Lik 5:4-11
Lik 5:4-11 1998 Haïtienne (HAT98)
Lè li fin pale, li di Simon konsa: — Vanse kannòt la plis nan fon. Jete senn ou pou peche. Simon reponn li: — Mèt, nou pase tout nwit lan ap travay san nou pa pran anyen. Men, paske se ou ki di nou fè sa, nou pral lage senn lan. Yo lage senn lan. Yo pran yon kantite pwason. Tèlman pwason yo te anpil, senn lan t'ap chire. Yo fè asosye yo ki te nan lòt kannòt la siy vin ede yo. Yo vini. De kannòt yo te sitèlman plen pwason, yo te prèt pou koule. Lè Simon Pyè wè sa, li lage kò l nan pye Jezi, li di l konsa: — Mèt, pa rete kote mwen, paske mwen pa bon. Yon sèl sezisman te pran Simon ak tout mesye ki te avèk li yo lè yo wè kantite pwason yo te pran. Se te menm bagay la tou pou Jak ak Jan, de pitit Zebede yo, ki te asosye Simon. Lè sa a Jezi di Simon: — Pa pè. Depi kounyeya se moun ou pral peche. Yo mennen kannòt yo atè, yo kite tout bagay, y'ale avèk Jezi.
Lik 5:4-11 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Quand il a fini de parler, il dit à Simon : « Avance là-bas où l’eau est profonde, et jetez vos filets pour attraper du poisson. » Simon lui répond : « Maître, nous avons travaillé toute la nuit sans rien prendre. Mais tu nous dis de jeter les filets, je vais le faire. » Ils jettent les filets et ils prennent un très grand nombre de poissons. Leurs filets commencent à se déchirer. Pour demander de l’aide, ils font signe à ceux qui les accompagnent dans l’autre barque. Ceux-ci arrivent. Ils remplissent les deux barques de poissons, et les barques pleines s’enfoncent dans l’eau ! En voyant cela, Simon-Pierre tombe à genoux devant Jésus et il dit : « Seigneur, éloigne-toi de moi ! Oui, je suis un homme pécheur ! » En effet, Simon et tous ceux qui sont avec lui sont effrayés, parce qu’ils ont pris beaucoup de poissons. Jacques et Jean, les fils de Zébédée, qui accompagnent Simon, sont effrayés aussi. Mais Jésus dit à Simon : « N’aie pas peur ! À partir de maintenant, ce sont des gens que tu prendras. » Alors ils ramènent les barques à terre, ils laissent tout et suivent Jésus.
Lik 5:4-11 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Lè Jezi te fin anseye, li di Simon konsa: “Avanse bato a nan kote ki pi fon an epi jete filè a pou pran enpe pwason.” Simon reponn, li di: “Mèt, nou gentan travay pandan tout nuit la deja, nou pa pran anyen. Men, poutèt se ou menm ki di jete filè a, m ap jete l.” Lè yo jete filè a, mesye yo pran yon gran kantite pwason ki te fè filè a kòmanse chire. Yo fè asosye yo ki te nan lòt bato a siy pou vin ede yo. Mesye yo vini, yo ranpli tou de bato yo ak pwason. Bato yo te prèt pou koule. Lè Simon Pyè wè sa, li lage kò l nan pye Jezi, epi li di li: “Pa rete kote mwen, Senyè. Mwen se yon pechè.” Li te di sa paske li menm ak tout moun ki te avè l yo te sezi wè kantite pwason yo te pran. Simon Pyè ansanm ak tout moun ki te ak li yo pa t manke sezi, lè yo wè kantite pwason yo te pran yo. Se te menm bagay la tou pou Jak ak Jan, de pitit Zebede yo, ki te asosye Simon tou. Jezi di yo: “Nou pa bezwen pè. Apati de jodi a, nou pral peche moun pito.” Yo rale bato a atè sou rivaj la, yo kite tout bagay, epi yo swiv Jezi.
Lik 5:4-11 New International Version (NIV)
When he had finished speaking, he said to Simon, “Put out into deep water, and let down the nets for a catch.” Simon answered, “Master, we’ve worked hard all night and haven’t caught anything. But because you say so, I will let down the nets.” When they had done so, they caught such a large number of fish that their nets began to break. So they signaled their partners in the other boat to come and help them, and they came and filled both boats so full that they began to sink. When Simon Peter saw this, he fell at Jesus’ knees and said, “Go away from me, Lord; I am a sinful man!” For he and all his companions were astonished at the catch of fish they had taken, and so were James and John, the sons of Zebedee, Simon’s partners. Then Jesus said to Simon, “Don’t be afraid; from now on you will fish for people.” So they pulled their boats up on shore, left everything and followed him.
Lik 5:4-11 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Quand il eut fini de parler, il dit à Simon : Avance vers le large, en eau profonde, puis vous jetterez vos filets pour pêcher. – Maître, lui répondit Simon, nous avons travaillé toute la nuit et nous n’avons rien pris. Mais, puisque tu me le demandes, je jetterai les filets. Ils les jetèrent et prirent tant de poissons que leurs filets menaçaient de se déchirer. Alors ils firent signe à leurs associés, dans l’autre bateau, de venir les aider. Ceux-ci arrivèrent, et l’on remplit les deux bateaux, au point qu’ils enfonçaient. En voyant cela, Simon Pierre se jeta aux pieds de Jésus et lui dit : Seigneur, éloigne-toi de moi, car je suis un homme pécheur. En effet, il était saisi d’effroi, ainsi que tous ses compagnons, devant la pêche extraordinaire qu’ils venaient de faire. Il en était de même de Jacques et de Jean, fils de Zébédée, les associés de Simon. Alors Jésus dit à Simon : N’aie pas peur ! A partir de maintenant, ce sont des hommes que tu attraperas. Dès qu’ils eurent ramené leurs bateaux au rivage, ils laissèrent tout et suivirent Jésus.