Jan 6:48-58

Jan 6:48-58 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Mwen se pen ki bay lavi a. Zansèt nou yo te manje lamàn Bondye te ba yo nan dezè a, men sa pa t anpeche yo mouri. Men sa m ap di, m ap di se mwen menm ki pen ki soti nan syèl la. Menm jan li te soti nan syèl, moun te ka manje ladan epi yo te ka viv, mwen vini pou nou kapab viv. Mwen se pen vivan an ki desann soti nan syèl. Nenpòt moun ki manje nan pen sa a, l ap viv pou tout tan. Pen sa m ap bay la, se kò mwen. M ap bay li, kon sa moun nan lemonn kapab gen lavi lè m va mouri pou yo. Alò, Jwif yo te pran fè yon diskisyon byen fache. Yo t ap di: “Kòman nonm sa a ap fè pou li ban nou manje kò l la?” Jezi di: “Amèn, amèn! Nou poze yon bèl kesyon. Si nou menm nou pa manje kò Pitit Lòm nan epi bwè san li, nou p ap gen lavi etènèl nan nou. Moun ki pran tan yo ak plezi yo nan manje kò mwen ak bwè san mwen, yo deja genyen lavi etènèl. Pou mwen menm, m ap resisite yo nan dènye jou a. Kò m se yon manje toutbon, epi san m se yon bwason toutbon. Lavi pa m menm ap nan moun sa a k ap jwi tan l pou l manje kò mwen epi k ap bwè san mwen. Moun sa a ap mennen yon relasyon sere sere ak mwen. Bondye Papa a te voye m. L ap viv, epi mwen menm m ap viv tou, poutèt li menm. Konsa, nenpòt moun ki pran tan l ak plezi l pou l manje mwen, l ap viv poutèt mwen menm. Se sa Pen ki desann soti nan syèl la vle di. Se pa menm jan ak pen zansèt nou yo te manje a. Pen sa a pa t anpeche yo mouri. Moun k ap pran plezi pou l manje pen m ap pale a, l ap viv pou tout tan.”

Pataje
Li Jan 6