Lik 10:1-14

Lik 10:1-14 1998 Haïtienne (HAT98)

Apre sa, Senyè a chwazi swasanndis lòt disip. Li voye yo devan l de pa de nan tout lavil ak tout kote li menm li te gen pou l ale. Li di yo: — Rekòt la anpil, men pa gen ase travayè pou ranmase li. Mande mèt jaden an pou l voye travayè nan jaden l lan. Ale: m'ap voye nou tankou ti mouton nan mitan chen mawon. Pa pote ni lajan, ni manje, ni soulye. Pa rete nan di pèsonn bonjou nan chemen an. Lè nou antre nan yon kay, premye bagay pou nou di: Benediksyon pou tout moun ki nan kay la. Si gen yon moun ki ka resevwa benediksyon an, benediksyon an va desann sou li. Si pa genyen, benediksyon an va tounen vin jwenn ou. Rete nan kay sa a. Manje, bwè tou sa y'a ban nou, paske moun ki travay merite pou yo peye l lajan travay li. Pa sòti nan yon kay pou al rete nan yon lòt. Lè nou antre nan yon vil, si yo resevwa nou, manje sa yo ban nou. Geri moun malad ki nan lavil la, di tout moun yo: Gouvènman Bondye a rive toupre nou. Men, lè nou antre nan yon lavil, si yo pa resevwa nou, mache nan tout lari, di yo konsa: Men n'ap souke pousyè lavil nou an ki te kole anba pye nou, nou fini ak nou. Tansèlman, konnen byen: Gouvènman Bondye a te rive toupre nou. M'ap di nou sa: Jou jijman an, y'ap pini lavil sa a pi rèd pase lavil Sodòm. — Malè pou nou, moun lavil Korazen! Malè pou nou tou, moun lavil Betsayda! Paske si mirak ki fèt nan mitan nou yo, se nan mitan moun Tir yo ak moun Sidon yo te fèt, gen lontan moun sa yo ta chita plat atè, yo ta mete rad tristès yo sou yo, yo ta kouvri kò yo ak sann pou fè wè yo repanti vin jwenn Bondye. Se poutèt sa, jou jijman an, y'a pini nou pi rèd pase moun lavil Tir ak moun lavil Sidon.

Pataje
Li Lik 10

Lik 10:1-14 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Après cela, le Seigneur choisit 72 autres disciples. Il les envoie deux par deux devant lui, dans toutes les villes et tous les endroits où lui-même doit aller. Il leur dit : « Il y a une grande récolte à faire, mais les ouvriers ne sont pas assez nombreux. Demandez donc au propriétaire de la récolte d’envoyer encore des ouvriers pour faire sa récolte. Allez ! Je vous envoie comme des agneaux au milieu des loups. N’emportez pas d’argent, pas de sac, pas de sandales. Sur le chemin, ne vous arrêtez pas pour saluer les gens. « Quand vous entrez dans une maison, dites d’abord : “Paix à cette maison !” Si un ami de la paix habite là, votre paix restera avec lui, sinon, elle reviendra à vous. Restez dans cette maison, mangez et buvez ce qu’on vous donne. En effet, l’ouvrier doit recevoir un salaire. Ne passez pas de maison en maison. Quand vous entrez dans une ville où les habitants vous reçoivent, mangez ce qu’on vous présente. Guérissez les malades qui sont là et dites à tous : “Maintenant le Royaume de Dieu est près de vous !” Mais quand vous entrez dans une ville où les habitants ne vous reçoivent pas, allez sur les places publiques et dites aux gens : “Nous enlevons même la poussière de votre ville qui est collée sous nos pieds, et nous vous la rendons ! Mais vous devez le savoir : le Royaume de Dieu est tout près de vous.” Oui, je vous le dis, le jour où Dieu jugera les gens, il sera moins sévère avec les habitants de Sodome qu’avec les habitants de cette ville ! » « Quel malheur pour toi, ville de Corazin ! Quel malheur pour toi, ville de Bethsaïda ! C’est chez vous que Dieu a fait des choses extraordinaires, et non à Tyr et à Sidon. S’il avait fait ces choses là-bas, leurs habitants auraient changé leur vie depuis longtemps. Ils l’auraient montré en prenant des sacs pour s’habiller et en mettant de la cendre sur leur corps ! C’est pourquoi le jour où Dieu jugera les gens, il sera moins sévère avec les habitants de Tyr et de Sidon qu’avec vous !

Pataje
Li Lik 10

Lik 10:1-14 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Apre tout bagay sa yo, Senyè a chwazi swasanndouz lòt moun ankò nan pami moun ki t ap swiv li yo. Li voye yo de pa de ale nan tout vil ak tout bouk kote li planifye apre pou l ale. Li di yo: “Rekòt la anpil, men pa gen anpil ouvriye. Se poutèt sa, mande mèt rekòt la pou l voye ouvriye pou ranmase rekòt la. Nou mèt ale. Men, tande byen wi, m ap voye nou tankou ti mouton nan mitan bèt sovaj. Pa pote bous. Pa pote sak pou pwovizyon osinon sandal derechany. Pa rete kanpe nan wout ap di moun bonjou nonplis. Lè nou antre nan yon kay kèlkonk, premye bagay pou nou di se: Lapè Bondye sou kay sa a. Si moun nan kay la se moun ki renmen lapè, alò lapè ap rete sou li. Men tou, si moun nan se pa moun ki renmen lapè, alò lapè a ap retounen pou ou. Se pou nou rete nan kay moun ki renmen lapè a. Manje, bwè ansanm avèk yo tout sa yo ban nou, paske moun ki travay merite salè li. Pa plede ap pwonmennen rete nan plizyè kay. Si nou antre nan yon vil epi moun yo byen resevwa nou, manje nenpòt manje yo ofri nou pou n manje. Geri moun malad yo nan vil la, epi di tout moun yo: Wayòm Bondye a rive sou nou! Men, si nou antre nan yon vil, yo pa resevwa nou, soti al kanpe nan mitan lari a epi di: Ata pousyè lavil nou an ki te kole nan sandal nou, nou souke yo kont nou. Men, konnen byen wayòm Bondye a rive sou nou. M ap di nou sa: nan jou jijman an, bagay la ap pi rèd pou moun lavil sa pase pou moun Sodòm. Malè pou nou Jwif nan lavil Korazen, malè pou nou Jwif nan lavil Bètsayida. Si m te fè menm mirak sa yo nan mitan Tir ak Sidon ki se vil payen, bagay la t ap diferan. Yo t ap kwè se Bondye Papa a ki voye m, epi yo t ap chanje lavi yo. Tann dat moun sa yo t ap gentan sispann fè peche. Yo t ap tèlman regrèt peche yo, yo t ap mete rad sak sou yo. Yo t ap chita nan sann pou montre toutbon vre yo vle chanje. Men nan jou jijman an, bagay la ap pi rèd pou nou pase pou moun Tir ak Sidon.

Pataje
Li Lik 10

Lik 10:1-14 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Après cela, le Seigneur choisit encore soixante-douze autres disciples et les envoya deux par deux, pour le précéder dans toutes les villes et les localités où il devait se rendre. Il leur disait : La moisson est abondante, mais les ouvriers peu nombreux. Priez donc le Seigneur à qui appartient la moisson d’envoyer des ouvriers pour moissonner. Allez : je vous envoie comme des agneaux au milieu des loups. N’emportez ni bourse, ni sac de voyage, ni sandales, et ne vous attardez pas en chemin pour saluer les gens. Lorsque vous entrerez dans une maison, dites d’abord : « Que la paix soit sur cette maison. » Si un homme de paix y habite, votre paix reposera sur lui. Si ce n’est pas le cas, elle reviendra à vous. Restez dans cette maison-là, prenez la nourriture et la boisson que l’on vous donnera, car « l’ouvrier mérite son salaire ». Ne passez pas d’une maison à l’autre pour demander l’hospitalité. Dans toute ville où vous irez et où l’on vous accueillera, mangez ce que l’on vous offrira, guérissez les malades qui s’y trouveront et dites aux gens : « Le royaume de Dieu est proche de vous. » Mais dans toute ville où vous entrerez et où l’on ne voudra pas vous recevoir, allez sur la place publique et dites : « La poussière de votre ville qui s’est attachée à nos pieds, nous la secouons contre vous. Sachez pourtant ceci : le royaume de Dieu est proche. » Je vous assure qu’au jour du jugement, Sodome sera traitée avec moins de rigueur que cette ville-là. Malheur à toi, Chorazin! Malheur à toi, Bethsaïda ! car si les miracles qui se sont produits au milieu de vous avaient eu lieu à Tyr et à Sidon, il y a longtemps que leurs habitants auraient changé et l’auraient manifesté en revêtant des habits de toile de sac et en se couvrant de cendre. C’est pourquoi, au jour du jugement, ces villes seront traitées avec moins de rigueur que vous.

Pataje
Li Lik 10