Jan 14:15-23
Jan 14:15-23 1998 Haïtienne (HAT98)
— Si nou renmen m, se pou n obeyi kòmandman m yo. Mwen menm, m'ap mande Papa a ban nou yon lòt pwotektè dekwa pou li toujou la avèk nou. Se Lespri verite a. Sila a lemonn pa ka resevwa a, paske yo pa wè li, ni yo pa konnen li. Men nou menm, nou konnen li paske li la avèk nou epi l'ap nan nou. — Mwen p'ap kite nou pou kont nou: M'ap tounen vin jwenn nou ankò. Anvan lontan ankò, lemonn p'ap wè m, men nou menm n'a wè mwen. Paske m'ap viv, nou menm tou n'ap viv. Lè jou sa a va rive, n'a konnen mwen nan Papa a, nou menm nou nan mwen, epi mwen menm mwen nan nou. — Moun ki asepte kòmandman m yo, ki obeyi yo, se moun sa a ki renmen mwen. Papa m va renmen moun ki renmen mwen. Mwen menm tou, m'a renmen l, epi m'a fè l wè mwen. Jid (se pa Jida Iskaryòt la non) di l konsa: — Senyè, ki jan pou ou fè nou wè ou san pou moun k'ap viv dapre prensip lemonn yo pa wè ou? Jezi reponn li: — Moun ki renmen m, se li menm ki va fè tou sa m di l fè. Papa m va renmen l tou. Papa m va vin jwenn li ansanm avè m, n'a viv nan li.
Jan 14:15-23 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
« Si vous m’aimez, vous obéirez à mes commandements, et moi, je prierai le Père. Et il vous donnera quelqu’un d’autre pour vous aider, quelqu’un qui sera avec vous pour toujours : c’est l’Esprit de vérité. En effet, le monde ne peut pas le recevoir, parce qu’il ne le voit pas et ne le connaît pas. Vous, vous connaissez l’Esprit de vérité, parce qu’il reste avec vous, il habite en vous. « Je ne vous laisserai pas orphelins, je reviendrai vers vous. Dans peu de temps, le monde ne me verra plus. Vous, vous me verrez vivant, et vous vivrez vous aussi. Ce jour-là, vous comprendrez que je vis dans mon Père, que vous vivez en moi et moi en vous. « Si quelqu’un connaît mes commandements et leur obéit, il m’aime vraiment. Mon Père aimera celui qui m’aime, et moi aussi, j’aimerai celui qui m’aime, et je me montrerai à lui. » Jude, qui n’est pas Judas Iscariote, dit à Jésus : « Seigneur, tu dois te montrer à nous et pas au monde, pourquoi ? » Jésus lui répond : « Si quelqu’un m’aime, il obéira à mes paroles. Mon Père l’aimera, nous irons à lui et nous habiterons chez lui.
Jan 14:15-23 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Si nou renmen m, n ap fè sa m di nou fè. Mwen menm, m ap mande Papa a pou l ban nou yon lòt konsolatè ki va la avèk nou pou tout tant. Se li menm ki Lespri verite a. Moun ki nan lemonn pa kab resevwa l, paske yo pa wè li epi yo pa menm konnen l. Nou menm, nou konnen li, paske li bò kote nou epi l ap vin viv nan nou. Mwen p ap kite nou òfelen, m ap vin jwenn nou. Yon ti kras tan ankò lemonn p ap wè m ankò, men nou menm n ap wè m. Nou va viv paske mwen menm mwen vivan. Nan jou sa a, nou va konnen mwen nan Papa m, nou menm nou nan mwen epi mwen menm mwen nan nou. Moun ki genyen kòmandman m yo epi ki fè sa m mande, se moun sa a ki renmen m. Moun ki renmen m, Papa m ap renmen l. Mwen menm m ap renmen l tou, epi m ap fè l konnen ki moun mwen ye.” Jida (se pa Jida Iskaryòt la non) di li konsa: “Senyè, kijan fè se nou w ap fè konnen kilès ou ye, men se pa moun ki nan lemonn?” Jezi reponn li: “Si yon moun renmen m, l ap fè sa m mande, epi Papa m ap renmen l, epi n ap vin tabli nou lakay li.
Jan 14:15-23 New International Version (NIV)
“If you love me, keep my commands. And I will ask the Father, and he will give you another advocate to help you and be with you forever— the Spirit of truth. The world cannot accept him, because it neither sees him nor knows him. But you know him, for he lives with you and will be in you. I will not leave you as orphans; I will come to you. Before long, the world will not see me anymore, but you will see me. Because I live, you also will live. On that day you will realize that I am in my Father, and you are in me, and I am in you. Whoever has my commands and keeps them is the one who loves me. The one who loves me will be loved by my Father, and I too will love them and show myself to them.” Then Judas (not Judas Iscariot) said, “But, Lord, why do you intend to show yourself to us and not to the world?” Jesus replied, “Anyone who loves me will obey my teaching. My Father will love them, and we will come to them and make our home with them.
Jan 14:15-23 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Si vous m’aimez, vous suivrez mes commandements. Et moi, je demanderai au Père de vous donner un autre défenseur en justice, afin qu’il reste pour toujours avec vous : c’est l’Esprit de vérité, celui que le monde est incapable de recevoir parce qu’il ne le voit pas et ne le connaît pas. Quant à vous, vous le connaissez, car il demeure auprès de vous, et il sera en vous. Non, je ne vous laisserai pas orphelins, mais je reviendrai vers vous. Sous peu, le monde ne me verra plus ; mais vous, vous me verrez parce que je vis et que, vous aussi, vous vivrez. Quand ce jour viendra, vous connaîtrez que je suis en mon Père ; vous saurez aussi que vous êtes en moi, et que moi je suis en vous. Celui qui m’aime, c’est celui qui retient mes commandements et les applique. Mon Père aimera celui qui m’aime ; moi aussi, je l’aimerai et je me ferai connaître à lui. Jude (qu’il ne faut pas confondre avec Judas Iscariot) lui demanda : Seigneur, pourquoi est-ce seulement à nous que tu veux te manifester, et non au monde ? Jésus lui répondit : Si quelqu’un m’aime, il obéira à ma parole. Mon Père aussi l’aimera : nous viendrons à lui et nous établirons notre demeure chez lui.