Lik 13:22-30
Lik 13:22-30 1998 Haïtienne (HAT98)
Jezi t'ap moute lavil Jerizalèm, li t'ap pase nan anpil lavil ak anpil bouk. Sou tout wout la, li t'ap moutre moun yo anpil bagay. Yon moun mande li: — Mèt, eske se de twa moun sèlman k'ap sove? Li reponn yo: — Fè jefò pou n antre nan pòt jis la. Paske, m'ap di nou sa, anpil moun va seye antre, yo p'ap kapab. Mèt kay la gen pou l leve fèmen pòt la. Lè sa a, nou menm n'a deyò. N'a konmanse frape nan pòt la. N'a di: Mèt, Mèt, louvri pou nou! L'a reponn nou: Mwen pa konnen ki bò nou sòti. Lè sa a n'a di: Nou te manje, nou te bwè ansanm avè ou, ou te moutre nou anpil bagay nan tout lari lakay nou. Men, l'a reponn nou: Mwen di nou, mwen pa konnen ki bò nou sòti. Wete kò nou sou mwen, nou tout k'ap fè sa ki mal. Lè n'a wè Abraram, Izarak, Jakòb ak tout pwofèt yo nan bèl peyi kote Bondye Wa a, epi nou menm nou deyò, se lè sa a va gen rèl, se lè sa a moun va manje dan yo. Moun va sòti nan peyi solèy leve ak nan peyi solèy kouche, y'a sòti nan nò ak nan sid, y'a chita sou tab nan bèl peyi kote Bondye Wa a. Lè sa a, nan moun ki dèyè nèt kounyeya, genyen k'ap pase devan. Nan moun ki devan kounyeya, genyen k'ap rete dèyè.
Lik 13:22-30 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Jésus va dans les villes et les villages, et il enseigne. Il marche vers Jérusalem. Quelqu’un lui demande : « Seigneur, est-ce que Dieu va sauver seulement un petit nombre de gens ? » Jésus répond à tous : « Faites des efforts pour entrer par la porte étroite. Oui, je vous le dis, beaucoup de gens essaieront d’entrer et ils ne pourront pas. « Le moment viendra où le maître de maison se lèvera et il fermera la porte. Vous, vous serez dehors. Vous vous mettrez à frapper à la porte en disant : “Maître, ouvre-nous !”, mais il vous répondra : “Je ne sais pas qui vous êtes !” Alors vous lui direz : “Nous avons mangé et bu avec toi. Tu as enseigné dans les rues de nos villes.” Mais il vous dira encore : “Je ne sais pas qui vous êtes. Allez-vous-en loin de moi, vous tous qui faites le mal !” Alors vous pleurerez et vous grincerez des dents . En effet, vous verrez Abraham, Isaac et Jacob et tous les prophètes, dans le Royaume de Dieu. Mais vous, on vous mettra dehors ! Des gens viendront de l’est, de l’ouest, du nord et du sud. Ils prendront le grand repas dans le Royaume de Dieu. Maintenant, il y a des gens qui sont les derniers : ils seront les premiers. Maintenant, il y a des gens qui sont les premiers : ils seront derniers. »
Lik 13:22-30 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Jezi te kontinye ap anseye nan tout vil yo ak bouk yo. Konsa konsa, li t ap pwoche pi pre lavil Jerizalèm. Yon moun poze Jezi kesyon sa a: “Mèt, èske se kèk grenn moun sèlman k ap sove?” Jezi reponn yo: “Fè jefò pou nou antre nan pòt syèl la ki jis anpil, paske m ap di nou sa, anpil moun ap chache mwayen antre ladan l men yo p ap kapab. Lè mèt kay la gentan leve fèmen pòt li, si ou vin kanpe dèyè pòt la ap frape, li p ap ouvè pou ou. Ou mèt te di: Mèt, mèt, louvri pou nou, l ap reponn nou: Mwen pa konnen nou. M pa konn kote nou soti. Lè sa a, n a di: nou te manje, nou te bwè ansanm ak ou, ou te anseye anpil bagay nan tout lari nan bouk nou yo. Li menm l a reponn nou: Mwen pa konnen nou. Mwen pa menm konnen ki kote nou soti. Retire nou devan mwen, bann moun k ap fè move zak! Lè n a wè Abraram, Izaak, Jakòb ansanm ak tout pwofèt yo nan Wayòm Bondye a epi nou menm yo voye nou jete deyò, kote ki pral genyen anpil dlo nan je ak manje dan. Moun ap soti alès kòm alwès, y ap soti nan nò ak nan sid pou vin manje sou tab nan Wayòm Bondye a. Gen moun ki nan dènye plas nan lavi sa a k ap nan premye plas nan Wayòm Bondye a. Gen moun ki nan premye plas nan lavi sa a k ap nan dènye plas nan Wayòm Bondye a.”
Lik 13:22-30 New International Version (NIV)
Then Jesus went through the towns and villages, teaching as he made his way to Jerusalem. Someone asked him, “Lord, are only a few people going to be saved?” He said to them, “Make every effort to enter through the narrow door, because many, I tell you, will try to enter and will not be able to. Once the owner of the house gets up and closes the door, you will stand outside knocking and pleading, ‘Sir, open the door for us.’ “But he will answer, ‘I don’t know you or where you come from.’ “Then you will say, ‘We ate and drank with you, and you taught in our streets.’ “But he will reply, ‘I don’t know you or where you come from. Away from me, all you evildoers!’ “There will be weeping there, and gnashing of teeth, when you see Abraham, Isaac and Jacob and all the prophets in the kingdom of God, but you yourselves thrown out. People will come from east and west and north and south, and will take their places at the feast in the kingdom of God. Indeed there are those who are last who will be first, and first who will be last.”
Lik 13:22-30 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Jésus traversait ainsi les villes et les villages ; il y enseignait, tout en se dirigeant vers Jérusalem. Quelqu’un lui demanda : Seigneur, n’y a-t-il qu’un petit nombre de gens qui seront sauvés ? Il répondit en s’adressant à tous ceux qui étaient là : Faites tous vos efforts pour entrer par la porte étroite, car nombreux sont ceux qui chercheront à entrer et n’y parviendront pas. Dès que le maître de la maison se sera levé et qu’il aura fermé la porte à clé, si vous êtes restés dehors, vous aurez beau frapper à la porte en suppliant : « Seigneur, Seigneur, ouvre-nous ! » il vous répondra : « Je ne sais pas d’où vous venez. » Alors vous direz : « Mais nous étions à table avec toi, nous avons mangé et bu sous tes yeux. Tu as enseigné dans nos rues… » Il vous répondra : « Je ne sais pas d’où vous venez. Allez-vous-en, vous qui commettez le mal. » C’est là qu’il y aura des pleurs et d’amers regrets, quand vous verrez Abraham, Isaac et Jacob et tous les prophètes dans le royaume de Dieu, tandis que vous-mêmes vous en serez exclus. Des hommes viendront de l’Orient et de l’Occident, du Nord et du Midi, et prendront place à table dans le royaume de Dieu. Alors, certains de ceux qui sont les derniers seront les premiers ; et certains de ceux qui sont les premiers seront les derniers.