Ezayi 55:1-13

Ezayi 55:1-13 1998 Haïtienne (HAT98)

Vini non, nou tout ki swaf. Men dlo! Vini non, nou tout ki pa gen lajan, nou mèt vini. Achte manje pou nou manje. Nou pa bezwen lajan! Achte bwason ak lèt pou nou bwè. Nou pa bezwen peye! Poukisa n'ap depanse lajan achte manje ki pa ka fè anyen pou nou? Poukisa n'ap depanse lajan travay nou pou bagay ki pa ka plen vant nou? Si nou koute byen sa m'ap di nou la a, n'a manje sa ki bon. N'a pran plezi nou nan manje bon kalite manje. Louvri zòrèy nou. Vin jwenn mwen. Koute byen sa m'ap di nou, n'a jwenn lavi. M'ap siyen yon kontra ak nou pou tout tan. M'a ban nou benediksyon mwen te pwomèt David yo. Gade. Mwen te fè l chèf pou l te kòmande nasyon yo. Mwen te fè l sèvi m temwen nan mitan yo. Gade, ou pral rele nasyon ou pat konnen. Nasyon ki pat konnen ou pral kouri vin jwenn ou. Se mwen menm, Senyè a, Bondye ou la, Bondye apa pèp Izrayèl la, k'ap fè sa rive konsa, paske m'ap leve ou anlè. Tounen vin jwenn Senyè a, pandan nou ka jwenn li an. Lapriyè nan pye l pandan li toupre nou an. Se pou mechan yo kite move chemen y'ap swiv la. Se pou malveyan yo wete move lide k'ap travay nan tèt yo. Se pou yo tounen vin jwenn Senyè a ki va gen pitye pou yo. Se pou yo tounen vin jwenn Bondye nou an, paske l'ap padonnen tou sa yo fè. Lide pa m pa menm ak lide pa nou. Chemen pa nou pa menm ak chemen pa m. Se Senyè a menm ki di sa. Menm jan syèl la byen lwen anwo latè, se konsa lide pa m byen lwen anwo lide pa nou, chemen pa m byen lwen chemen pa nou. Gade! Lapli ak lawouze sòti nan syèl la, yo pa tounen kote yo sòti a san yo pa wouze latè, san yo pa fè l donnen, san yo pa fè plant yo pouse pou bay kiltivatè yo grenn pou yo simen ak manje pou yo manje. Konsa tou pou pawòl ki sòti nan bouch mwen: li p'ap tounen vin jwenn mwen san li pa fè sa m te vle l fè a, san li pa fè tou sa mwen te voye l fè a. N'a kite lavil Babilòn ak kè kontan. Y'a mennen nou tounen lakay nou ak kè poze. Gwo mòn yo ak ti mòn yo va pran chante pou nou sitèlman y'a kontan. Tout pyebwa nan plenn yo va bat bravo pou nou! Pye pichpen va pouse kote ki te plen pikan. Pye ilan-ilan va pouse kote ki te plen chadwon. Sa va sèvi yon lwanj pou Senyè a, yon remak k'ap la pou tout tan, yon siy pèsonn p'ap ka detwi.

Ezayi 55:1-13 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

« Vous tous qui avez soif, voici de l’eau, venez ! Même si vous n’avez pas d’argent, venez ! Achetez à manger, c’est gratuit. Venez, achetez du vin et du lait sans argent. Pourquoi dépenser de l’argent pour quelque chose qui ne nourrit pas ? Pourquoi vous fatiguer pour quelque chose qui ne rassasie pas ? Écoutez-moi bien, alors vous aurez de bonnes choses à manger, vous goûterez des choses délicieuses. Tendez l’oreille et venez vers moi. Écoutez, et vous vivrez. » Le SEIGNEUR dit : « Je ferai avec vous une alliance qui durera toujours. Je vous assure pour toujours les bienfaits que j’ai promis à David. J’avais fait de lui un témoin de mon pouvoir pour les peuples, un chef qui commande des populations. Toi aussi, Israël, tu feras appel à des peuples inconnus, et ces étrangers qui ne te connaissent pas se dépêcheront de venir vers toi. Ils viendront à cause de moi, le SEIGNEUR ton Dieu, le Dieu saint d’Israël, qui veux t’honorer. » Cherchez le SEIGNEUR pendant qu’il se laisse trouver. Faites appel à lui pendant qu’il est près de vous. Les gens mauvais doivent abandonner leur conduite. Celui qui fait le mal doit abandonner ses pensées méchantes. Tous doivent revenir vers le SEIGNEUR, car il aura pitié d’eux. Tous doivent revenir vers notre Dieu, car il pardonne généreusement. Le SEIGNEUR déclare : « Vos pensées ne sont pas mes pensées, mes façons de faire ne sont pas les vôtres. Il y a une grande distance entre mes façons de faire et les vôtres, entre mes pensées et vos pensées. Elle est aussi grande que la distance entre le ciel et la terre. « La pluie et la neige tombent du ciel. Elles n’y retournent pas sans produire un résultat : elles arrosent la terre, elles la rendent fertile et font pousser les graines. Ainsi, elles donnent des graines à semer et de la nourriture à manger. De la même façon, la parole qui sort de ma bouche ne revient pas vers moi sans résultat : elle réalise ce que je veux, elle accomplit la mission que je lui ai confiée. » Vous quitterez Babylone dans la joie et vous serez ramenés chez vous dans la paix. Les montagnes et les collines pousseront des cris de joie sur votre passage. Tous les arbres de la campagne applaudiront. Le cyprès poussera à la place du buisson d’épines, l’arbre de bonne odeur remplacera les plantes piquantes. Tout cela se passera pour que le SEIGNEUR soit honoré. Ce sera un signe qui durera toujours et ne sera jamais détruit.

Ezayi 55:1-13 New International Version (NIV)

“Come, all you who are thirsty, come to the waters; and you who have no money, come, buy and eat! Come, buy wine and milk without money and without cost. Why spend money on what is not bread, and your labor on what does not satisfy? Listen, listen to me, and eat what is good, and you will delight in the richest of fare. Give ear and come to me; listen, that you may live. I will make an everlasting covenant with you, my faithful love promised to David. See, I have made him a witness to the peoples, a ruler and commander of the peoples. Surely you will summon nations you know not, and nations you do not know will come running to you, because of the LORD your God, the Holy One of Israel, for he has endowed you with splendor.” Seek the LORD while he may be found; call on him while he is near. Let the wicked forsake their ways and the unrighteous their thoughts. Let them turn to the LORD, and he will have mercy on them, and to our God, for he will freely pardon. “For my thoughts are not your thoughts, neither are your ways my ways,” declares the LORD. “As the heavens are higher than the earth, so are my ways higher than your ways and my thoughts than your thoughts. As the rain and the snow come down from heaven, and do not return to it without watering the earth and making it bud and flourish, so that it yields seed for the sower and bread for the eater, so is my word that goes out from my mouth: It will not return to me empty, but will accomplish what I desire and achieve the purpose for which I sent it. You will go out in joy and be led forth in peace; the mountains and hills will burst into song before you, and all the trees of the field will clap their hands. Instead of the thornbush will grow the juniper, and instead of briers the myrtle will grow. This will be for the LORD’s renown, for an everlasting sign, that will endure forever.”

Ezayi 55:1-13 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Vous tous qui avez soif, venez chercher de l’eau ! Et même vous ╵qui n’avez pas d’argent, venez, achetez et mangez ! Venez acheter sans argent, ╵oui, sans paiement, du vin, du lait  ! Pourquoi dépensez-vous ╵votre argent pour payer ce qui ne nourrit pas ? Pourquoi travaillez-vous pour une nourriture ╵qui ne rassasie pas ? Ecoutez, oui, écoutez-moi, alors vous mangerez ╵ce qui est bon, vous vous délecterez ╵d’aliments savoureux. Tendez l’oreille, ╵venez à moi, écoutez-moi ╵et vous vivrez. Car je conclurai avec vous ╵une alliance éternelle, j’accomplirai pour vous ╵avec fidélité ╵les œuvres bienveillantes ╵que j’ai promises à David. Voici, j’ai fait de lui ╵un témoin pour les peuples, un chef pour commander aux peuples. Oui, tu appelleras ╵une nation que tu ne connais pas ; une nation qui ne te connaît pas ╵va accourir vers toi ; c’est à cause de moi, ╵moi, l’Eternel ton Dieu, moi, le Saint d’Israël, qui te couvre de gloire. Tournez-vous donc vers l’Eternel, tant qu’on peut le trouver. Adressez-vous à lui tant qu’il est proche ! Que le coupable ╵abandonne sa voie, et l’homme malfaisant ╵ses mauvaises pensées ! Et qu’il revienne à l’Eternel qui aura compassion de lui, à notre Dieu qui lui accordera ╵un pardon généreux. Car vos pensées ╵ne sont pas mes pensées, et vos voies ne sont pas les voies ╵que j’ai prescrites, déclare l’Eternel ; autant le ciel est élevé ╵au-dessus de la terre, autant les voies que je vous ai prescrites ╵sont élevées au-dessus de vos voies, et autant mes pensées ╵sont élevées loin au-dessus des vôtres. Or, la pluie et la neige ╵qui descendent du ciel n’y retournent jamais sans avoir arrosé ╵et fécondé la terre, sans avoir fait germer ╵les graines qui s’y trouvent, sans fournir au semeur ╵le grain qu’il doit semer, et sans donner du pain ╵à tous ceux qui le mangent. Il en sera de même ╵de la parole que j’ai prononcée : elle ne reviendra ╵jamais vers moi à vide, sans avoir accompli ╵ce que je désirais et sans avoir atteint le but que je lui ai fixé. Car vous sortirez pleins de joie, vous serez conduits dans la paix. Montagnes et collines éclateront en cris de joie ╵devant vos pas. Tous les arbres des champs ╵applaudiront. Où croissent les broussailles ╵poussera le cyprès, et au lieu des orties ╵croîtra le myrte. Ce sera un titre de gloire ╵pour l’Eternel et un signe perpétuel qui ne disparaîtra jamais.

Ezayi 55:1-13

Ezayi 55:1-13 HAT98