Jak 2:1-26

Jak 2:1-26 1998 Haïtienne (HAT98)

Frè m yo, nou menm ki gen konfyans nan Jezikri, Senyè nou an ki gen tout pouvwa pou li, nou pa dwe gade sou figi moun. Sipoze de moun vin antre kote nou rasanble a. Yonn byen abiye ak bèl bag lò li nan dwèt li. Lòt la se yon pòv ak rad li tou chire. Si nou leve pou n salwe nonm ki gen bèl rechanj lan, epi nou di li: Mesye, chita la nan bon plas sa a, epi si nou di pòv la: Ou menm, kanpe bò la a, osinon, chita atè bò pye m lan, eske nou pa mete yon diferans nan mitan nou? Eske sa pa moutre nou gen move lide nan tèt nou lè n'ap jije moun? Frè mwen renmen anpil yo, tande sa byen: Bondye chwazi moun ki pòv sou latè pou yo ka rich nan konfyans nan Bondye, pou yo ka jwenn pòsyon pa yo nan peyi li te pwomèt moun ki renmen l yo. Men nou menm se meprize n'ap meprize pòv yo! Eske se pa moun rich yo k'ap kraze nou, k'ap trennen nou tribinal? Se yo menm tou k'ap pran non Bondye nou an pase nan tenten. Jan sa ekri nan Liv la, lalwa gran Wa a di: Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou. Si nou fè sa, nou fè byen. Men, si n'ap gade sou figi moun, nou fè peche. Lalwa ap kondannen nou pou dezobeyisans. Men moun ki obsève tout lalwa a, men ki dezobeyi menm yon sèl nan kòmandman yo, se tankou si li te dezobeyi tout nèt. Bondye ki di: Pa fè adiltè a, se li menm tou ki di: Pa fè zak sasinay touye moun. Konsa menm si ou pa fè adiltè, men ou fè zak sasinay touye moun, se dezobeyi ou dezobeyi lalwa. Se pou nou pale, se pou nou aji tankou moun ki gen pou pase anba jijman dapre lalwa ki ban nou libète a. Paske, lè Bondye ap jije, l'ap san pitye pou moun ki te san pitye. Men, moun ki gen pitye pou lòt va sòti tèt dwat lè jou jijman an. Frè m yo, kisa sa fè pou yon moun k'ap di li gen konfyans nan Bondye, si li pa fè bagay pou moutre li gen konfyans lan vre? Eske konfyans sa a ka delivre li? Sipoze gen yon frè osinon yon sè ki touni, ki pa gen manje pou li manje, si yonn nan nou di yo: Ou mèt ale. Chofe kò ou, manje plen vant ou, san li pa ba yo sa yo bezwen, kisa sa ap fè pou yo? Se konsa tou pou lafwa nan Bondye. Si li pa manifeste nan fè sa ki byen, se yon lafwa ki mouri. Men, gen moun ki va di: Ou menm, ou gen konfyans. Mwen menm, mwen fè sa ki byen. M'a reponn li: Moutre m ki jan ou ka gen konfyans san ou pa fè sa ki byen, mwen menm m'ap moutre ou jan mwen gen konfyans ak sa m'ap fè ki byen. Ou kwè gen yon sèl Bondye? Se byen. Se sa denmon yo kwè tou, men yo menm, sa fè yo frisonnen sitèlman yo pè. Gade jan ou manke konprann! Eske ou vle wè kijan lafwa pa vo anyen si li pa mache ak fè sa ki byen? Abraram granpapa nou, eske Bondye pat fè l gras poutèt sa li te fè lè l te ofri Izarak, pitit li a, sou lotèl la? Ou wè. Konfyans li te mache ansanm ak sa li te fè. Konsa tou, sa l te fè a te fè konfyans li vin bon nèt. Se konsa, pawòl ki te ekri nan Liv la rive vre: Abraram te mete konfyans li nan Bondye, epi Bondye fè l gras. Se sa k fè yo te rele Abraram zanmi Bondye. Ou wè, se pa sèlman paske yon moun gen lafwa kifè Bondye fè li gras, men se paske, anmenmtan, li fè sa ki byen tou. Se menm jan an tou pou Rarab, fanm movèz vi a. Eske se pat poutèt sa l te fè a Bondye te fè l gras, lè l te resevwa mesaje jwif yo, lè l te fè yo pran yon lòt wout pou tounen lakay yo? Menm jan yon kò san nanm se yon kadav, konsa tou lafwa nan Bondye ki pa mache ak fè sa ki byen se yon lafwa ki mouri.

Pataje
Li Jak 2

Jak 2:1-26 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Mes frères et mes sœurs, vous croyez en Jésus-Christ, notre Seigneur plein de gloire. Alors ne faites pas de différence entre les gens. Prenons un exemple : un homme vient là où vous êtes réunis. Il porte une bague en or et des habits très beaux. Un pauvre vient à la même réunion, il est mal habillé. Vous montrez plus de respect à l’homme qui porte les beaux habits et vous lui dites : « Vous, asseyez-vous ici, à cette bonne place ! » Au pauvre, vous dites : « Toi, reste debout ! » ou bien : « Assieds-toi là, par terre, à mes pieds ! » Quand vous agissez ainsi, est-ce que vous ne faites pas des différences entre vous ? Est-ce que vous ne jugez pas avec un cœur mauvais ? Écoutez, mes frères et mes sœurs très aimés ! Est-ce que Dieu ne choisit pas justement ceux qui sont pauvres aux yeux du monde ? Il veut les rendre riches en leur donnant la foi, il veut qu’ils reçoivent le Royaume promis à ceux qui ont de l’amour pour lui. Mais vous, vous méprisez les pauvres ! Pourtant, qui vous écrase ? Qui vous traîne devant les tribunaux ? Ce sont les riches, n’est-ce pas ? Ce sont les riches qui se moquent du beau nom que Dieu vous a donné. Les Livres Saints disent : « Aime ton prochain comme toi-même. » C’est la loi du Royaume, et si vous obéissez à cette règle, vous agissez bien. Mais si vous faites des différences entre les gens, vous péchez, et la loi de Moïse vous condamne parce que vous désobéissez. Oui, celui qui suit toute la loi, mais qui désobéit à un seul commandement est coupable envers toute la loi. En effet, Dieu a dit : « Ne commets pas d’adultère. » Mais il a dit aussi : « Ne tue personne. » Donc, par exemple, tu ne commets pas d’adultère, mais tu assassines quelqu’un. En faisant cela, tu désobéis à la loi. Parlez et vivez comme des gens qui vont être jugés par une loi qui rend libre. Oui, au moment du jugement, il n’y aura pas de pitié pour ceux qui n’ont pas eu pitié des autres. Mais même quand Dieu juge, il est plein de pitié. Mes frères et mes sœurs, quelqu’un dira peut-être : « Je crois en Dieu. » Mais s’il n’agit pas pour le montrer, cela sert à quoi ? Est-ce que cette foi peut le sauver ? Par exemple, un frère ou une sœur n’ont pas de vêtements, ils n’ont pas à manger tous les jours. Parmi vous, quelqu’un leur dit : « Allez en paix ! Allez vous habiller, et bon appétit ! » Mais ces paroles servent à quoi, si vous ne leur donnez pas ce qu’il faut pour vivre ? Pour la foi, c’est la même chose. Si tu crois en Dieu, mais si tu n’agis pas, ta foi est complètement morte. Quelqu’un dira peut-être : « Tu as la foi, moi, j’ai les actes ! » Je répondrai : « Montre-moi comment ta foi peut exister sans les actes. Et moi, je vais te montrer par mes actes que ma foi existe. » Tu crois qu’il y a un seul Dieu ? Tu as raison. Les esprits mauvais le croient aussi, et même, ils tremblent de peur. Tu es stupide ! Est-ce que tu veux la preuve que la foi sans les actes ne sert à rien ? Abraham notre ancêtre, comment est-ce que Dieu l’a reconnu comme juste ? C’est quand il a offert son fils Isaac sur l’autel, n’est-ce pas ? Tu vois, sa foi agissait par ses actes, et ceux-ci l’ont rendue parfaite ! Alors, ce que les Livres Saints disent s’est réalisé : « Abraham a cru en Dieu. Pour cela, Dieu l’a reconnu comme juste » , et il l’a appelé son ami. Vous voyez, Dieu reconnaît quelqu’un comme juste aussi à cause de ses actes, et pas seulement à cause de sa foi. Pour Rahab, la prostituée, c’est la même chose . Dieu l’a reconnue comme juste à cause de ce qu’elle a fait. En effet, elle a reçu chez elle des messagers du peuple d’Israël et elle les a aidés à partir par un autre chemin. Oui, sans le souffle, le corps est mort, de même aussi, sans les actes, la foi est morte.

Pataje
Li Jak 2

Jak 2:1-26 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Frè m ak sè m yo, si nou kwè nan Jezikris, Senyè nou an, nou pa dwe aji avèk patipri nan mitan moun yo. An n sipoze yon moun ta rive nan reyinyon nou yo. Moun sa a antre ak bèl bag an ò ansanm ak rad ki koute chè anpil. Menm lè sa a tou, yon pòv antre nan reyinyon an, li tou mal abiye. Ou akeyi avèk anpil respè moun ki pote bèl rad la, ou di l konsa: “Chita isit, nan plas donè sa a!” Epi ou di pòv la konsa: “Kanpe bò laba a!” Oubyen “Chita atè a, bò pye nou la a!” Lè w aji konsa, èske w pa fè patipri? Èske w pa fè yon jijman avèk yon kè mechan? Koute m, frè m ak sè byenneme m yo! Èske Bondye pa chwazi moun pòv yo nan mond lan pou l fè yo rich nan lafwa epi pou yo resevwa wayòm li pwomèt moun ki renmen l yo? Men ou menm, ou meprize pòv yo! Poutan, ki moun k ap kraze w? Ki moun k ap trennen w devan tribinal yo? Se moun rich yo, pa vre? Èske se pa yo k ap ensilte bon non Senyè nou an? Bib la di: “Renmen pwochen w menm jan ou renmen pwòp tèt ou.” Sa a, se lalwa k ap gouvène tout lòt lwa yo. Si ou fè sa, ou aji byen. Men, si ou aji ak patipri, ou peche. Lalwa Bondye a kondane w, paske w dezobeyi l. Nenpòt moun ki fè tout sa Lalwa mande, si li pa obeyi a kòmandman pou nou renmen pwochen nou yo, li vin koupab devant tout lalwa. Menm Bondye ki di: “Pa fè adiltè” a, se menm Bondye a ki di: “ou pa dwe touye moun.” Lè sa a, si ou pa komèt adiltè, men ou touye yon moun, se devan tout Lalwa ou koupab. Konsa, se pou n pale epi viv menm jan ak moun ki konnen yo pral jije l devan lalwa ki ban nou libète. Paske lè jou jijman an va rive, p ap gen pitye pou moun ki pa gen pitye pou lòt moun yo. Men moun ki jwenn mezerikòd Bondye, li pa pè jou jijman an. Frè ak sè m yo, si yon moun di li gen lafwa men li pa fè zèv, lafwa sa a pa vo anyen. Yon kalite lafwa kon sa pa kapab sove pèsòn. Ann sipoze yon frè oubyen yon sè ki vin kote w pa gen rad pou l mete oubyen manje pou l manje. Epi ou di l konsa, “Bondye avè w! Mwen swete ou jwenn rad pou ou mete ak anpil manje pou ou manje,” men ou pa ba li bagay sa yo li bezwen. Si ou pa ede l, pawòl ou yo pa vo anyen. Se menm bagay ak lafwa. Si se sèlman lafwa epi pa gen anyen ankò, li pa fè anyen, se yon lafwa ki mouri. Men gen moun k ap bay agiman yo, “Gen moun ki gen lafwa, epi lòt yo gen bòn zèv.” Repons mwen se ta pou m di yo, ou pa kapab montre m lafwa san ou pa fè anyen. Men mwen menm m ap montre w lafwa pa mwayen bòn zèv mwen fè. Ou kwè gen yon sèl Bondye. Se byen, men menm demon yo kwè sa tou! Epi yo pran tranble ak laperèz. Sanble ou pa byen nan tèt! Yon lafwa ki pa fè anyen pa vo anyen. Èske w vle m pwouve sa? Papa nou Abraram te vin konsidere kòm moun dwat devan Bondye poutèt sa l te fè. Li te bay Bondye pitit li Izaak sou yo lotèl. Konsa, ou wè lafwa Abraram ak sa l di travay ansanm. Lafwa li te bon nèt poutèt sa l te fè. Sa montre vrèman sa Bib la di a, “Abraram te konfye l nan Bondye, epi poutèt li te kwè, Bondye te aksepte l pou moun ki fè sa ki dwat devan l.” Yo te rele Abraram “Zanmi Bondye”. Konsa ou wè yon moun vin moun dwat devan Bondye poutèt sa li fè. Li pa vin yon moun dwat poutèt lafwa l sèlman. Yon lòt egzanp se Raab. Se yon pwostitye l te ye, men li te vin tounen yon moun dwat devan Bondye poutèt yon bagay li te fè. Li te ede moun ki t ap espyone pou pèp Bondye a. Li te resevwa yo lakay li epi li te ede yo chape pa yon lòt chemen. Yon kò moun ki pa gen souf ladan, se yon mò. Se menm bagay la pou lafwa. Yon lafwa ki pa fè anyen se yon lafwa ki mouri!

Pataje
Li Jak 2

Jak 2:1-26 New International Version (NIV)

My brothers and sisters, believers in our glorious Lord Jesus Christ must not show favoritism. Suppose a man comes into your meeting wearing a gold ring and fine clothes, and a poor man in filthy old clothes also comes in. If you show special attention to the man wearing fine clothes and say, “Here’s a good seat for you,” but say to the poor man, “You stand there” or “Sit on the floor by my feet,” have you not discriminated among yourselves and become judges with evil thoughts? Listen, my dear brothers and sisters: Has not God chosen those who are poor in the eyes of the world to be rich in faith and to inherit the kingdom he promised those who love him? But you have dishonored the poor. Is it not the rich who are exploiting you? Are they not the ones who are dragging you into court? Are they not the ones who are blaspheming the noble name of him to whom you belong? If you really keep the royal law found in Scripture, “Love your neighbor as yourself,” you are doing right. But if you show favoritism, you sin and are convicted by the law as lawbreakers. For whoever keeps the whole law and yet stumbles at just one point is guilty of breaking all of it. For he who said, “You shall not commit adultery,” also said, “You shall not murder.” If you do not commit adultery but do commit murder, you have become a lawbreaker. Speak and act as those who are going to be judged by the law that gives freedom, because judgment without mercy will be shown to anyone who has not been merciful. Mercy triumphs over judgment. What good is it, my brothers and sisters, if someone claims to have faith but has no deeds? Can such faith save them? Suppose a brother or a sister is without clothes and daily food. If one of you says to them, “Go in peace; keep warm and well fed,” but does nothing about their physical needs, what good is it? In the same way, faith by itself, if it is not accompanied by action, is dead. But someone will say, “You have faith; I have deeds.” Show me your faith without deeds, and I will show you my faith by my deeds. You believe that there is one God. Good! Even the demons believe that—and shudder. You foolish person, do you want evidence that faith without deeds is useless? Was not our father Abraham considered righteous for what he did when he offered his son Isaac on the altar? You see that his faith and his actions were working together, and his faith was made complete by what he did. And the scripture was fulfilled that says, “Abraham believed God, and it was credited to him as righteousness,” and he was called God’s friend. You see that a person is considered righteous by what they do and not by faith alone. In the same way, was not even Rahab the prostitute considered righteous for what she did when she gave lodging to the spies and sent them off in a different direction? As the body without the spirit is dead, so faith without deeds is dead.

Pataje
Li Jak 2

Jak 2:1-26 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Mes frères et sœurs, gardez-vous de toutes formes de favoritisme : c’est incompatible avec la foi en notre glorieux Seigneur Jésus-Christ. Supposez, en effet, qu’un homme vêtu d’habits somptueux, portant une bague en or entre dans votre assemblée, et qu’entre aussi un pauvre en haillons. Si, voyant l’homme somptueusement vêtu, vous vous empressez autour de lui et vous lui dites : « Veuillez vous asseoir ici, c’est une bonne place ! » tandis que vous dites au pauvre : « Tenez-vous là, debout, ou asseyez-vous par terre, à mes pieds », ne faites-vous pas des différences parmi vous, et ne portez-vous pas des jugements fondés sur de mauvaises raisons ? Ecoutez, mes chers frères et sœurs, Dieu n’a-t-il pas choisi ceux qui sont pauvres dans ce monde pour qu’ils soient riches dans la foi et qu’ils héritent du royaume qu’il a promis à ceux qui l’aiment ? Et vous, vous méprisez le pauvre ? Ce sont pourtant les riches qui vous oppriment et qui vous traînent en justice devant les tribunaux ! Ce sont encore eux qui outragent le beau nom que l’on a invoqué sur vous. Si, au contraire, vous vous conformez à la loi du royaume de Dieu, telle qu’on la trouve dans l’Ecriture  : Tu aimeras ton prochain comme toi-même , alors vous agissez bien. Mais si vous faites preuve de favoritisme, vous commettez un péché et vous voilà condamnés par la Loi, parce que vous lui désobéissez. En effet, celui qui désobéit à un seul commandement de la Loi, même s’il obéit à tous les autres, se rend coupable à l’égard de toute la Loi. Car celui qui a dit : Tu ne commettras pas d’adultère, a dit aussi : Tu ne commettras pas de meurtre . Si donc, tout en évitant l’adultère, tu commets un meurtre, tu désobéis bel et bien à la Loi. Parlez et agissez donc comme des personnes appelées à être jugées par la loi qui donne la liberté. Dieu jugera sans pitié celui qui n’a témoigné aucune compassion aux autres ; mais la compassion triomphe du jugement. Mes frères et sœurs, à quoi servirait-il à quelqu’un de dire qu’il a la foi s’il ne le démontre pas par ses actes ? Une telle foi peut-elle le sauver ? Supposez qu’un frère ou une sœur manquent de vêtements et n’aient pas tous les jours assez à manger. Et voilà que l’un de vous leur dit : « Au revoir, mes amis, portez-vous bien, restez au chaud et bon appétit », sans leur donner de quoi pourvoir aux besoins de leur corps, à quoi cela sert-il ? Il en est ainsi de la foi : si elle reste seule, sans se traduire en actes, elle est morte. Mais quelqu’un dira : « L’un a la foi, l’autre les actes. » Eh bien ! Montre-moi ta foi sans les actes, et je te montrerai ma foi par mes actes. Tu crois qu’il y a un seul Dieu ? C’est bien. Mais les démons aussi le croient, et ils tremblent. Insensé ! Veux-tu avoir la preuve que la foi sans les actes ne sert à rien  ? Abraham, notre ancêtre, n’a-t-il pas été déclaré juste à cause de ses actes, lorsqu’il a offert son fils Isaac sur l’autel ? Tu le vois, sa foi et ses actes agissaient ensemble et, grâce à ses actes, sa foi a atteint son plein épanouissement. Ainsi s’accomplit ce que l’Ecriture déclare à son sujet : Abraham a eu confiance en Dieu, et Dieu, en portant sa foi à son crédit, l’a déclaré juste , et il l’a appelé son ami . Vous le voyez donc : on est déclaré juste devant Dieu à cause de ses actes, et pas uniquement à cause de sa foi. Rahab, la prostituée, n’a-t-elle pas aussi été déclarée juste par Dieu à cause de ses actes, lorsqu’elle a donné asile aux envoyés israélites et les a aidés à s’échapper par un autre chemin  ? Car comme le corps sans l’esprit est mort, la foi sans les actes est morte.

Pataje
Li Jak 2