Lik 7:11-14
Lik 7:11-14 1998 Haïtienne (HAT98)
Apre sa, Jezi ale nan yon lavil yo rele Nayen. Disip li yo t'ap fè wout avè l ansanm ak yon gwo foul moun. Li rive bò pòtay lavil la. Lè sa a yo t'ap pote yon mò al antere: se te sèl pitit gason yon madanm vèv. Te gen anpil moun lavil la avèk li. Lè Jezi wè vèv la, kè l fè l mal pou li, li di li: — Pa kriye, tande! Apre sa li pwoche, li manyen sèkèy la. Moun ki t'ap pote l yo ret kanpe. Li di: — Jennonm, se mwen menm k'ap pale avè ou. Leve.
Lik 7:11-14 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Ensuite, Jésus va dans une ville appelée Naïn. Ses disciples et une grande foule marchent avec lui. Au moment où il arrive à l’entrée de la ville, on conduit un mort au cimetière. C’est le fils unique d’une veuve. Beaucoup de gens de la ville accompagnent cette femme. Quand le Seigneur la voit, il est plein de pitié pour elle et il lui dit : « Ne pleure pas. » Il s’avance et il touche le cercueil. Les porteurs s’arrêtent. Jésus dit : « Jeune homme, réveille-toi ! C’est un ordre ! »
Lik 7:11-14 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Nan demen, Jezi t ap vwayaje ale nan yon vil yo rele Nayin. Disip li yo ansanm ak yon gwo foul t ap vwayaje ansanm ak li. Etan l ap rive nan pòt lavil la, Jezi wè y ap pote yon kadav, sèl pitit gason vèv la te genyen. Anpil moun lavil la te akonpanye madanm nan ak kadav la. Lè Senyè a wè madanm nan, li te gen konpasyon pou li epi li di li: “Pa kriye.” Jezi pwoche pi pre, li manyen sèkèy la. Menm lè a, mesye yo ki t ap pote sèkèy la rete kanpe anplas, epi Jezi di: “Jèn gason, mwen di w leve!”
Lik 7:11-14 New International Version (NIV)
Soon afterward, Jesus went to a town called Nain, and his disciples and a large crowd went along with him. As he approached the town gate, a dead person was being carried out—the only son of his mother, and she was a widow. And a large crowd from the town was with her. When the Lord saw her, his heart went out to her and he said, “Don’t cry.” Then he went up and touched the bier they were carrying him on, and the bearers stood still. He said, “Young man, I say to you, get up!”
Lik 7:11-14 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Ensuite, Jésus se rendit dans une ville appelée Naïn. Ses disciples et une grande foule l’accompagnaient. Comme il arrivait à la porte de la ville, il rencontra un convoi funèbre : on enterrait le fils unique d’une veuve. Beaucoup d’habitants de la ville suivaient le cortège. Le Seigneur vit la veuve et il fut pris de pitié pour elle ; il lui dit : Ne pleure pas ! Puis il s’approcha de la civière et posa sa main sur elle. Les porteurs s’arrêtèrent. – Jeune homme, dit-il, je te l’ordonne, lève-toi !