Jan 19:4-14

Jan 19:4-14 1998 Haïtienne (HAT98)

Pilat sòti ankò, li pale ak foul moun yo, li di: — Koute. Mwen pral mennen l isit la deyò pou nou ka konprann mwen pa jwenn okenn rezon pou m kondannen nonm sa a. Se konsa, Jezi sòti: li te gen kouwòn pikan an nan tèt li ak gwo rad wouj fonse a sou li. Pilat di yo: — Men nonm lan! Lè chèf prèt yo ansanm ak gad yo wè l, yo konmanse rele: — Kloure l sou yon kwa! Kloure l sou yon kwa! Pilat di yo: — Pran l, kloure l sou kwa a nou menm. Mwen pa wè rezon pou m kondannen l, mwen menm. Jwif yo reponn li: — Nou gen yon lwa. Dapre lwa sa a, li gen pou l mouri paske li fè tèt li pase pou Pitit Bondye. Lè Pilat tande sa, li vin pi pè toujou. Li antre nan palè a, li mande Jezi: — Ki kote ou sòti? Men, Jezi pa reponn li. Lè sa a, Pilat di li: — Ou p'ap pale avè mwen? Ou pa konnen mwen gen pouvwa pou m lage ou, mwen gen pouvwa pou m fè yo kloure ou sou yon kwa? Jezi reponn li: — Ou pa ta gen okenn pouvwa sou mwen si se pat Bondye nan syèl la ki te ba ou li. Se poutèt sa, moun ki lage m nan men ou lan, li pi koupab pase ou. Depi lè sa a, Pilat t'ap chache yon jan pou l lage Jezi. Men, jwif yo konmanse rele: — Si ou lage nonm sa a, ou pa zanmi Seza! Depi yon moun ap fè tèt li pase pou wa, se lènmi Seza li ye. Lè Pilat tande koze sa a, li fè yo mennen Jezi deyò, li chita sou gwo chèz nan plas jij la, kote yo rele Lakou Pave a (an lang ebre yo rele l: Gabata). Se te lavèy Pak jwif yo, vè midi konsa. Pilat di jwif yo: — Men wa nou an!

Pataje
Li Jan 19

Jan 19:4-14 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Pilate sort encore une fois et dit aux Juifs : « Écoutez ! Je vais vous amener Jésus dehors. Ainsi, vous comprendrez que je ne trouve aucune raison de le condamner. » Alors Jésus sort. Il porte la couronne d’épines et le vêtement rouge. Pilate leur dit : « Voici l’homme ! » Quand les chefs des prêtres et les gardes du temple voient Jésus, ils se mettent à crier : « Cloue-le sur une croix ! Sur une croix ! » Pilate leur dit : « Prenez-le vous-mêmes et clouez-le sur une croix. Moi, je ne trouve aucune raison de le condamner. » La foule lui répond : « Nous avons une loi, et d’après cette loi, il doit mourir. En effet, il a dit qu’il était le Fils de Dieu. » Quand Pilate entend ces mots, il a encore plus peur. Il rentre dans le palais et il demande à Jésus : « D’où viens-tu ? » Mais Jésus ne lui répond pas. Alors Pilate lui dit : « Tu ne veux pas me parler, à moi ? Tu ne sais donc pas que j’ai le pouvoir de te libérer et que j’ai aussi le pouvoir de te clouer sur une croix ? » Jésus lui répond : « Tu n’as sur moi aucun pouvoir, sauf celui que Dieu te donne. C’est pourquoi celui qui m’a livré à toi est plus coupable que toi. » À partir de ce moment, Pilate cherche à libérer Jésus, mais la foule se met à crier : « Si tu libères cet homme, tu n’es pas un ami de l’empereur ! Tous ceux qui disent : “Je suis roi” sont des ennemis de l’empereur ! » Quand Pilate entend ces mots, il fait amener Jésus dehors. Il s’assoit sur un siège, à l’endroit appelé « Cour pavée », qu’on appelle en hébreu « Gabbata ». C’est la veille de la fête de la Pâque, vers midi. Pilate dit aux Juifs : « Voici votre roi. »

Pataje
Li Jan 19

Jan 19:4-14 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Pilat soti deyò a ankò epi li di Jwif yo: “Nou wè, m pral mennen l ban nou deyò a. Nou dwe konnen mwen pa jwenn anyen pou m kondane li.” Jezi soti deyò, li te gen kouwòn pikan an ak rad mov la sou li. Pilat di yo: “Men nonm nan!” Kou chèf alatèt prèt yo ak tout gadyen tanp lan yo te wè Jezi, yo tout te pran rele: Krisifye l! Krisifye l! Pilat di yo: Pran l nou menm epi krisifye l. Pou mwen menm mwen pa jwenn anyen pou m kondane l. Lidè Jwif yo reponn: “Nou genyen yon lwa, dapre lwa sa a li dwe mouri, paske li fè tèt li pase pou pitit Bondye.” Lè Pilat tande sa, li pè bagay la pi plis toujou. Li retounen anndan an epi li di Jezi: “Moun ki kote ou ye?” Jezi pa bay pyès repons. Lè sa a, Pilat di l: “Ou refize reponn mwen? Ou pa konnen m gen otorite pou m fè libere w epi m gen otorite pou m fè yo krisifye w?” Jezi reponn li konsa: “Ou pa t ap gen okenn otorite sou mwen, si sa pa t soti nan syèl. Se poutèt sa moun ki kenbe m mennen ba ou a, li komèt yon pi gwo peche.” Depi lè sa a, Pilat t ap chache wè kijan li ta fè lage Jezi. Men, lidè Jwif yo pran fè bri, yo t ap di: “Si ou lage l, ou pa zanmi Seza! Paske nenpòt moun ki deklare tèt li wa, se yon moun ki deklare l kont Seza.” Depi Pilat tande pawòl sa yo, li fè Jezi soti, l al chita sou chèz kote jij yo chita pou jije a, kote yo rele Lakou Pave a, Gabata nan lang ebre. Se te jou yo t ap prepare fèt Pak la, bò midi konsa. Pilat di Jwif yo: Men wa nou an!

Pataje
Li Jan 19

Jan 19:4-14 New International Version (NIV)

Once more Pilate came out and said to the Jews gathered there, “Look, I am bringing him out to you to let you know that I find no basis for a charge against him.” When Jesus came out wearing the crown of thorns and the purple robe, Pilate said to them, “Here is the man!” As soon as the chief priests and their officials saw him, they shouted, “Crucify! Crucify!” But Pilate answered, “You take him and crucify him. As for me, I find no basis for a charge against him.” The Jewish leaders insisted, “We have a law, and according to that law he must die, because he claimed to be the Son of God.” When Pilate heard this, he was even more afraid, and he went back inside the palace. “Where do you come from?” he asked Jesus, but Jesus gave him no answer. “Do you refuse to speak to me?” Pilate said. “Don’t you realize I have power either to free you or to crucify you?” Jesus answered, “You would have no power over me if it were not given to you from above. Therefore the one who handed me over to you is guilty of a greater sin.” From then on, Pilate tried to set Jesus free, but the Jewish leaders kept shouting, “If you let this man go, you are no friend of Caesar. Anyone who claims to be a king opposes Caesar.” When Pilate heard this, he brought Jesus out and sat down on the judge’s seat at a place known as the Stone Pavement (which in Aramaic is Gabbatha). It was the day of Preparation of the Passover; it was about noon. “Here is your king,” Pilate said to the Jews.

Pataje
Li Jan 19

Jan 19:4-14 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Pilate sortit de nouveau du palais et dit aux Juifs : Voilà ! je vous le fais amener ici dehors pour que vous sachiez que je ne trouve en lui aucune raison de le condamner. Jésus parut donc dehors, portant la couronne d’épines et le manteau de couleur pourpre. Pilate leur dit : Voici l’homme. En le voyant, les chefs des prêtres et les gardes se mirent à crier : Crucifie-le ! Crucifie-le ! – Vous n’avez qu’à le prendre, leur lança Pilate, et le crucifier vous-mêmes. Moi, je ne trouve aucune raison de le condamner. Les Juifs répliquèrent : Nous, nous avons une Loi, et d’après cette Loi, il doit mourir, car il a prétendu être le Fils de Dieu. Ces propos effrayèrent vivement Pilate. Il rentra au palais de justice et demanda à Jésus : D’où viens-tu ? Mais Jésus ne lui donna aucune réponse. Alors Pilate lui dit : Comment ! C’est à moi que tu refuses de parler ? Tu ne sais donc pas que j’ai le pouvoir de te relâcher et celui de te crucifier ? Jésus lui répondit : Tu n’aurais aucun pouvoir sur moi, s’il ne t’avait été donné d’en haut. Voilà pourquoi celui qui me livre entre tes mains est plus coupable que toi. A partir de ce moment, Pilate cherchait à le relâcher. Mais les Juifs redoublèrent leurs cris : Si tu relâches cet homme, tu n’es pas l’ami de César. Si quelqu’un se fait roi, il s’oppose à César. Quand il eut entendu ces mots, Pilate fit amener Jésus dehors et s’assit à son tribunal, au lieu appelé « la place Pavée » (en hébreu « Gabbatha »). C’était le vendredi de la semaine de fête pascale, vers midi. Pilate dit aux Juifs : Voici votre roi !

Pataje
Li Jan 19