Lik 1:5-80

Lik 1:5-80 1998 Haïtienne (HAT98)

Nan tan Ewòd te wa nan peyi Jide a, te gen yon prèt yo te rele Zakari. Li te fè pati gwoup prèt Abiya yo. Madanm li te rele Elizabèt: se te yon moun ras Arawon, ansyen granprèt la. Yo tou de te mache dwat devan Bondye, yo t'ap swiv kòmandman Mèt la ansanm ak tout lalwa a san okenn repwòch. Men, yo pat gen pitit paske Elizabèt pat kapab fè pitit. Yo tou de te fin vye granmoun. Yon jou, Zakari te desèvis devan Bondye, paske se te tou pa gwoup pa li a. Dapre koutim sèvis la, yo te fè tirajosò pou chwazi yonn nan prèt yo pou antre nan tanp Mèt la pou ofri lansan an. Twouve se Zakari ki te soti. Tout mas pèp la t'ap lapriyè deyò, antan Zakari menm te anndan ap ofri lansan an. Vwala, yon zanj Bondye parèt devan Zakari. Li te kanpe sou bò dwat lotèl kote yo boule lansan an. Lè Zakari wè l, li sezi. Li te pè anpil. Men zanj lan di li: — Pa pè, Zakari. Bondye te tande lapriyè ou la. Elizabèt, madanm ou, pral ba ou yon pitit gason. Ou va rele l Jan. Ala kontan w'a kontan lè pitit sa a va fèt! Anpil lòt moun va kontan tou lè sa a. Bondye, Mèt la, ap ba li anpil enpòtans. Li p'ap bwè ni diven ni okenn lòt alkòl. Depi nan vant manman li, l'ap anba pouvwa Sentespri. L'ap fè anpil moun nan pèp Izrayèl la tounen vin jwenn Mèt la, Bondye yo a. L'ap mache devan Bondye nan menm lespri ak menm pouvwa pwofèt Eli te genyen an. L'ap fè papa vin byen ankò ak pitit. L'ap fè moun ki rebèl rive gen konprann tankou moun k'ap obeyi Bondye, l'ap pare yon pèp byen dispoze pou resevwa Mèt la. Zakari di zanj lan konsa: — Ki jan pou m fè kwè sa w'ap di m la a se vre? Ala mwen fin vye, madanm mwen fin vye granmoun tou. Zanj lan reponn li: — Mwen se Gabriyèl ki toujou kanpe nan sèvis devan Bondye. Se Bondye menm ki voye m pale avè ou, pou m pote bòn nouvèl sa a ba ou. Men, paske ou pa kwè sa m' di a, ou pral bèbè, ou p'ap ka pale jouk bagay sa yo rive. Tout tan sa a, pèp la menm t'ap tann Zakari. Yo te sezi wè jan l te mize nan tanp lan. Men, lè Zakari sòti, li pat kapab pale avèk yo. Lè sa a yo vin konprann li te gen yon vizyon nan tanp lan. Li t'ap fè yo yon bann siy ak men l, men li pat kapab pale. Lè tan sèvis li fini, Zakari tounen lakay li. Kèk tan apre sa, Elizabèt, madanm li, vin ansent. Li fè senk mwa kache lakay. Li t'ap di: — Gade sa Mèt la fè pou mwen non! Se kounyeya sa fè l plezi pou l wete dezonè m devan lèzòm. Sou sizyèm mwa gwosès Elizabèt, Bondye voye zanj Gabriyèl zòn Galile nan vil Nazarèt. Bondye te voye l kay yon jennfi ki te fyanse ak yon nonm yo rele Jozèf. Jozèf sa a, se te moun ras David. Yo te rele jennfi a Mari. Zanj lan antre lakay Mari, li di li: — Bonjou, Mari, ou menm ki resevwa anpil favè. Mèt la avèk ou. Lè Mari tande pawòl sa yo, tèt li te boulvèse, li t'ap mande nan kè l kisa bonjou sa a te vle di. Men, zanj lan di li: — Pa pè, Mari. Ou jwenn favè nan men Bondye. Ou pral vin ansent, ou va fè yon pitit gason. W'a rele l Jezi. Y'ap ba li anpil konsiderasyon, y'a rele li Pitit Bondye ki nan syèl la. Mèt la, Bondye nou an, va fè li wa tankou David, granpapa li. L'a gouvènen pèp Izrayèl la pou tout tan, gouvènman l lan p'ap janm fini. Mari di zanj lan konsa: — Ki jan sa pral fè rive? Ala mwen poko janm konn gason! Zanj lan reponn li: — Sentespri a pral vin sou ou. Pouvwa Bondye ki anwo nan syèl la pral kouvri ou tankou yon lonbray. Se pou sa tou, tipitit ki pral fèt la pral viv apa pou Bondye, y'a rele l Pitit Bondye. Ou konnen Elizabèt, fanmi ou lan? Atout li fin vye a, men l ansent yon pitit gason. Yo te di l pat kapab fè pitit, men li deja sou sis mwa gwosès. Tou sa rive paske pa gen anyen Bondye pa ka fè. Mari di li: — Men mwen, se sèvant Mèt la mwen ye. Mwen swate pou sa rive m jan ou di a. Epi zanj lan kite li. Yon ti bout tan apre sa, Mari leve bridsoukou, li met deyò. Li pran wout mòn zòn Jide. Li antre lakay Zakari, li di Elizabèt bonjou. Lè Elizabèt tande boujou Mari di li a, pitit la pran jwe kò li nan vant li, sitèlman li kontan. Lamenm, Elizabèt vin anba pouvwa Sentespri. Li pran pale byen fò, li di konsa: — Nan tout fanm ki sou latè, ou menm ou se yon fanm Bondye beni anpil. Pitit ki nan vant ou a tou Bondye beni li. Kisa m ye menm, pou manman Mèt mwen vin rann mwen vizit? Gade! Bonjou a poko menm rive nan zòrèy mwen, pitit la gentan pran brase kò li nan vant mwen, tèlman li kontan. Ou se yon fanm beni! Paske, ou te kwè tout pawòl Mèt la voye di ou yo gen pou rive vre. Lè sa a, Mari di: Kite m' chante pou Mèt ki gen tout pouvwa a. Lespri m pran plezi nan Bondye ki delivrans mwen. Paske li voye je l sou mwen, yon sèvant ki soumèt devan li. Wi, depi kounyeya, epi pou tout tan, tout moun pral di: Ou se yon fanm Bondye beni! Paske Bondye ki gen tout pouvwa a fè anpil bèl bagay pou mwen. Non li, se yon non pou tout moun respekte. L'ap toujou gen pitye pou tout moun ki gen krentif pou li. Li fè lèzòm santi fòs ponyèt li. Li fè moun ki gen lògèy ak gwo lide nan kè yo pèdi tèt yo. Li desann chèf ki te byen chita nan fòtèy yo. Li leve moun ki pa gen pretansyon yo. Li bay moun ki grangou yo anpil byen. Li voye rich yo ale san anyen. Li vin pote sekou bay pèp Izrayèl k'ap sèvi l la. Li pa bliye fè wè jan li toujou gen kè sansib, pou Abraram ansanm ak tout ras li a, dapre pwomès li te fè zansèt nou yo. Mari pase twa mwa konsa ak Elizabèt. Apre sa, li tounen lakay li. Lè jou pou Elizabèt akouche a rive, li fè yon pitit gason. Vwazinay ak fanmi l yo vin konnen jan Mèt la te fè Elizabèt yon gwo favè. Yo te kontan pou li. Sou wit jou, yo te vin pou sikonsi pitit la. Yo te vle rele l Zakari, menm non ak papa li. Men, manman l di yo: — Non, se Jan pou l rele. Yo di l konsa: — Men, pa gen pèsonn nan fanmi ou ki rele Jan. Yo fè papa a siy pou mande l ki non li ta vle bay pitit la. Zakari mande yon bagay pou l'ekri, epi li ekri pawòl sa yo: — Se Jan ki non li. Tout moun te sezi. Menm lè a bouch li louvri, lang li lage, li t'ap pale, li t'ap chante pou Bondye byen fò. Tout moun ki te nan vwazinay la te pè. Nouvèl la t'ap mache bouch an bouch nan tout mòn Jide a. Tout moun ki te tande pawòl sa yo t'ap kalkile nan kè yo. Yonn t'ap di lòt: — Kisa pitit sa a pral ye menm? Pouvwa Bondye a te avèk ti pitit la tout bon vre. Zakari, papa Jan, vin anba pouvwa Sentespri. Latou, li pran fè konnen pawòl Bondye te mete nan bouch li: Ann chante pou Mèt la, Bondye pèp Izrayèl la. Paske, li vin sove pèp li a, li delivre yo anba esklavaj. Li voye yon moun avèk gwo pouvwa pou delivre nou. Se nan laras David, sèvitè Bondye a, li sòti. Se sa menm Bondye te fè konnen nan bouch pwofèt li yo depi nan tan lontan. Li te pwomèt li t'ap delivre nou anba lènmi nou yo, ak anba tout moun ki rayi nou yo. Se konsa l'a gen pitye pou zansèt nou yo. Li chonje kontra li menm Bondye te pase ak yo a. Dapre sèman li te fè bay Abraram, zansèt nou an. Li te di l konsa: Lè la fin delivre nou anba lènmi nou yo, la fè nou sèvi l san nou p'ap bezwen pè. Wi, l'a fè nou viv apa pou Bondye, l'a fè nou mache dwat devan li chak jou nan lavi nou. — Kanta ou menm, pitit mwen, y'a rele ou: Pwofèt Bondye ki anwo nan syèl la. Paske, w'a pran devan Mèt la pou pare chemen an pou li. Ou pral moutre pèp la ki jan l'ap delivre yo, ki jan l'ap padonnen peche yo. Tou sa, paske Bondye nou an gen kè sansib, li renmen nou anpil. L'ap fè yon limyè sòti anwo vin klere nou tankou solèy k'ap leve. Li gen pou l klere tout moun k'ap viv nan fènwa ak nan lonbray lanmò. Li gen pou l fè nou mache nan chemen k'ap ban nou kè poze a. Ti pitit la menm t'ap grandi, lespri l t'ap devlope. Li te rete nan dezè a jouk jou pou l te parèt an piblik devan pèp Izrayèl la.

Pataje
Li Lik 1

Lik 1:5-80 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Au moment où Hérode le Grand est roi de Judée, il y a un prêtre appelé Zakarie. Il fait partie de la famille d’Abia, une famille de prêtres. Sa femme appartient au clan d’Aaron et elle s’appelle Élisabeth. Tous les deux sont justes devant Dieu, ils obéissent parfaitement aux lois et aux commandements du Seigneur. Ils n’ont pas d’enfant parce qu’Élisabeth ne peut pas en avoir, et ils sont déjà vieux tous les deux. Un jour, Zakarie fait son travail de prêtre dans le temple de Dieu parce que c’est le tour de sa famille. Selon la coutume des prêtres, on choisit quelqu’un pour entrer dans le lieu saint du Seigneur. Et ce jour-là, c’est Zakarie qui entre pour offrir l’encens. Tout le peuple de Dieu prie dehors au moment où on brûle l’encens. Alors un ange du Seigneur se montre à Zakarie. L’ange se tient à droite de l’autel où on brûle l’encens. Quand Zakarie le voit, il est ému et il a très peur, mais l’ange lui dit : « N’aie pas peur, Zakarie. Oui, Dieu a entendu ta prière. Élisabeth, ta femme, te donnera un fils, tu l’appelleras Jean. Alors tu seras rempli de bonheur et de joie, et quand ton fils naîtra, beaucoup d’autres personnes seront dans la joie. En effet, il sera quelqu’un d’important pour le Seigneur. Il ne boira ni vin, ni aucun autre alcool. Il sera déjà rempli de l’Esprit Saint dans le ventre de sa mère. Il ramènera beaucoup de gens d’Israël vers le Seigneur leur Dieu. Il viendra comme messager de Dieu avec l’esprit et la puissance du prophète Élie. Comme Élie, ton fils fera la paix entre les parents et leurs enfants. Il changera le cœur de ceux qui n’obéissent pas à Dieu, et ils se mettront à penser comme des personnes justes. Ainsi il formera pour le Seigneur un peuple bien préparé . » Zakarie dit à l’ange : « Comment savoir que c’est vrai ? Je suis bien vieux et ma femme aussi est âgée. » L’ange lui répond : « Moi, je suis Gabriel, je me tiens devant Dieu pour le servir. Il m’a envoyé pour te parler et pour t’annoncer cette bonne nouvelle. Mais tu n’as pas cru à mes paroles. Tu vas donc devenir muet, et tu ne pourras plus parler jusqu’au jour où tout cela se réalisera. Oui, ce que je t’ai dit arrivera au moment que Dieu a fixé. » Pendant ce temps, le peuple attend Zakarie. Les gens s’étonnent de le voir rester si longtemps dans le lieu saint. Quand il sort, il ne peut pas leur parler, il leur fait des signes et il reste muet. Alors les gens comprennent qu’il a vu dans le lieu très saint quelque chose venant de Dieu. Puis, quand Zakarie a fini son temps de service dans le temple, il rentre chez lui. Après cela, sa femme Élisabeth devient enceinte et pendant cinq mois, elle se cache dans sa maison. Elle se dit : « Voilà ce que le Seigneur a fait pour moi : J’avais honte devant mon peuple parce que je n’avais pas d’enfant. Mais maintenant le Seigneur s’est occupé de moi, il a enlevé ma honte. » Élisabeth est enceinte depuis six mois. Voici que Dieu envoie l’ange Gabriel dans une ville de Galilée appelée Nazareth. Il l’envoie chez une jeune fille, promise en mariage à un homme appelé Joseph. Joseph a pour ancêtre le roi David, et le nom de la jeune fille est Marie. L’ange entre chez elle et lui dit : « Réjouis-toi ! Le Seigneur Dieu t’a montré son amour d’une manière particulière. Il est avec toi. » En entendant cela, Marie est très émue, elle se demande : « Que veut dire cette façon de saluer ? » L’ange lui dit : « N’aie pas peur, Marie ! Oui, Dieu t’a montré son amour d’une manière particulière. Tu vas attendre un enfant, tu mettras au monde un fils, et tu l’appelleras Jésus. Personne ne sera aussi important que lui. On l’appellera Fils du Très-Haut. Le Seigneur Dieu lui donnera le royaume de David, son ancêtre. Il sera le roi du peuple d’Israël pour toujours, et son pouvoir ne finira jamais. » Marie dit à l’ange : « Comment cela va-t-il arriver ? En effet, je ne vis pas avec un homme. » L’ange lui répond : « L’Esprit Saint viendra sur toi et la puissance du Très-Haut te couvrira comme l’ombre. C’est pourquoi l’enfant qui va naître sera saint, et on l’appellera Fils de Dieu. Écoute ! Élisabeth, qui est de ta famille, elle aussi est enceinte et elle aura un fils. Pourtant elle est vieille. On disait qu’elle ne pouvait pas avoir d’enfant, et maintenant, elle est enceinte depuis six mois ! Non, rien n’est impossible pour Dieu ! » Marie répond : « Je suis la servante du Seigneur. Que Dieu fasse pour moi ce que tu as dit ! » Alors l’ange la quitte. Peu de temps après, Marie s’en va. Elle marche vite vers les montagnes, dans une ville de Judée. Elle entre dans la maison de Zakarie et salue Élisabeth. Quand Élisabeth entend la salutation de Marie, l’enfant remue dans son ventre. Alors Élisabeth est remplie de l’Esprit Saint. Elle dit d’une voix forte : « Dieu te bénit plus que toutes les autres femmes, et il bénit aussi l’enfant que tu portes en toi ! La mère de mon Seigneur vient chez moi ! Quel honneur pour moi ! Oui, quand mes oreilles ont entendu ta salutation, l’enfant a remué de joie dans mon ventre. Tu es heureuse ! En effet, tu as fait confiance au Seigneur, et ce qu’il t’a dit arrivera. » Marie dit alors : « Oui, vraiment, le Seigneur est grand ! Je le chante ! Mon cœur est dans la joie à cause de Dieu qui me sauve. Il a fait attention à moi, sa servante sans importance. Oui, à partir de maintenant, les gens de tous les temps diront mon bonheur. Le Dieu tout-puissant a fait pour moi des choses magnifiques. Son nom est saint. Il sera plein de bonté pour toujours envers ceux qui le respectent avec confiance. Il agit avec beaucoup de puissance, il chasse ceux qui ont le cœur orgueilleux. Il renverse les rois de leurs sièges, et il relève les petits. Il donne beaucoup de richesses à ceux qui ont faim, et les riches, il les renvoie les mains vides. Il vient au secours du peuple d’Israël, son serviteur. Il n’oublie pas de montrer sa bonté. Voilà ce qu’il a promis à nos ancêtres, à Abraham et à sa famille pour toujours. » Marie reste avec Élisabeth pendant trois mois environ, puis elle retourne chez elle. C’est le moment où Élisabeth doit accoucher, et elle met au monde un fils. Ses voisins et les gens de sa famille apprennent cela. Le Seigneur est grand ! Il a été très bon pour elle, et ils sont dans la joie avec Élisabeth. Une semaine plus tard, ils viennent pour faire circoncire l’enfant. Ils veulent lui donner le nom de son père : Zakarie, mais sa mère prend la parole : « Non, il s’appellera Jean. » Ils lui disent : « Dans ta famille, personne ne porte ce nom-là ! » Et ils font des signes au père pour lui demander : « Comment veux-tu l’appeler ? » Zakarie demande quelque chose pour écrire. Il écrit : « Son nom est Jean. » Tous sont très étonnés. Au même moment, Zakarie peut de nouveau parler : il chante la bonté de Dieu. Alors tous les voisins ont peur, et dans toute la région des montagnes de Judée, on raconte tout ce qui s’est passé. Tous ceux qui apprennent cela le gardent dans leur cœur. Ils se demandent : « Quel sera l’avenir de cet enfant ? » En effet, la puissance du Seigneur est avec lui. Puis Zakarie, le père de l’enfant, est rempli de l’Esprit Saint. Alors il parle comme un prophète : « Chantons la louange du Seigneur, Dieu d’Israël. Il vient au secours de son peuple, il le rend libre. Il nous donne un grand Sauveur dans la famille de David, son serviteur. Il avait annoncé cela depuis longtemps. Oui, il avait dit par les saints prophètes : “Je vous sauverai de vos ennemis et de la main de ceux qui vous détestent.” Ainsi, Dieu a été bon pour nos ancêtres. Aujourd’hui encore, il se souvient de son alliance sainte. C’est le serment qu’il avait fait à Abraham, notre ancêtre. Oui, il avait dit en parlant de nous : “J’arracherai tes enfants aux mains de leurs ennemis, alors ils pourront me servir sans avoir peur. Ils pourront être saints et justes devant moi, tous les jours de leur vie.” » Zakarie dit encore : « Et toi, mon enfant, on t’appellera prophète du Très-Haut. Tu marcheras devant le Seigneur, pour préparer son chemin. Voici ce que tu annonceras à son peuple : Dieu vous sauve en pardonnant vos péchés ! Oui, notre Dieu est plein de tendresse et de bonté. Il a fait briller sur nous une lumière venue d’en haut, comme celle du soleil levant. Elle éclairera ceux qui vivent dans la nuit et dans l’ombre de la mort, elle guidera nos pas sur la route de la paix. » L’enfant grandit et peu à peu, il devient adulte. Il vit dans un endroit désert jusqu’au jour où il va se montrer au peuple d’Israël.

Pataje
Li Lik 1

Lik 1:5-80 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Nan epòk wa Ewòd t ap renye sou rejyon Jide a, te gen yon sakrifikatè yo te rele Zakari. Li te fè pati yon gwoup sakrifikatè Abija t ap dirije. Madanm Zakari ki te rele Elizabèt te soti nan branch fanmi Aawon, frè Moyiz la. Tou de moun sa yo te mennen lavi yo byen dwat devan Bondye, epi yo te obeyi tout kòmandman Bondye yo. Yo pa t gen pitit, paske Elizabèt pa t ka fè pitit, epi yo te gentan granmoun anpil. Lè lè a te rive pou gwoup Abija a te pran relèv pou sèvi nan tanp lan, Zakari te la pou ranpli wòl sakrifikatè li devan Bondye. Sakrifikatè yo te fè tiraj osò tankou jan yo te toujou fè dapre koutim yo, epi yo te chwazi Zakari pou l te antre nan tanp Senyè a pou l al boule lansan an. Pandan Zakari t ap boule lansan an anndan an, te gen yon gwo foul moun ki te rasanble deyò a ap lapriyè. Sanzatann konsa, yon anj Senyè a parèt sou Zakari. Zanj lan te kanpe sou bò dwat lotèl pou boule lansan an. Lè Zakari wè anj lan, sa te twouble lespri li epi li te pè anpil. Lè sa a, anj lan di li: Zakari, ou pa bezwen pè, paske Bondye tande priyè w, epi madanm ou Elizabèt pral fè yon pitit gason. Ou a rele ti gason sa a Jan. Ou pral gen lajwa ak kontantman nan kè w. Anpil lòt moun pral rejwi nan kè yo tou poutèt nesans li. Paske ti pitit la pral vin yon moun espesyal nan je Senyè a. Li pa fèt pou l bwè ni diven ni okenn bwason ki gen alkòl. Epi l ap ranpli ak Sentespri Bondye depi nan vant manman l. Se Jan ki pral ede anpil moun nan pèp Izrayèl la tounen vin jwenn Bondye, Senyè yo a. Li pral mache kòm avangad devan Senyè a, pou l prepare kè yo pou resevwa Senyè a. L ap gen menm lespri ak pwofèt Eli. L ap ede paran yo fè lapè ak pitit yo. L ap ede moun ki dezobeyisan yo mennen yon vi konfòm ak volonte Bondye poutèt jan yo panse. L ap fè tout bagay sa yo pou l ka prepare kè moun yo pou yo rankontre Senyè a. Lè sa a, Zakari di anj lan konsa: “kijan m ap fè konnen si sa w di m nan se vre? Paske m se yon vye granmoun epi madanm mwen se yon vye granmoun tou.” Zanj lan reponn li: “Mwen rele Gabriyèl, se nan prezans Senyè a menm mwen kanpe. Senyè a te voye m vin pale ak ou pou m te ka ba w bòn nouvèl sa a. Men, fòk mwen di w sa tou wi, ou pral bèbè. Ou p ap ka pale jouk tan sa m sot di w la rive, poutèt ou pa t kwè nan pawòl mwen ki gen pou akonpli nan tan ki fikse pou li a.” Moun yo menm ki te deyò a ap tann Zakari, yo te kòmanse kraponnen poutèt Zakari te pran tout tan sa a anndan tanp lan. Lè Zakari te vin soti, li pa t kapab pale ak foul la. Lè sa a, yo vin reyalize li te resevwa yon vizyon anndan an. Se an siy sèlman li t ap kominike ak yo paske li te bèbè. Lè peryòd li te desèvis la te vin fin i, Zakari te retounen lakay li. Kèk tan apre sa, Elizabèt madanm Zakari vin ansent. Li fè senk mwa kache anndan kay. Elizabèt di konsa: “Finalman, Senyè a chwazi ede m nan fason sa a. Li sitèlman panche sou ka mwen, li leve kalite wont sa a pou mwen devan je pèp la.” Lè Elizabèt te gen simwa ansent, Bondye voye yon anj ki rele Gabriyèl vin nan yon ti vil ki rele Nazarèt, nan zòn Galile. Zanj lan te vin pale ak yon jèn fi ki pa t ko nan lavi gason ki te rete lavil Nazarèt. Jèn fi sa a te fiyanse ak yon jèn gason yo te rele Jozèf ki li menm te soti nan branch fanmi David. Yo te rele jèn fi sa a Mari. Zanj lan avanse sou Mari epi li di l: “Bonjou! Senyè a avèk ou. Ou se yon moun Bondye beni anpil.” Men, sa anj lan te di a te twouble Mari anpil. Li t ap mande tèt li kisa sa vle di. Epi anj lan di li: “Ou pa bezwen pè, Mari. Ou se yon moun Senyè a fè gras. Tande byen, ou gen pou ou vin ansent epi ou ap fè yon pitit gason. Ou a rele pitit gason sa a Jezi. L ap vin yon moun ki gran. Y a rele l Pitit Bondye ki pi wo nan syèl la. Senyè a ap fè l vin wa tankou David gran gran papa li. L ap renye sou pèp Izrayèl la pou tout tan. Pouvwa li p ap janm fin i.” Lè sa a, Mari di anj lan konsa: “Ki jan sa ka fè rive? Mwen se yon moun ki pa ko nan lavi gason.” Zanj lan reponn li: “Sentespri a pral vini sou ou, epi pouvwa Bondye ki pi wo nan syèl la pral kouvri w. Se poutèt sa, pitit ou pral fè a ap sen. Y ap rele l Pitit Bondye. Epi fòk mwen di w sa tou, fanmi ou, Elizabèt, ansent kounye a la a. Malgre li fin granmoun, li pral fè yon pitit gason. Yo te di li pa t kapab fè pitit, epoutan gen simwa la a depi li ansent. Sa rive konsa, paske pa gen anyen ki enposib pou Bondye.” Mari di li: “Se sèvant Senyè a mwen ye. Se pou sa rive m jan ou di a.” Apre sa, Zanj lan ale. Nan menm epòk la, Mari leve, san pèdi tan, li ale nan yon ti vil nan mòn Jide. Mari antre lakay Zakari epi li salye Elizabèt. Menm kote Elizabèt fin tande salitasyon Mari a, pitit ki nan vant Elizabèt la pran sote nan vant li epi Sentespri a ranpli Elizabèt. Li pale byen fò epi li di Mari konsa: “Bondye beni ou pami tout fi, li beni pitit ou ap fè a tou. Ki sa m ye menm, pou manman Senyè m nan vin lakay mwen? Paske menm kote salitasyon ou nan rive nan zòrèy mwen, pitit la pran danse nan vant mwen, tèlman li kontan. Ou se yon moun ki beni, paske ou te kwè sa Senyè a te di w la gen pou rive vre.” Apre sa Mari di: “Nanm mwen beni non Bondye. Lespri m rejwi nan Bondye sovè mwen. Malgre mwen pa gen enpòtans, Senyè a manifeste favè li anvè mwen, pòv sèvant li a. Depi kounye a pou jouktan sa fin i, tout moun ap sonje kijan Bondye beni m anpil. Wi, Bondye ki gen tout pouvwa a fè anpil gwo bagay pou mwen. Non li sen anpil. Li toujou gen konpasyon pou moun ki gen krentif pou li. Li manifeste pouvwa li nan sa li fè ak men li. Moun ki ògeye yo epi ki panse se yon pakèt afè yo ye, li fè yo wont. Li ranvèse wa yo sou twòn yo epi li leve tèt moun ki bese byen ba devan li. Li bay moun ki grangou yo manje pou plen vant yo, men li voye moun rich yo ale san anyen. Bondye ede Izrayèl pèp li chwazi pou sèvi l la. Li pa t janm bliye mizerikòd li. Jan li te di zansèt nou yo, Abraram ansanm ak desandan l yo, li t ap fè l la, pou tout tan gen tan.” Mari pase anviwon twa mwa lakay Elizabèt, apre sa li tounen lakay li. Lè lè a te rive pou Elizabèt akouche, li fè yon pitit gason. Lè vwazen l yo ak fanmi l yo pran nouvèl kijan Bondye te manifeste bonte li anvè Elizabèt, sa te fè yo kontan anpil pou li. Lè ti bebe a te gen uit jou, yo te ale pou sikonsi li. Yo te vle rele l Zakari tou pou te leve non papa l. Men, manman l te di: “Non, se Jan pou l rele.” Moun ki te la yo di Elizabèt konsa: “Men, pa gen pèsonn nan fanmi w ki rele Jan.” Lè sa a, yo pale an siy ak papa a, yo mande l: “Ki jan ou ta renmen rele pitit la?” Zakari mande pou yo ba li yon bagay pou l ekri. Epi li ekri, “Non li se jan.” Tout moun te sezi. Apre sa, Zakari te vin ka pale ankò, epi li te kòmanse fè lwanj pou Bondye. Tout moun nan vwazinay la te vin pè pou sa k pase a. Epi nan tout mòn Jide a moun pa t sispann pale koze a. Tout moun ki te pran nouvèl sa k pase a t ap poze tèt yo anpil kesyon. Yo t ap mande tèt yo: “Ki sa ti gason sa a ap devni menm?” Yo te ka wè pouvwa Senyè a te avèk ti gason an. Apre sa, Sentespri a te ranpli Zakari, papa Jan, epi li te kòmanse ap bay pèp la yon mesaj ki soti nan Bondye ki di konsa: “Lwanj pou Senyè a, Bondye Izrayèl la. Li vin pote konkou bay pèp li a, li vin libere yo. Li ban nou yon Sovè ki gen anpil puisans ki soti nan branch fanmi sèvitè li David. Se sa menm li te pwomèt pa mwayen pwofèt li yo depi nan tan lontan. Li te pwomèt pou l delivre nou anba lènmi nou yo anba grif tout moun ki rayi nou yo. Li te di li t ap manifeste konpasyon li anvè gran paran nou yo, epi li t ap toujou sonje alyans san defo li te fè ak yo a. Se sa menm li te pwomèt gran papa nou Abraram, yon pwomès pou l delivre nou anba puisans lènmi nou yo, pou nou kapab sèvi li san kè sote, nan sentete ak nan yon fason ki kòrèk devan je li toutotan n ap viv. Kanta pou ou menm, ti gason, y a rele w pwofèt Bondye ki pi wo nan syèl la. Ou ap gen pou pran devan Senyè a pou prepare chemen an pou li. Ou ap fè pèp li a konnen y ap jwenn delivrans nan resevwa padon pou peche yo. Paske Bondye gen kè sansib, l ap fè yon limyè soti anwo vin klere nou tankou solèy k ap leve. L ap klere sa yo k ap viv nan fènwa epi ki chita anba lonbray lanmò. L ap gide nou nan chemen lapè a.” Ti gason an menm t ap grandi epi li te byen devlope nan lespri l. Li te rete nan dezè a jouktan lè a te rive pou l parèt an piblik pou l preche mesaj Bondye a devan pèp Izrayèl la.

Pataje
Li Lik 1

Lik 1:5-80 New International Version (NIV)

In the time of Herod king of Judea there was a priest named Zechariah, who belonged to the priestly division of Abijah; his wife Elizabeth was also a descendant of Aaron. Both of them were righteous in the sight of God, observing all the Lord’s commands and decrees blamelessly. But they were childless because Elizabeth was not able to conceive, and they were both very old. Once when Zechariah’s division was on duty and he was serving as priest before God, he was chosen by lot, according to the custom of the priesthood, to go into the temple of the Lord and burn incense. And when the time for the burning of incense came, all the assembled worshipers were praying outside. Then an angel of the Lord appeared to him, standing at the right side of the altar of incense. When Zechariah saw him, he was startled and was gripped with fear. But the angel said to him: “Do not be afraid, Zechariah; your prayer has been heard. Your wife Elizabeth will bear you a son, and you are to call him John. He will be a joy and delight to you, and many will rejoice because of his birth, for he will be great in the sight of the Lord. He is never to take wine or other fermented drink, and he will be filled with the Holy Spirit even before he is born. He will bring back many of the people of Israel to the Lord their God. And he will go on before the Lord, in the spirit and power of Elijah, to turn the hearts of the parents to their children and the disobedient to the wisdom of the righteous—to make ready a people prepared for the Lord.” Zechariah asked the angel, “How can I be sure of this? I am an old man and my wife is well along in years.” The angel said to him, “I am Gabriel. I stand in the presence of God, and I have been sent to speak to you and to tell you this good news. And now you will be silent and not able to speak until the day this happens, because you did not believe my words, which will come true at their appointed time.” Meanwhile, the people were waiting for Zechariah and wondering why he stayed so long in the temple. When he came out, he could not speak to them. They realized he had seen a vision in the temple, for he kept making signs to them but remained unable to speak. When his time of service was completed, he returned home. After this his wife Elizabeth became pregnant and for five months remained in seclusion. “The Lord has done this for me,” she said. “In these days he has shown his favor and taken away my disgrace among the people.” In the sixth month of Elizabeth’s pregnancy, God sent the angel Gabriel to Nazareth, a town in Galilee, to a virgin pledged to be married to a man named Joseph, a descendant of David. The virgin’s name was Mary. The angel went to her and said, “Greetings, you who are highly favored! The Lord is with you.” Mary was greatly troubled at his words and wondered what kind of greeting this might be. But the angel said to her, “Do not be afraid, Mary; you have found favor with God. You will conceive and give birth to a son, and you are to call him Jesus. He will be great and will be called the Son of the Most High. The Lord God will give him the throne of his father David, and he will reign over Jacob’s descendants forever; his kingdom will never end.” “How will this be,” Mary asked the angel, “since I am a virgin?” The angel answered, “The Holy Spirit will come on you, and the power of the Most High will overshadow you. So the holy one to be born will be called the Son of God. Even Elizabeth your relative is going to have a child in her old age, and she who was said to be unable to conceive is in her sixth month. For no word from God will ever fail.” “I am the Lord’s servant,” Mary answered. “May your word to me be fulfilled.” Then the angel left her. At that time Mary got ready and hurried to a town in the hill country of Judea, where she entered Zechariah’s home and greeted Elizabeth. When Elizabeth heard Mary’s greeting, the baby leaped in her womb, and Elizabeth was filled with the Holy Spirit. In a loud voice she exclaimed: “Blessed are you among women, and blessed is the child you will bear! But why am I so favored, that the mother of my Lord should come to me? As soon as the sound of your greeting reached my ears, the baby in my womb leaped for joy. Blessed is she who has believed that the Lord would fulfill his promises to her!” And Mary said: “My soul glorifies the Lord and my spirit rejoices in God my Savior, for he has been mindful of the humble state of his servant. From now on all generations will call me blessed, for the Mighty One has done great things for me— holy is his name. His mercy extends to those who fear him, from generation to generation. He has performed mighty deeds with his arm; he has scattered those who are proud in their inmost thoughts. He has brought down rulers from their thrones but has lifted up the humble. He has filled the hungry with good things but has sent the rich away empty. He has helped his servant Israel, remembering to be merciful to Abraham and his descendants forever, just as he promised our ancestors.” Mary stayed with Elizabeth for about three months and then returned home. When it was time for Elizabeth to have her baby, she gave birth to a son. Her neighbors and relatives heard that the Lord had shown her great mercy, and they shared her joy. On the eighth day they came to circumcise the child, and they were going to name him after his father Zechariah, but his mother spoke up and said, “No! He is to be called John.” They said to her, “There is no one among your relatives who has that name.” Then they made signs to his father, to find out what he would like to name the child. He asked for a writing tablet, and to everyone’s astonishment he wrote, “His name is John.” Immediately his mouth was opened and his tongue set free, and he began to speak, praising God. All the neighbors were filled with awe, and throughout the hill country of Judea people were talking about all these things. Everyone who heard this wondered about it, asking, “What then is this child going to be?” For the Lord’s hand was with him. His father Zechariah was filled with the Holy Spirit and prophesied: “Praise be to the Lord, the God of Israel, because he has come to his people and redeemed them. He has raised up a horn of salvation for us in the house of his servant David (as he said through his holy prophets of long ago), salvation from our enemies and from the hand of all who hate us— to show mercy to our ancestors and to remember his holy covenant, the oath he swore to our father Abraham: to rescue us from the hand of our enemies, and to enable us to serve him without fear in holiness and righteousness before him all our days. And you, my child, will be called a prophet of the Most High; for you will go on before the Lord to prepare the way for him, to give his people the knowledge of salvation through the forgiveness of their sins, because of the tender mercy of our God, by which the rising sun will come to us from heaven to shine on those living in darkness and in the shadow of death, to guide our feet into the path of peace.” And the child grew and became strong in spirit; and he lived in the wilderness until he appeared publicly to Israel.

Pataje
Li Lik 1

Lik 1:5-80 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Il y avait, à l’époque où Hérode était roi de Judée, un prêtre nommé Zacharie, qui appartenait à la classe sacerdotale d’Abiya. Sa femme était une descendante d’Aaron ; elle s’appelait Elisabeth. Tous deux étaient justes aux yeux de Dieu et observaient tous les commandements et toutes les lois du Seigneur de façon irréprochable. Ils n’avaient pas d’enfant, car Elisabeth était stérile et tous deux étaient déjà très âgés. Un jour, Zacharie assurait son service devant Dieu : c’était le tour de sa classe sacerdotale. Suivant la coutume des prêtres, il avait été désigné par le sort pour entrer dans le sanctuaire du Seigneur et y offrir l’encens. A l’heure de l’offrande des parfums, toute la multitude du peuple se tenait en prière à l’extérieur. Tout à coup, un ange du Seigneur lui apparut, debout à droite de l’autel des parfums. Quand Zacharie le vit, il en fut bouleversé et la peur s’empara de lui. Mais l’ange lui dit : N’aie pas peur, Zacharie, car Dieu a entendu ta prière : ta femme Elisabeth te donnera un fils. Tu l’appelleras Jean. Il sera pour toi le sujet d’une très grande joie, et beaucoup de gens se réjouiront de sa naissance. Il sera grand aux yeux du Seigneur. Il ne boira ni vin, ni boisson alcoolisée. Il sera rempli de l’Esprit Saint dès le sein maternel. Il ramènera beaucoup d’Israélites au Seigneur, leur Dieu. Il accomplira sa mission sous le regard de Dieu, avec l’Esprit et la puissance qui résidaient en Elie, pour réconcilier les pères avec leurs enfants, pour amener ceux qui sont désobéissants à penser comme des hommes justes et former ainsi un peuple prêt pour le Seigneur. Zacharie demanda à l’ange : A quoi le reconnaîtrai-je ? Car je suis moi-même déjà vieux et ma femme est très âgée. L’ange lui répondit : Je suis Gabriel. Je me tiens devant Dieu, qui m’a envoyé pour te parler et t’annoncer cette nouvelle. Alors, voici : tu vas devenir muet et tu resteras incapable de parler jusqu’au jour où ce que je viens de t’annoncer se réalisera ; il en sera ainsi parce que tu n’as pas cru à mes paroles, qui s’accompliront au temps prévu. Pendant ce temps, la foule attendait Zacharie ; elle s’étonnait de le voir s’attarder dans le sanctuaire. Lorsqu’il sortit enfin, il était incapable de parler aux personnes rassemblées. Elles comprirent alors qu’il avait eu une vision dans le sanctuaire. Quant à lui, il leur faisait des signes et restait muet. Lorsqu’il eut terminé son temps de service, il retourna chez lui. Quelque temps après, sa femme Elisabeth devint enceinte et, pendant cinq mois, elle se tint cachée. Elle se disait : C’est l’œuvre du Seigneur en ma faveur : il a décidé d’effacer ce qui faisait ma honte aux yeux de tous  ! Six mois plus tard, Dieu envoya l’ange Gabriel dans une ville de Galilée appelée Nazareth, chez une jeune fille liée par fiançailles à un homme nommé Joseph, un descendant de David. Cette jeune fille s’appelait Marie. L’ange entra chez elle et lui dit : Réjouis-toi, toi à qui Dieu a accordé sa faveur : le Seigneur est avec toi. Marie fut profondément troublée par ces paroles ; elle se demandait ce que signifiait cette salutation. L’ange lui dit alors : N’aie pas peur, Marie, car Dieu t’a accordé sa faveur. Voici : bientôt tu seras enceinte et tu mettras au monde un fils ; tu le nommeras Jésus. Il sera grand. Il sera appelé « Fils du Très-Haut », et le Seigneur Dieu lui donnera le trône de David, son ancêtre. Il régnera éternellement sur le peuple issu de Jacob, et son règne n’aura pas de fin. Marie dit à l’ange : Comment cela se fera-t-il, puisque je suis vierge ? L’ange lui répondit : L’Esprit Saint descendra sur toi, et la puissance du Dieu très-haut te couvrira de son ombre. C’est pourquoi le saint enfant qui naîtra de toi sera appelé Fils de Dieu. Vois : ta parente Elisabeth attend elle aussi un fils, malgré son grand âge ; on disait qu’elle ne pouvait pas avoir d’enfant, et elle en est à son sixième mois. Car rien n’est impossible à Dieu. Alors Marie répondit : Je suis la servante du Seigneur. Que tout ce que tu m’as dit s’accomplisse pour moi. Et l’ange la quitta. Peu après, Marie partit pour se rendre en hâte dans une ville de montagne du territoire de Judée. Elle entra chez Zacharie et salua Elisabeth. Au moment où celle-ci entendit la salutation de Marie, elle sentit son enfant remuer en elle. Elle fut remplie du Saint-Esprit et s’écria d’une voix forte : Tu es bénie plus que toutes les femmes et l’enfant que tu portes est béni. Comment ai-je mérité l’honneur que la mère de mon Seigneur vienne me voir ? Car, vois-tu, au moment même où je t’ai entendu me saluer, mon enfant a bondi de joie au-dedans de moi. Tu es heureuse, toi qui as cru à l’accomplissement de ce que le Seigneur t’a annoncé. Alors Marie dit : Mon âme chante ╵la grandeur du Seigneur et mon esprit se réjouit ╵à cause de Dieu, mon Sauveur. Car il a bien voulu ╵abaisser son regard ╵sur son humble servante. C’est pourquoi, désormais, ╵à travers tous les temps, ╵on m’appellera bienheureuse. Car le Dieu tout-puissant ╵a fait pour moi de grandes choses ; lui, il est saint . Et sa bonté ╵ s’étendra d’âge en âge sur ceux qui le craignent . Il est intervenu ╵de toute sa puissance et il a dispersé ╵les hommes dont le cœur ╵était rempli d’orgueil. Il a précipité ╵ les puissants de leurs trônes, et il a élevé les humbles . Il a comblé de biens ╵ ceux qui sont affamés, et il a renvoyé ╵ les riches les mains vides . Oui, il a pris en main ╵ la cause d’ Israël , il a témoigné sa bonté ╵ au peuple qui le sert , comme il l’avait promis à nos ancêtres, à Abraham et à ses descendants pour tous les temps. Marie resta environ trois mois avec Elisabeth, puis elle retourna chez elle. Le moment arriva où Elisabeth devait accoucher. Elle donna naissance à un fils. Ses voisins et les membres de sa famille apprirent combien le Seigneur avait été bon pour elle, et ils se réjouissaient avec elle. Le huitième jour après sa naissance, ils vinrent pour la circoncision du nouveau-né. Tout le monde voulait l’appeler Zacharie comme son père, mais sa mère intervint et dit : Non, il s’appellera Jean. – Mais, lui fit-on remarquer, personne dans ta famille ne porte ce nom-là ! Alors ils interrogèrent le père, par des gestes, pour savoir quel nom il voulait donner à l’enfant. Zacharie se fit apporter une tablette et, au grand étonnement de tous, il y traça ces mots : Son nom est Jean. A cet instant, sa bouche s’ouvrit et sa langue se délia : il parlait et louait Dieu. Tous les gens du voisinage furent remplis de crainte, et l’on parlait de tous ces événements dans toutes les montagnes de Judée. Tous ceux qui les apprenaient en étaient profondément impressionnés et disaient : « Que sera donc cet enfant ? » Car le Seigneur était avec lui. Zacharie, son père, fut rempli de l’Esprit Saint et prophétisa en ces termes : Loué soit le Seigneur, ╵Dieu d’Israël, car il est venu prendre soin de son peuple ╵et il l’a délivré. Pour nous, il a fait naître ╵parmi les descendants ╵du roi David, son serviteur, un Libérateur plein de force. Il vient d’accomplir la promesse ╵qu’il avait faite ╵depuis les premiers temps ╵par la voix de ses saints prophètes qu’il nous délivrerait ╵de tous nos ennemis, ╵et du pouvoir de ceux qui nous haïssent. Il manifeste sa bonté ╵à l’égard de nos pères et il agit conformément ╵à son alliance sainte. Il accomplit pour nous ╵le serment qu’il a fait ╵à notre ancêtre, Abraham, de nous accorder la faveur, ╵après nous avoir délivrés ╵de tous nos ennemis, de le servir sans crainte ╵en étant saints et justes ╵en sa présence ╵tous les jours de la vie. Et toi, petit enfant, ╵tu seras appelé ╵prophète du Très-Haut, car, devant le Seigneur, ╵tu marcheras en précurseur ╵pour préparer sa route, en faisant savoir à son peuple ╵que Dieu lui donne le salut ╵et qu’il pardonne ses péchés. Car notre Dieu ╵est plein de compassion ╵et de bonté, et c’est pourquoi l’astre levant ╵viendra pour nous d’en haut, pour éclairer tous ceux ╵ qui habitent dans les ténèbres ╵ et l’ombre de la mort , et pour guider nos pas ╵sur la voie de la paix. Le petit enfant grandissait et son esprit se fortifiait. Plus tard, il vécut dans des lieux déserts jusqu’au jour où il se manifesta publiquement au peuple d’Israël.

Pataje
Li Lik 1

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an