Jan 4:1-26

Jan 4:1-26 1998 Haïtienne (HAT98)

Farizyen yo tande Jezi t'ap fè plis patizan pase Jan, li t'ap batize plis moun pase l tou. (Men, pou di vre, Jezi pat janm batize pèsonn. Se disip li yo ki t'ap batize.) Lè Jezi vin konn sa, li kite peyi Jide, li tounen nan peyi Galile. Sou wout la, fòk li te pase nan mitan peyi Samari. Li rive nan yon bouk Samari yo rele Sika, toupre moso tè Jakòb te bay Jozèf, pitit gason l lan. Se la pi Jakòb la te ye. Jezi menm te bouke, vwayaj la te fatige l anpil. Li chita sou rebò pi a. Li te bò midi konsa. Yon fanm peyi Samari vin pou tire dlo. Jezi di l konsa: — Tanpri, ban m ti gout dlo pou m bwè. (Disip li yo te ale lavil la achte manje.) Fanm Samari a di Jezi konsa: — Kouman? Se pa jwif ou ye? Ki jan ou fè mande m dlo pou ou bwè, mwen menm ki moun Samari? (Paske, jwif yo pat gen rapò ak moun Samari.) Jezi reponn li: — Si ou te konnen kado Bondye bay la, si ou te konnen ki moun k'ap mande ou ti gout dlo a, se ou menm atò ki ta mande li ba ou ti gout dlo. Lè sa a, li ta ba ou nan dlo ki bay lavi a. Fanm lan di li: — Mesye, ou pa gen veso pou tire dlo. Epitou, pi a fon anpil. Ki bò pou ou ta jwenn dlo ki bay lavi sa a? Se Jakòb, zansèt nou ki te ban nou pi sa a. Li te bwè ladan li. Tout pitit li yo, tout bèt li yo, se la yo te bwè tou. Eske ou vle di ou pi gran pase Jakòb ki te ban nou pi a? Jezi reponn li: — Tout moun ki bwè dlo sa a gen pou l swaf dlo ankò. Men, moun ki va bwè nan dlo m'ap ba li a, li p'ap janm swaf dlo ankò. Paske, dlo m'ap ba li a ap tounen yon sous dlo nan li k'ap ba li lavi ki p'ap janm fini an. Fanm lan di l: — Tanpri, mesye, ban m ti gout nan dlo sa a non pou m bwè, konsa mwen p'ap janm anvi bwè dlo ankò, mwen p'ap bezwen tounen isit la vin tire dlo. Jezi di l konsa: — Ale rele mari ou. Apre sa, tounen vin jwenn mwen isit la. Fanm lan reponn: — Mwen pa gen mari. Jezi di l konsa: — Ou gen rezon di ou pa gen mari. Paske, ou pase senk mari deja. Epi nonm k'ap viv avè ou kounyeya, se pa mari ou li ye. Ou pa ban m manti. Lè sa a, fanm lan di l: — Gen lè ou se yon pwofèt, mesye? Zansèt nou yo nan peyi Samari te sèvi Bondye sou mòn sa a. Men nou menm jwif, nou di: Sèl kote pou moun sèvi Bondye, se lavil Jerizalèm. Jezi reponn li: — Madanm, ou mèt kwè mwen. Lè a pral rive, se pa ni sou mòn sa a, ni lavil Jerizalèm pou n sèvi Papa a. Nou menm, moun Samari, nou pa konnen sa n'ap sèvi a. Nou menm jwif, nou konnen sa n'ap sèvi a, paske moun k'ap vin pou sove a, se nan mitan jwif yo l'ap sòti. Men, lè a ap rive, li rive deja: tout moun k'ap sèvi tout bon yo pral sèvi Papa a nan kè yo jan sa dwe fèt. Se moun konsa Bondye vle pou sèvi li. Bondye, se Lespri. Fòk tout moun k'ap adore li, adore sou gid Sentespri a ak nan laverite. Fanm lan di: — Mwen konnen Sovè a, moun yo rele Kris la, li gen pou li vini. Lè l'a vini, l'a esplike nou tout bagay. Jezi reponn li: — Mwen menm k'ap pale avè ou la a, mwen se Kris la.

Pataje
Li Jan 4

Jan 4:1-26 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Les Pharisiens entendent dire : « Jésus a plus de disciples que Jean et il baptise plus que Jean ! » Mais en fait, Jésus ne baptise personne, seuls ses disciples baptisent. Quand Jésus apprend ce qu’on raconte, il quitte la Judée et il retourne en Galilée. Pour cela, il doit traverser la Samarie. Il arrive près d’une ville de Samarie appelée Sychar. Elle est près du champ que Jacob a donné à son fils Joseph. À cet endroit, il y a le puits de Jacob. Jésus est fatigué par le voyage, et il s’assoit au bord du puits. Il est à peu près midi. Une femme de Samarie vient chercher de l’eau. Jésus lui dit : « Donne-moi à boire. » Ses disciples sont allés à la ville pour acheter à manger. La femme samaritaine dit à Jésus : « Comment ? Toi, un Juif, tu me demandes à boire, à moi, une Samaritaine ? » En effet, les Juifs n’ont pas de contacts avec les Samaritains. Jésus lui répond : « Tu ne connais pas le don de Dieu. Tu ne connais pas celui qui te dit : “Donne-moi à boire.” Sinon, c’est toi qui demanderais à boire, et je te donnerais une eau pleine de vie. » La femme lui dit : « Seigneur, tu n’as rien pour puiser de l’eau, et le puits est profond. Cette eau pleine de vie, où peux-tu la prendre ? Toi, est-ce que tu es plus grand que Jacob, notre ancêtre ? C’est lui qui nous a donné ce puits. Et lui-même, avec ses fils et ses bêtes, il a bu l’eau de ce puits. » Jésus lui répond : « Si quelqu’un boit de cette eau, il aura encore soif. Mais s’il boit l’eau que je lui donnerai, il n’aura plus jamais soif. Au contraire, l’eau que je lui donnerai deviendra en lui une source, et cette source donne la vie avec Dieu pour toujours. » La femme lui dit : « Seigneur, donne-moi cette eau. Alors je n’aurai plus soif, et je n’aurai plus besoin de venir puiser de l’eau ici. » Jésus lui dit : « Va appeler ton mari et reviens ici. » La femme lui répond : « Je n’ai pas de mari. » Jésus lui dit : « Tu as raison de dire : “Je n’ai pas de mari.” En effet, tu as eu cinq maris, et l’homme que tu as maintenant, ce n’est pas ton mari. Tu as dit la vérité. » Alors la femme lui dit : « Seigneur, tu es un prophète, je le vois ! Nos ancêtres samaritains ont adoré Dieu sur cette montagne. Et vous, les Juifs, vous dites : “Le lieu où il faut adorer, c’est Jérusalem.” » Jésus lui répond : « Crois-moi, le moment arrive où vous n’irez plus ni sur cette montagne ni à Jérusalem pour adorer le Père. Vous, les Samaritains, vous adorez ce que vous ne connaissez pas. Nous, les Juifs, nous adorons ce que nous connaissons. En effet, le salut que Dieu donne vient des Juifs. Mais le moment arrive, et c’est maintenant, où Dieu donne son Esprit. Alors ceux qui adorent vraiment le Père vont l’adorer avec l’aide de l’Esprit Saint et comme le Fils l’a montré. Oui, le Père cherche des gens qui l’adorent de cette façon. Ils doivent l’adorer avec l’aide de l’Esprit Saint et comme le Fils l’a montré. » La femme dit à Jésus : « Je sais que le Messie va venir, celui qu’on appelle Christ. Quand il viendra, il nous expliquera tout. » Jésus lui répond : « Le Christ, c’est moi qui te parle. »

Pataje
Li Jan 4

Jan 4:1-26 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Jezi te aprann Farizyen yo tande l ap fè plis disip epi l ap batize plis moun pase Janbatis. Men, alaverite, se pa t Jezi ki t ap batize moun yo, se te disip li yo. Li kite teritwa Jide, li tounen Galile. Pou rive Galile, li te dwe travèse teritwa Samari. Li rive nan yon vil nan teritwa Samari yo rele Sika ki te toupre pòsyon tè Jakòb te bay Jozèf, pitit gason l lan. Se la pi Jakòb te fè fouye a te ye. Jezi te fatige poutèt wout long sa a li sot fè a, li fè yon ti chita bò kote pi a. Li te bò midi konsa. Yon fanm samaritèn te vin chache dlo nan pi a, epi Jezi di l konsa: “Ban m ti gout dlo.” Sa te pase pandan disip Jezi yo te antre nan vil la pou achte kèk bagay pou yo manje. Fanm nan reponn: “Ou konnen ou fè m sezi lè ou mande m dlo pou w bwè! Ou se yon Jwif epi mwen se yon fanm samaritèn! Jwif pa gen okenn relasyon ak Samariten.” Jezi reponn li: “Se konnen ou pa konnen sa Bondye kapab ba ou. Epi ou pa konnen ki moun mwen ye, mwen menm k ap mande w dlo a. Si ou te konnen, se ou ki t ap mande m, epi mwen ta ba ou dlo ki bay lavi a.” Fanm nan di li: “Mesye, pi a fon anpil epi ou pa gen veso pou tire dlo a. Kote ou ap jwenn kalite dlo sa a? Èske ou pi gran pase Jakòb, gran paran nou? Se li ki te fouye pi sa a pou nou. Li te bwè ladan l, pitit li yo ansanm ak bèt li yo te bwè ladan l.” Jezi reponn li: “Nenpòt moun ki bwè nan dlo sa a ap swaf ankò. Men nenpòt moun ki bwè dlo mwen bay la p ap janm swaf ankò. Dlo m ap bay la va tounen yon sous dlo anndan yo. Li va ba yo lavi etènèl.” Fanm nan di Jezi: “Mesye, ban m dlo sa a non. Mwen pa ta swaf ankò epi mwen pa t ap oblije retounen isit la pou chache dlo.” Jezi di li: “Ale chache mari w mennen vini.” Fanm nan reponn: “Men, mwen pa gen mari.” Jezi di: “Ou gen rezon di ou pa gen mari. Ou pase senk mari deja, epi mesye ou avè l kounye a pa mari w. Lè w di ou pa gen mari a, se verite a.” Fanm nan di: “Mesye, mwen wè ou se yon pwofèt. Gran paran nou yo te konn adore Bondye sou mòn sa a, men nou menm Jwif, nou di fòk se Jerizalèm pou moun adore Bondye.” Jezi reponn li: “kwè m si ou vle, madanm! Lè a rive, kote se pa ni anwo mòn sa a ni Jerizalèm moun pral adore Bondye Papa a. Nou menm Samariten yo, nou adore sa nou pa konnen. Nou menm Jwif, nou adore sa nou konnen, paske delivrans la soti pami Jwif yo. Men, gen yon jou k ap vini, epi jou a rive deja, vrè adoratè Bondye yo pral adore Bondye Papa a anba kontwòl Sentespri a epi selon verite a. Se kalite adoratè sa yo menm Bondye Papa a ap chache pou adore l. Bondye se Lespri. Konsa, moun k ap adore Li dwe adore li anba kontwòl Sentespri epi selon verite a.” Fanm samaritèn nan di li: “Mwen konnen Mesi a, moun yo rele Kris la, li gen pou vini. Lè l vini, li va fè n konnen tout bagay.” Alò, Jezi di l: “Mwen menm menm k ap pale avè w la, se mwen menm ki Mesi a.”

Pataje
Li Jan 4

Jan 4:1-26 New International Version (NIV)

Now Jesus learned that the Pharisees had heard that he was gaining and baptizing more disciples than John— although in fact it was not Jesus who baptized, but his disciples. So he left Judea and went back once more to Galilee. Now he had to go through Samaria. So he came to a town in Samaria called Sychar, near the plot of ground Jacob had given to his son Joseph. Jacob’s well was there, and Jesus, tired as he was from the journey, sat down by the well. It was about noon. When a Samaritan woman came to draw water, Jesus said to her, “Will you give me a drink?” (His disciples had gone into the town to buy food.) The Samaritan woman said to him, “You are a Jew and I am a Samaritan woman. How can you ask me for a drink?” (For Jews do not associate with Samaritans.) Jesus answered her, “If you knew the gift of God and who it is that asks you for a drink, you would have asked him and he would have given you living water.” “Sir,” the woman said, “you have nothing to draw with and the well is deep. Where can you get this living water? Are you greater than our father Jacob, who gave us the well and drank from it himself, as did also his sons and his livestock?” Jesus answered, “Everyone who drinks this water will be thirsty again, but whoever drinks the water I give them will never thirst. Indeed, the water I give them will become in them a spring of water welling up to eternal life.” The woman said to him, “Sir, give me this water so that I won’t get thirsty and have to keep coming here to draw water.” He told her, “Go, call your husband and come back.” “I have no husband,” she replied. Jesus said to her, “You are right when you say you have no husband. The fact is, you have had five husbands, and the man you now have is not your husband. What you have just said is quite true.” “Sir,” the woman said, “I can see that you are a prophet. Our ancestors worshiped on this mountain, but you Jews claim that the place where we must worship is in Jerusalem.” “Woman,” Jesus replied, “believe me, a time is coming when you will worship the Father neither on this mountain nor in Jerusalem. You Samaritans worship what you do not know; we worship what we do know, for salvation is from the Jews. Yet a time is coming and has now come when the true worshipers will worship the Father in the Spirit and in truth, for they are the kind of worshipers the Father seeks. God is spirit, and his worshipers must worship in the Spirit and in truth.” The woman said, “I know that Messiah” (called Christ) “is coming. When he comes, he will explain everything to us.” Then Jesus declared, “I, the one speaking to you—I am he.”

Pataje
Li Jan 4

Jan 4:1-26 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Les pharisiens avaient entendu dire que Jésus faisait et baptisait plus de disciples que Jean. (A vrai dire, Jésus lui-même ne baptisait personne, il laissait ce soin à ses disciples.) Lorsque Jésus l’apprit, il quitta la Judée et retourna en Galilée. Il lui fallait donc traverser la Samarie. C’est ainsi qu’il arriva près d’une bourgade de Samarie nommée Sychar, non loin du champ que Jacob avait jadis donné à son fils Joseph. C’est là que se trouvait le puits de Jacob. Jésus, fatigué du voyage, s’assit au bord du puits. Il était environ midi. Une femme samaritaine vint pour puiser de l’eau. Jésus s’adressa à elle : S’il te plaît, donne-moi à boire un peu d’eau. (Ses disciples étaient allés à la ville pour acheter de quoi manger.) La Samaritaine s’exclama : Comment ? Tu es Juif et tu me demandes à boire, à moi qui suis Samaritaine ? (Les Juifs, en effet, évitaient toutes relations avec les Samaritains.) Jésus lui répondit : Si tu savais quel don Dieu veut te faire et qui est celui qui te demande à boire, c’est toi qui lui aurais demandé à boire et il t’aurait donné de l’eau vive. – Mais, Maître, répondit la femme, non seulement tu n’as pas de seau, mais le puits est profond ! D’où la tires-tu donc, cette eau vive ? Tu ne vas pas te prétendre plus grand que notre ancêtre Jacob, auquel nous devons ce puits, et qui a bu lui-même de son eau ainsi que ses enfants et ses troupeaux ? – Celui qui boit de cette eau, reprit Jésus, aura de nouveau soif. Mais celui qui boira de l’eau que je lui donnerai n’aura plus jamais soif. Bien plus : l’eau que je lui donnerai deviendra en lui une source intarissable qui jaillira jusque dans la vie éternelle. – Maître, lui dit alors la femme, donne-moi de cette eau-là, pour que je n’aie plus soif et que je n’aie plus besoin de revenir puiser de l’eau ici. – Va donc chercher ton mari, lui dit Jésus, et reviens ici. – Je ne suis pas mariée, lui répondit-elle. – Tu as raison de dire : Je ne suis pas mariée. En fait tu l’as été cinq fois, et l’homme avec lequel tu vis actuellement n’est pas ton mari. Ce que tu as dit là est vrai. – Maître, répondit la femme, je le vois, tu es un prophète. Dis-moi : qui a raison ? Nos ancêtres ont adoré Dieu sur cette montagne-ci. Vous autres, vous affirmez que l’endroit où l’on doit adorer, c’est Jérusalem. – Crois-moi, lui dit Jésus, l’heure vient où il ne sera plus question de cette montagne ni de Jérusalem pour adorer le Père. Vous adorez ce que vous ne connaissez pas ; nous, nous adorons ce que nous connaissons, car le salut vient du peuple juif. Mais l’heure vient, et elle est déjà là, où les vrais adorateurs adoreront le Père par l’Esprit et en vérité ; car le Père recherche des hommes qui l’adorent ainsi. Dieu est Esprit et il faut que ceux qui l’adorent l’adorent par l’Esprit et en vérité. La femme lui dit : Je sais qu’un jour le Messie doit venir (celui qu’on appelle Christ). Quand il sera venu, il nous expliquera tout. – Je suis le Messie, moi qui te parle, lui dit Jésus.

Pataje
Li Jan 4

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an