Jan 8:37-46
Jan 8:37-46 1998 Haïtienne (HAT98)
Wi, mwen konnen se pitit pitit Abraram nou ye vre. Men, n'ap chache touye m paske nou pa asepte sa m'ap moutre nou. M'ap di nou sa Papa m moutre mwen. Men nou menm, n'ap fè sa papa pa nou di nou fè. Yo reponn li: — Men, papa nou se Abraram. Jezi di yo: — Si nou te pitit Abraram tout bon, nou ta fè sa li menm li te fè. Gade kounyeya, m'ap di nou verite a jan Bondye te moutre m li, atousa n'ap chache touye mwen. Abraram pa janm fè bagay konsa. Men nou menm, n'ap fè sa papa nou ap fè. Yo reponn li: — Nou pa pitit deyò non. Nou gen yon sèl papa, se Bondye. Jezi di yo: — Si Bondye te papa nou vre, nou ta renmen mwen. Paske se nan Bondye mwen soti. Se li menm ki voye mwen isit la. Mwen pa vini poukont mwen. Se li menm ki voye mwen. Poukisa nou pa konprann sa m'ap di nou la a? Paske nou pa kapab tande pawòl mwen yo. Se satan ki papa nou. Se sa ki fè nou vle fè sa papa nou mande nou. Depi nan kòmansman se sa ase l'ap fè: touye moun. Li pa janm pran pozisyon pou verite paske pa gen verite menm nan li. Depi li louvri bouch li se manti l'ap bay. Paske se mantò li ye. Se li papa tout manti. Men mwen menm, paske mwen pale verite, nou pa vle kwè mwen. Kilès nan nou ki ka bay prèv mwen fè peche? Si sa m di a se vre, poukisa nou pa kwè mwen?
Jan 8:37-46 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Je sais que vous êtes de la famille d’Abraham. Mais vous cherchez à me faire mourir, parce que vous n’acceptez pas mes paroles. Moi, je dis ce que j’ai vu chez mon Père. Mais vous, vous faites ce que vous avez appris de votre père. » Ils lui répondent : « Notre père, c’est Abraham. » Jésus leur dit : « Si vous étiez les enfants d’Abraham, vous feriez comme Abraham. Moi, je vous ai dit la vérité que j’ai apprise de Dieu. Pourtant, maintenant, vous cherchez à me faire mourir. Abraham n’a pas fait cela. Vous, vous faites comme votre père. » Ils lui répondent : « Nous ne sommes pas des enfants illégitimes . Nous avons un seul Père, c’est Dieu. » Jésus leur dit : « Si Dieu était votre Père, vous m’aimeriez. En effet, je suis venu de Dieu et je suis ici à cause de lui. Ce n’est pas moi qui ai décidé de venir, mais c’est Dieu qui m’a envoyé. Vous ne comprenez pas ce que je dis, pourquoi ? Parce que vous ne pouvez pas écouter mes paroles. Votre père, c’est l’esprit du mal, et vous voulez faire ce que votre père désire. Lui, c’est un assassin depuis le début. Il n’est jamais resté dans la vérité, parce qu’il n’y a pas de vérité en lui. Sa façon normale de parler, c’est de dire des mensonges. En effet, il est menteur, et c’est le père du mensonge. Mais moi, je dis la vérité, et c’est pourquoi vous ne me croyez pas. Parmi vous, qui peut prouver que j’ai commis des péchés ? Je dis la vérité, mais vous ne me croyez pas. Pourquoi donc ?
Jan 8:37-46 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Mwen konnen se nan ras Abraram nou soti, men n ap chache touye m, se paske pawòl mwen yo pa fè anyen nan nou. Mwen menm, mwen pale de sa Papa m montre m, men nou menm, nou fè sa pwòp papa pa nou di nou fè.” Yo reponn li: “Papa nou se Abraram.” Jezi di yo: “Si nou te pitit Abraram, nou ta fè menm bagay ak Abraram. Mwen menm, m ap di nou verite a mwen tande ki soti nan Bondye, men kounye a n ap chache touye m. Abraram pa fè bagay konsa. Nou menm n ap fè travay papa nou.” Lè sa a, yo reponn li: “Nou pa pitit deyò, nou gen yon sèl papa, se Bondye.” Jezi reponn yo: “Si Bondye te papa nou, nou ta renmen m. Paske se Bondye ki voye m, mwen pa vini pou pwòp tèt mwen, men se li menm ki voye m. Pou kisa nou pa kapab konprann langaj mwen? Paske nou pa kapab aksepte ansèyman m. Se dyab la ki papa nou, epi nou vle fè sa papa nou vle nou fè. Li menm, depi okòmansman, se metye touye moun li fè. Li pa janm pale verite a, paske verite a pa nan li menm. Lè l ap bay manti, se nan pwòp trezò li li pran li. Li mantè epi se papa bay manti li ye. Men paske m di nou verite a, nou pa kwè m. Kilès nan nou ki kapab montre m mwen fè peche? Si m di nou verite a pou kisa nou pa kwè m?
Jan 8:37-46 New International Version (NIV)
I know that you are Abraham’s descendants. Yet you are looking for a way to kill me, because you have no room for my word. I am telling you what I have seen in the Father’s presence, and you are doing what you have heard from your father.” “Abraham is our father,” they answered. “If you were Abraham’s children,” said Jesus, “then you would do what Abraham did. As it is, you are looking for a way to kill me, a man who has told you the truth that I heard from God. Abraham did not do such things. You are doing the works of your own father.” “We are not illegitimate children,” they protested. “The only Father we have is God himself.” Jesus said to them, “If God were your Father, you would love me, for I have come here from God. I have not come on my own; God sent me. Why is my language not clear to you? Because you are unable to hear what I say. You belong to your father, the devil, and you want to carry out your father’s desires. He was a murderer from the beginning, not holding to the truth, for there is no truth in him. When he lies, he speaks his native language, for he is a liar and the father of lies. Yet because I tell the truth, you do not believe me! Can any of you prove me guilty of sin? If I am telling the truth, why don’t you believe me?
Jan 8:37-46 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Je sais que vous êtes les descendants d’Abraham. Pourtant, vous cherchez à me faire mourir parce que ma parole ne trouve aucun accès dans votre cœur. Moi, je parle de ce que j’ai vu chez mon Père. Quant à vous, vous faites ce que vous avez appris de votre père. – Notre père à nous, répondirent-ils, c’est Abraham. – Eh bien, leur répliqua Jésus, si vous étiez vraiment des enfants d’Abraham, vous agiriez comme lui. Au lieu de cela, vous cherchez à me faire mourir. Pourquoi ? Parce que je vous dis la vérité telle que je l’ai apprise de Dieu. Jamais Abraham n’a agi comme vous. Vous agissez exactement comme votre père à vous ! – Mais, répondirent-ils, nous ne sommes pas des enfants illégitimes. Nous n’avons qu’un seul Père : Dieu ! – Si vraiment Dieu était votre Père, leur dit Jésus, vous m’aimeriez, car c’est de Dieu que je proviens, c’est de Dieu que je suis venu. Je ne suis pas venu de ma propre initiative, c’est lui qui m’a envoyé. Pourquoi ne comprenez-vous pas ce que je vous dis ? Parce que vous êtes incapables de recevoir mes paroles. Votre père, c’est le diable, et vous voulez vous conformer à ses désirs. Depuis le commencement, c’est un meurtrier : il ne se tient pas dans la vérité, parce qu’il n’y a pas de vérité en lui. Lorsqu’il ment, il parle de son propre fond, puisqu’il est menteur, lui le père du mensonge. Mais moi, je dis la vérité. C’est précisément pour cela que vous ne me croyez pas. Qui d’entre vous peut produire la preuve que j’ai commis une seule faute ? Si je dis vrai, pourquoi ne me croyez-vous pas ?