Jan 6:35-40
Jan 6:35-40 1998 Haïtienne (HAT98)
Jezi di yo: — Se mwen menm, pen ki bay lavi a. Moun ki vi jwenn mwen p'ap janm grangou. Moun ki kwè nan mwen p'ap janm swaf. Men, mwen te di nou sa: nou wè m, men nou pa kwè toujou. Tout moun Papa a ban mwen, gen pou vin jwenn mwen. Mwen p'ap janm mete moun ki vin jwenn mwen yo deyò. Paske, se pa pou fè volonte pa m mwen desann sot nan syèl la, men pou m fè volonte moun ki voye m lan. Men sa moun ki voye m lan vle: li vle pou m pa pèdi yonn nan moun li ban mwen yo, men pou m fè yo leve sòti vivan nan lanmò nan dènye jou a. Men sa Papa m vle: Tout moun ki wè Pitit la, ki kwè nan li, se pou yo gen lavi ki p'ap janm fini an. Mwen gen pou m fè yo leve sòti vivan nan lanmò nan dènye jou a.
Jan 6:35-40 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Jésus leur répond : « Le pain qui donne la vie, c’est moi. Si quelqu’un vient à moi, il n’aura jamais faim. S’il croit en moi, il n’aura jamais soif. Mais je vous l’ai dit : vous m’avez vu, et pourtant vous ne croyez pas. Tous ceux que le Père me donne viendront à moi, et celui qui vient à moi, je ne le mettrai pas dehors. Oui, je suis descendu du ciel pour faire la volonté de celui qui m’a envoyé. Je ne suis pas venu pour faire ce que je veux. Voici la volonté de celui qui m’a envoyé : je ne dois perdre aucun de ceux qu’il m’a donnés, mais je dois les relever de la mort, le dernier jour. Voici la volonté de mon Père : tous ceux qui voient le Fils et qui croient en lui vivront avec Dieu pour toujours. Et moi, le dernier jour, je les relèverai de la mort. »
Jan 6:35-40 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Alò Jezi di: “Se mwen menm ki pen ki bay lavi a. Nenpòt moun ki vin jwenn mwen p ap janm grangou ankò. Nenpòt moun ki kwè nan mwen p ap janm swaf ankò. Mwen te di nou sa a epi nou wè sa mwen ka fè, men nou toujou pa kwè mwen. Sa se pwoblèm pa nou, men se pa pwoblèm pa m. Tout sa Papa a te pwomèt mwen ap vin jwenn mwen. E mwen p ap janm rejte youn nan yo. Bondye voye m vin soti nan syèl pou m fè sa Bondye vle, pa sa mwen vle. Men sa Papa a ki voye m nan vle m fè: Li pa vle m pèdi pèsonn nan sa l te ban mwen yo. Non! Nan dènye jou a, m ap gen pou m resisite yo. Nenpòt moun ki wè Pitit la epi ki kwè nan Li, li gen lavi etènèl. Mwen va resisite li nan dènye jou a. Sa a, se sa Papa mwen vle.”
Jan 6:35-40 New International Version (NIV)
Then Jesus declared, “I am the bread of life. Whoever comes to me will never go hungry, and whoever believes in me will never be thirsty. But as I told you, you have seen me and still you do not believe. All those the Father gives me will come to me, and whoever comes to me I will never drive away. For I have come down from heaven not to do my will but to do the will of him who sent me. And this is the will of him who sent me, that I shall lose none of all those he has given me, but raise them up at the last day. For my Father’s will is that everyone who looks to the Son and believes in him shall have eternal life, and I will raise them up at the last day.”
Jan 6:35-40 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Et Jésus répondit : Moi, je suis le pain qui donne la vie. Celui qui vient à moi n’aura plus jamais faim, celui qui croit en moi n’aura plus jamais soif. Mais je vous l’ai déjà dit : vous avez vu, et vous ne croyez pas. Tous ceux que le Père me donne viendront à moi, et je ne repousserai pas celui qui vient à moi. Car si je suis descendu du ciel, ce n’est pas pour faire ce qui me plaît, mais pour accomplir la volonté de celui qui m’a envoyé. Or, celui qui m’a envoyé veut que je ne perde aucun de ceux qu’il m’a donnés, mais que je les ressuscite au dernier jour. Oui, telle est la volonté de mon Père : que tous ceux qui tournent leurs regards vers le Fils et qui croient en lui, possèdent la vie éternelle, et moi, je les ressusciterai au dernier jour.