Matye 12:22-50

Matye 12:22-50 1998 Haïtienne (HAT98)

Apre sa, yo mennen yon nonm bay Jezi. Li te soud, li te bèbè, paske te gen yon move lespri sou li. Jezi geri nonm lan. Lamenm, li vin pale epi li vin wè. Foul moun yo te sezi anpil. Yo t'ap di: — Nou pa kwè se pitit David la sa? Lè farizyen yo tande sa, yo di: — Si nou wè nonm sa a ap chase move lespri, se paske Bèlzeboul, chèf move lespri yo, ba l pouvwa pou sa. Men Jezi te konnen sa ki te nan tèt yo, li di yo: — Si yon peyi gen divizyon pou yonn dozado ak lòt, peyi sa a p'ap kenbe lontan. Si gen divizyon nan yon vil osinon nan yon fanmi jouktan pou yo ap fè lagè yonn ak lòt, ni vil sa a, ni fanmi sa a pa la pou lontan. Si Satan ap chase moun ki pou li yo, Satan ap goumen ak pwòp tèt li. Pouvwa Satan an pa la pou lontan. Si se Bèlzeboul ki ban m pouvwa pou chase move lespri, patizan nou yo, ak ki pouvwa yo menm yo chase move lespri? Se poutèt sa, se yo menm menm k'ap ban nou tò. Men, si se avèk Lespri Bondye m'ap chase move lespri yo, sa vle di pouvwa Gouvènman Bondye ki wa a gentan rive sou nou. — Pesonn pa ka antre piye kay yon vanyan gason si li pa mare nonm sa a anvan. Se apre sa, li ka resi piye kay la. — Moun ki pa avèk mwen, se kont mwen yo ye. Moun ki p'ap ede m ranmase, se gaye y'ap gaye. Se poutèt sa, m'ap di nou: Bondye va padonnen moun tout peche yo va fè, tout move pawòl ki va sòti nan bouch yo. Men, kanta moun ki va pale mal sou Sentespri a, pa gen padon pou yo. Moun ki pale mal sou Moun Bondye voye nan lachè a, y'a padonnen l. Men, moun ki pale mal sou Sentespri a, li p'ap jwenn padon ni kounyeya, ni nan tan k'ap vini apre sa a. — Si pyebwa a bon, l'ap bay bon fwi. Si pyebwa a pa bon, l'ap bay move fwi. Yo rekonèt kalite yon pyebwa sou kalite fwi li bay. Bann vèmin! nou twò mechan. Bon pawòl pa ka sòti nan bouch nou. Sa ki nan kè yon moun, se sa ki sòti nan bouch li. Yon nonm ki bon, se bon bagay ase li ka rale sòti nan tou sa li genyen ki bon yo. Konsa tou, yon nonm ki mechan, se move bagay ase li ka rale sòti nan tou sa li genyen ki move yo. M'ap di nou sa: Jou jijman an, moun gen pou rann kont pou tout pawòl yo di yo pat bezwen di. Paske, se dapre pawòl ou y'a jije ou: Se pawòl ou k'ap di si ou inonsan, osinon si ou koupab. Lè sa a, kèk dirèktè lalwa ansanm ak kèk farizyen pran lapawòl. Yo di Jezi: — Mèt, nou ta renmen wè ou fè yon mirak pou moutre se Bondye ki ba ou pouvwa sa a. Jezi reponn yo: — Moun alèkile yo, atout yo mechan, atout yo vire do bay Bondye, men y'ap mande mirak! Men, yo p'ap jwenn lòt mirak pase mirak pwofèt Jonas la. Menm jan Jonas te pase twa jou twa nwit nan vant gwo pwason an, konsa tou Moun Bondye voye nan lachè a gen pou pase twa jou twa nwit anba tè. Jou jijman an, moun lavil Niniv yo va leve kanpe, y'a fè kondannen moun alèkile yo. Paske yo menm, yo te tounen vin jwenn Bondye lè Jonas te fè yo konnen mesay li a. Men, isit la gen bagay ki pi konsekan pase Jonas. Jou jijman an, larenn peyi ki nan sid la va leve kanpe, l'a fè yo kondannen moun alèkile yo. Paske, li te sòti byen lwen, jouk nan dènye bout latè, pou l te vin tande bèl pawòl bon konprann Salomon yo. Men, isit la gen bagay ki pi konsekan pase Salomon. — Lè yon move lespri sòti sou yon moun, l'al pwonmennen toupatou nan savann yo, l'ap chache yon kote pou l pran repo. Men, li pa jwenn. Lè sa a, li di nan kè l: M'ap tounen lakay mwen, kote m sòti a. Lè l rive, li jwenn nonm lan tankou yon kay ki vid, men byen bale, byen ranje. Lè konsa, l ale, li pran sèt lòt lespri ki pi move pase l, lespri yo vin ansanm avè l, yo antre nan kay la, yo rete. Lè sa a, kondisyon moun lan vin pi mal pase jan l te ye anvan an. Enben, se sa ki pral rive move moun k'ap viv alèkile yo. Jezi t'ap pale ak foul moun yo toujou lè manman l ak frè l yo vin rive. Yo rete deyò, yo t'ap chache yon jan pou yo te pale avè l. Se konsa yon moun di Jezi: — Men manman ou ak frè ou yo deyò a. Yo ta renmen pale avè ou. Men Jezi reponn moun ki te di l sa a: — Kilès ki manman m? Kilès ki frè m? Lè sa a, li lonje men l sou disip li yo, li di: — Gade non: men manman m ak frè m yo. Tout moun ki fè sa Papa m ki nan syèl la mande pou yo fè, se moun sa yo ki frè m, ki sè m, ki manman m.

Matye 12:22-50 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Des gens amènent à Jésus un homme qui est aveugle et muet à cause d’un esprit mauvais. Jésus le guérit. Alors l’homme se met à parler et il voit clair. Toutes les foules sont très étonnées et elles disent : « Cet homme est peut-être le Fils de David ! » Mais quand les Pharisiens entendent cela, ils disent : « Cet homme ne chasse les esprits mauvais qu’avec le pouvoir de Satan, qui est leur chef. » Jésus connaît leurs pensées et il leur dit : « Quand les habitants d’un royaume font la guerre entre eux, ce royaume est détruit. Quand les gens d’une ville ou d’une famille se battent entre eux, cette ville ou cette famille ne peuvent pas continuer à exister. Si Satan, l’esprit du mal, chasse l’esprit du mal, il est en guerre contre lui-même. Alors, comment son royaume peut-il continuer à exister ? Vous dites : “C’est Satan qui lui donne le pouvoir de chasser les esprits mauvais.” Mais alors, qui donne à vos amis le pouvoir de chasser ces esprits ? Ainsi vos amis eux-mêmes montrent que vous avez tort. Mais moi, c’est l’Esprit de Dieu qui me donne le pouvoir de chasser les esprits mauvais. Le Royaume de Dieu est donc arrivé jusqu’à vous ! « Quand quelqu’un veut entrer dans la maison d’un homme fort et prendre ses richesses, il doit d’abord attacher l’homme fort. Alors il pourra tout prendre dans la maison. « Celui qui n’est pas avec moi est contre moi. Celui qui ne m’aide pas à rassembler le troupeau, il le fait partir de tous les côtés. C’est pourquoi, je vous le dis : les gens recevront le pardon pour tous leurs péchés et pour toutes leurs insultes contre Dieu. Mais si quelqu’un insulte l’Esprit Saint, il ne recevra pas le pardon. Si quelqu’un parle contre le Fils de l’homme, il recevra le pardon. Mais s’il parle contre l’Esprit Saint, il ne recevra pas le pardon, ni dans cette vie, ni dans la vie qui va venir. » « Si un arbre est bon, ses fruits seront bons. Si un arbre est malade, ses fruits seront mauvais. En effet, on reconnaît un arbre à ses fruits. Espèce de vipères ! Vous êtes mauvais ! Alors, comment est-ce que vous pouvez dire de bonnes choses ? En effet, ce qui remplit le cœur de quelqu’un, voilà ce qui sort de sa bouche. La personne qui est bonne tire le bien de son cœur qui est plein de bonnes choses. La personne qui est mauvaise tire le mal de son cœur qui est plein de mauvaises choses. Oui, je vous le dis, le jour où Dieu jugera les gens, ils devront rendre compte de toutes les paroles inutiles qu’ils ont dites. En effet, c’est d’après tes paroles que Dieu dira si tu es innocent ou coupable. » Alors, quelques maîtres de la loi et quelques Pharisiens disent à Jésus : « Maître, fais un miracle devant nous ! » Jésus leur répond : « Les gens d’aujourd’hui sont mauvais et infidèles à Dieu, ils demandent un miracle. Mais les gens verront un seul miracle : ce qui est arrivé au prophète Jonas. Oui, Jonas a passé trois jours et trois nuits dans le ventre du grand poisson. De la même façon, le Fils de l’homme passera trois jours et trois nuits dans la terre. Les gens de Ninive ont changé leur vie quand ils ont entendu Jonas . Et il y a ici quelqu’un de plus important que Jonas ! C’est pourquoi, quand Dieu jugera les gens, les habitants de Ninive se lèveront en face des gens d’aujourd’hui et ils les accuseront ! La reine du pays du Sud est venue du bout du monde, pour entendre les paroles pleines de sagesse de Salomon. Et il y a ici quelqu’un de plus important que Salomon ! C’est pourquoi, quand Dieu jugera les gens, la reine du pays du Sud se lèvera en face des gens d’aujourd’hui, et elle les accusera ! » « Quand un esprit mauvais est sorti d’une personne où il habitait, il va et vient dans des endroits secs. Il cherche un lieu pour se reposer, mais il n’en trouve pas. Alors il se dit : “Je vais retourner dans ma maison que j’ai quittée.” Il y retourne. Il voit que la maison est vide, balayée, bien arrangée. Il va donc chercher sept autres esprits encore plus mauvais que lui. Ils entrent et ils s’installent dans la maison. Après cela, cette personne est dans un état encore plus grave qu’au début ! Eh bien, c’est ce qui arrivera aux gens mauvais d’aujourd’hui ! » Jésus est en train de parler aux foules, quand sa mère et ses frères arrivent. Ils sont dehors et ils cherchent à lui parler. Quelqu’un dit à Jésus : « Regarde ! Ta mère et tes frères sont là, dehors. Ils cherchent à te parler. » Jésus lui répond : « Qui est ma mère ? Qui sont mes frères ? » Et il montre de la main ses disciples en disant : « Voici ma mère et mes frères. Oui, si quelqu’un fait la volonté de mon Père qui est dans les cieux, cette personne est mon frère, ma sœur, ma mère. »

Matye 12:22-50 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Apre sa yo te mennen bay Jezi yon nonm ki te avèg epi bèbè an menm tan paske li te gen yon move lespri sou li. Jezi geri li. Epi nonm nan te wè epi li te pale. Moun ki te la yo te etone anpil, epi se yon sèl pawòl ki te nan bouch yo: “Sanble nonm sa a se Pitit Bondye te pwomèt David la.” Lè Farizyen yo tande sa, yo di: “Se paske l sèvi Satan ki fè l gen pouvwa pou l chase demon sou moun.” Jezi ki te konnen sa ki t ap pase nan tèt yo te pale konsa: “Yon wayòm ki divize ap fini pa kraze. Yon vil oswa yon fanmi k ap goumen tout tan pa la pou lontan. Si Satan ap chase satan, se ak pwòp tèt li l ap goumen. Si se konsa, kijan pou wayòm li fè kontinye kanpe? Si nou di mwen chase denmon ak pouvwa Bèlzebil, epi patizan nou yo menm, ak ki pouvwa yo chase denmon? Se poutèt sa, se yo menm m ap kite jije nou pou sa nou di a. Men okontrè, si se pouvwa Lespri Bondye a m sèvi pou m chase demon, sa vle di wayòm Bondye a deja tabli pami nou. Pèsòn pa ka antre nan kay yon nèg vanyan pou l vòlè afè l, si li pa mare l anvan. Lè vòlè a fin mare l, l ap ka kòmanse vòlè atò. Yon moun ki p ap travay avè m, ap travay kont mwen. Yon moun ki p ap ede m sanble, se gaye l ap gaye. Konsa, m ap di kèlkeswa peche yon moun fè l ap jwenn padon pou li, men kanta moun ki pale Sentespri a mal, pa gen padon pou yo. Yon moun ki pale Pitit Lòm nan mal, li pou l jwenn padon. Men nenpòt moun ki pale Sentespri a mal p ap jwenn padon ni jodi a ni nan jou ki gen pou vini yo. Bon pyebwa bay bon fwi. Yon move pyebwa ap bay move fwi. Se sou fwi pyebwa ou ap rekonèt si l bon ak si l pa bon. Bann ras vipè! Se fè mal ase nou pwòp! Èske nou t ap janm di bon bagay? Se pawòl yon moun ki fè w konnen sa k nan kè l. Yon bon moun ka di bon bagay paske gen bon bagay ki sere nan kè l. Yon move moun se mechanste ase ki nan kè l. Se sa k fè li di move bagay. Men tande sa m ap di nou: nan jou jijman an, lèzòm gen pou yo rann kont sou tout pawòl san fondman ki te soti nan bouch yo. Nan jou sa a, se sou pawòl ou ki pral detèmine si w koupab oswa si w inosan.” Apre sa kèk pwofesè lalwa ak kèk Farizyen di Jezi: “Mèt, nou ta renmen wè ou fè yon mirak ki ka sèvi prèv Bondye avè w toutbon.” Men Jezi reponn yo: “Se sèlman moun ki mechan ak moun ki plen peche k ap mande Bondye mirak. Men yo p ap jwenn lòt mirak eksepte mirak pwofèt Jonas la. Menm jan Jonas te pase twa jou ak twa nuit nan vant gwo pwason an se menm jan Pitit Lòm nan gen pou pase twa jou ak twa nuit nan vant latè. Nan jou jijman an, pèp Niniv la ap kanpe kòm temwen pou kondane jenerasyon jodi a, paske yo menm yo te repanti lè yo te tande mesaj Jonas la. Men nou menm, nou refize repanti, epi moun ki devan nou an pi enpòtan pase Jonas. Nan jou jijman an, rèn ki te sòti nannsid la ap leve kòm temwen pou kondane jenerasyon jodi a, paske li te sòti jouk nan dènye bout latè pou l te ka tande ansèyman sajès Salomon yo. Men nou menm, nou refize koute, epi moun ki devan nou an pi enpòtan pase Salomon.” Lè yon move lespri sòti sou yon moun, li vwayaje pati al nan zòn dezè pou l chache yon lòt kote pou l rete. Si l pa jwenn, li di tèt li: “M ap retounen nan ansyen kay mwen.” Men lè li l rive, li jwenn kay la byen bale, byen ranje, men li toujou vid. Lè sa a, li pati al chache konkou sèt lòt move lespri ki pi mechan pase l. Yo antre sou moun nan. Lè konsa, moun nan vin pi mal pase jan l te ye anvan. Se menm bagay la ki gen pou rive jenerasyon jodi a k ap pratike mechanste. Pandan Jezi t ap pale ak foul moun yo, manman l ak frè l yo te vin parèt. Yo te vle pale avè l. Yon moun vin di Jezi: “Men manman w ak frè w yo ap mande pou ou deyò a. Yo vle pale avè w.” Jezi reponn li: “Ki lès ki manman m? Ki lès ki frè m?” Apre sa, li lonje dwèt sou disip li yo epi li di: “Men manman m ak frè m? Wi, moun ki frè m sè m oswa manman m, se sila yo ki fè volonte Papa m ki nan syèl la.”

Matye 12:22-50 New International Version (NIV)

Then they brought him a demon-possessed man who was blind and mute, and Jesus healed him, so that he could both talk and see. All the people were astonished and said, “Could this be the Son of David?” But when the Pharisees heard this, they said, “It is only by Beelzebul, the prince of demons, that this fellow drives out demons.” Jesus knew their thoughts and said to them, “Every kingdom divided against itself will be ruined, and every city or household divided against itself will not stand. If Satan drives out Satan, he is divided against himself. How then can his kingdom stand? And if I drive out demons by Beelzebul, by whom do your people drive them out? So then, they will be your judges. But if it is by the Spirit of God that I drive out demons, then the kingdom of God has come upon you. “Or again, how can anyone enter a strong man’s house and carry off his possessions unless he first ties up the strong man? Then he can plunder his house. “Whoever is not with me is against me, and whoever does not gather with me scatters. And so I tell you, every kind of sin and slander can be forgiven, but blasphemy against the Spirit will not be forgiven. Anyone who speaks a word against the Son of Man will be forgiven, but anyone who speaks against the Holy Spirit will not be forgiven, either in this age or in the age to come. “Make a tree good and its fruit will be good, or make a tree bad and its fruit will be bad, for a tree is recognized by its fruit. You brood of vipers, how can you who are evil say anything good? For the mouth speaks what the heart is full of. A good man brings good things out of the good stored up in him, and an evil man brings evil things out of the evil stored up in him. But I tell you that everyone will have to give account on the day of judgment for every empty word they have spoken. For by your words you will be acquitted, and by your words you will be condemned.” Then some of the Pharisees and teachers of the law said to him, “Teacher, we want to see a sign from you.” He answered, “A wicked and adulterous generation asks for a sign! But none will be given it except the sign of the prophet Jonah. For as Jonah was three days and three nights in the belly of a huge fish, so the Son of Man will be three days and three nights in the heart of the earth. The men of Nineveh will stand up at the judgment with this generation and condemn it; for they repented at the preaching of Jonah, and now something greater than Jonah is here. The Queen of the South will rise at the judgment with this generation and condemn it; for she came from the ends of the earth to listen to Solomon’s wisdom, and now something greater than Solomon is here. “When an impure spirit comes out of a person, it goes through arid places seeking rest and does not find it. Then it says, ‘I will return to the house I left.’ When it arrives, it finds the house unoccupied, swept clean and put in order. Then it goes and takes with it seven other spirits more wicked than itself, and they go in and live there. And the final condition of that person is worse than the first. That is how it will be with this wicked generation.” While Jesus was still talking to the crowd, his mother and brothers stood outside, wanting to speak to him. Someone told him, “Your mother and brothers are standing outside, wanting to speak to you.” He replied to him, “Who is my mother, and who are my brothers?” Pointing to his disciples, he said, “Here are my mother and my brothers. For whoever does the will of my Father in heaven is my brother and sister and mother.”

Matye 12:22-50 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

On lui amena encore un homme qui était sous l’emprise d’un démon qui le rendait aveugle et muet. Jésus le guérit, et l’homme put de nouveau parler et voir. La foule, stupéfaite, disait : Cet homme n’est-il pas le Fils de David ? Les pharisiens, ayant appris ce qu’on disait de lui, déclarèrent : Si cet homme chasse les démons, c’est par le pouvoir de Béelzébul, le chef des démons. Mais Jésus, connaissant leurs pensées, leur dit : Tout royaume déchiré par la guerre civile est dévasté. Aucune ville, aucune famille divisée ne peut subsister. Si donc Satan se met à chasser Satan, il est en conflit avec lui-même. Comment alors son royaume subsistera-t-il ? D’ailleurs, si moi je chasse les démons par Béelzébul, qui donc donne à vos disciples le pouvoir de les chasser ? C’est pourquoi ils seront eux-mêmes vos juges. Mais si c’est par l’Esprit de Dieu que je chasse les démons, alors, de toute évidence, le royaume de Dieu est venu jusqu’à vous. Ou encore : Comment quelqu’un peut-il pénétrer dans la maison d’un homme fort et s’emparer de ses biens s’il n’a pas, tout d’abord, ligoté cet homme fort ? C’est alors qu’il pillera sa maison. Celui qui n’est pas avec moi est contre moi, et celui qui ne se joint pas à moi pour rassembler, disperse. C’est pourquoi je vous avertis : tout péché, tout blasphème sera pardonné aux hommes mais pas le blasphème contre le Saint-Esprit. Si quelqu’un dit une parole contre le Fils de l’homme, il lui sera pardonné ; mais si quelqu’un parle contre le Saint-Esprit, il ne recevra pas le pardon, ni dans la vie présente ni dans le monde à venir. Considérez ou bien que l’arbre est bon et que son fruit est bon, ou bien que l’arbre est mauvais et que son fruit est mauvais, car c’est à son fruit que l’on reconnaît l’arbre. Espèces de vipères ! Comment pouvez-vous tenir des propos qui soient bons alors que vous êtes mauvais ? Car ce qu’on dit vient de ce qui remplit le cœur. L’homme qui est bon tire de bonnes choses du bon trésor qui est en lui ; mais l’homme qui est mauvais tire de mauvaises choses du mauvais trésor qui est en lui. Or, je vous le déclare, au jour du jugement les hommes rendront compte de toute parole sans fondement qu’ils auront prononcée. En effet, c’est en fonction de tes propres paroles que tu seras déclaré juste, ou que tu seras condamné. Quelques spécialistes de la Loi et des pharisiens intervinrent en disant : Maître, nous voudrions te voir faire un signe miraculeux. Il leur répondit : Ces gens de notre temps qui sont mauvais et infidèles à Dieu réclament un signe miraculeux ! Un signe… il ne leur en sera pas accordé d’autre que celui du prophète Jonas. En effet, comme Jonas resta trois jours et trois nuits dans le ventre du poisson h, ainsi le Fils de l’homme passera trois jours et trois nuits dans le sein de la terre. Au jour du jugement, les habitants de Ninive se lèveront et condamneront les gens de notre temps, car ils ont changé en réponse à la prédication de Jonas. Or, il y a ici plus que Jonas. Au jour du jugement, la reine du Midi se lèvera et condamnera les gens de notre temps, car elle est venue du bout du monde pour écouter l’enseignement plein de sagesse de Salomon. Or, il y a ici plus que Salomon ! Lorsqu’un esprit mauvais est sorti de quelqu’un, il erre çà et là dans des lieux déserts, à la recherche d’un lieu de repos, et il n’en trouve pas. Il se dit alors : « Mieux vaut regagner la demeure que j’ai quittée. » Il y retourne donc et la trouve vide, balayée et mise en ordre. Alors il va chercher sept autres esprits encore plus méchants que lui et les amène avec lui. Ils entrent dans la demeure et s’y installent. Finalement, la condition de cet homme est pire qu’avant. C’est exactement ce qui arrivera à ces gens de notre temps qui sont mauvais. Pendant que Jésus parlait encore à la foule, voici que sa mère et ses frères se tenaient dehors, cherchant à lui parler. [Quelqu’un vint lui dire : Ta mère et tes frères sont là. Ils cherchent à te parler]. Mais Jésus lui répondit : Qui est ma mère ? Qui sont mes frères ? Puis, désignant ses disciples d’un geste de la main, il ajouta : Ma mère et mes frères, les voici. Car celui qui fait la volonté de mon Père céleste, celui-là est pour moi un frère, une sœur, une mère.