Jeremi 7:1-34

Jeremi 7:1-34 1998 Haïtienne (HAT98)

Senyè a pale ak Jeremi, li di l konsa: — Al kanpe devan gwo pòtay kay Bondye a. Pale byen fò, epi di: Nou tout moun peyi Jida k'ap vini pase nan pòtay sa a pou n'al fè sèvis pou Senyè a, koute sa Senyè a voye di nou. Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Se pou nou chanje jan n'ap viv la! Manyè sispann fè sa n'ap fè a pou m ka kite nou viv isit la. Nou pa bezwen kwè pawòl manti y'ap plede repete yo: Sa se gwo kay Senyè a! Sa se gwo kay Senyè a! Sa se gwo kay Senyè a! Anyen p'ap rive nou la. Se pou nou chanje jan n'ap viv la. Sispann fè sa n'ap fè a! Rann tout moun jistis san patipri. Pa pwofite sou moun lòt nasyon yo, sou timoun ki san papa yo, sou fanm ki pèdi mari yo. Sispann fè san moun inonsan koule nan peyi a. Pa kouri dèyè lòt bondye yo. Se va pou malè nou. Lè sa a, m'a kite nou viv isit la, nan peyi mwen te bay zansèt nou yo pou tout tan tout tan. Men, nou chita ap kwè yon bann pawòl manti ki p'ap sèvi nou anyen. Kouman nou ta vle sa? N'ap vòlò, n'ap touye moun, n'ap fè adiltè, n'ap fè sèman pou bay manti, n'ap fè ofrann pou yo boule pou Baal, n'ap kouri fè sèvis pou yon bann lòt bondye nou pat janm konnen anvan. Lèfini, n'ap vin kanpe devan m nan kay yo mete apa pou mwen an, n'ap plede di: Nou sove! Epi nou donnen pi rèd nan fè bagay mwen pa vle wè? Resanm nou pran kay yo mete apa pou mwen an fè yon kachèt pou vòlò? Se sa mwen wè n'ap fè. Se mwen menm Senyè a ki di sa. Moute Silo, ale wè kote yo te mete apa pou mwen an, premye kote mwen te chwazi pou m te rete nan mitan nou an. Ale wè sa m te fè l poutèt mechanste pèp Izrayèl mwen sa a. Kounyeya menm, gade tou sa nou fè. Se Senyè a menm ki di sa. Se pa ti kras pale mwen pale nou, nou derefize koute m. Se pa ti kras rele mwen rele nou, nou pa reponn. Enben! Sa m te fè Silo a, se sa mwen pral fè kay yo mete apa pou mwen an, kay nou kwè ki ka sove nou an, ak peyi mwen te bay zansèt nou yo ansanm ak nou an. M'ap wete nou devan je m, menm jan mwen te voye tout frè nou yo, tout moun branch fanmi Efrayim yo, jete byen lwen. Senyè a di ankò: — Jeremi monchè, ou pa bezwen lapriyè nan pye m pou pèp sa a. Ou pa bezwen rele, ni ou pa bezwen lapriyè pou yo. Pa vin plede kòz yo bò kote m. Paske mwen p'ap koute ou. Ou pa wè sa y'ap fè nan lavil peyi Jida yo, ak nan lari lavil Jerizalèm? Timoun yo ap ranmase bwa. Mesye yo ap limen dife. Medam yo ap bat farin fè gato pou Larenn syèl la. Y'ap jete diven pou lòt bondye. Y'ap fè tou sa pou fawouche mwen. Men, se pa mwen y'ap fè mal. Se Senyè a menm ki di sa. Se pwòp tèt yo menm y'ap fè mal, se tèt yo y'ap fè wont. Se poutèt sa, men sa mwen menm, Senyè ki gen tout pouvwa a, mwen di: Mwen pral pase gwo kòlè m ni sou Tanp lan, ni sou moun, ni sou bèt, ni sou pyebwa, ni sou rekòt yo. Kòlè mwen pral tankou yon dife pèsonn p'ap ka tenyen. Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di ankò: — Pran tout vyann nou te konn ofri pou boule nan dife, mete yo sou vyann bèt nou touye yo. Lèfini, manje tout. Lè mwen t'ap fè zansèt nou yo sòti peyi Lejip, mwen pat ba yo okenn lòd sou bèt pou yo te boule nan dife pou mwen, ni sou bèt pou yo te touye pou mwen. Sèl bagay mwen te mande yo, se pou yo te koute m lè m'ap pale ak yo. Konsa m'a toujou Bondye yo. Yo menm y'a pèp mwen. Mwen te di pou yo te swiv chemen mwen t'ap mete devan yo, pou tout bagay te ka mache byen pou yo. Men, yo pat vle koute m, yo te bouche zòrèy yo. Yo fè sa ki nan lide yo, yo fè tèt di. Pase yo vin pi bon, yo vin pi mal. Depi jou zansèt nou yo te sòti kite peyi Lejip rive jòdi a, mwen toujou voye sèvitè m yo, pwofèt yo, pou pale ak nou. Men, pèsonn pa koute yo, tout moun bouche zòrèy yo. Nou fè tèt di, nou fè pi mal pase zansèt nou yo. Se poutèt sa, Jeremi, ou pral di yo tou sa, men yo p'ap koute ou. W'ap rele yo, men yo p'ap reponn. W'a di yo: se yon nasyon ki pa koute sa Senyè a ap di yo yo ye. Malgre Bondye pini yo, yo pa chanje. Pèsonn pa kenbe pawòl yo ak li. Yo pa pale sou sa menm ankò. Nou menm moun lavil Jerizalèm, koupe tout cheve nan tèt nou voye jete. Moute sou tèt mòn yo, pou nou chante plenn sò nou, paske Senyè a pa vle wè moun ki fè l fache. Li vire do ba yo, li voye yo jete. Moun peyi Jida yo fè sa ki mal devan je m. Se Senyè a menm ki di sa: Yo pran zidòl yo, yo enstale yo nan kay yo te mete apa pou mwen an. Konsa, li pa nan kondisyon pou sèvi m ankò. Nan fon Bennimon an, yo bati yon lotèl yo rele Tofèt pou yo ka boule pitit gason ak pitit fi yo nan dife sou li. Sa se bagay mwen pa te janm mande yo fè, bagay ki pa te janm moute nan lide mwen. Se poutèt sa, men sa mwen menm Senyè a, mwen di: Yon lè yo p'ap rele kote sa a Tofèt, osinon Fon Benninon, men Fon Masak: Se la y'a antere moun, paske p'ap gen plas lòt kote ankò pou antere yo. Kadav moun yo va sèvi manje pou zwazo nan syèl ak bèt nan bwa. P'ap gen pèsonn pou pouse bèt yo ale. Peyi a pral tounen yon dezè. Nan lavil peyi Jida yo ak nan lari lavil Jerizalèm, ou p'ap tande yon moun ap pran plezi l, ou p'ap tande yon moun ap ri. P'ap menm gen fèt pou moun marye yo. Se mwen menm k'ap fè tou sa rive.

Jeremi 7:1-34 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Voici les paroles que le SEIGNEUR a adressées à Jérémie : Mets-toi à l’entrée du temple de Jérusalem. Là, tu annonceras le message suivant : « Écoutez la parole du SEIGNEUR, gens de Juda, vous qui passez par cette porte pour venir m’adorer. Voici ce que le SEIGNEUR de l’univers, Dieu d’Israël, vous fait dire : Améliorez votre façon de vivre et d’agir. Alors je vous laisserai habiter dans ce pays. Vous dites : “C’est ici le temple du SEIGNEUR, le temple du SEIGNEUR, le temple du SEIGNEUR.” Ne mettez pas votre confiance dans ces paroles trompeuses. Améliorez plutôt votre façon de vivre et d’agir. Dans vos rapports les uns avec les autres, respectez le droit. N’écrasez pas par l’injustice les étrangers, les orphelins ou les veuves. Arrêtez de tuer ici même des innocents. Ne suivez plus d’autres dieux, qui font votre malheur. Alors je vous laisserai habiter ici, dans le pays que j’ai donné à vos ancêtres depuis toujours et pour toujours. « Mais vous mettez votre confiance dans des paroles trompeuses qui ne valent rien. Quoi ! Vous volez, vous tuez, vous commettez des adultères, vous faites des serments faux, vous offrez des sacrifices à Baal, vous suivez des dieux étrangers que vous ne connaissez pas. Ensuite, vous venez vous présenter devant moi, dans ce temple qui m’est consacré, et vous dites : “Nous sommes sauvés !” Et cela, pour continuer à faire des choses horribles ! Ce temple qui m’est consacré, est-ce que vous le prenez pour un abri de voleurs ? En tout cas, c’est ce que je vois. Moi, le SEIGNEUR, je le déclare. « Allez donc au lieu saint que j’avais à Silo . Autrefois, j’habitais là. Voyez ce que j’en ai fait, à cause de la méchanceté d’Israël, mon peuple. Eh bien, moi, le SEIGNEUR, je le déclare : vous avez agi aussi mal que lui. J’ai passé mon temps à vous avertir, et vous n’avez pas écouté. Je vous ai appelés, et vous n’avez pas répondu. Vous mettez votre confiance dans ce temple. Il m’est consacré, et je vous l’ai donné, à vous et à vos ancêtres. Eh bien, je vais le traiter comme j’ai traité le lieu saint de Silo. Et vous, je vous rejetterai loin de moi comme j’ai rejeté vos frères, les gens d’Éfraïm . » « Toi, Jérémie, ne me demande rien pour ce peuple. Ne fais monter vers moi aucune prière, aucun cri en leur faveur. N’insiste pas auprès de moi, je ne t’écouterai pas. Tu ne vois donc pas ce qu’ils font dans les villes de Juda et dans les rues de Jérusalem ? Les enfants ramassent du bois, les pères allument le feu, les femmes préparent la pâte et font des gâteaux pour la Reine du ciel . Puis ils me mettent en colère en offrant du vin à des dieux étrangers. » Le SEIGNEUR déclare : « Est-ce à moi qu’ils font du mal ? Non, c’est à eux-mêmes, et ils devraient avoir honte. » C’est pourquoi, voici ce que dit le Seigneur DIEU : « Je vais répandre ma violente colère sur cette ville, sur les êtres humains et sur les animaux, sur les arbres des champs et sur les produits du sol. Elle sera comme un feu qui ne s’éteint pas. » Le SEIGNEUR de l’univers, Dieu d’Israël, dit : « Ajoutez vos animaux offerts en sacrifices complets à ceux de vos sacrifices ordinaires, et mangez toute la viande vous-mêmes ! Quand j’ai fait sortir d’Égypte vos ancêtres, je ne leur ai rien dit. Je ne leur ai pas demandé des sacrifices complets ni d’autres sacrifices. Je leur ai seulement donné cet ordre : “Écoutez-moi, alors je serai votre Dieu, et vous serez mon peuple. Suivez exactement le chemin que je vous montre, et tout ira bien pour vous.” Mais ils n’ont pas écouté, ils n’ont pas tendu l’oreille. Ils ont décidé de suivre leurs intentions mauvaises. Au lieu de regarder vers moi, ils m’ont tourné le dos. Depuis le jour où vos ancêtres sont sortis d’Égypte jusqu’à aujourd’hui, j’ai passé mon temps à vous envoyer mes serviteurs les prophètes, jour après jour. Mais vous ne m’avez pas écouté. Vous n’avez pas tendu l’oreille. Vous avez la tête dure, vous avez été plus mauvais que vos ancêtres ! » « Toi, Jérémie, tu vas leur dire tout cela, mais ils ne t’écouteront pas. Tu les appelleras, mais ils ne répondront pas. Alors tu leur diras : “Vous êtes le peuple qui n’écoute pas les paroles du SEIGNEUR, son Dieu, qui refuse ses avertissements. Chez vous, la fidélité est morte, personne n’en parle plus !” » Le SEIGNEUR dit : « Peuple de Juda, coupe tes longs cheveux qui montrent que tu m’es consacré . Jette-les. Sur les collines nues, chante des chants de deuil. Tu es une génération qui m’a mis en colère. Je ne veux donc plus de toi, je te rejette. » Le SEIGNEUR déclare : « Oui, les gens de Juda ont fait ce qui est mal à mes yeux. Ils ont placé leurs statues horribles dans le temple qui m’est consacré et ils l’ont rendu impur. Dans la vallée de Hinnom, ils ont installé un lieu sacré, le Tofeth. Et là, ils brûlent en sacrifice leurs fils et leurs filles . Je n’ai pourtant pas commandé cela et je n’y ai jamais pensé. » Le SEIGNEUR déclare : « Le jour vient où on n’appellera plus cet endroit “le Tofeth”, ou “la vallée de Hinnom”, mais “la vallée du massacre”. C’est là qu’on enterrera les morts , parce qu’il n’y aura pas de place ailleurs. Les charognards et les chacals dévoreront les corps de ces gens-là, et personne ne les chassera. Dans les villes de Juda et dans les rues de Jérusalem, je ferai taire les bruits de fête, les cris de joie et les chants des jeunes mariés. En effet, ce pays deviendra un tas de ruines. »

Jeremi 7:1-34 New International Version (NIV)

This is the word that came to Jeremiah from the LORD: “Stand at the gate of the LORD’s house and there proclaim this message: “ ‘Hear the word of the LORD, all you people of Judah who come through these gates to worship the LORD. This is what the LORD Almighty, the God of Israel, says: Reform your ways and your actions, and I will let you live in this place. Do not trust in deceptive words and say, “This is the temple of the LORD, the temple of the LORD, the temple of the LORD!” If you really change your ways and your actions and deal with each other justly, if you do not oppress the foreigner, the fatherless or the widow and do not shed innocent blood in this place, and if you do not follow other gods to your own harm, then I will let you live in this place, in the land I gave your ancestors for ever and ever. But look, you are trusting in deceptive words that are worthless. “ ‘Will you steal and murder, commit adultery and perjury, burn incense to Baal and follow other gods you have not known, and then come and stand before me in this house, which bears my Name, and say, “We are safe”—safe to do all these detestable things? Has this house, which bears my Name, become a den of robbers to you? But I have been watching! declares the LORD. “ ‘Go now to the place in Shiloh where I first made a dwelling for my Name, and see what I did to it because of the wickedness of my people Israel. While you were doing all these things, declares the LORD, I spoke to you again and again, but you did not listen; I called you, but you did not answer. Therefore, what I did to Shiloh I will now do to the house that bears my Name, the temple you trust in, the place I gave to you and your ancestors. I will thrust you from my presence, just as I did all your fellow Israelites, the people of Ephraim.’ “So do not pray for this people nor offer any plea or petition for them; do not plead with me, for I will not listen to you. Do you not see what they are doing in the towns of Judah and in the streets of Jerusalem? The children gather wood, the fathers light the fire, and the women knead the dough and make cakes to offer to the Queen of Heaven. They pour out drink offerings to other gods to arouse my anger. But am I the one they are provoking? declares the LORD. Are they not rather harming themselves, to their own shame? “ ‘Therefore this is what the Sovereign LORD says: My anger and my wrath will be poured out on this place—on man and beast, on the trees of the field and on the crops of your land—and it will burn and not be quenched. “ ‘This is what the LORD Almighty, the God of Israel, says: Go ahead, add your burnt offerings to your other sacrifices and eat the meat yourselves! For when I brought your ancestors out of Egypt and spoke to them, I did not just give them commands about burnt offerings and sacrifices, but I gave them this command: Obey me, and I will be your God and you will be my people. Walk in obedience to all I command you, that it may go well with you. But they did not listen or pay attention; instead, they followed the stubborn inclinations of their evil hearts. They went backward and not forward. From the time your ancestors left Egypt until now, day after day, again and again I sent you my servants the prophets. But they did not listen to me or pay attention. They were stiff-necked and did more evil than their ancestors.’ “When you tell them all this, they will not listen to you; when you call to them, they will not answer. Therefore say to them, ‘This is the nation that has not obeyed the LORD its God or responded to correction. Truth has perished; it has vanished from their lips. “ ‘Cut off your hair and throw it away; take up a lament on the barren heights, for the LORD has rejected and abandoned this generation that is under his wrath. “ ‘The people of Judah have done evil in my eyes, declares the LORD. They have set up their detestable idols in the house that bears my Name and have defiled it. They have built the high places of Topheth in the Valley of Ben Hinnom to burn their sons and daughters in the fire—something I did not command, nor did it enter my mind. So beware, the days are coming, declares the LORD, when people will no longer call it Topheth or the Valley of Ben Hinnom, but the Valley of Slaughter, for they will bury the dead in Topheth until there is no more room. Then the carcasses of this people will become food for the birds and the wild animals, and there will be no one to frighten them away. I will bring an end to the sounds of joy and gladness and to the voices of bride and bridegroom in the towns of Judah and the streets of Jerusalem, for the land will become desolate.

Jeremi 7:1-34 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Voici ce que l’Eternel dit à Jérémie : Tiens-toi à la porte du temple de l’Eternel, et proclame ce message : Ecoutez la parole de l’Eternel, vous tous, gens de Juda, vous qui entrez par ces portes, pour vous prosterner devant l’Eternel, car voici ce que déclare le Seigneur des armées célestes, le Dieu d’Israël : Adoptez une bonne conduite et faites ce qui est bien ! Alors, je vous laisserai vivre en ce lieu. Cessez de vous fier à ces paroles trompeuses : « Voici le temple de l’Eternel, voici le temple de l’Eternel, oui, c’est ici qu’est le temple de l’Eternel. » Si vraiment vous adoptez une conduite bonne et si vous faites ce qui est bien, si vous rendez de justes jugements dans les procès, si vous vous abstenez d’exploiter l’immigré, l’orphelin et la veuve, de tuer des innocents en ce lieu et d’adorer d’autres dieux pour votre propre malheur, alors je vous ferai habiter dans ce lieu, ce pays que j’ai donné à vos ancêtres depuis toujours et pour toujours. Mais vous, vous vous fiez à des paroles trompeuses qui ne vous serviront à rien. Quoi ! Vous allez commettre des vols, des meurtres, des adultères, vous faites des serments mensongers, vous offrez des parfums à Baal et adorez d’autres dieux qui vous étaient inconnus, et puis vous venez vous tenir devant moi, dans ce temple qui m’appartient, et vous dites : « Nous sommes en sécurité ! » Et c’est pour accomplir tous ces actes abominables ! Ce temple qui m’appartient est-il à vos yeux une caverne de brigands  ? Moi, en tout cas, je vois qu’il en est ainsi – l’Eternel le déclare. Allez donc à Silo, à l’endroit où j’avais mon sanctuaire, là où j’avais autrefois établi ma présence, et voyez ce que j’en ai fait à cause du mal qu’avait commis mon peuple Israël ! Maintenant, puisque vous agissez ainsi – l’Eternel le déclare – et puisque vous n’avez pas écouté quand, inlassablement, je vous ai avertis, puisque vous n’avez pas répondu, alors que je vous ai appelés, ce temple qui m’appartient, et sur lequel vous fondez votre assurance, ce lieu que j’ai donné à vous et à vos ancêtres, je vais le traiter de la même manière que j’ai traité Silo. Je vous rejetterai loin de moi comme j’ai rejeté tous ceux qui sont vos frères, le peuple d’Ephraïm. Quant à toi, Jérémie, ne prie pas pour ce peuple, ne prononce en sa faveur ni supplication ni requête, n’intercède pas auprès de moi car je ne t’écouterai pas. Ne vois-tu pas tout ce qu’ils font dans les villes de Juda, et dans les rues de Jérusalem ? Les enfants ramassent du bois, les pères allument le feu, les femmes pétrissent la pâte pour faire des gâteaux pour la Reine du ciel. On offre des libations à des dieux étrangers et tout cela m’irrite. Est-ce moi qu’ils offensent ? demande l’Eternel. Non, c’est plutôt eux-mêmes, à leur plus grande honte ! C’est pourquoi, voici ce que déclare le Seigneur, l’Eternel : Mon ardente colère et mon indignation vont fondre sur ce lieu, sur les gens et les bêtes, sur les arbres des champs et les produits du sol. Et elles brûlent comme un feu qui ne s’éteindra pas. Voici ce que déclare le Seigneur des armées célestes, Dieu d’Israël : Ajoutez donc vos holocaustes aux autres sacrifices, et mangez-en la viande. Non ! je n’ai rien prescrit à vos ancêtres, je ne leur ai rien ordonné concernant les holocaustes et autres sacrifices quand je les ai fait sortir d’Egypte. Mais voici ce que je leur ai commandé : « Ecoutez-moi et je serai votre Dieu, et vous serez mon peuple ; suivez toutes les voies que je vous prescrirai, afin que vous soyez heureux. » Mais eux, ils n’ont pas écouté, non, ils n’ont pas prêté l’oreille. Mais ils se sont conduits selon leurs propres raisonnements et selon les penchants de leur cœur obstiné et mauvais. Ils sont devenus pires au lieu de devenir meilleurs. Depuis le jour où vos ancêtres sont sortis d’Egypte jusqu’à aujourd’hui, j’ai envoyé tous mes serviteurs les prophètes, jour après jour, inlassablement. Mais ils ne m’ont pas écouté, ils n’ont pas prêté l’oreille. Ils ont raidi leur nuque, et ils ont fait plus de mal que leurs ancêtres. Dis-leur toutes ces choses, mais ils ne t’écouteront pas ; appelle-les, mais ils ne te répondront pas. Alors tu leur diras : vous êtes un peuple qui n’obéit pas à l’Eternel son Dieu et qui ne veut pas accepter sa leçon. La vérité n’est plus, elle s’est retirée de leur bouche. Rase ta chevelure ╵et jette-la ! Entonne une complainte ╵sur les monts dépouillés, car l’Eternel rejette, ╵avec mépris, cette génération qui a provoqué sa colère. Car les gens de Juda ont fait ce que je considère comme mal, l’Eternel le déclare. Ils ont installé leurs abominations dans le Temple qui m’appartient et l’ont ainsi souillé. Ils ont érigé les hauts lieux de Topheth dans la vallée de Ben-Hinnom, afin de brûler leurs fils et leurs filles pour les offrir en sacrifices. C’est bien là quelque chose que je n’ai pas ordonné et qui ne m’est même pas venu à la pensée. C’est pourquoi, le temps vient – l’Eternel le déclare – où l’on ne dira plus : « le Topheth » ni « la vallée de Ben-Hinnom » mais on l’appellera : « la vallée du Massacre », et faute de place, on enterrera les morts au Topheth. Les cadavres des gens de ce peuple serviront de pâture aux oiseaux et aux bêtes sauvages, sans que personne les chasse. Je ferai cesser dans les villes de Juda et dans les rues de Jérusalem les cris de réjouissance et d’allégresse, la voix du marié et la voix de la mariée, car le pays sera en ruine.