Lik 19:1-10
Lik 19:1-10 1998 Haïtienne (HAT98)
Jezi antre Jeriko, li t'ap travèse lavil la. Te gen yon nonm nan lavil la yo rele Zache. Li te chèf pèseptè kontribisyon yo, se te yon nonm rich. Li t'ap chache wè ki moun Jezi ye. Men, li te yon nonm ti tay. Akòz foul moun yo, li pat kapab rive wè li. Li pran kouri devan. Li moute sou yon pye sikomò pou l wè Jezi ki te gen pou l te pase bò la. Lè Jezi rive la, li leve je l anlè, li di l: — Zache, fè vit desann. Fòk mwen fè ladesant lakay ou jòdi a. Zache prese desann, li resevwa Jezi ak kè kontan. Lè yo wè sa, tout moun pran babye, yo t'ap di: — Men nonm lan fè ladesant kay yon nonm ki plen peche. Zache leve kanpe, li di Jezi konsa: — Koute, Mèt. Mwen pral bay pòv mwatye tout byen mwen genyen. Si mwen te twonpe yon moun pou m pran lajan l, mwen pral rann li kat fwa lavalè. Jezi di li: — Jòdi a, kay sa a delivre paske nonm sa a se yon pitit Abraram li ye tou. Moun Bondye voye nan lachè a vin chache sa ki te pèdi pou l delivre yo.
Lik 19:1-10 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Jésus entre dans Jéricho et il traverse la ville. Là, il y a un homme appelé Zachée. C’est le chef des employés des impôts. Il est riche. Il cherche à voir qui est Jésus, mais il ne le peut pas. En effet, il y a beaucoup de monde et Zachée est petit. Il court devant et il monte sur un arbre pour voir Jésus qui va passer par là. Quand Jésus arrive à cet endroit, il lève les yeux et il dit à Zachée : « Zachée, descends vite ! Aujourd’hui, je dois m’arrêter chez toi ! » Alors Zachée descend vite et il reçoit Jésus avec joie. Tous ceux qui voient cela critiquent Jésus et disent : « Voilà que Jésus s’arrête chez un pécheur ! » Mais Zachée, debout, dit au Seigneur : « Écoute, Seigneur ! Je vais donner la moitié de mes richesses aux pauvres. Et si j’ai pris trop d’argent à quelqu’un, je vais lui rendre quatre fois plus ! » Alors Jésus lui dit : « Aujourd’hui, Dieu a sauvé les gens de cette maison. Oui, Zachée aussi est de la famille d’Abraham ! En effet, le Fils de l’homme est venu chercher et sauver ce qui était perdu. »
Lik 19:1-10 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Jezi antre Jeriko. Li t ap mache atravè vil la. Vwala te gen yon nonm nan vil Jeriko a yo te rele Zache. Se te youn nan chèf pèseptè kontribisyon yo epi li te rich. Zache te vle wè kilès ki Jezi a, men li te difisil pou li poutèt foul la, paske Zache te kout anpil. Zache kouri pran devan foul la, l al monte sou yon pye sikomò pou l ka wè Jezi, paske se la menm Jezi t apral pase. Lè Jezi rive kote Zache te ye a, li leve tèt li anlè, li di l: “Zache, prese desann, paske jodi a fòk mwen pase lakay ou.” Zache desann san pèdi tan epi li resevwa Jezi lakay li ak kè kontan. Tout moun ki te wè sa te tonbe babye. Yo di: “Gade ak ki kalite moun li pran pa. Li fè ladesant lakay yon moun k ap viv nan peche.” Zache leve kanpe, li di Jezi konsa: “Mèt, m pral bay pòv mwatye nan tout byen mwen yo. Si m te pran yon bagay mal nan men nenpòt moun, m ap peye l kat fwa lavalè.” Lè sa Jezi di Zache: “Jodi a se jou pou fanmi ki nan kay sa a delivre anba peche yo. Se vre wi, paske menm pèseptè kontribisyon sa se yon pitit Abraram tou. Pitit Lòm nan vini pou l chache epi sove moun ki pèdi yo.”
Lik 19:1-10 New International Version (NIV)
Jesus entered Jericho and was passing through. A man was there by the name of Zacchaeus; he was a chief tax collector and was wealthy. He wanted to see who Jesus was, but because he was short he could not see over the crowd. So he ran ahead and climbed a sycamore-fig tree to see him, since Jesus was coming that way. When Jesus reached the spot, he looked up and said to him, “Zacchaeus, come down immediately. I must stay at your house today.” So he came down at once and welcomed him gladly. All the people saw this and began to mutter, “He has gone to be the guest of a sinner.” But Zacchaeus stood up and said to the Lord, “Look, Lord! Here and now I give half of my possessions to the poor, and if I have cheated anybody out of anything, I will pay back four times the amount.” Jesus said to him, “Today salvation has come to this house, because this man, too, is a son of Abraham. For the Son of Man came to seek and to save the lost.”
Lik 19:1-10 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Jésus entra dans la ville de Jéricho et la traversa. Or, il y avait là un nommé Zachée. Il était chef des collecteurs d’impôts, et riche. Il cherchait à voir qui était Jésus, mais il ne le pouvait pas à cause de la foule, car il était petit. Alors il courut en avant et grimpa sur un sycomore pour voir Jésus qui devait passer par là. Lorsque Jésus fut parvenu à cet endroit, il leva les yeux et l’interpella : Zachée, dépêche-toi de descendre, car c’est chez toi que je dois aller loger aujourd’hui. Zachée se dépêcha de descendre et reçut Jésus avec joie. Quand les gens virent cela, il y eut un murmure d’indignation. Ils disaient : Voilà qu’il s’en va loger chez ce pécheur ! Mais Zachée se présenta devant le Seigneur et lui dit : Seigneur, je donne la moitié de mes biens aux pauvres et, si j’ai pris trop d’argent à quelqu’un, je lui rends quatre fois plus. Jésus lui dit alors : Aujourd’hui, le salut est entré dans cette maison, parce que cet homme est, lui aussi, un fils d’Abraham. Car le Fils de l’homme est venu chercher et sauver ce qui était perdu.