Lik 24:15-19
Lik 24:15-19 1998 Haïtienne (HAT98)
Yo t'ap pale, yo t'ap diskite yonn ak lòt. Lè sa a, Jezi pwoche bò kote yo, li tanmen fè wout ak yo. Yo te wè l, men te gen kichòy ki te anpeche yo rekonèt li. Li di yo: — Sou kisa n'ap pale konsa antan n'ap mache a? Yo rete yo kanpe tou tris. Yonn ladan yo ki te rele Kleopas reponn li: — Gen lè ou se sèl moun k'ap viv lavil Jerizalèm ki pa konn sa k te rive nan senmenn ki sot pase a? Li di yo: — Kisa k te rive konsa? Yo reponn li: — Tou sa k te rive Jezi, moun Nazarèt la. Nonm sa a te yon gwo pwofèt devan Bondye ak devan tout pèp la: li te fè anpil bèl bagay epi li te pale byen.
Lik 24:15-19 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Pendant qu’ils parlent et qu’ils discutent, Jésus lui-même s’approche et il marche avec eux. Les disciples le voient, mais quelque chose les empêche de le reconnaître. Jésus leur demande : « Vous discutiez de quoi en marchant ? » Alors les disciples s’arrêtent, ils ont l’air triste. L’un d’eux, appelé Cléopas, lui répond : « Tous les habitants de Jérusalem savent ce qui est arrivé ces jours-ci ! Et toi seul, tu ne le sais pas ? » Il leur dit : « Quoi donc ? » Ils lui répondent : « Ce qui est arrivé à Jésus de Nazareth. C’était un grand prophète. Sa parole était puissante et il faisait des choses extraordinaires devant Dieu et devant tout le peuple.
Lik 24:15-19 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Etan mesye yo ap pale, ap diskite sou evènman yo, Jezi pwoche kote yo epi li kòmanse fè wout la ak yo. Men yo pa t anmezi pou rekonèt se te Jezi. Jezi di yo: “Ki sa n ap diskite antre nou kon sa a pandan n ap mache a?” Mesye yo rete, epi yo te vin tris anpil. Apre sa, youn nan yo ki te rele Klewopas, di Jezi konsa: “Ou genlè se sèl moun ki vizite Jerizalèm ki pa konn sa k pase nan vil la nan jou sa yo?” Epi Jezi di yo: “Ki sa k pase menm?” Yo reponn li: “Tout sa k te rive Jezi, moun Nazarèt la! Se te yon gran pwofèt, ni devan Bondye, ni devan lèzòm. Li te fè anpil bèl bagay epi li te pale byen tou.
Lik 24:15-19 New International Version (NIV)
As they talked and discussed these things with each other, Jesus himself came up and walked along with them; but they were kept from recognizing him. He asked them, “What are you discussing together as you walk along?” They stood still, their faces downcast. One of them, named Cleopas, asked him, “Are you the only one visiting Jerusalem who does not know the things that have happened there in these days?” “What things?” he asked. “About Jesus of Nazareth,” they replied. “He was a prophet, powerful in word and deed before God and all the people.
Lik 24:15-19 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Pendant qu’ils échangeaient ainsi leurs propos et leurs réflexions, Jésus lui-même s’approcha d’eux et les accompagna. Mais leurs yeux étaient incapables de le reconnaître. Il leur dit : De quoi discutez-vous en marchant ? Ils s’arrêtèrent, l’air attristé. L’un d’eux, nommé Cléopas, lui répondit : Es-tu le seul parmi ceux qui séjournent à Jérusalem qui ne sache pas ce qui s’y est passé ces jours-ci ? – Quoi donc ? leur demanda-t-il. – Ce qui est arrivé à Jésus de Nazareth. C’était un prophète qui agissait et parlait avec puissance, devant Dieu et devant tout le peuple.