Jan 6:16-71

Jan 6:16-71 1998 Haïtienne (HAT98)

Lè solèy fin kouche, disip li yo desann bò lanmè a. Yo moute nan yon kannòt, yo pran travèse lanmè a nan direksyon Kapènawòm. Te fin fè nwit nèt, men Jezi pat ankò vin jwenn yo. Dlo lanmè a te move paske van an te fò. Yo te gentan naje zaviwon senk a sis kilomèt konsa deja, lè yo wè Jezi ki t'ap vin bò kannòt la. Li t'ap mache sou dlo a. Yo tout te pè. Men, Jezi di yo: — Se mwen menm. Nou pa bezwen pè. Yo te vle pran l nan kannòt la, men lamenm yo fè tè: yo te gentan rive kote yo taprale a. Nan denmen, foul moun ki te rete lòt bò lanmè a te wè te gen yon sèl kannòt ase. Yo te konnen Jezi pat moute nan kannòt la avèk disip li yo. Disip li yo te pati pou kont yo. Men, te gen lòt kannòt ki te sòti lavil Tiberyad ki te rive bò kote yo te manje pen an apre Senyè a te di Bondye mèsi a. Lè foul moun yo wè ni Jezi, ni disip li yo pat la, yo moute nan kannòt sa yo, y'al chache l lavil Kapènawòm. Yo jwenn Jezi lòt bò lanmè a. Yo di li: — Mèt, kilè ou gentan rive isit la? Jezi reponn yo: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Se pa paske nou wè mirak mwen fè yo non kifè n'ap chache m konsa. Se paske nou manje pen plen vant nou. Pa travay pou manje k'ap gate! Travay pito pou manje k'ap konsève, manje k'ap bay lavi ki p'ap janm fini an. Kalite manje sa a, se Moun Bondye voye nan lachè a ki va ban nou l, paske se pou sa Bondye Papa a voye li. Lè sa a, yo mande li: — Kisa pou n fè si nou vle fè travay Bondye? Jezi reponn yo: — Sèl travay Bondye mande nou pou n fè, se pou nou mete konfyans nou nan moun li voye a. Yo di li: — Ki mirak ou fè pou bay prèv dekwa pou nou wè epi pou nou kwè? Zansèt nou yo te manje lamàn nan dezè a, jan sa ekri nan Liv la: Li ba yo pen ki sòti nan syèl la pou yo manje. Jezi reponn yo: — Anverite se vre: Moyiz pa te ban nou ki soti nan syèl la. Men se Papa mwen ki ban nou vrè pen ki soti nan syèl la. Paske pen Bondye bay la, se moun ki desann sot nan syèl la pou bay lèzòm lavi. Yo di li: — Mèt, toujou ban n nan kalite pen sa a. Jezi di yo: — Se mwen menm, pen ki bay lavi a. Moun ki vi jwenn mwen p'ap janm grangou. Moun ki kwè nan mwen p'ap janm swaf. Men, mwen te di nou sa: nou wè m, men nou pa kwè toujou. Tout moun Papa a ban mwen, gen pou vin jwenn mwen. Mwen p'ap janm mete moun ki vin jwenn mwen yo deyò. Paske, se pa pou fè volonte pa m mwen desann sot nan syèl la, men pou m fè volonte moun ki voye m lan. Men sa moun ki voye m lan vle: li vle pou m pa pèdi yonn nan moun li ban mwen yo, men pou m fè yo leve sòti vivan nan lanmò nan dènye jou a. Men sa Papa m vle: Tout moun ki wè Pitit la, ki kwè nan li, se pou yo gen lavi ki p'ap janm fini an. Mwen gen pou m fè yo leve sòti vivan nan lanmò nan dènye jou a. Jwif yo te fache anpil sou Jezi poutèt li te di: Se mwen menm ki pen ki desann sot nan syèl la. Yo t'ap di: — Se pa Jezi, ti gason Jozèf la! Nou konn papa li ak manman li. Kijan li ka fè di koulyeya li desann sot nan Bondye? Jezi reponn yo: — Nou pa bezwen ap bougonnen konsa. Pesonn pa ka vin jwenn mwen si Papa ki voye mwen an pa atire li. Mwen menm, m'ap resisite li nan dènye jou a. Se sa ki ekri nan liv pwofèt yo: Bondye menm ap moutre yo tout bagay. Tout moun ki koute Papa a, ki asepte tou sa l moutre yo, y'ap vin jwenn mwen. Sa pa vle di gen pèsonn ki janm wè Papa a. Sèl moun ki wè Papa a, se moun ki sòti bò kote Bondye ye a. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: moun ki mete konfyans yo nan Bondye, se yo ki gen lavi ki p'ap janm fini an. Se mwen menm pen ki bay lavi a. Zansèt nou yo te manje lamàn nan dezè a, atousa yo mouri. Men, moun ki manje pen ki desann sot nan syèl la, yo p'ap janm mouri. Se mwen menm, pen ki bay lavi a, pen ki desann soti nan syèl la. Si yon moun manje pen sa a, l'ap viv pou tout tan. Pen mwen gen pou m'bay la, se kò mwen. M'ap bay li pou lavi tout moun. Pawòl sa yo fè jwif yo tonbe diskite yonn ak lòt. Yo t'ap mande: — Kouman nonm sa a kapab ban nou kò l pou n manje? Jezi di yo: — Anverite se vre: Si nou pa manje kò Moun Bondye voye nan lachè a, si nou pa bwè san li, nou p'ap gen lavi nan nou. Moun ki manje kò mwen, ki bwè san mwen, li gen lavi ki p'ap janm fini an. Mwen gen pou m fè l leve sòti vivan nan lanmò nan dènye jou a. Paske kò m, se yon manje tout bon, san mwen, se yon bwason tout bon. Moun ki manje kò m, ki bwè san m, y'ap fè yonn avè m, epi m'ap fè yonn avè yo tou. Papa ki voye m lan, li vivan. Se li menm ki ban m lavi. Konsa tou, moun ki manje m, m'a ba yo lavi. Se pen sa a ki desann soti nan syèl. Li pa tankou pen zansèt nou yo te manje a. Paske pen yo a pa te anpeche yo mouri. Moun ki manje pen sa a ap viv pou tout tan. Jezi te di pawòl sa yo antan l te nan sinagòg Kapènawòm lan ap moutre moun yo anpil bagay. Lè yo fin tande sa, anpil nan disip Jezi yo di: — Pawòl sa a di. Ki moun ki ka sipòte tande yon koze konsa? Jezi te gentan wè disip li yo t'ap bougonnen sou pawòl la. Li di yo: — Sa ofiske nou, pa vre? Kisa n'a di lè n'a wè Moun Bondye voye nan lachè a tounen moute kote l te ye anvan an? Se lespri a ki fè viv, kò a pa vo anyen. Pawòl mwen di nou yo, se pawòl ki soti nan Lespri, se pawòlki pote lavi. Men, gen kèk moun pami nou ki pa kwè. (Jezi te pale konsa, paske depi nan konmansman li te konnen moun ki pa t'ap kwè yo ansanm ak moun ki te gen pou trayi l la.) Li di ankò: — Se poutèt sa mwen te di nou: pèsonn pa ka vin jwenn mwen si se pa Bondye Papa a ki fè sa pou li. Depi lè sa a, anpil nan disip yo wete kò yo, yo pa mache avè l ankò. Lè Jezi wè sa, li di douz disip yo: — Nou menm, nou pa vle ale tou? Simon Pyè reponn li: — Senyè, ki moun pou n'al jwenn? Se ou menm ki gen pawòl k'ap bay lavi ki p'ap janm fini an. Kounyeya nou kwè, nou konnen se ou menm ki moun Bondye chwazi a. Jezi reponn yo: — Eske se pa mwen ki chwazi nou touledouz? Malgre sa, yonn nan nou se yon dyab. Li t'ap pale sou Jida, pitit Simon Iskaryòt la. Paske, atout Jida te yonn nan douz disip yo, se li ki ta pral trayi li.

Pataje
Li Jan 6

Jan 6:16-71 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Quand le soir arrive, les disciples de Jésus descendent au bord du lac. Ils montent dans une barque et ils vont vers Capernaüm, de l’autre côté du lac. Il fait déjà nuit, Jésus ne les a pas encore rejoints. Le vent souffle fort et il y a beaucoup de vagues. Les disciples ont fait à peu près cinq kilomètres. À ce moment-là, ils voient Jésus marcher sur le lac et s’approcher de la barque. Alors ils ont peur. Mais Jésus leur dit : « C’est moi, n’ayez pas peur. » Ils veulent le prendre dans la barque, mais aussitôt, la barque arrive à l’endroit où ils allaient. La foule est restée de l’autre côté du lac. Le jour suivant, les gens voient qu’une seule barque est partie. Ils le savent, Jésus n’est pas monté dans la barque avec ses disciples. Les disciples sont partis seuls. Mais d’autres barques viennent de Tibériade. Elles arrivent près de l’endroit où les gens ont mangé le pain après la prière de remerciement du Seigneur. La foule voit que Jésus et ses disciples ne sont pas là. Alors ils montent dans les barques et ils vont à Capernaüm pour chercher Jésus. Les gens trouvent Jésus de l’autre côté du lac et ils lui demandent : « Maître, quand est-ce que tu es arrivé ici ? » Jésus leur répond : « Oui, je vous le dis, c’est la vérité : vous me cherchez seulement parce que vous avez mangé autant de pain que vous avez voulu. Mais vous ne me cherchez pas parce que vous avez vu des signes étonnants. Ne travaillez pas pour la nourriture qui s’abîme. Mais travaillez pour la nourriture qui dure et qui donne la vie avec Dieu pour toujours. Cette nourriture, le Fils de l’homme vous la donnera. En effet, le Père, qui est Dieu lui-même, a donné son pouvoir au Fils. » Les gens demandent à Jésus : « Qu’est-ce que nous devons faire pour accomplir les actions que Dieu veut ? » Jésus leur répond : « Voici l’action que Dieu veut : vous devez croire en celui qu’il a envoyé. » Alors ils lui disent : « Fais-nous voir un signe extraordinaire. Alors nous te croirons. Quelle action est-ce que tu fais ? Dans le désert, nos ancêtres ont mangé la manne. On lit cela dans les Livres Saints : “Dieu leur a donné à manger du pain qui vient du ciel .” » Jésus leur répond : « Oui, je vous le dis, c’est la vérité : ce n’est pas Moïse qui vous a donné le pain du ciel, mais c’est mon Père qui vous donne le vrai pain du ciel. Oui, le pain de Dieu, c’est celui qui descend du ciel et qui donne la vie au monde. » Alors les gens disent à Jésus : « Seigneur, donne-nous toujours ce pain-là ! » Jésus leur répond : « Le pain qui donne la vie, c’est moi. Si quelqu’un vient à moi, il n’aura jamais faim. S’il croit en moi, il n’aura jamais soif. Mais je vous l’ai dit : vous m’avez vu, et pourtant vous ne croyez pas. Tous ceux que le Père me donne viendront à moi, et celui qui vient à moi, je ne le mettrai pas dehors. Oui, je suis descendu du ciel pour faire la volonté de celui qui m’a envoyé. Je ne suis pas venu pour faire ce que je veux. Voici la volonté de celui qui m’a envoyé : je ne dois perdre aucun de ceux qu’il m’a donnés, mais je dois les relever de la mort, le dernier jour. Voici la volonté de mon Père : tous ceux qui voient le Fils et qui croient en lui vivront avec Dieu pour toujours. Et moi, le dernier jour, je les relèverai de la mort. » Les Juifs critiquent Jésus, parce qu’il a dit : « Le pain qui descend du ciel, c’est moi. » Et ils disent : « Cet homme-là, c’est Jésus, le fils de Joseph ! Nous connaissons son père et sa mère ! Comment est-ce qu’il peut dire maintenant : “Je suis descendu du ciel” ? » Jésus leur répond : « Ne faites plus de critiques ! Le Père, c’est celui qui m’a envoyé. Personne ne peut venir à moi, sauf si le Père l’attire. Et moi, le dernier jour, je le relèverai de la mort. Voici ce que les prophètes ont écrit : “Dieu enseignera tous les êtres humains.” Tous ceux qui écoutent le Père et qui reçoivent son enseignement, tous ceux-là viennent à moi. Personne n’a vu le Père, sauf celui qui vient de Dieu. Lui, il a vu le Père. « Oui, je vous le dis, c’est la vérité : si quelqu’un croit, il vit avec Dieu pour toujours. Le pain qui donne la vie, c’est moi. Dans le désert, vos ancêtres ont mangé la manne et ils sont morts. Mais si quelqu’un mange le pain descendu du ciel, il ne mourra pas. Le pain vivant qui est descendu du ciel, c’est moi. Celui qui mange de ce pain vivra pour toujours. Et le pain que je donnerai, c’est mon corps, je le donne pour la vie du monde. » Alors les Juifs se disputent. Ils disent : « Comment cet homme peut-il nous donner son corps à manger ? » Jésus leur dit : « Oui, je vous le dis, c’est la vérité : si vous ne mangez pas le corps du Fils de l’homme et si vous ne buvez pas son sang, vous n’aurez pas la vie en vous. Si quelqu’un mange mon corps et boit mon sang, il vit avec Dieu pour toujours. Et moi, le dernier jour, je le relèverai de la mort. Mon corps est une vraie nourriture et mon sang est une vraie boisson. Si quelqu’un mange mon corps et boit mon sang, il vit en moi, et moi je vis en lui. Le Père qui m’a envoyé est vivant, et moi, je vis par le Père. De la même façon, celui qui me mange vivra par moi. Voici le pain qui est descendu du ciel : il n’est pas comme le pain que vos ancêtres ont mangé. Eux, ils sont morts, mais si quelqu’un mange ce pain, il vivra pour toujours. » Tout cela, Jésus l’enseigne à Capernaüm, dans la maison de prière. En entendant Jésus, beaucoup de ses disciples disent : « Ces paroles sont dures à entendre. Qui peut continuer à les écouter ? » Jésus s’aperçoit que ses disciples critiquent ce qu’il dit. Il leur demande : « Ces paroles sont un obstacle pour vous ? Alors, quand vous verrez le Fils de l’homme monter là où il était avant, qu’est-ce que vous direz ? C’est l’Esprit Saint qui donne la vie, l’homme tout seul ne peut rien faire. Les paroles que je vous ai dites viennent de l’Esprit Saint et elles donnent la vie. Mais, parmi vous, il y en a qui ne croient pas. » En effet, Jésus connaît depuis le début ceux qui ne croient pas en lui et celui qui va le livrer. Et Jésus ajoute : « Voilà pourquoi je vous ai dit : “Personne ne peut venir à moi, si le Père ne lui donne pas de venir.” » À partir de ce moment, beaucoup de disciples s’en vont et ils n’accompagnent plus Jésus. Alors Jésus dit aux douze apôtres : « Est-ce que vous voulez partir, vous aussi ? » Simon-Pierre lui répond : « Seigneur, à qui pouvons-nous aller ? Tu as les paroles qui permettent de vivre avec Dieu pour toujours. Et nous, nous croyons et nous savons que toi, tu es le Saint venu de Dieu. » Jésus leur répond : « C’est moi qui vous ai choisis, vous, les douze apôtres, et pourtant, l’un de vous est un esprit mauvais. » En disant cela, Jésus parle de Judas, fils de Simon Iscariote. En effet, c’est Judas qui va livrer Jésus, et Judas est l’un des douze apôtres.

Pataje
Li Jan 6

Jan 6:16-71 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Nan aswè, disip Jezi yo te desann ale nan lak la. Li te fènwa, epi Jezi pa t ankò retounen vini jwenn yo. Yo antre nan yon bato epi yo kòmanse avanse pou travèse lak la pou ale Kapènawòm. Van an t ap soufle byen fò. Lanm lanmè ki te sou lak la te vin pi fò toujou. Disip yo te avanse senk ou sis kilomèt konsa, epi yo wè Jezi. Li t ap mache sou dlo a vini toupre bato a. Disip yo te pè anpil. Men li di yo: “Nou pa bezwen pè, se mwen menm.” Lè li di sa, yo te vle mete l nan bato a. Epi tousuit apre, bato a rive kote yo t aprale a. Yon foul moun te rete sou lòtbò lak pou jis demen. Yo te konnen Jezi pa t pati avèk disip li yo nan bato a. Yo te konnen disip yo te pati tou sèl nan bato a. Epi yo te konnen tou se te sèl bato ki te genyen la a. Men te gen kèk lòt bato ki te vini soti Tiberyad, yo te rete toupre kote moun yo te manje nan ayè a. Se te menm kote yo te manje pen an apre Senyè a te fin di Bondye mèsi. Moun yo gade yo wè Jezi pa t la. Alò, yo pran bato, yo pati ale Kapènawòm pou chache jwenn kote Jezi ye. Pèp la jwenn Jezi sou lòtbò lak la. Yo mande li: “Mèt, depi ki lè ou vin isit la?” Jezi reponn yo: “Se vre! Nou byen konprann mwen te dwe vini ak pouvwa Bondye. Men, mwen kapab konstate, se pa paske nou wè mirak n ap chache m. N ap chache m paske nou te manje pen epi vant nou te plen. Men manje latè pa dire, yo gate fasil. Pa fè efò pou manje sa a, men travay pito pou nou jwenn manje ki va dire epi ki va bay lavi etènèl. Pitit Lòm nan va ban nou manje sa a. Se li menm sèl Bondye Papa a kalifye pou ban nou li.” Pèp la mande Jezi: “Alò, Ki zèv Bondye mande nou fè, pou l ka voye Pitit Lòm nan pou ban nou manje sa a?” Jezi reponn: “Men sa Bondye vle nou fè se kwè nan moun li gentan voye a.” Konsa, moun yo mande Li: “Ki mirak ou ap fè pou nou wè? Si nou wè ou fè yon mirak, n ap kwè nan ou. Ki sa ou fè? Zansèt nou yo te manje lamàn nan dezè a. Tankou jan Bib la di l: Li te ba yo pen ki soti nan syèl pou yo manje.” Jezi di: “Amèn! Sa Bib la di a se vre, se pa Moyiz ki te bay moun yo pen ki soti nan syèl. Men se Papa m ki ban nou vrè pen ki soti nan syèl la. Pen Bondye bay la se sa ki soti nan syèl la epi ki bay lemonn lavi.” Moun yo di konsa: “Mesye, toujou ban nou pen sa a.” Alò Jezi di: “Se mwen menm ki pen ki bay lavi a. Nenpòt moun ki vin jwenn mwen p ap janm grangou ankò. Nenpòt moun ki kwè nan mwen p ap janm swaf ankò. Mwen te di nou sa a epi nou wè sa mwen ka fè, men nou toujou pa kwè mwen. Sa se pwoblèm pa nou, men se pa pwoblèm pa m. Tout sa Papa a te pwomèt mwen ap vin jwenn mwen. E mwen p ap janm rejte youn nan yo. Bondye voye m vin soti nan syèl pou m fè sa Bondye vle, pa sa mwen vle. Men sa Papa a ki voye m nan vle m fè: Li pa vle m pèdi pèsonn nan sa l te ban mwen yo. Non! Nan dènye jou a, m ap gen pou m resisite yo. Nenpòt moun ki wè Pitit la epi ki kwè nan Li, li gen lavi etènèl. Mwen va resisite li nan dènye jou a. Sa a, se sa Papa mwen vle.” Kèk Jwif t ap kritike Jezi paske li te di: “Pen ki soti nan syèl la, se mwen menm.” Yo di: “Se pa Jezi sa, pitit Jozèf la? Nou konnen papa l ak manman l. Kòman li fè di kounye a: Mwen desann soti nan syèl?” Men Jezi te di yo: “Sispann kritike m!” Se Papa Bondye ki voye m, pa gen yon moun Papa a pa voye ban mwen ki kapab vin jwenn mwen. M ap resisite yo nan dènye jou a. Men sa pwofèt yo di: “Bondye va anseye yo tout.” Nenpòt moun ki tande epi ki aprann sa Papa Bondye di, se yo menm ki vini jwenn mwen. Mwen pa vle di te janm gen yon moun ki te wè Bondye Papa a. Yon sèl moun ki te janm wè Bondye Papa a, se moun Bondye voye a. Li menm, li wè Bondye Papa a. Mwen kapab asire nou, nenpòt moun ki kwè, li genyen lavi etènèl. Mwen se pen ki bay lavi a. Zansèt nou yo te manje lamàn Bondye te ba yo nan dezè a, men sa pa t anpeche yo mouri. Men sa m ap di, m ap di se mwen menm ki pen ki soti nan syèl la. Menm jan li te soti nan syèl, moun te ka manje ladan epi yo te ka viv, mwen vini pou nou kapab viv. Mwen se pen vivan an ki desann soti nan syèl. Nenpòt moun ki manje nan pen sa a, l ap viv pou tout tan. Pen sa m ap bay la, se kò mwen. M ap bay li, kon sa moun nan lemonn kapab gen lavi lè m va mouri pou yo. Alò, Jwif yo te pran fè yon diskisyon byen fache. Yo t ap di: “Kòman nonm sa a ap fè pou li ban nou manje kò l la?” Jezi di: “Amèn, amèn! Nou poze yon bèl kesyon. Si nou menm nou pa manje kò Pitit Lòm nan epi bwè san li, nou p ap gen lavi etènèl nan nou. Moun ki pran tan yo ak plezi yo nan manje kò mwen ak bwè san mwen, yo deja genyen lavi etènèl. Pou mwen menm, m ap resisite yo nan dènye jou a. Kò m se yon manje toutbon, epi san m se yon bwason toutbon. Lavi pa m menm ap nan moun sa a k ap jwi tan l pou l manje kò mwen epi k ap bwè san mwen. Moun sa a ap mennen yon relasyon sere sere ak mwen. Bondye Papa a te voye m. L ap viv, epi mwen menm m ap viv tou, poutèt li menm. Konsa, nenpòt moun ki pran tan l ak plezi l pou l manje mwen, l ap viv poutèt mwen menm. Se sa Pen ki desann soti nan syèl la vle di. Se pa menm jan ak pen zansèt nou yo te manje a. Pen sa a pa t anpeche yo mouri. Moun k ap pran plezi pou l manje pen m ap pale a, l ap viv pou tout tan.” Jezi te di tout bagay sa yo pandan l t ap anseye nan sinagòg la, nan lavil Kapènawòm. Lè disip Jezi yo tande sa, anpil nan yo di: “Ansèyman sa a di, ki moun ki kapab aksepte sa?” Jezi te gentan konnen disip li yo t ap plenyen pou sa. Konsa li di yo: “Èske ansèyman sa a se yon pwoblèm pou nou? Alò kisa nou va panse lè nou va wè Pitit Lòm nan monte ale kote li te soti a? Se Sentespri a ki bay lavi. Kò a pa vo anyen nan bagay konsa. Men bagay mwen di nou yo soti nan Sentespri a, yo bay lavi. Men gen kèk nan nou ki pa kwè.” (Jezi te konnen moun ki pa t kwè yo. Li te konnen sa depi okòmansman. Epi Li te konnen kilès ki ta livre li bay lènmi li yo tou.) Jezi di: “Se pou sa mwen te di nenpòt moun pa kapab vini jwenn mwen si Bondye Papa a pa ede li vini.” Lè Jezi fin di pawòl sa yo, anpil nan disip li yo vire do ba li, epi yo sispann swiv li. Jezi mande douz disip yo: “Nou pa ta renmen ale tou?” Simon Pyè reponn li: “Senyè, ki kote pou n ta ale? Se ou ki genyen pawòl ki bay lavi etènèl la. Nou kwè nan ou. Nou konnen se ou menm ki Moun Bondye konsakre a.” Jezi reponn: “Se mwen menm ki chwazi nou douz la. Men gen youn nan nou se yon move lespri li ye.” Li t ap pale de Jida, pitit Simon Iskaryòt la. Jida se te youn nan douz disip yo, men kèk tan apre, li te trayi Jezi lage l bay lènmi li yo.

Pataje
Li Jan 6

Jan 6:16-71 New International Version (NIV)

When evening came, his disciples went down to the lake, where they got into a boat and set off across the lake for Capernaum. By now it was dark, and Jesus had not yet joined them. A strong wind was blowing and the waters grew rough. When they had rowed about three or four miles, they saw Jesus approaching the boat, walking on the water; and they were frightened. But he said to them, “It is I; don’t be afraid.” Then they were willing to take him into the boat, and immediately the boat reached the shore where they were heading. The next day the crowd that had stayed on the opposite shore of the lake realized that only one boat had been there, and that Jesus had not entered it with his disciples, but that they had gone away alone. Then some boats from Tiberias landed near the place where the people had eaten the bread after the Lord had given thanks. Once the crowd realized that neither Jesus nor his disciples were there, they got into the boats and went to Capernaum in search of Jesus. When they found him on the other side of the lake, they asked him, “Rabbi, when did you get here?” Jesus answered, “Very truly I tell you, you are looking for me, not because you saw the signs I performed but because you ate the loaves and had your fill. Do not work for food that spoils, but for food that endures to eternal life, which the Son of Man will give you. For on him God the Father has placed his seal of approval.” Then they asked him, “What must we do to do the works God requires?” Jesus answered, “The work of God is this: to believe in the one he has sent.” So they asked him, “What sign then will you give that we may see it and believe you? What will you do? Our ancestors ate the manna in the wilderness; as it is written: ‘He gave them bread from heaven to eat.’” Jesus said to them, “Very truly I tell you, it is not Moses who has given you the bread from heaven, but it is my Father who gives you the true bread from heaven. For the bread of God is the bread that comes down from heaven and gives life to the world.” “Sir,” they said, “always give us this bread.” Then Jesus declared, “I am the bread of life. Whoever comes to me will never go hungry, and whoever believes in me will never be thirsty. But as I told you, you have seen me and still you do not believe. All those the Father gives me will come to me, and whoever comes to me I will never drive away. For I have come down from heaven not to do my will but to do the will of him who sent me. And this is the will of him who sent me, that I shall lose none of all those he has given me, but raise them up at the last day. For my Father’s will is that everyone who looks to the Son and believes in him shall have eternal life, and I will raise them up at the last day.” At this the Jews there began to grumble about him because he said, “I am the bread that came down from heaven.” They said, “Is this not Jesus, the son of Joseph, whose father and mother we know? How can he now say, ‘I came down from heaven’?” “Stop grumbling among yourselves,” Jesus answered. “No one can come to me unless the Father who sent me draws them, and I will raise them up at the last day. It is written in the Prophets: ‘They will all be taught by God.’ Everyone who has heard the Father and learned from him comes to me. No one has seen the Father except the one who is from God; only he has seen the Father. Very truly I tell you, the one who believes has eternal life. I am the bread of life. Your ancestors ate the manna in the wilderness, yet they died. But here is the bread that comes down from heaven, which anyone may eat and not die. I am the living bread that came down from heaven. Whoever eats this bread will live forever. This bread is my flesh, which I will give for the life of the world.” Then the Jews began to argue sharply among themselves, “How can this man give us his flesh to eat?” Jesus said to them, “Very truly I tell you, unless you eat the flesh of the Son of Man and drink his blood, you have no life in you. Whoever eats my flesh and drinks my blood has eternal life, and I will raise them up at the last day. For my flesh is real food and my blood is real drink. Whoever eats my flesh and drinks my blood remains in me, and I in them. Just as the living Father sent me and I live because of the Father, so the one who feeds on me will live because of me. This is the bread that came down from heaven. Your ancestors ate manna and died, but whoever feeds on this bread will live forever.” He said this while teaching in the synagogue in Capernaum. On hearing it, many of his disciples said, “This is a hard teaching. Who can accept it?” Aware that his disciples were grumbling about this, Jesus said to them, “Does this offend you? Then what if you see the Son of Man ascend to where he was before! The Spirit gives life; the flesh counts for nothing. The words I have spoken to you—they are full of the Spirit and life. Yet there are some of you who do not believe.” For Jesus had known from the beginning which of them did not believe and who would betray him. He went on to say, “This is why I told you that no one can come to me unless the Father has enabled them.” From this time many of his disciples turned back and no longer followed him. “You do not want to leave too, do you?” Jesus asked the Twelve. Simon Peter answered him, “Lord, to whom shall we go? You have the words of eternal life. We have come to believe and to know that you are the Holy One of God.” Then Jesus replied, “Have I not chosen you, the Twelve? Yet one of you is a devil!” (He meant Judas, the son of Simon Iscariot, who, though one of the Twelve, was later to betray him.)

Pataje
Li Jan 6

Jan 6:16-71 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

A la tombée de la nuit, ses disciples redescendirent au bord du lac. Ils montèrent dans un bateau et se dirigèrent vers Capernaüm, sur l’autre rive. Il faisait déjà nuit et Jésus ne les avait pas encore rejoints. Un vent violent se mit à souffler, et le lac était très agité. Les disciples avaient déjà parcouru cinq ou six kilomètres, quand ils virent Jésus marcher sur l’eau et s’approcher de leur bateau. L’épouvante les saisit. Mais Jésus leur dit : C’est moi, n’ayez pas peur ! Ils voulurent alors le faire monter dans le bateau, et au même moment, ils touchèrent terre à l’endroit où ils voulaient aller. Le lendemain, ceux qui étaient restés sur l’autre rive se rendirent compte qu’il n’y avait eu là qu’un seul bateau et que Jésus n’avait pas accompagné ses disciples ; ceux-ci étaient repartis seuls. Entre-temps, d’autres bateaux étaient arrivés de Tibériade, près de l’endroit où toute cette foule avait été nourrie après que le Seigneur eut remercié Dieu. Quand les gens virent que Jésus n’était pas là, et ses disciples non plus, ils montèrent dans ces bateaux pour aller à Capernaüm, à la recherche de Jésus. Ils le trouvèrent de l’autre côté du lac et lui demandèrent : Maître, quand es-tu venu ici ? Jésus leur répondit : Vraiment, je vous l’assure, si vous me cherchez, ce n’est pas parce que vous avez compris le sens de mes signes miraculeux. Non ! C’est parce que vous avez mangé du pain et que vous avez été rassasiés. Travaillez, non pour la nourriture périssable, mais pour celle qui dure pour la vie éternelle. Cette nourriture, c’est le Fils de l’homme qui vous la donnera, car Dieu le Père lui en a accordé le pouvoir en le marquant de son sceau. – Et que devons-nous faire pour accomplir les œuvres que Dieu attend de nous ? lui demandèrent-ils encore. – L’œuvre de Dieu, leur répondit Jésus, c’est que vous croyiez en celui qu’il a envoyé. Sur quoi, ils lui dirent : Quel signe miraculeux nous feras-tu voir pour que nous puissions croire en toi ? Que vas-tu faire ? Pendant qu’ils traversaient le désert, nos ancêtres ont mangé la manne, comme le dit ce texte de l’Ecriture : Il leur donna à manger un pain qui venait du ciel . Mais Jésus leur répondit : Vraiment, je vous l’assure : ce n’est pas Moïse qui vous a donné le pain venu du ciel, c’est mon Père qui vous donne le pain du ciel, le vrai pain. Car le pain qui vient de Dieu, c’est celui qui descend du ciel et qui donne la vie au monde. – Seigneur, dirent-ils alors, donne-nous toujours de ce pain-là. Et Jésus répondit : Moi, je suis le pain qui donne la vie. Celui qui vient à moi n’aura plus jamais faim, celui qui croit en moi n’aura plus jamais soif. Mais je vous l’ai déjà dit : vous avez vu, et vous ne croyez pas. Tous ceux que le Père me donne viendront à moi, et je ne repousserai pas celui qui vient à moi. Car si je suis descendu du ciel, ce n’est pas pour faire ce qui me plaît, mais pour accomplir la volonté de celui qui m’a envoyé. Or, celui qui m’a envoyé veut que je ne perde aucun de ceux qu’il m’a donnés, mais que je les ressuscite au dernier jour. Oui, telle est la volonté de mon Père : que tous ceux qui tournent leurs regards vers le Fils et qui croient en lui, possèdent la vie éternelle, et moi, je les ressusciterai au dernier jour. Alors les gens se mirent à murmurer contre lui, parce qu’il avait dit : « C’est moi qui suis le pain descendu du ciel. » Ils disaient : Voyons, n’est-ce pas Jésus, le fils de Joseph ? Nous connaissons bien son père et sa mère ! Comment peut-il prétendre qu’il est descendu du ciel ? Jésus leur dit : Cessez donc de murmurer ainsi entre vous ! Personne ne peut venir à moi si le Père qui m’a envoyé ne l’attire, et moi, je le ressusciterai au dernier jour. Dans les écrits des prophètes, vous pouvez lire cette parole : Dieu les instruira tous . Tout homme qui écoute la voix du Père et qui est instruit par lui vient à moi. Personne n’a jamais vu le Père, sauf celui qui est venu d’auprès de Dieu. Lui, il a vu le Père. Vraiment, je vous l’assure : celui qui croit a la vie éternelle, car je suis le pain qui donne la vie. Vos ancêtres ont bien mangé la manne dans le désert et cela ne les a pas empêchés de mourir. Mais c’est ici le pain qui descend du ciel : celui qui en mange ne mourra pas. Moi, je suis le pain vivant descendu du ciel : si quelqu’un mange de ce pain-là, il vivra éternellement. Le pain que je donnerai pour que le monde vive, c’est mon propre corps. A ces mots, les Juifs se mirent à discuter vivement entre eux, disant : Comment cet homme pourrait-il nous donner son corps à manger ? Alors Jésus leur dit : Oui, vraiment, je vous l’assure : si vous ne mangez pas la chair du Fils de l’homme et si vous ne buvez pas son sang, vous n’aurez pas la vie en vous. Celui qui se nourrit de ma chair et qui boit mon sang a la vie éternelle, et moi je le ressusciterai au dernier jour. Car ma chair est vraiment une nourriture et mon sang est vraiment un breuvage. Celui qui mange ma chair et boit mon sang demeure en moi, et moi je demeure en lui. Le Père qui m’a envoyé a la vie en lui-même, et c’est lui qui me fait vivre ; ainsi, celui qui se nourrit de moi vivra lui aussi par moi. C’est ici le pain descendu du ciel. Il n’est pas comme celui que vos ancêtres ont mangé ; eux, ils sont morts ; mais celui qui mange ce pain-ci vivra pour toujours. Voilà ce que déclara Jésus lorsqu’il enseigna dans la synagogue de Capernaüm. Après l’avoir entendu, plusieurs de ses disciples dirent : Ce langage est bien difficile à accepter ! Qui peut continuer à l’écouter ? Jésus savait fort bien quels murmures ses paroles avaient soulevés parmi eux. C’est pourquoi il leur dit : Cela vous choque-t-il ? Et si vous voyez le Fils de l’homme remonter là où il était auparavant ? C’est l’Esprit qui donne la vie ; la chair à elle seule ne sert à rien. Les paroles que je vous ai dites sont Esprit et vie. Hélas, il y en a parmi vous qui ne croient pas. En effet, dès le début Jésus savait quels étaient ceux qui ne croyaient pas, et qui était celui qui allait le trahir. Aussi ajouta-t-il : C’est bien pour cela que je vous ai dit : Personne ne peut venir à moi si cela ne lui est accordé par le Père. A partir de ce moment-là, beaucoup de ses disciples l’abandonnèrent et cessèrent de l’accompagner. Alors Jésus, se tournant vers les Douze, leur demanda : Et vous, ne voulez-vous pas aussi partir ? Mais Simon Pierre lui répondit : Seigneur, vers qui irions-nous ? Tu as les paroles de la vie éternelle. Nous, nous avons mis toute notre confiance en toi et nous savons que tu es le Saint, envoyé de Dieu. – N’est-ce pas moi qui vous ai choisis tous les douze ? reprit Jésus. Et pourtant, l’un de vous est un diable. Par ces mots, il désignait Judas, fils de Simon Iscariot, l’un des Douze, qui allait le trahir.

Pataje
Li Jan 6