Jak 2:14-17
Jak 2:14-17 1998 Haïtienne (HAT98)
Frè m yo, kisa sa fè pou yon moun k'ap di li gen konfyans nan Bondye, si li pa fè bagay pou moutre li gen konfyans lan vre? Eske konfyans sa a ka delivre li? Sipoze gen yon frè osinon yon sè ki touni, ki pa gen manje pou li manje, si yonn nan nou di yo: Ou mèt ale. Chofe kò ou, manje plen vant ou, san li pa ba yo sa yo bezwen, kisa sa ap fè pou yo? Se konsa tou pou lafwa nan Bondye. Si li pa manifeste nan fè sa ki byen, se yon lafwa ki mouri.
Jak 2:14-17 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Mes frères et mes sœurs, quelqu’un dira peut-être : « Je crois en Dieu. » Mais s’il n’agit pas pour le montrer, cela sert à quoi ? Est-ce que cette foi peut le sauver ? Par exemple, un frère ou une sœur n’ont pas de vêtements, ils n’ont pas à manger tous les jours. Parmi vous, quelqu’un leur dit : « Allez en paix ! Allez vous habiller, et bon appétit ! » Mais ces paroles servent à quoi, si vous ne leur donnez pas ce qu’il faut pour vivre ? Pour la foi, c’est la même chose. Si tu crois en Dieu, mais si tu n’agis pas, ta foi est complètement morte.
Jak 2:14-17 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Frè ak sè m yo, si yon moun di li gen lafwa men li pa fè zèv, lafwa sa a pa vo anyen. Yon kalite lafwa kon sa pa kapab sove pèsòn. Ann sipoze yon frè oubyen yon sè ki vin kote w pa gen rad pou l mete oubyen manje pou l manje. Epi ou di l konsa, “Bondye avè w! Mwen swete ou jwenn rad pou ou mete ak anpil manje pou ou manje,” men ou pa ba li bagay sa yo li bezwen. Si ou pa ede l, pawòl ou yo pa vo anyen. Se menm bagay ak lafwa. Si se sèlman lafwa epi pa gen anyen ankò, li pa fè anyen, se yon lafwa ki mouri.
Jak 2:14-17 New International Version (NIV)
What good is it, my brothers and sisters, if someone claims to have faith but has no deeds? Can such faith save them? Suppose a brother or a sister is without clothes and daily food. If one of you says to them, “Go in peace; keep warm and well fed,” but does nothing about their physical needs, what good is it? In the same way, faith by itself, if it is not accompanied by action, is dead.
Jak 2:14-17 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Mes frères et sœurs, à quoi servirait-il à quelqu’un de dire qu’il a la foi s’il ne le démontre pas par ses actes ? Une telle foi peut-elle le sauver ? Supposez qu’un frère ou une sœur manquent de vêtements et n’aient pas tous les jours assez à manger. Et voilà que l’un de vous leur dit : « Au revoir, mes amis, portez-vous bien, restez au chaud et bon appétit », sans leur donner de quoi pourvoir aux besoins de leur corps, à quoi cela sert-il ? Il en est ainsi de la foi : si elle reste seule, sans se traduire en actes, elle est morte.