Jan 9:1-34

Jan 9:1-34 1998 Haïtienne (HAT98)

Jezi t'ap pase yon kote konsa lè l wè yon nonm ki te avèg depi li te fèt. Disip li yo mande li: — Mèt, poukisa nonm sa a te fèt tou avèg en? Se peche pa l osinon peche manman l ak papa l ki lakòz sa? Jezi reponn yo: — Se pa ni peche pa l ni peche manman l ak papa l ki lakòz sa. Li fèt avèg, se pou moun ka wè sa pouvwa Bondye a ka fè nan li. Toutotan fè klè toujou, se pou m fè travay moun ki voye m lan ban m fè a. Talè konsa pral fè nwit, pèsonn p'ap ka travay. Toutotan mwen la sou latè, mwen se limyè k'ap klere tout moun ki sou latè. Apre li fin di pawòl sa yo, Jezi krache atè, li fè yon ti labou ak krache a, li fwote je nonm lan avèk labou a. Li di l konsa: — Al lave figi ou nan gwo basen Siloe a. (Mo Siloe sa a vle di: Moun yo te voye a.) Avèg la ale, li lave figi li. Lè l tounen, li te ka wè nan tou de je l yo. Moun ki te rete bò lakay li yo ansanm ak tout moun ki te konn wè l ap mande charite anvan sa, yo tout t'ap di: — Apa nonm ki te konn chita ap mande charite a! Gen moun ki t'ap di: — Se li menm wi. Gen lòt ki t'ap di tou: — Non. Se pa li. Men, li sanble l anpil. Lè sa a nonm lan di yo: — Se mwen menm menm. Yo mande li: — Kijan ou fè pa avèg ankò a? Li reponn yo: — Nonm yo rele Jezi a fè yon ti labou, li fwote je m ak labou a, epi li di m al lave figi m nan basen Siloe a. M ale. Lè m fin lave figi m, mwen wè m wè. Yo mande li: — Kote nonm sa a? Li reponn yo: — Mwen pa konnen non. Yo pran nonm ki te avèg la, yo mennen l bay farizyen yo. Se te yon jou saba Jezi te fè labou a pou geri avèg la. Se poutèt sa, farizyen yo tou, yo mande nonm lan sa k te pase ki te fè l ka wè kounyeya. Li di yo: — Li mete ti kras labou sou je m yo, lèfini mwen lave figi mwen. Se konsa, kounyeya mwen wè. Te gen de twa nan farizyen yo ki t'ap di: — Nonm ki fè sa a pa ka sòti nan Bondye. Li pa obeyi lalwa repo a. Men, gen lòt ki t'ap di: — Ki jan yon nonm k'ap fè sa ki mal kapab fè yon mirak konsa? Te vin gen divizyon nan mitan yo. Farizyen yo mande nonm ki te avèg la: — Ou menm, dapre ou, nonm ki louvri je ou yo, ki moun li ye? Li reponn: — Se yon pwofèt li ye. Men, jwif yo pat vle kwè li te avèg anvan sa. Yo fè chache papa l ak manman l pou poze yo keksyon. Yo mande yo: — Eske nonm sa a se pitit gason nou an vre? Eske se vre li te fèt avèg? Sa k pase l ki fè li wè kounyeya? Papa a ak manman an reponn yo: — Nou konnen se pitit gason nou li ye, li te fèt avèg. Men, nou pa konnen sa k pase l ki fè l wè kounyeya. Nou pa konnen tou ki moun ki louvri je li. Nou mèt mande li. L ase gran konsa. Li ka reponn li menm. Papa a ak manman an te pale konsa paske yo te pè jwif yo. Paske, jwif yo te tonbe dakò sou pwen sa a: Tout moun ki ta di Jezi se Kris la, yo t'ap mete yo deyò nan sinagòg la. Se poutèt sa papa l ak manman l te di: l ase gran, li ka reponn li menm. Nou mèt mande li. Farizyen yo rele nonm ki te avèg la yon dezyèm fwa. Yo di li: — Di verite a devan Bondye. Nou konnen nonm sa a se yon nonm k'ap fè sa ki mal. Li reponn yo: — Mwen pa konnen si se yon moun k'ap fè sa ki mal osinon sa ki byen. Yon sèl bagay mwen konnen: mwen te avèg, kounyeya mwen wè. Yo mande li: — Men, kisa l te fè? Ki jan l te fè pou louvri je ou yo? Li reponn yo: — Mwen deja di nou ki jan, men nou pa t'ap koute. Poukisa nou vle m redi l ankò? Gen lè, nou menm tou, nou ta renmen tounen disip li? Yo joure l, yo di l konsa: — Se ou menm ki disip li! Nou menm, nou se disip Moyiz. Nou konnen Bondye te pale ak Moyiz. Men, li menm, nou pa menm konnen ki bò l sòti. Nonm lan reponn yo: — Ala bagay dwòl en! Nou pa konnen ki bò l sòti? Epi, se li menm ki louvri je m yo! Nou tout nou konnen sa: Bondye pa tande lè se yon moun k'ap fè sa ki mal ki pale avè li. Men, se pa menm bagay lè se yon moun ki respekte l, yon moun ki fè volonte l k'ap pale avè li. Nou poko janm tande yo fè yon moun ki fèt avèg wè. Si nonm sa a pat sòti nan Bondye, li pa ta ka fè anyen. Yo reponn li: — Se nan peche ou fèt, epi ou konprann pou ou vin ban nou leson kounyeya? Epi yo mete l deyò nan sinagòg la.

Pataje
Li Jan 9

Jan 9:1-34 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Sur le chemin, Jésus voit un homme qui est aveugle depuis sa naissance. Les disciples de Jésus demandent : « Maître, cet homme est aveugle depuis sa naissance. Donc, qui a péché, lui ou ses parents ? » Jésus répond : « Ni lui ni ses parents. Mais puisqu’il est aveugle, on va reconnaître clairement que Dieu agit pour lui. Pendant le jour, nous devons accomplir le travail de Celui qui m’a envoyé. La nuit arrive, et personne ne pourra travailler. Pendant que je suis dans le monde, je suis la lumière du monde. » Après que Jésus a dit cela, il crache par terre. Avec sa salive, il fait de la boue et il met la boue sur les yeux de l’aveugle. Ensuite, il lui dit : « Va te laver dans l’eau, à Siloé. » Le nom « Siloé » veut dire « Envoyé ». L’aveugle y va et il se lave. Quand il revient, il voit clair. Cet homme était un mendiant. Ses voisins et ceux qui avaient l’habitude de le voir avant disent : « Est-ce que ce n’est pas l’aveugle qui était assis et qui mendiait ? » Les uns disent : « Oui, c’est lui. » D’autres disent : « Non, c’est quelqu’un qui lui ressemble. » Mais l’homme dit : « C’est bien moi. » Alors les gens lui demandent : « Tes yeux se sont ouverts comment ? » Il répond : « L’homme qu’on appelle Jésus a fait de la boue. Il l’a mise sur mes yeux et il m’a dit : “Va à Siloé et lave-toi.” J’y suis allé, je me suis lavé et maintenant je vois clair. » Les gens lui demandent : « Où est-il, cet homme ? » Il répond : « Je ne sais pas. » On conduit chez les Pharisiens l’homme qui, avant, était aveugle. Le jour où Jésus a fait de la boue et a ouvert les yeux de l’aveugle, c’était le jour du sabbat. Les Pharisiens, eux aussi, demandent à l’homme : « Tu vois clair maintenant ? Qu’est-ce qui s’est passé ? » L’homme leur dit : « Il m’a mis de la boue sur les yeux. Je me suis lavé, et maintenant je vois. » Quelques Pharisiens disent : « L’homme qui a fait cela ne vient pas de Dieu. En effet, il ne respecte pas le jour du sabbat. » Mais d’autres disent : « Un homme qui est pécheur ne pourrait pas faire des signes aussi étonnants. » Les Pharisiens ne sont pas d’accord entre eux. Alors ils demandent encore à l’homme qui était aveugle : « Et toi, qu’est-ce que tu dis de celui qui t’a ouvert les yeux ? » Il répond : « C’est un prophète. » Mais les chefs juifs ne veulent pas croire que cet homme était aveugle, et que, maintenant, il voit clair. C’est pourquoi ils font venir ses parents, et ils leur demandent : « Est-ce que cet homme est bien votre fils ? Vous dites qu’il est aveugle depuis sa naissance ? Maintenant il voit. Qu’est-ce qui s’est donc passé ? » Les parents de l’homme répondent : « Nous le savons : c’est bien notre fils, et il était aveugle depuis sa naissance. Maintenant il voit clair. Mais ce qui s’est passé, nous ne le savons pas. Qui lui a ouvert les yeux ? Nous ne savons pas. Interrogez-le ! Il est assez grand, il répondra lui-même ! » Les parents disent cela parce qu’ils ont peur des chefs juifs. En effet, ceux-ci se sont déjà mis d’accord. Ils vont chasser de la maison de prière tous ceux qui affirment : « Jésus est le Messie ! » C’est pourquoi les parents de l’homme disent : « Il est assez grand, interrogez-le ! » Alors, pour la deuxième fois, les Pharisiens appellent l’homme qui était aveugle, et ils lui disent : « Dis la vérité devant Dieu ! Nous, nous le savons, celui qui t’a guéri est un homme pécheur. » Il leur répond : « Je ne sais pas si c’est un pécheur. Mais je sais une seule chose : j’étais aveugle et maintenant je vois clair. » Ils lui demandent : « Qu’est-ce qu’il t’a fait ? Comment est-ce qu’il t’a ouvert les yeux ? » L’homme leur répond : « Je vous l’ai déjà dit, mais vous n’avez pas écouté. Vous voulez l’entendre une deuxième fois, pourquoi donc ? Vous avez peut-être envie de devenir les disciples de Jésus, vous aussi ! » Alors ils se mettent à l’insulter. Ils lui disent : « C’est toi qui es le disciple de cet homme, nous, nous sommes les disciples de Moïse ! Nous, nous savons que Dieu a parlé à Moïse, mais cet homme-là, nous ne savons pas d’où il vient. » L’aveugle guéri leur répond : « Voilà une chose étonnante ! Il m’a ouvert les yeux, et pourtant vous ne savez pas d’où il vient ! Nous le savons, Dieu n’écoute pas les pécheurs. Mais il écoute celui qui est fidèle envers lui et qui fait sa volonté. On n’a jamais entendu dire : quelqu’un a ouvert les yeux d’un homme qui est né aveugle. L’homme qui fait cela vient de Dieu, sinon, il ne pourrait rien faire. » Ils lui répondent : « Depuis ta naissance, tu es tout entier dans le péché, et tu veux nous apprendre quelque chose ? » Alors ils le mettent dehors.

Pataje
Li Jan 9

Jan 9:1-34 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Pandan Jezi t ap mache konsa, li wè yon nonm ki te fèt tou avèg. Disip li yo mande l: “Mèt, pou kisa nonm sa a fèt avèg? Peche ki moun ki fè sa rive? Pwòp peche pa l oubyen peche paran l yo?” Jezi reponn: “Se pa ni peche pa l ni peche paran l yo, men se yon okazyon pou Bondye fè wè puisans li nan sa l ka fè. Toutotan l lajounen toujou, fòk nou kontinye fè travay moun ki voye m nan. Lannuit gen pou vini, lè sa a pèsonn p ap ka travay ankò. Toutotan m nan mond lan, mwen se limyè mond lan.” Apre Jezi fin pale konsa, li krache atè. Li fè labou ak krache a epi li mete l sou je mesye a. Jezi di li: “Al lave je w nan pisin Siloye a.” (Siloye vle di: yon moun yo voye.) Avèg la ale, li lave je l epi lè l retounen li wè klè. Vwazen avèg la yo ak tout moun ki te konn wè l ap mande charite yo di: “Se pa li menm ki te konn chita isit la ap mande charite a?” Gen moun ki di: “Se li menm.” Men gen lòt ki di: “Se pa li, se kèk moun ki sanble l.” Nonm ki te avèg la menm reponn, li di: “Se mwen menm.” Yo mande li: “Kòman ou fè wè?” Li reponn: “Nonm yo rele Jezi a fè labou li pase sou je m epi li di m: Al lave je w nan pisin Siloye a. M al lave je m, epi mwen wè.” Yo mande: “Kote nonm nan?” Nonm ki te avèg la reponn: “A, m pa konnen.” Yo mennen nonm ki te avèg la bay Farizyen yo. Se te yon jou repo Jezi te fè labou epi li te louvri je nonm nan. Farizyen yo retounen poze nonm nan kesyon ankò sou kijan li fè wè. Nonm nan di yo konsa: “Li fè labou, li pase sou je m, mwen lave je m epi m wè.” Lè sa a, kèk nan Farizyen yo di: “Se pa Bondye ki voye nonm sa a, paske li pa obsève repo a.” Men, kèk lòt di: “Kòman yon nonm pechè kapab fè gwo mirak sa yo?” Konsa, te gen divizyon nan mitan yo. Yo retounen poze Nonm ki te avèg la kesyon ankò: “Ki sa ou menm ou di de nonm sa a, kòm se je pa w li louvri?” Alò, li reponn: “Pou mwen menm, se yon pwofèt li ye.” Lidè Jwif yo pa t vle kwè nonm nan te avèg epi li vin wè. Yo voye chache paran l yo. Jwif yo mande paran yo: “Èske nonm sa a se pitit nou an nou di ki te fèt tou avèg la? Kòman li fè wè kounye a?” Alò, paran yo reponn epi yo di: “Wi, nonm sa a se pitit nou an, li te fèt tou avèg. Men nou pa konnen kijan li fè wè jodi a. Nou pa konnen ki moun ki fè l wè nonplis. Mande l, li gran moun, l a reponn.” Paran yo te pale kon sa paske yo te pè lidè Jwif yo. Lidè yo te gentan antann yo pou yo pini tout moun ki di Jezi se Mesi a. Yo ta mete l deyò nan Sinagòg la. Se poutèt sa paran yo di li gran ase pou l pale poukont li, poze l kesyon. Alò yon dezyèm fwa, yo voye rele nonm ki te avèg la, yo di l: “Devan Bondye, di nou verite a. Nou menm nou konnen nonm sa a se yon pechè l ye.” Nonm nan reponn: “Si se yon pechè li ye, m pa konnen. Men gen yon bagay mwen konnen: M te avèg, kounye a m wè.” Jwif yo mande l: “Ki sa li fè w? Kòman l fè louvri je w?” Nonm nan reponn yo: “Mwen gentan di sa deja, epi nou pa koute; pou kisa nou vle tande m di sa ankò? Èske nou menm nou ta vle vin disip li tou?” Jwif sa yo te vekse nonm nan byen vekse epi yo di l: “Se ou menm ki disip nonm sa a, men nou menm, nou se disip Moyiz.” Nou konnen Bondye te pale ak Moyiz, men nonm sa a, nou pa konn kote l soti. Nonm nan reponn yo: “Sa vrèman dwòl anpil! Nou pa konnen kote mesye a soti, epoutan li louvri je m.” Nou konnen Bondye pa koute lapriyè pechè yo, men l ap koute vwa nenpòt moun ki adore l epi ki obeyi l. Se premye fwa nou tande yon moun fè yon moun ki fèt tou avèg wè. Si se pa t Bondye ki te voye nonm sa a, li pa t ap kapab fè bagay konsa. Lidè Jwif yo reponn li: Gade non! Ou fèt nan labou peche, epi ou ap vin fè nou leson? Lidè yo mete nonm nan deyò nan sinagòg la epi yo di l pa retounen ankò.

Pataje
Li Jan 9

Jan 9:1-34 New International Version (NIV)

As he went along, he saw a man blind from birth. His disciples asked him, “Rabbi, who sinned, this man or his parents, that he was born blind?” “Neither this man nor his parents sinned,” said Jesus, “but this happened so that the works of God might be displayed in him. As long as it is day, we must do the works of him who sent me. Night is coming, when no one can work. While I am in the world, I am the light of the world.” After saying this, he spit on the ground, made some mud with the saliva, and put it on the man’s eyes. “Go,” he told him, “wash in the Pool of Siloam” (this word means “Sent”). So the man went and washed, and came home seeing. His neighbors and those who had formerly seen him begging asked, “Isn’t this the same man who used to sit and beg?” Some claimed that he was. Others said, “No, he only looks like him.” But he himself insisted, “I am the man.” “How then were your eyes opened?” they asked. He replied, “The man they call Jesus made some mud and put it on my eyes. He told me to go to Siloam and wash. So I went and washed, and then I could see.” “Where is this man?” they asked him. “I don’t know,” he said. They brought to the Pharisees the man who had been blind. Now the day on which Jesus had made the mud and opened the man’s eyes was a Sabbath. Therefore the Pharisees also asked him how he had received his sight. “He put mud on my eyes,” the man replied, “and I washed, and now I see.” Some of the Pharisees said, “This man is not from God, for he does not keep the Sabbath.” But others asked, “How can a sinner perform such signs?” So they were divided. Then they turned again to the blind man, “What have you to say about him? It was your eyes he opened.” The man replied, “He is a prophet.” They still did not believe that he had been blind and had received his sight until they sent for the man’s parents. “Is this your son?” they asked. “Is this the one you say was born blind? How is it that now he can see?” “We know he is our son,” the parents answered, “and we know he was born blind. But how he can see now, or who opened his eyes, we don’t know. Ask him. He is of age; he will speak for himself.” His parents said this because they were afraid of the Jewish leaders, who already had decided that anyone who acknowledged that Jesus was the Messiah would be put out of the synagogue. That was why his parents said, “He is of age; ask him.” A second time they summoned the man who had been blind. “Give glory to God by telling the truth,” they said. “We know this man is a sinner.” He replied, “Whether he is a sinner or not, I don’t know. One thing I do know. I was blind but now I see!” Then they asked him, “What did he do to you? How did he open your eyes?” He answered, “I have told you already and you did not listen. Why do you want to hear it again? Do you want to become his disciples too?” Then they hurled insults at him and said, “You are this fellow’s disciple! We are disciples of Moses! We know that God spoke to Moses, but as for this fellow, we don’t even know where he comes from.” The man answered, “Now that is remarkable! You don’t know where he comes from, yet he opened my eyes. We know that God does not listen to sinners. He listens to the godly person who does his will. Nobody has ever heard of opening the eyes of a man born blind. If this man were not from God, he could do nothing.” To this they replied, “You were steeped in sin at birth; how dare you lecture us!” And they threw him out.

Pataje
Li Jan 9

Jan 9:1-34 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

En partant, Jésus aperçut sur son chemin un homme qui était aveugle de naissance. Ses disciples lui posèrent alors cette question : Dis-nous, Maître, pourquoi cet homme est-il né aveugle ? Est-ce à cause de son propre péché ou de celui de ses parents ? Jésus répondit : Cela n’a pas de rapport avec son péché, ni avec celui de ses parents ; c’est pour qu’en lui tous puissent voir ce que Dieu est capable de faire. Il nous faut accomplir les œuvres de celui qui m’a envoyé tant qu’il fait jour ; la nuit vient où plus personne ne pourra travailler. Aussi longtemps que je suis encore dans le monde, je suis la lumière du monde. Après avoir dit cela, Jésus cracha par terre et, avec sa salive, il fit un peu de boue qu’il appliqua sur les yeux de l’aveugle. Puis il lui dit : Va te laver au réservoir de Siloé (le mot « Siloé » veut dire : « envoyé »). L’aveugle alla se laver et, à son retour, il voyait. Ses voisins et ceux qui avaient l’habitude de le voir mendier dirent : Cet homme, n’est-ce pas celui qui était toujours assis en train de mendier ? Les uns affirmaient : C’est bien lui. D’autres le niaient : Ce n’est pas lui ; c’est quelqu’un qui lui ressemble. Quant à lui, il disait : C’est bien moi. Alors on le questionna : Comment se fait-il que tes yeux se soient ouverts ? Il répondit : L’homme qui s’appelle Jésus a fait un peu de boue, m’en a frotté les yeux, puis il m’a dit : « Va à Siloé et lave-toi. » J’y suis allé, je me suis lavé et, d’un coup, j’ai vu clair. – Et lui, demandèrent-ils, où est-il ? – Je n’en sais rien, répondit-il. On amena l’homme qui avait été aveugle devant les pharisiens. Or, c’était un jour de sabbat que Jésus avait fait de la boue pour lui ouvrir les yeux. Les pharisiens lui demandèrent donc, à leur tour, comment il avait recouvré la vue. Il leur répondit : Il m’a mis de la boue sur les yeux, je me suis lavé, et maintenant j’y vois. Là-dessus, quelques pharisiens déclarèrent : Cet homme ne peut pas venir de Dieu, puisqu’il ne respecte pas le sabbat. Pourtant d’autres objectaient : Comment un homme pécheur aurait-il le pouvoir d’accomplir de tels signes miraculeux ? Ils étaient donc divisés. Alors ils interrogèrent de nouveau l’aveugle : Voyons, toi, que dis-tu de lui, puisque c’est à toi qu’il a ouvert les yeux ? – C’est sûrement un prophète, répondit-il. Mais ils refusèrent de croire que cet homme avait été aveugle et qu’il avait été guéri de sa cécité. Finalement, ils firent venir ses parents. Ils leur demandèrent : Cet homme est-il bien votre fils ? Est-il réellement né aveugle ? Comment se fait-il qu’à présent il voie ? – Nous sommes certains que c’est bien notre fils, répondirent les parents, et qu’il est né aveugle. Mais comment il se fait qu’il voie à présent, nous ne le savons pas. Ou qui lui a rendu la vue, nous ne le savons pas davantage. Interrogez-le donc lui-même. Il est assez grand pour répondre sur ce qui le concerne. Les parents parlaient ainsi parce qu’ils avaient peur des Juifs. En effet, ils avaient déjà décidé d’exclure de la synagogue tous ceux qui reconnaîtraient Jésus comme le Messie. Voilà pourquoi les parents de l’aveugle avaient répondu : « Il est assez grand, interrogez-le donc lui-même. » Les pharisiens firent donc venir une seconde fois celui qui avait été aveugle et lui dirent : Honore Dieu en disant la vérité. Cet homme est un pécheur, nous le savons. – S’il est pécheur ou non, répondit-il, je n’en sais rien. Mais il y a une chose que je sais : j’étais aveugle et maintenant, je vois. Ils lui demandèrent de nouveau : Qu’est-ce qu’il t’a fait ? Redis-nous comment il s’y est pris pour t’ouvrir les yeux. – Je vous l’ai déjà dit, leur répondit-il, et vous ne m’avez pas écouté. Pourquoi tenez-vous à me le faire répéter ? Est-ce que, par hasard, vous avez l’intention de devenir vous aussi ses disciples ? Alors, ils se mirent à l’injurier et ils lui lancèrent : C’est toi qui es son disciple ; nous, nous sommes les disciples de Moïse. Nous savons que Dieu a parlé à Moïse ; mais celui-là, nous ne savons même pas d’où il vient. – C’est étonnant, répliqua l’homme. Voilà quelqu’un qui m’a ouvert les yeux et vous, vous ne savez même pas d’où il est. Tout le monde sait que Dieu n’exauce pas les pécheurs ; mais si quelqu’un est attaché à Dieu et fait sa volonté, il l’exauce. Depuis que le monde est monde, jamais on n’a entendu dire que quelqu’un ait rendu la vue à un aveugle de naissance. Si cet homme-là ne venait pas de Dieu, il n’aurait rien pu faire. – Comment ! répondirent-ils, depuis ta naissance tu n’es que péché des pieds à la tête, et c’est toi qui veux nous faire la leçon ! Et ils le mirent à la porte.

Pataje
Li Jan 9