalwa ansanm ak kèk farizyen pran lapawòl. Yo di Jezi: — Mèt, nou ta renmen wè ou fè yon mirak pou moutre se Bondye ki ba ou pouvwa sa a. Jezi reponn yo: — Moun alèkile yo, atout yo mechan, atout yo vire do bay Bondye, men y'ap mande mirak! Men, yo p'ap jwenn lòt mirak pase mirak pwofèt Jonas la. Menm jan Jonas te pase twa jou twa nwit nan vant gwo pwason an, konsa tou Moun Bondye voye nan lachè a gen pou pase twa jou twa nwit anba tè. Jou jijman an, moun lavil Niniv yo va leve kanpe, y'a fè kondannen moun alèkile yo. Paske yo menm, yo te tounen vin jwenn Bondye lè Jonas te fè yo konnen mesay li a. Men, isit la gen bagay ki pi konsekan pase Jonas. Jou jijman an, larenn peyi ki nan sid la va leve kanpe, l'a fè yo kondannen moun alèkile yo. Paske, li te sòti byen lwen, jouk nan dènye bout latè, pou l te vin tande bèl pawòl bon konprann Salomon yo. Men, isit la gen bagay ki pi konsekan pase Salomon. — Lè yon move lespri sòti sou yon moun, l'al pwonmennen toupatou nan savann yo, l'ap chache yon kote pou l pran repo. Men, li pa jwenn. Lè sa a, li di nan kè l: M'ap tounen lakay mwen, kote m sòti a. Lè l rive, li jwenn nonm lan tankou yon kay ki vid, men byen bale, byen ranje. Lè konsa, l ale, li pran sèt lòt lespri ki pi move pase l, lespri yo vin ansanm avè l, yo antre nan kay la, yo rete. Lè sa a, kondisyon moun lan vin pi mal pase jan l te ye anvan an. Enben, se sa ki pral rive move moun k'ap viv alèkile yo.

Matye 12:38-45 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Alors, quelques maîtres de la loi et quelques Pharisiens disent à Jésus : « Maître, fais un miracle devant nous ! » Jésus leur répond : « Les gens d’aujourd’hui sont mauvais et infidèles à Dieu, ils demandent un miracle. Mais les gens verront un seul miracle : ce qui est arrivé au prophète Jonas. Oui, Jonas a passé trois jours et trois nuits dans le ventre du grand poisson. De la même façon, le Fils de l’homme passera trois jours et trois nuits dans la terre. Les gens de Ninive ont changé leur vie quand ils ont entendu Jonas . Et il y a ici quelqu’un de plus important que Jonas ! C’est pourquoi, quand Dieu jugera les gens, les habitants de Ninive se lèveront en face des gens d’aujourd’hui et ils les accuseront ! La reine du pays du Sud est venue du bout du monde, pour entendre les paroles pleines de sagesse de Salomon. Et il y a ici quelqu’un de plus important que Salomon ! C’est pourquoi, quand Dieu jugera les gens, la reine du pays du Sud se lèvera en face des gens d’aujourd’hui, et elle les accusera ! » « Quand un esprit mauvais est sorti d’une personne où il habitait, il va et vient dans des endroits secs. Il cherche un lieu pour se reposer, mais il n’en trouve pas. Alors il se dit : “Je vais retourner dans ma maison que j’ai quittée.” Il y retourne. Il voit que la maison est vide, balayée, bien arrangée. Il va donc chercher sept autres esprits encore plus mauvais que lui. Ils entrent et ils s’installent dans la maison. Après cela, cette personne est dans un état encore plus grave qu’au début ! Eh bien, c’est ce qui arrivera aux gens mauvais d’aujourd’hui ! »

Matye 12:38-45 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Apre sa kèk pwofesè lalwa ak kèk Farizyen di Jezi: “Mèt, nou ta renmen wè ou fè yon mirak ki ka sèvi prèv Bondye avè w toutbon.” Men Jezi reponn yo: “Se sèlman moun ki mechan ak moun ki plen peche k ap mande Bondye mirak. Men yo p ap jwenn lòt mirak eksepte mirak pwofèt Jonas la. Menm jan Jonas te pase twa jou ak twa nuit nan vant gwo pwason an se menm jan Pitit Lòm nan gen pou pase twa jou ak twa nuit nan vant latè. Nan jou jijman an, pèp Niniv la ap kanpe kòm temwen pou kondane jenerasyon jodi a, paske yo menm yo te repanti lè yo te tande mesaj Jonas la. Men nou menm, nou refize repanti, epi moun ki devan nou an pi enpòtan pase Jonas. Nan jou jijman an, rèn ki te sòti nannsid la ap leve kòm temwen pou kondane jenerasyon jodi a, paske li te sòti jouk nan dènye bout latè pou l te ka tande ansèyman sajès Salomon yo. Men nou menm, nou refize koute, epi moun ki devan nou an pi enpòtan pase Salomon.” Lè yon move lespri sòti sou yon moun, li vwayaje pati al nan zòn dezè pou l chache yon lòt kote pou l rete. Si l pa jwenn, li di tèt li: “M ap retounen nan ansyen kay mwen.” Men lè li l rive, li jwenn kay la byen bale, byen ranje, men li toujou vid. Lè sa a, li pati al chache konkou sèt lòt move lespri ki pi mechan pase l. Yo antre sou moun nan. Lè konsa, moun nan vin pi mal pase jan l te ye anvan. Se menm bagay la ki gen pou rive jenerasyon jodi a k ap pratike mechanste.

Matye 12:38-45 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Quelques spécialistes de la Loi et des pharisiens intervinrent en disant : Maître, nous voudrions te voir faire un signe miraculeux. Il leur répondit : Ces gens de notre temps qui sont mauvais et infidèles à Dieu réclament un signe miraculeux ! Un signe… il ne leur en sera pas accordé d’autre que celui du prophète Jonas. En effet, comme Jonas resta trois jours et trois nuits dans le ventre du poisson h, ainsi le Fils de l’homme passera trois jours et trois nuits dans le sein de la terre. Au jour du jugement, les habitants de Ninive se lèveront et condamneront les gens de notre temps, car ils ont changé en réponse à la prédication de Jonas. Or, il y a ici plus que Jonas. Au jour du jugement, la reine du Midi se lèvera et condamnera les gens de notre temps, car elle est venue du bout du monde pour écouter l’enseignement plein de sagesse de Salomon. Or, il y a ici plus que Salomon ! Lorsqu’un esprit mauvais est sorti de quelqu’un, il erre çà et là dans des lieux déserts, à la recherche d’un lieu de repos, et il n’en trouve pas. Il se dit alors : « Mieux vaut regagner la demeure que j’ai quittée. » Il y retourne donc et la trouve vide, balayée et mise en ordre. Alors il va chercher sept autres esprits encore plus méchants que lui et les amène avec lui. Ils entrent dans la demeure et s’y installent. Finalement, la condition de cet homme est pire qu’avant. C’est exactement ce qui arrivera à ces gens de notre temps qui sont mauvais.