Jak 5:1-20

Jak 5:1-20 1998 Haïtienne (HAT98)

Kounyeya, nou menm moun rich yo, se pou nou m'ap pale: Nou mèt konmanse kriye, konmanse pouse rèl pou malè ki pral tonbe sou nou yo. Richès nou yo fin pouri. Vèmin fin manje rad nou yo. Lò nou ak lajan nou fin wouye. Lawouy pral kanpe pou akize nou, li va devore nou tankou dife. Nou fè kont move lajan nou nan dènye tan sa yo. Gade! Nou pat peye lajan nou te dwe peye travayè yo ki t'ap travay pou nou nan jaden. Tande jan y'ap rele! Travayè ki te ranmase rekòt pou nou yo ap plede rele! Rèl yo rive jouk nan zòrèy Bondye, Mèt ki gen tout pouvwa a. N'ap byen mennen, n'ap jwi sou latè. Nou tankou bèt k'ap gra pou labatwa. Nou kondannen moun inosan, nou fè sasinen yo. Yo menm, yo pa fè fòs ak nou. Se poutèt sa, frè m yo, annou pran pasyans jouk jou Senyè a va vini. Gade jan kiltivatè a gen pasyans. Li gen pou l rete tann anvan pou tè a ba li yon bèl rekòt. Li pran pasyans, li rete tann lapli premye sezon an jouk lapli dènye sezon an. Nou menm tou, pran pasyans, bay kò nou kouraj. Paske Mèt la pa lontan vini. Frè m yo, pa plenyen yonn sou do lòt pou nou pa tonbe anba jijman Bondye. Men jij la la nan papòt la. Frè m yo, chonje pwofèt yo ki te pale nan non Mèt la. Pran egzanp sou yo, pou jan yo te gen pasyans lè yo t'ap soufri. Paske yo te soufri ak pasyans, nou di yo se moun Bondye beni. Nou tande ki jan Jòb te gen pasyans, nou wè bout pou bout sa Bondye te fè pou li, paske Bondye gen bon kè, li gen kè sansib. Anvan tout lòt bagay, frè mwen yo, men sa ki enpòtan: Piga nou sèmante ni sou syèl la, ni sou latè a, ni sou tèt okenn lòt bagay. Yon sèl pawòl pou nou genyen: se wi, se non. Konsa nou p'ap tonbe anba jijman Bondye. Si yon moun nan nou ap soufri, se pou li lapriyè. Si yon moun nan nou gen kè kontan, se pou l chante kantik. Si yon moun nan nou malad, se pou l rele chèf reskonsab yo nan legliz la. Y'a lapriyè pou li, y'a pase lwil sou li nan non Senyè a. Lè lapriyè a fèt ak konfyans, li va delivre malad la. Senyè a va fè l leve gaya. Si li te fè kèk peche, Bondye va padonnen li. Se pou nou konfese peche nou yo yonn bay lòt. Se pou yonn lapriyè pou lòt, pou nou kapab geri. Lè yon moun ap viv dwat devan Bondye, lapriyè moun sa a gen anpil pouvwa. Pwofèt Eli te yon moun menm jan ak nou. Li te lapriyè rèd pou lapli pat tonbe. Konsa vre, lapli pa tonbe pandan twazan sis mwa. Apre sa, li lapriyè ankò. Lè sa a, syèl la louvri, lapli tonbe, latè bay bèl rekòt. Frè m yo, si yonn nan nou pèdi chemen laverite a, epi yon lòt frè mennen l tounen ankò, konnen sa byen: lè yon moun pèdi chemen l poutèt peche li yo, si yon lòt mennen l tounen, se yon nanm li rache anba lanmò. Anmenmtan, li jwenn padon pou anpil peche.

Pataje
Li Jak 5

Jak 5:1-20 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Maintenant, faites attention, vous, les riches ! Pleurez ! Criez à cause des malheurs qui vont venir sur vous ! Votre richesse est pourrie, les vers mangent vos vêtements ! Votre or et votre argent rouillent, et leur rouille va vous accuser, elle va dévorer votre corps comme un feu. Le monde va bientôt finir, pourtant vous conservez des richesses en réserve ! Et même, vous gardez pour vous le salaire des ouvriers qui font la récolte dans vos champs ! Alors ils se plaignent, et les cris de ces ouvriers arrivent aux oreilles de Dieu, le Seigneur tout-puissant ! Sur la terre, vous avez vécu au milieu des richesses, vous avez fait ce qui vous plaisait. Vous avez bien mangé pendant que des gens mouraient. Vous avez condamné les innocents et vous les avez tués. Ils ne vous ont pas résisté. Frères et sœurs chrétiens, soyez patients, le Seigneur vient ! Regardez le cultivateur. Il attend avec patience les belles récoltes de la terre, depuis les premières jusqu’aux dernières. Vous aussi, soyez patients ! Courage, le Seigneur vient bientôt ! Frères et sœurs, ne vous plaignez pas des autres, pour que Dieu ne vous juge pas. Voici le juge, il est à votre porte ! Frères et sœurs, les prophètes, qui ont parlé au nom du Seigneur, ont souffert avec patience. Prenez-les comme exemples. Voyez ! Les gens qui résistent dans les difficultés, nous disons qu’ils sont heureux. Vous avez entendu l’histoire de Job, l’homme patient. Vous savez ce que le Seigneur lui a donné à la fin. Oui, le Seigneur est plein de tendresse et de pitié. Surtout, mes frères et mes sœurs, ne faites pas de serments. Ne prenez pas comme témoin le ciel, la terre ou autre chose ! Dites simplement oui quand c’est oui, et non quand c’est non, alors Dieu ne vous jugera pas. Parmi vous, est-ce que quelqu’un souffre ? Il doit prier. Est-ce que quelqu’un est heureux ? Il doit chanter pour le Seigneur. Est-ce que quelqu’un est malade ? Il doit appeler les responsables de l’Église. Ils verseront de l’huile sur lui et ils prieront pour lui, au nom du Seigneur. S’ils prient avec confiance, cette prière sauvera le malade. Le Seigneur le mettra debout, et, s’il a péché, Dieu lui pardonnera. Alors reconnaissez vos péchés les uns devant les autres. Priez les uns pour les autres afin d’être guéris. La prière d’un homme juste est très puissante. Élie était un homme tout à fait comme nous. Il a beaucoup prié pour que la pluie ne tombe pas, et la pluie n’est pas tombée sur la terre pendant trois ans et demi. Puis il a prié encore une fois, et le ciel a donné de la pluie, la terre a produit ses récoltes. Mes frères et mes sœurs, parmi vous, quelqu’un peut se perdre loin de la vérité, et un frère ou une sœur peut le ramener. Eh bien, vous devez savoir ceci : si une personne ramène un pécheur de la mauvaise route où il se trouve, il le sauve de la mort. Et à cause de cette action, Dieu va pardonner beaucoup de péchés.

Pataje
Li Jak 5

Jak 5:1-20 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Kounye a, nou menm moun rich yo, fè atansyon! Leve vwa nou pou n kriye, poutèt latwoublay k ap vini sou nou! Richès nou yo pouri, vèmin fin manje rad nou yo. Lajan ak lò nou yo fin wouye. Epi se lawouy sa a ki pral temwanye kont nou. Li pral devore kò nou menm jan ak yon dife. N ap ranmase richès, poutan lemonn pral fin i! Nou menm rive kenbe lajan nou te dwe peye moun k ap travay nan jaden nou pou ranmase rekòt pou nou yo. Nou t ap viv sou tè a nan richès ak plezi. Nou angrese tèt nou, menm jan ak zannimo y ap fè gra pou yo touye. Nou kondane epi nou touye yon bann inosan. Yo pa menm goumen ak nou. Frè m ak sè m yo, se pou n gen pasyans, an n tann Senyè a vini. Ann fè menm jan ak kiltivatè a. Li tann bèl rekòt latè avèk pasyans, depi soti nan premye grenn lapli rive nan dènye grenn lapli. Nou menm tou, an n pran pasyans! Ann pran kouraj, Senyè a pa lwen vini! Frè m ak sè m yo, an n sispann plenyen youn kont lòt. Si nou pa sispann, Bondye ap jije nou pou sa. Jij la gentan nan pòt la! Frè m ak sè m yo, an n pran egzanp sou pwofèt yo ki t ap pale pou Senyè a. Yo te pase anpil soufrans avèk pasyans. Gade non! Moun ki aksepte soufrans yo avèk pasyans, nou di se moun ki beni. Ou konn tande pale sous soufrans Jòb, yon nonm ki te gen anpil pasyans. Nou konnen kijan Senyè a te beni l nan lafen an. Sa montre nou Senyè a plen mizerikòd ansanm ak konpasyon. Frè m ak sè m yo, nou pa dwe ap sèmante. Pa pran kòm temwen ni syèl la, ni tè a oubyen yon lòt bagay. Lè se wi, di sèlman wi, lè se non, di sèlman non. Lè sa a, Bondye p ap gen pou jije w. Èske gen kèk nan nou ki nan soufrans? Li dwe priye. Èske gen nan nou ki gen kè l kontan? Li dwe chante. Èske gen nan nou ki malad? Li dwe mande responsab legliz la pou l vin fè onksyon luil pou li nan non Senyè a epi priye pou li. Si priyè sa a fèt avèk lafwa, malad la ap sove. Senyè a ap geri malad la. Epi si l te fè yon peche, Bondye ap padone l. Poutèt sa, se pou n konfese peche nou youn ak lòt, epi pou n priye youn pou lòt, pou Bondye kapab geri nou. Lè yon moun ki dwat devan Bondye priye, priyè sa a gen anpil puisans. Eli, se te yon nonm menm jan ak nou. Li priye mande Bondye pou lapli pa tonbe. Bondye fè lapli pa tonbe pou twa-zan-e-demi! Apre sa, Eli priye Bondye pou lapli tonbe. Epi syèl la bay lapli, latè donnen fè moun rekòlte manje ankò. Frè m ak sè m yo, si gen yon moun ki vire do l bay verite a, epi yon lòt ede l retounen, men sa n dwe sonje: Nenpòt moun ki retire yon pechè nan move chemen kote l te ye, se sove l sove l anba lanmò. Epi poutèt sa, se yon pakèt peche Bondye padone.

Pataje
Li Jak 5

Jak 5:1-20 New International Version (NIV)

Now listen, you rich people, weep and wail because of the misery that is coming on you. Your wealth has rotted, and moths have eaten your clothes. Your gold and silver are corroded. Their corrosion will testify against you and eat your flesh like fire. You have hoarded wealth in the last days. Look! The wages you failed to pay the workers who mowed your fields are crying out against you. The cries of the harvesters have reached the ears of the Lord Almighty. You have lived on earth in luxury and self-indulgence. You have fattened yourselves in the day of slaughter. You have condemned and murdered the innocent one, who was not opposing you. Be patient, then, brothers and sisters, until the Lord’s coming. See how the farmer waits for the land to yield its valuable crop, patiently waiting for the autumn and spring rains. You too, be patient and stand firm, because the Lord’s coming is near. Don’t grumble against one another, brothers and sisters, or you will be judged. The Judge is standing at the door! Brothers and sisters, as an example of patience in the face of suffering, take the prophets who spoke in the name of the Lord. As you know, we count as blessed those who have persevered. You have heard of Job’s perseverance and have seen what the Lord finally brought about. The Lord is full of compassion and mercy. Above all, my brothers and sisters, do not swear—not by heaven or by earth or by anything else. All you need to say is a simple “Yes” or “No.” Otherwise you will be condemned. Is anyone among you in trouble? Let them pray. Is anyone happy? Let them sing songs of praise. Is anyone among you sick? Let them call the elders of the church to pray over them and anoint them with oil in the name of the Lord. And the prayer offered in faith will make the sick person well; the Lord will raise them up. If they have sinned, they will be forgiven. Therefore confess your sins to each other and pray for each other so that you may be healed. The prayer of a righteous person is powerful and effective. Elijah was a human being, even as we are. He prayed earnestly that it would not rain, and it did not rain on the land for three and a half years. Again he prayed, and the heavens gave rain, and the earth produced its crops. My brothers and sisters, if one of you should wander from the truth and someone should bring that person back, remember this: Whoever turns a sinner from the error of their way will save them from death and cover over a multitude of sins.

Pataje
Li Jak 5

Jak 5:1-20 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Et maintenant, écoutez-moi, vous qui êtes riches. Pleurez et lamentez-vous au sujet des malheurs qui vont fondre sur vous ! Votre richesse est pourrie et vos vêtements sont rongés par les mites. Votre or et votre argent sont corrodés et cette corrosion témoignera contre vous, elle dévorera votre chair comme un feu. Vous avez entassé des richesses dans ces jours de la fin. Vous n’avez pas payé leur juste salaire aux ouvriers qui ont moissonné vos champs. Cette injustice crie contre vous et les clameurs des moissonneurs sont parvenues jusqu’aux oreilles du Seigneur des armées célestes. Vous avez vécu ici-bas dans les plaisirs et le luxe, vous vous êtes engraissés comme des animaux pour le jour où vous allez être égorgés. Vous avez condamné, vous avez assassiné des innocents, sans qu’ils vous résistent. Frères et sœurs, patientez donc jusqu’à ce que le Seigneur vienne. Pensez au cultivateur : il attend les précieuses récoltes de sa terre. Il prend patience à leur égard, jusqu’à ce que tombent les pluies de l’automne et du printemps. Vous aussi, prenez patience, soyez pleins de courage, car la venue du Seigneur est proche. Ne vous répandez pas en plaintes les uns contre les autres, frères et sœurs, si vous ne voulez pas être condamnés. Voici que le Juge se tient déjà devant la porte. Frères et sœurs, prenez comme modèles de patience persévérante dans la souffrance les prophètes qui ont parlé de la part du Seigneur. Oui, nous disons bienheureux ceux qui ont tenu bon. Vous avez entendu comment Job a supporté la souffrance. Vous savez ce que le Seigneur a finalement fait en sa faveur, parce que le Seigneur est plein de bonté et de compassion. Avant tout, frères et sœurs, ne faites pas de serment, ni par le ciel, ni par la terre, ni par n’importe quoi d’autre. Que votre oui soit un vrai oui et votre non un vrai non, afin que vous ne tombiez pas sous le coup de la condamnation. L’un de vous passe-t-il par la souffrance ? Qu’il prie. Un autre est-il dans la joie ? Qu’il chante des cantiques. L’un de vous est-il malade ? Qu’il appelle les responsables de l’Eglise, qui prieront pour lui, après lui avoir fait une onction d’huile au nom du Seigneur. La prière faite avec foi obtiendra la guérison du malade et le Seigneur le relèvera. S’il a commis quelque péché, il lui sera pardonné. Confessez vos péchés les uns aux autres et priez les uns pour les autres, afin que vous soyez guéris. Quand un juste prie, sa prière a une grande efficacité. Elie était un homme tout à fait semblable à nous. Il pria avec insistance pour qu’il ne pleuve pas et, pendant trois ans et demi, il ne tomba pas de pluie sur le sol. Puis il pria de nouveau et le ciel redonna la pluie, et la terre produisit ses récoltes. Mes frères et sœurs, si quelqu’un parmi vous s’égare loin de la vérité, et qu’un autre l’y ramène, sachez que celui qui ramène un pécheur de la voie où il s’égarait le sauvera de la mort et permettra le pardon d’un grand nombre de péchés .

Pataje
Li Jak 5