Lik 2:1-35

Lik 2:1-35 1998 Haïtienne (HAT98)

Lè sa a, Seza Ogis te bay lòd pou yo fè resansman tout moun nan peyi l'ap gouvènen yo. Premye resansman an te fèt nan tan Kiriniyis t'ap gouvènen peyi Siri. Tout moun te al fè pran non yo nan lavil kote fanmi yo te sòti. Jozèf te rete Galile nan bouk Nazarèt. Men paske li te moun nan fanmi ras David, li moute, l'ale nan Jide, nan Betleyèm, vil David. Jozèf ta pral fè yo pran non l ansanm ak non Mari, fyanse li, ki te ansent. Antan yo te la, jou pou Mari te akouche a rive. Li fè premye pitit li a, yon ti gason. Mari vlope pitit la nan kouchèt, li mete l kouche nan yon kay kote yo bay bèt manje, paske pat gen plas pou yo nan lotèl la. Nan menm zòn sa a, te gen gadò mouton ki t'ap pase nwit la deyò ap veye mouton yo. Lè sa a, yon zanj Bondye parèt devan yo, bèl limyè Bondye a klere tout kote yo te ye a. Yo te pè anpil. Men zanj lan di yo konsa: — Pa pè. Mwen vin anonse nou yon bonnouvèl ki pral fè tout pèp la kontan anpil. Jòdi a, nan lavil David la, nou gen yon Sovè ki fenk fèt: se Kris la, Senyè a. Men ki siy k'ap fè nou rekonèt li: n'a jwenn yon tibebe vlope nan kouchèt ki kouche nan yon ganmèl kote yo bay bèt manje. Menm lè a, yon foul lòt zanj nan syèl la vin jwenn zanj lan. Yo t'ap fè lwanj Bondye, yo t'ap di konsa: Lwanj pou Bondye nan syèl la, kè poze pou tout moun sou latè ki byen dispoze. Zanj yo kite gadò mouton yo, yo tounen al nan syèl la. Lè sa a, gadò mouton yo yonn di lòt: — Ann al jouk Betleyèm, ann al wè sa ki rive, sa Bondye fè nou konnen an. Yo prese ale, yo jwenn Mari ak Jozèf, ansanm ak ti pitit la kouche kote yo bay bèt manje a. Lè yo wè l, yo tanmen rakonte sa zanj lan te di yo sou pitit la. Tout moun ki t'ap koute yo te sezi tande sa yo t'ap rakonte a. Mari menm te kenbe tout pawòl sa yo nan kè l, li t'ap repase yo nan tèt li. Apre sa, gadò mouton yo al fè wout yo. Yo t'ap di jan Bondye gen pouvwa, yo t'ap fè lwanj li, paske tou sa yo te tande ak tou sa yo te wè a te dakò ak sa zanj lan te fè yo konnen. Wit jou apre, se te dat pou yo te sikonsi pitit la. Yo rele l Jezi dapre non zanj lan te bay anvan menm manman l te vin ansent li. Apre sa, jou a te rive pou Jozèf ak Mari te al fè sèvis pou yo ka mete Mari nan kondisyon fè sèvis Bondye dapre lalwa Moyiz. Lè sa a, yo pote tipitit la lavil Jerizalèm pou mete l apa pou Bondye, dapre sa ki ekri nan lalwa Bondye a: Konsakre tout premye pitit gason yo bay Mèt la. Yo te ofri tou yon pè toutrèl osinon de jenn pijon pou yo touye pou Bondye, jan yo bay lòd fè sa nan lalwa Bondye a. Lè sa a, te gen yon nonm nan Jerizalèm yo te rele Simeyon. Nonm sa a te mache dwat devan Bondye, li te respekte Bondye anpil, li t'ap tann konsa moun Bondye t'ap voye pou delivre pèp Izrayèl la. Sentespri Bondye a te avèk li. Li te fè l konnen li pa t'ap mouri san l pa wè Kris la, moun Bondye te chwazi pou l voye a. Lespri Bondye a pouse Simeyon ale nan tanp lan. Lè Jozèf ak Mari pote tipitit la pou yo fè sa lalwa mande pou li a, Simeyon pran tipitit la nan bra l, li di Bondye mèsi. Li di: Kounyeya, Mèt, ou kenbe pawòl ou; ou mèt kite sèvitè ou la mouri ak kè poze. Paske mwen wè ak je mwen moun ou voye pou delivre nou an. Ou pare l mete devan tout pèp yo. Se yon limyè ki pou fè tout pèp yo konnen ou; se va yon lwanj pou Izrayèl pèp ou a. Papa ak manman Jezi te sezi tande sa Simeyon t'ap di sou pitit yo a konsa. Simeyon rele benediksyon Bondye sou yo, li di Mari, manman Jezi: — Bondye chwazi pitit sa a. L'ap lakòz anpil moun nan pèp Izrayèl la tonbe. Men, l'ap fè anpil moun nan pèp la jwenn delivrans tou. Li pral yon siy pou Bondye, men moun p'ap vle wè li. Se konsa l'ap devwale tout lide k'ap travay nan fon kè anpil moun. Kanta pou ou menm, Mari, doulè gen pou fann kè ou tankou yon nepe.

Pataje
Li Lik 2

Lik 2:1-35 New International Version (NIV)

In those days Caesar Augustus issued a decree that a census should be taken of the entire Roman world. (This was the first census that took place while Quirinius was governor of Syria.) And everyone went to their own town to register. So Joseph also went up from the town of Nazareth in Galilee to Judea, to Bethlehem the town of David, because he belonged to the house and line of David. He went there to register with Mary, who was pledged to be married to him and was expecting a child. While they were there, the time came for the baby to be born, and she gave birth to her firstborn, a son. She wrapped him in cloths and placed him in a manger, because there was no guest room available for them. And there were shepherds living out in the fields nearby, keeping watch over their flocks at night. An angel of the Lord appeared to them, and the glory of the Lord shone around them, and they were terrified. But the angel said to them, “Do not be afraid. I bring you good news that will cause great joy for all the people. Today in the town of David a Savior has been born to you; he is the Messiah, the Lord. This will be a sign to you: You will find a baby wrapped in cloths and lying in a manger.” Suddenly a great company of the heavenly host appeared with the angel, praising God and saying, “Glory to God in the highest heaven, and on earth peace to those on whom his favor rests.” When the angels had left them and gone into heaven, the shepherds said to one another, “Let’s go to Bethlehem and see this thing that has happened, which the Lord has told us about.” So they hurried off and found Mary and Joseph, and the baby, who was lying in the manger. When they had seen him, they spread the word concerning what had been told them about this child, and all who heard it were amazed at what the shepherds said to them. But Mary treasured up all these things and pondered them in her heart. The shepherds returned, glorifying and praising God for all the things they had heard and seen, which were just as they had been told. On the eighth day, when it was time to circumcise the child, he was named Jesus, the name the angel had given him before he was conceived. When the time came for the purification rites required by the Law of Moses, Joseph and Mary took him to Jerusalem to present him to the Lord (as it is written in the Law of the Lord, “Every firstborn male is to be consecrated to the Lord”), and to offer a sacrifice in keeping with what is said in the Law of the Lord: “a pair of doves or two young pigeons.” Now there was a man in Jerusalem called Simeon, who was righteous and devout. He was waiting for the consolation of Israel, and the Holy Spirit was on him. It had been revealed to him by the Holy Spirit that he would not die before he had seen the Lord’s Messiah. Moved by the Spirit, he went into the temple courts. When the parents brought in the child Jesus to do for him what the custom of the Law required, Simeon took him in his arms and praised God, saying: “Sovereign Lord, as you have promised, you may now dismiss your servant in peace. For my eyes have seen your salvation, which you have prepared in the sight of all nations: a light for revelation to the Gentiles, and the glory of your people Israel.” The child’s father and mother marveled at what was said about him. Then Simeon blessed them and said to Mary, his mother: “This child is destined to cause the falling and rising of many in Israel, and to be a sign that will be spoken against, so that the thoughts of many hearts will be revealed. And a sword will pierce your own soul too.”

Pataje
Li Lik 2

Lik 2:1-35 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

À cette époque, l’empereur Auguste donne l’ordre de compter les habitants de tous les pays. C’est la première fois qu’on fait cela. À ce moment-là, Quirinius est gouverneur de Syrie. Tout le monde va se faire inscrire, chacun dans la ville de ses ancêtres. Joseph quitte donc la ville de Nazareth en Galilée pour aller en Judée, à Bethléem. C’est la ville du roi David. En effet, David est l’ancêtre de Joseph. Joseph va se faire inscrire avec Marie, sa femme, qui attend un enfant. Pendant qu’ils sont à Bethléem, le moment arrive où Marie doit accoucher. Elle met au monde un fils, son premier enfant. Elle l’enveloppe dans une couverture et elle le couche dans une mangeoire . En effet, il n’y a pas de place pour eux dans la salle où logent les gens de passage. Dans la même région, il y a des bergers. Ils vivent dans les champs, et pendant la nuit, ils gardent leur troupeau. Un ange du Seigneur se présente devant eux. La gloire du Seigneur les enveloppe de lumière, alors ils ont très peur. L’ange leur dit : « N’ayez pas peur. Oui, je viens vous annoncer une bonne nouvelle qui sera une grande joie pour tout votre peuple. Aujourd’hui, dans la ville de David, un Sauveur est né pour vous. C’est le Christ, le Seigneur. Voici comment vous allez le reconnaître : vous trouverez un petit enfant enveloppé dans une couverture et couché dans une mangeoire. » Tout à coup, il y a avec l’ange une troupe nombreuse qui vient du ciel. Ils chantent la louange de Dieu : « Gloire à Dieu au plus haut des cieux, et sur la terre paix à ceux que Dieu aime ! » Ensuite, les anges quittent les bergers et retournent au ciel. Alors les bergers se disent entre eux : « Allons jusqu’à Bethléem, et voyons ce qui est arrivé, ce que le Seigneur Dieu nous a fait connaître. » Ils partent vite et ils trouvent Marie, Joseph et le petit enfant couché dans la mangeoire . Quand ils le voient, ils racontent ce que l’ange leur a dit sur cet enfant. Tous ceux qui entendent les bergers sont étonnés de leurs paroles. Marie retient tout ce qui s’est passé, elle réfléchit à cela dans son cœur. Ensuite les bergers repartent. Ils rendent gloire à Dieu et chantent sa louange pour tout ce qu’ils ont vu et entendu. En effet, tout s’est passé comme l’ange l’avait annoncé. Une semaine plus tard, c’est le moment de circoncire l’enfant. On lui donne le nom de Jésus. C’est le nom que l’ange a indiqué à Marie avant qu’elle soit enceinte. Après cela, le moment arrive où Marie et Joseph doivent faire la cérémonie de purification, comme la loi de Moïse le demande. Alors ils amènent l’enfant à Jérusalem pour le présenter au Seigneur. En effet, la loi du Seigneur dit : « Il faut donner au Seigneur le premier garçon né dans une famille. » Marie et Joseph offrent aussi le sacrifice que la loi du Seigneur demande : deux tourterelles ou deux jeunes pigeons . À Jérusalem, il y a un homme appelé Siméon. Cet homme est juste et fidèle à Dieu et il attend celui qui doit être la force du peuple d’Israël. L’Esprit Saint est avec Siméon et il lui a dit à l’avance : « Tu ne mourras pas avant de voir le Messie du Seigneur Dieu. » Alors, Siméon, poussé par l’Esprit Saint, va dans le temple. À ce moment-là, les parents de Jésus amènent leur enfant pour faire ce que la loi du Seigneur demande pour lui. Siméon prend l’enfant dans ses bras, il remercie Dieu en disant : « Maintenant, Seigneur, tu peux laisser ton serviteur mourir dans la paix, comme tu l’as dit. Oui, mes yeux ont vu le salut que tu nous donnes. Tu l’as préparé devant tous les peuples. C’est la lumière qui te fera connaître au monde entier, c’est la gloire de ton peuple Israël. » Le père et la mère de l’enfant sont étonnés de ce que Siméon dit de lui. Siméon les bénit et il dit à Marie, la mère de Jésus : « À cause de ton enfant, beaucoup en Israël vont tomber ou se relever. Il sera un signe de Dieu, mais les gens le rejetteront. Ainsi on connaîtra les pensées cachées dans le cœur de beaucoup de personnes. Et toi, Marie, la souffrance te transpercera comme une lance. »

Pataje
Li Lik 2

Lik 2:1-35 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Nan menm peryòd sa a, Seza Ogis ki te wa nan lavil Wòm te pase lòd pou yo fè yon gran resansman nan tout peyi ki fè pati teritwa li t ap dirije a. Premye gran resansman sa a te fèt nan epòk lè Kiriniyis te gouvènè nan lavil Siri. Tout moun te oblije vwayaje ale nan vil kote yo te fèt pou yo te ka mete non yo sou lis resansman an. Konsa, Jozèf te oblije kite Nazarèt tou, ti vil nan rejyon Galile a, pou l te ale nan rejyon Jide, nan yon lòt ti vil ki rele Bètleyèm, lavil wa David la. Se la Jozèf te oblije ale pou resanse, paske li te soti nan branch fanmi David. Jozèf ak Mari te resanse ansanm nan menm kote a, paske yo te gentan fiyanse. Lè sa a, Mari te gentan ansent. Pandan Jozèf ak Mari te nan lavil Bètleyèm pou resansman an, lè a te rive pou Mari akouche. Mari akouche premye pitit gason li. Li vlope l byen vlope epi li mete l kouche nan yon kote yo konn bay bèt manje. Li te mete pitit la kouche la paske pa t gen plas ankò nan otèl la. Nan menm nuit sa a, yon bann bèje te nan raje a toupre lavil Bètleyèm ap veye mouton yo. Sanzatann konsa, yon anj Senyè a parèt sou yo epi laglwa Senyè a, tankou yon gwo limyè, te klere tout kote yo te ye a. Bèje yo te pran tranble, tèlman yo te pè. Zanj lan di yo konsa: “Nou pa bezwen pè. Mwen vin anonse nou yon bòn nouvèl, sa pral pote lajwa pou tout pèp Izrayèl la. Jodi a menm, Sovè nou an fèt nan lavil David la. Se li menm Senye, Mesi yo k ap delivre nou anba tout tray nou yo. Men ki siy k ap fè nou rekonèt li: N ap jwenn yon ti bebe byen vlope epi kouche nan yon bwat an planch kote yo konn bay bèt manje.” Menm lè a, yon foul lòt anj nan syèl la, tankou yon lame, vin jwenn ak anj lan, epi yo t ap fè lwanj Bondye, yo t ap di: “Lwanj pou Bondye nan syèl la, epi kè poze sou latè pou tout moun ki fè Bondye plezi.” Apre sa, anj yo kite bèje yo, yo retounen nan syèl la. Lè sa a, bèje yo te pale youn ak lòt, yo te di: “Ann ale lavil Bètleyèm pou n al wè gwo evènman sa a Senyè a fè nou konnen an.” Konsa, yo kouri ale epi yo te jwenn Mari ak Jozèf ansanm ak ti bebe a ki te kouche nan bwat an planch kote bèt yo te konn manje a. Lè bèje yo te wè ti bebe a, yo te rakonte sa anj lan te di yo de li a. Tout moun ki t ap koute yo te sezi tande sa bèje yo te di yo. Mari menm te kenbe bagay sa yo nan tèt li. Li pa t sispann reflechi sou yo. Bèje yo te retounen kote mouton yo te ye a, yo t ap fè lwanj Bondye epi yo t ap remèsye li pou tout sa yo te wè ak sa yo te tande. Tout bagay yo te egzakteman jan anj lan te di yo a. Lè ti bebe a te gen uit jou, yo te sikonsi li, epi yo te ba l non Jezi. Se non sa a anj lan te bay depi menm anvan Mari te ansent pitit la. Lè lè a te rive pou Mari ak Jozèf te fè sa Lalwa Moyiz la te anseye sou koze pirifikasyon yo, yo mennen Jezi Jerizalèm pou yo te ka prezante l bay Senyè a. Dapre sa ki ekri nan Lalwa Senyè a: “Tout premye pitit gason ki fèt, y a mete yo apa pou Senyè a.” Yo te ofri de toutrèl osinon de jèn pijon an sakrifis, dapre sa Lalwa Senyè a te egzije tou. Vwala te gen yon nonm ki te rele Simeyon ti t ap viv nan Jerizalèm. Se te yon nonm ki te viv lavi l byen selon volonte Bondye epi li te gen krentif pou Li tou. Li t ap veye ki lè pou Mesi a te parèt vin delivre Izrayèl. Senyè a te avèk Simeyon. Sentespri a te fè l konnen l ap wè Mesi a anvan l mouri. Sentespri a pouse Simeyon ale nan tan plan. Konsa, li te la lè Mari ak Jozèf te mennen ti pitit la vini pou yo fè sa Lalwa Jwif yo te egzije. Simeyon pran ti pitit la, li kenbe li. Li beni non Bondye. Li di: “Kounye a, Senyè, ou mèt kite sèvitè ou mouri nan lapè, jan ou te pwomèt mwen an. Paske mwen wè ak pwòp je mwen sa ou ap fè pou delivre pèp ou a. Ou prepare l mete devan je tout pèp yo. Li se yon limyè k ap klere pou montre chemen w lan devan nasyon moun ki pa Jwif yo. Se li menm tou k ap fè lonè Izrayèl, pèp ou a.” Papa Jezi ansanm ak manman l te sezi tande bagay Simeyon t ap di de li yo. Apre sa, Simeyon beni yo epi li di Mari konsa: “Gade non, ou wè ti pitit sa a, l ap lakòz anpil moun tonbe, men, l ap lakòz anpil lòt moun leve tou nan pami pèp Izrayèl la. Bondye ap sèvi ak li pou avèti moun konsènan sa k pral rive nan tan k ap vini yo. Men anpil moun ap kanpe an kwa devan l. Konsa, l ap devwale sekrè ki kache nan kè anpil moun. Kanta pou ou menm, sa k gen pou rive ti pitit sa a ap fè w soufri anpil, se kòmsi se yon kouto ki t ap fann kè w.”

Pataje
Li Lik 2

Lik 2:1-35 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

En ce temps-là, l’empereur Auguste publia un édit qui ordonnait le recensement de tous les habitants de l’Empire. Ce recensement, le premier du genre, eut lieu à l’époque où Quirinius était gouverneur de la province de Syrie. Tout le monde allait se faire recenser, chacun dans la localité dont il était originaire. C’est ainsi que Joseph, lui aussi, partit de Nazareth et monta de la Galilée en Judée, à Bethléhem, la ville de David : il appartenait, en effet, à la famille de David. Il s’y rendit pour se faire recenser avec Marie, sa fiancée, qui attendait un enfant. Or, durant leur séjour à Bethléhem, arriva le moment où Marie devait accoucher. Elle mit au monde un fils : son premier-né. Elle lui mit des langes et le coucha dans une mangeoire parce qu’il n’y avait pas de place pour eux dans la pièce réservée aux hôtes. Dans les champs environnants, des bergers passaient la nuit pour garder leurs troupeaux. Un ange du Seigneur leur apparut et la gloire du Seigneur resplendit autour d’eux. Une grande frayeur les saisit. Mais l’ange leur dit : N’ayez pas peur : je vous annonce une nouvelle qui sera pour tout le peuple le sujet d’une très grande joie. Un Sauveur vous est né aujourd’hui dans la ville de David ; c’est lui le Messie, le Seigneur. Et voici à quoi vous le reconnaîtrez : vous trouverez un nouveau-né dans ses langes et couché dans une mangeoire. Et tout à coup apparut, aux côtés de l’ange, une multitude d’anges de l’armée céleste qui chantaient les louanges de Dieu : Gloire à Dieu au plus haut des cieux ! Et paix sur la terre aux hommes qu’il aime. Quand les anges les eurent quittés pour retourner au ciel, les bergers se dirent l’un à l’autre : Allons donc jusqu’à Bethléhem pour voir ce qui est arrivé, ce que le Seigneur nous a fait connaître. Ils se dépêchèrent donc d’y aller et trouvèrent Marie et Joseph avec le nouveau-né couché dans une mangeoire. Quand ils le virent, ils racontèrent ce qui leur avait été dit au sujet de cet enfant. Tous ceux qui entendirent le récit des bergers en furent très étonnés. Marie, elle, conservait le souvenir de toutes ces paroles et y repensait souvent. Les bergers s’en retournèrent, glorifiant et louant Dieu au sujet de tout ce qu’ils avaient vu et entendu : c’était bien ce que l’ange leur avait annoncé. Lorsque, huit jours plus tard, arriva le moment de circoncire l’enfant, on lui donna le nom de Jésus : c’était le nom que l’ange avait indiqué avant qu’il fût conçu. Puis, une fois passé le temps prescrit par la Loi de Moïse pour leur purification, les parents de Jésus l’emmenèrent à Jérusalem pour le présenter au Seigneur. En effet, il est écrit dans la Loi du Seigneur : Tout garçon premier-né sera consacré au Seigneur . Ils venaient aussi offrir le sacrifice requis par la Loi du Seigneur : une paire de tourterelles ou deux jeunes pigeons. Il y avait alors, à Jérusalem, un homme appelé Siméon. C’était un homme juste et pieux ; il vivait dans l’attente de la consolation d’Israël, et le Saint-Esprit reposait sur lui. L’Esprit Saint lui avait révélé qu’il ne mourrait pas avant d’avoir vu le Messie, l’Envoyé du Seigneur. Poussé par l’Esprit, il vint au Temple. Quand les parents de Jésus apportèrent le petit enfant pour accomplir les rites qu’ordonnait la Loi, Siméon le prit dans ses bras et loua Dieu en disant : Maintenant, Seigneur, ╵tu laisses ton serviteur s’en aller en paix : ╵tu as tenu ta promesse ; car mes yeux ont vu ╵le salut qui vient de toi, et que tu as suscité ╵en faveur de tous les peuples : il est la lumière ╵ pour éclairer les nations , il sera la gloire ╵d’Israël ton peuple. Le père et la mère de Jésus étaient émerveillés de ce qu’il disait de lui. Siméon les bénit et dit à Marie, sa mère : Sache-le : cet enfant est destiné à être, pour beaucoup en Israël, une occasion de chute ou de relèvement. Il sera un signe qui suscitera la contradiction : ainsi seront dévoilées les pensées cachées de bien des gens. Quant à toi, tu auras le cœur comme transpercé par une épée.

Pataje
Li Lik 2