Jan 20:3-10
Jan 20:3-10 1998 Haïtienne (HAT98)
Pyè pati ansanm ak lòt disip la, y'al nan kavo a. Yo t'ap kouri ansanm, men lòt disip la te pi rapid pase Pyè. Li rive bò kavo a anvan li. Li bese pou l gade anndan an. Li wè bann twal fen yo te fè yon pil atè a. Men, li pa antre. Lè Simon Pyè rive dèyè l, li antre nan kavo a. Li wè bann twal fen yo anpile atè a ansanm ak moso twal ki te mare tèt Jezi a. Men, moso twal sa a pat menm kote ak bann twal fen yo. Li te vlope apa yon lòt kote. Se lè sa a, lòt disip ki te rive bò kavo a anvan an antre tou. Li wè, li kwè. (Disip yo pat ankò konprann sa ki te ekri nan Liv la kote yo te di Jezi te gen pou l te leve sòti vivan pami mò yo.) Apre sa, tou de disip yo tounen lakay yo.
Jan 20:3-10 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Pierre et l’autre disciple partent, ils vont vers la tombe. Ils courent tous les deux ensemble, mais l’autre disciple court plus vite que Pierre et il arrive le premier à la tombe. Il se penche et il voit les bandes de tissu posées par terre, mais il n’entre pas. Simon-Pierre arrive après lui. Il entre dans la tombe, il regarde les bandes de tissu posées par terre. Il regarde aussi le linge qu’on avait mis sur la tête de Jésus. Ce linge n’est pas posé avec les bandes de tissu, il est enroulé à part, à un autre endroit. Alors l’autre disciple, celui qui est arrivé le premier à la tombe, entre, lui aussi. Il voit et il croit. En effet, les disciples n’avaient pas encore compris ce que les Livres Saints annonçaient : Jésus doit se relever de la mort. Ensuite les deux disciples retournent chez eux.
Jan 20:3-10 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Lè sa a, Pyè soti ansanm ak lòt disip la, yo ale nan kav la. Yo toulede t ap kouri ansanm, men lòt disip la te kouri pi vit pase Pyè, li rive an premye nan kav la. Li bese gade epi li wè twal yo depoze yon kote, men li pa t antre. Lè Simon Pyè menm vin rive, li t ap swiv li, li antre nan kav la, epi li gade twal yo byen gade, yo te depoze la. Twal ki te kouvri tèt Jezi a te la tou, men li pa t ansanm ak lòt twal yo, li te ranje apa, nan yon lòt plas. Se lè sa a, lòt disip la, disip ki te rive an premye a, li te antre nan kav la tou. Li te wè epi li te kwè. Pou di vre, yo pa t ko konprann Bib la ki te vle di Jezi te dwe resisite soti nan lanmò. Apre sa, disip yo te tounen lakay yo.
Jan 20:3-10 New International Version (NIV)
So Peter and the other disciple started for the tomb. Both were running, but the other disciple outran Peter and reached the tomb first. He bent over and looked in at the strips of linen lying there but did not go in. Then Simon Peter came along behind him and went straight into the tomb. He saw the strips of linen lying there, as well as the cloth that had been wrapped around Jesus’ head. The cloth was still lying in its place, separate from the linen. Finally the other disciple, who had reached the tomb first, also went inside. He saw and believed. (They still did not understand from Scripture that Jesus had to rise from the dead.) Then the disciples went back to where they were staying.
Jan 20:3-10 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Pierre sortit donc, avec l’autre disciple, et ils se rendirent tous deux au tombeau. Ils couraient tous les deux ensemble, mais l’autre disciple, plus rapide que Pierre, le distança et arriva le premier au tombeau. En se penchant, il vit les linges funéraires par terre, mais il n’entra pas. Simon Pierre, qui le suivait, arriva alors. Il entra dans le tombeau, vit les linges qui étaient par terre, et le linge qui avait enveloppé la tête de Jésus, non pas avec les linges funéraires, mais enroulé à part, à sa place. Alors l’autre disciple, celui qui était arrivé le premier, entra à son tour dans le tombeau. Il vit, et il crut. En effet, jusque-là ils n’avaient pas encore compris que Jésus devait ressusciter, comme l’avait annoncé l’Ecriture. Les deux disciples s’en retournèrent alors chez eux.