Jak 3:1-12

Jak 3:1-12 1998 Haïtienne (HAT98)

Frè m yo, se pa pou anpil moun nan mitan nou kouri dèyè plas dirèktè. Paske, konnen byen: lè nou dirèktè, Bondye ap jije nou pi sevè pase lòt yo. Nou tout nou bite nan plizyè sans. Yon moun ki pa janm bite nan pawòl li, se yon moun ki bon nèt. Moun sa a kapab kontwole tout kò l byen tou. Nou mete mò nan bouch chwal pou fè li obeyi nou. Avèk sa, nou fè li ale kote nou vle. Se menm jan an tou ak bato. Gwo kou l gwo, gwo van te mèt ap pouse l, se yon ti gouvènay ki dirije li. Ak gouvènay tou piti sa a, kaptenn lan mennen l kote l vle. Konsa tou ak lang moun. Piti kou li piti, li vante tèt li pou gwo bagay li ka fè. Gade ki jan yon ti flanm dife ka boule yon gwo rakbwa! Enben, lang se tankou dife. Se la tout lenjistis rete. Paske se yon manm nan kò nou li ye, l'ap kontaminen tout kò a nèt. Se lanfè menm ki mete dife nan li. Apre sa, li menm pou tèt pa l, li mete dife nan tout lavi nou. Moun ka donte tout kalite bèt, zwazo, bèt ki trennen sou vant, bèt ki nan lanmè. Li menm rive donte yo deja. Men, pou lang lan menm, pèsonn poko ka donte li. Se yon move bagay ou pa ka kontwole, li plen pwazon ki ka touye moun. Avèk lang nou, nou fè lwanj Bondye papa nou. Avèk menm lang lan, nou bay moun madichon, moun Bondye te kreye pòtre ak li. Menm bouch la bay benediksyon, li bay madichon tou. Frè m yo, sa pa dwe fèt konsa. Yon sous dlo pa ka bay dlo dous ak dlo sale anmenmtan. Frè mwen yo, yon pye sikren pa ka donnen kenèp, ni yon pye rezen pa ka bay siwèl. Dlo sale pa ka bay dlo dous.

Pataje
Li Jak 3

Jak 3:1-12 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Mes frères et mes sœurs, ne vous mettez pas tous à enseigner ! Vous le savez, nous qui enseignons, on nous jugera plus sévèrement que les autres. Nous faisons tous beaucoup d’erreurs. Si quelqu’un parle sans faire d’erreur, il est parfait, il peut être maître de tout son corps. Quand nous mettons une tige en fer dans la bouche des chevaux pour les faire obéir, nous pouvons diriger tout leur corps. Regardez les bateaux ! Ils sont grands, et ce sont des vents très forts qui les font avancer. Pourtant, c’est avec un petit morceau de bois qu’on les dirige, et ils vont là où le pilote veut. La langue, c’est pareil. C’est une petite partie du corps, pourtant elle peut se vanter de grandes choses. Regardez ! Il faut seulement une petite flamme pour mettre le feu à une grande forêt. La langue aussi est comme une flamme, c’est là que le mal habite. Elle fait partie de notre corps et elle le salit tout entier. Notre langue met le feu à notre vie, de la naissance jusqu’à la mort ! Ce feu vient du lieu de souffrance lui-même. Les êtres humains sont capables de faire obéir tous les animaux : bêtes sauvages et oiseaux, serpents et poissons. Mais la langue, personne ne peut la faire obéir ! C’est une chose mauvaise qui ne reste jamais tranquille, et elle est pleine d’un poison qui donne la mort. Avec la langue, nous chantons la louange de notre Seigneur et Père. Avec elle aussi, nous jetons des malédictions aux êtres humains que Dieu a faits à son image. Bénédiction et malédiction sortent de la même bouche ! Mes frères et mes sœurs, cela ne va pas ! Est-ce que la même source fait couler de l’eau douce et de l’eau amère ? Est-ce qu’un figuier peut donner des olives ? Est-ce qu’une vigne peut donner des figues ? De même, une source d’eau salée ne peut pas donner de l’eau douce.

Pataje
Li Jak 3

Jak 3:1-12 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Frè m ak sè m yo, se pa yon pil nan nou ki dwe anseye. Mwen di sa paske, kòm nou konnen, nou menm k ap anseye, jijman pa nou ap pi rèd pase jijman pa lòt yo. Nou tout fè anpil fot. Si yon moun pa janm fè fot an pawòl, se yon moun ki pafè. Li kapab gen kontwòl sou tout kò li. Nou mete mò nan bouch chwal yo, pou fè yo obeyi nou. Konsa nou kapab dirije tout kò yo. Gade bato yo! Yo gwo, epi se gwo van ki gen anpil fòs ki fè yo mache. Poutan, se avèk yon ti moso bwa yo dirije yo epi yo ale kote pilòt la vle. Lang nou se menm jan an. Se yon pati ki tou piti nan kò a. Poutan, li kapab fè lwanj kantite gwo bagay li lakoz. Gade sa, yon ti dife tou piti kapab boule yon gwo rak bwa. Lang lan tou, se kòm yon ti dife, se ladan nou jwenn tout sa ki pa bon. Li se yon pati nan kò nou, epi se li ki sal tout kò nou nèt. Lang nou mete dife nan lavi nou, depi nou fèt jouk tan nou mouri. Dife sa a, se dife lanfè a ki nan lang lan. Lèzòm kapab fè tout kalite zannimo obeyi yo: bèt sovaj, zwazo, sèpan epi pwason. Men lang lan sovaj, pèsòn pa ka fè l obeyi! Li yon move bagay li ye, li plen ak yon pwazon ki bay lanmò. Avèk lang nou, nou chante louwanj pou Senyè a, Papa nou. Avèk lang nou tou, nou modi moun yo Bondye te kreye dapre limaj li. Benediksyon ak malediksyon soti nan menm bouch la! Frè m ak sè m yo, sa pa dwe konsa! Èske yon sèl sous kapab bay dlo dous ak dlo anmè an menm tan? Èske yon pye fig kapab donnen zoliv? Èske ou kapab keyi fig sou yon pye rezen? Se menm jan an tou, yon sous dlo sale pa kapab bay dlo dous.

Pataje
Li Jak 3

Jak 3:1-12 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Mes amis, ne soyez pas nombreux à enseigner ; vous le savez : nous qui enseignons, nous serons jugés plus sévèrement. Car chacun de nous commet des fautes de bien des manières. Celui qui ne commet jamais de faute dans ses paroles est un homme parvenu à l’état d’adulte, capable de maîtriser aussi son corps tout entier. Quand nous mettons un mors dans la bouche des chevaux, pour qu’ils nous obéissent, nous dirigeons aussi tout leur corps. Pensez encore aux bateaux : même s’il s’agit de grands navires et s’ils sont poussés par des vents violents, il suffit d’un tout petit gouvernail pour les diriger au gré du pilote. Il en va de même pour la langue : c’est un petit organe, mais elle se vante de grandes choses. Ne suffit-il pas d’un petit feu pour incendier une vaste forêt ? La langue aussi est un feu ; c’est tout un monde de mal. Elle est là, parmi les autres organes de notre corps, et contamine notre être entier. Allumée au feu de l’enfer, elle enflamme toute notre existence. L’homme est capable de dompter toutes sortes de bêtes sauvages, d’oiseaux, de reptiles, d’animaux marins, et il les a effectivement domptées. Mais la langue, aucun homme ne peut la dompter. C’est un fléau impossible à maîtriser ; elle est pleine d’un venin mortel. Nous nous en servons pour louer le Seigneur, notre Père, et nous nous en servons aussi pour maudire les hommes, pourtant créés de sorte qu’ils lui ressemblent . De la même bouche sortent bénédiction et malédiction ! Mes frères et sœurs, il ne faut pas qu’il en soit ainsi. Avez-vous déjà vu de l’eau douce et de l’eau salée jaillir d’une même source par la même ouverture ? Un figuier, frères et sœurs, peut-il porter des olives, ou une vigne des figues ? Une source salée ne peut pas non plus donner de l’eau douce.

Pataje
Li Jak 3