Ebre 12:1-29

Ebre 12:1-29 1998 Haïtienne (HAT98)

Konsa, nou la nan mitan foul moun sa yo ki te moutre jan yo te gen konfyans nan Bondye. Ann voye tout bagay k'ap antrave kous nou jete byen lwen, ansanm ak peche a ki fasil pou vlope nou. Ann kouri avèk pasyans nan chemen Bondye mete devan nou an. Ann kenbe je nou kole sou Jezi. Se nan li konfyans nou sòti, se li menm tou k'ap kenbe nou nan konfyans sa a jouk sa kaba. Li kite yo fè l soufri sou kwa a. Li pa pran wont sa a pou anyen, paske li te toujou chonje apre l te fin soufri a, Bondye t'ap fè kè l kontan. Kifè kounyeya li chita sou bò dwat fòtèy Bondye a. Wi panse sou ka li byen. Gade tout sa li sibi anba men lèzòm ki pa te vle wè li. Konsa tou, pa kouri pou batay la, ni tou pa dekouraje. Paske nan batay n'ap mennen kont peche a, nou poko goumen jan nou ta dwe jouk pou nou ta mouri. Eske se bliye nou gentan bliye pawòl Bondye te di pou ankouraje nou tankou pitit li? Pitit mwen, lè Bondye ap pini ou, pa betize ak sa. Lè l'ap fè ou repwòch, pa dekouraje. Paske Bondye pini moun li renmen. Se moun li rekonèt pou pitit li li bat. Enben, sipòte soufrans sa yo tankou si se papa nou k'ap pini nou. Paske soufrans sa yo se prèv Bondye konsidere nou pou pitit li. Nou janm tande yon papa ki pa janm pini pitit li? Si Bondye pa pini nou tankou tout papa pini pitit yo, sa vle di nou pa pitit lejitim Bondye tout bon, nou se pitit deyò. Chonje sa papa nou sou latè a konn fè. Yo pini nou. Malgre sa, nou toujou respekte yo. Nou pa bezwen mande jan nou dwe soumèt devan Papa nou ki nan syèl la, si nou bezwen viv. Papa nou sou latè a te konn pini nou pou yon ti tan, dapre sa yo te kwè ki te bon. Men, Bondye pini nou pou byen pa nou menm, pou nou ka rive viv menm jan l'ap viv la. Lè y'ap rale zòrèy nou, sa fè nou pi tris pase sa fè nou kontan. Men pita, moun ki soti byen pare, apre tout egzèsis sa yo, yo pral mennen yon lavi dwat ak kè poze. Se poutèt sa, souke kò nou. Pa kite fatig antre sou nou. Mache kote ki plat pou pye k'ap bwete a pa foule pi plis, okontrè pou l ka geri. Chache viv ak kè poze ak tout moun. Mennen yon lavi apa pou Bondye. Si se pa sa, pa gen moun k'ap wè Senyè a. Pa kite pèsonn vire do bay favè Bondye a. Pa kite pèsonn tounen tankou yon plant anmè k'ap pouse rasin k'ap anpwazonnen lòt yo. Pa kite pèsonn tonbe nan move vis, ni pèdi respè yo dwe genyen pou bagay ki fèt pou respekte, tankou Ezayi ki te vann dwa li kòm premye pitit pou yon plat manje. Nou konnen ki jan pita, lè li te vle resevwa benediksyon papa li, yo te mete l sou kote. Malgre tout kriye li te kriye bay papa a, pat gen mwayen chanje sa ki te fin fèt la. Nou pat pwoche bò kote yon bagay nou ka manyen tankou pèp Izrayèl la ki te pwoche bò kote Mòn Sinayi a. Sou mòn sa a te gen yon gwo dife ansanm ak yon fènwa ki pat piti, te gen yon bann bagay tou pou fè moun pè. Yon gwo van tanpèt t'ap soufle sou mòn lan. Yo te tande son klewon k'ap kònen, ansanm ak vwa yon moun k'ap pale. Lè pitit Izrayèl yo tande vwa sa a, yo mande l sispann pale. Yo pat kapab sipòte lòd li te ba yo lè li te di: Menm si se yon bèt ki mete pye l sou mòn sa a, se pou yo touye l ak kout wòch. Moyiz menm, sa l te wè devan je l yo se te bagay terib. Se poutèt sa li te di: M'ap tranble kou fèy bwa tèlman mwen pè. Okontrè, nou pwoche bò kote Mòn Siyon an, bò kote lavil Bondye vivan an, ki vle di: Jerizalèm ki nan syèl la ansanm ak tout kantite zanj li yo. Nou pwoche kote tout premye pitit Bondye yo sanble ak kè kontan, yo menm ki gen non yo ekri nan Liv ki nan syèl la. Nou pwoche bò kote Bondye ki gen pou jije tout moun lan, kote lespri moun ki fin bon nèt yo ye a. Nou pwoche bò kote Jezikri, moun ki ranje nouvo kontra a, bò kote san ki koule a, yon san ki pale nou pi byen pase san Abèl la. Veye kò nou! Pa refize koute pawòl moun k'ap pale ak nou an. Moun ki te refize koute pawòl moun ki t'ap ba yo avètisman Bondye sou latè a, yo pat chape anba chatiman an. Nou pa bezwen mande si nou menm nou ka delivre si nou vire do bay moun k'ap pale ak nou antan l nan syèl la. Nan tan lontan, lè Bondye te pale, tè a te tranble. Men, kounyeya, li fè nou pwomès sa a: Yon lòt fwa, se pa latè a ase m'ap fè tranble. M'ap fè syèl la tranble tou. Lè li di yon lòt fwa, li fè konprann lè sa a se tout bagay Bondye kreye yo ki pral tranble. Yo pral disparèt. Konsa se bagay ki byen fèm yo k'ap rete. Peyi wa nou resevwa pou eritaj la pa ka brannen. Se pou nou di mèsi pou sa. Ann fè wè nou pa bliye sa li fè pou nou. Ann sèvi Bondye yon jan ki pou fè l plezi, avèk respè, avèk krentif. Paske Bondye nou an se tankou yon dife k'ap detwi tout bagay.

Ebre 12:1-29 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Cette grande foule de témoins nous entoure. Rejetons donc, nous aussi, tout ce qui nous empêche d’avancer, rejetons le péché qui nous enveloppe si facilement ! Courons jusqu’au bout la course qu’on nous propose. Regardons toujours Jésus. C’est lui qui fait naître la foi et qui la rend parfaite. Il a accepté de mourir sur une croix sans avoir honte. En effet, il voyait d’avance la joie qu’il allait recevoir, et maintenant, il est assis à la droite de Dieu. Oui, pensez à Jésus. Les pécheurs étaient contre lui, mais il a tout supporté. Alors ne vous laissez pas vaincre par le découragement ! En combattant contre le péché, vous n’avez pas encore résisté jusqu’à la mort ! Vous avez oublié le conseil que Dieu vous donne comme à des fils : « Mon fils, quand le Seigneur te corrige, fais attention ! Ne te décourage pas quand il te fait des reproches ! Le Seigneur corrige celui qu’il aime, il frappe tous ceux qu’il reconnaît comme ses fils. » C’est pour être corrigés que vous souffrez. Dieu vous traite comme ses fils. Quel est le fils que son père ne corrige pas ? Si Dieu ne vous corrige pas comme tous ses enfants, vous êtes des enfants illégitimes , vous n’êtes pas de vrais fils. Nous avons eu des pères sur cette terre, ils nous ont corrigés et nous les respections. Alors, c’est sûr, nous devons obéir davantage à Dieu notre Père pour avoir la vie. Oui, nos pères nous corrigeaient pendant quelque temps selon leurs idées à eux. Mais Dieu, c’est pour notre bien qu’il nous corrige, il veut nous rendre saints, comme lui. Sur le moment, une correction ne fait pas plaisir, elle donne de la tristesse. Mais plus tard, ceux qui ont été formés de cette façon deviennent justes et trouvent ainsi la paix. C’est pourquoi redressez vos bras fatigués et rendez plus forts vos genoux tremblants. Faites de bonnes pistes pour vos pieds. Alors celui qui boite ne se tordra pas la cheville, au contraire, il guérira. Cherchez à vivre en paix avec tout le monde et à mener une vie qui plaît à Dieu. Sans cela, personne ne verra le Seigneur. Attention, personne ne doit refuser ce que Dieu fait pour lui ! Parmi vous, aucune plante amère ne doit pousser pour troubler la communauté avec son poison. Attention, ne menez pas une vie immorale ! Respectez les choses saintes. Ne faites pas comme Ésaü qui, pour un seul repas, a vendu son droit de fils aîné ! Plus tard, vous le savez, il a voulu recevoir la bénédiction de son père, mais il a été rejeté. Il a essayé, en pleurant, d’amener son père à changer d’avis, mais il n’a pas réussi. Quand vous vous êtes approchés de Dieu, vous n’êtes pas venus vers une montagne qu’on pouvait toucher : il n’y avait pas de grand feu, pas d’obscurité, pas de nuit, pas d’orage. Vous n’avez entendu ni le son de la trompette, ni le bruit de paroles. Les Israélites qui ont entendu ce bruit ont refusé d’écouter un mot de plus. Ils n’ont pas pu supporter cet ordre : « Celui qui touchera la montagne, même si c’est un animal, on le tuera en lui jetant des pierres. » Ce qu’on voyait était effrayant. Alors Moïse a dit : « Je suis effrayé et je tremble. » Mais vous vous êtes approchés de la montagne de Sion et de la ville du Dieu vivant. C’est la Jérusalem du ciel où des millions d’anges sont en fête. Vous vous êtes approchés de l’assemblée des premiers-nés de Dieu qui ont leurs noms écrits dans les cieux. Vous vous êtes approchés de Dieu, qui juge le monde entier. Vous vous êtes approchés des personnes justes qui sont devenues parfaites. Vous vous êtes approchés de Jésus, qui a répandu son sang pour nous rendre purs. Il est l’intermédiaire d’une alliance nouvelle que Dieu a établie avec nous, et son sang répandu parle plus fort que celui d’Abel. Attention, ne refusez pas d’écouter celui qui vous parle ! Sur la terre, Moïse a averti les Israélites, mais ils ont refusé de l’écouter, et ils n’ont pas échappé à la punition. Nous, c’est du ciel que Dieu nous parle. Si nous lui tournons le dos, nous serons punis, c’est sûr ! Autrefois, la voix de Dieu a fait trembler la terre. Aujourd’hui, Dieu nous fait cette promesse : « Encore une fois, je ferai trembler non seulement la terre mais aussi le ciel. » Les mots « encore une fois » annoncent ceci : les choses créées, qui peuvent être bouleversées, disparaîtront. Ainsi, les choses qui ne peuvent pas être bouleversées continueront à exister. Nous, nous recevons un royaume que personne ne peut faire bouger. Alors remercions Dieu et servons-le d’une façon qui lui plaise, avec confiance et respect. Oui, notre Dieu est un feu qui détruit.

Ebre 12:1-29 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Nou gen anpil egzanp tankou sa yo. Lavi moun sa yo fè nou konprann lafwa pi byen. Konsa, nou menm tou, an nou fè jefò pou n kouri nan kous ki louvri devan nou an. An nou mete sou kote tout bagay k ap ralanti kous nou, ak tout peche k ap detounen pye nou detanzantan pou fè nou kite chemen an. Nou pa dwe janm retire je nou sou Jezi. Lafwa nou depann de li depi nan kòmansman rive nan fin isman. Jezi t aksepte mouri sou lakwa. Men li t aksepte tout wont ki mache ak kalite lanmò sa a kòmsi se pa t anyen, malgre rejwisans li te wè ki rezève pou li. Kounye a, li chita nan plas donè ki adwat twòn Bondye a. Wi, annik reflechi sou valè tray Jezi pase anba men pechè sou latè ki te rayi l yo! Konsa, nou p ap kite dekourajman pote n ale, nou p ap bay legen. Dayè, nan batay n ap mennen kont peche a, nou pako rive nan pwen kote lanmò se sèl bon chwa ki rete. Nou se pitit Bondye, men nou gen lè bliye pawòl ankourajman Bondye voye pou konsole kè nou: “Pitit mwen, lè Senyè a ap korije w. Pa pran sa alalejè, pa dekouraje. Senyè a korije tout moun li renmen; li pini tout moun l aksepte kòm pitit li.” Konsa, sipòte soufrans tankou yon pitit papa l ap korije. Bondye trete nou tankou pitit li. Ki pitit yon papa pa janm korije? Si n ta wè n pa janm resevwa koreksyon nan men Bondye menm jan ak tout pitit, konnen nou pa pitit lejitim li, konnen se pa moun Bondye nou ye vre. Nou tout gen papa isit sou latè ki korije nou, epi nou respekte yo. Konsa, li menm pi enpòtan toujou pou n obeyi Papa espirityèl nou pou n ka gen lavi. Wi papa nou sou latè te korije pou yon ti tan. Yo te fè sa yo kwè ki t ap pi bon pou nou. Men Bondye korije nou pou l ka ede nou vin sen menm jan avè l. Pa gen moun ki renmen koreksyon, paske sa fè mal. Men pita, lè leson an byen antre nan tèt nou, n ap jwi lapè moun ki fè sa ki byen. Remanbre men fatige nou yo. Repare jenou nou yo k ap tranble. Ranmase fòs nou. Pa fè chemen kwochi pou pye n yo ki gentan ap bwate pa fin enfim nèt, men pou yo ka geri. Fè tout sa k depann de nou pou nou viv an pè ak tout moun, mennen yon lavi ki sen pou fè Bondye plezi. Nenpòt moun ki pa mennen yon lavi ki sen konsa, li p ap janm wè Bondye. Fè sèten pou pèsonn nan mitan nou pa vire do bay gras Bondye a. Fè sèten pou pèsonn nan mitan nou pa vin tounen yon plant nwizib k ap pouse epi k ap pwazonnen tout gwoup la. Fè atansyon pou pèsonn nan mitan nou pa tonbe nan peche seksyèl. Se pou nou gen respè pou bagay sakre. Pa fè tankou Ezayi, ki vann dwa premye pitit li te genyen an jis pou yon plat manje. Sonje pita lè li te vle resevwa benediksyon ki rezève pou premye pitit la, papa l pa t ka fè anyen pou li. Ezayi te tèlman vle benediksyon an li te kriye, men pa t gen okenn fason li te ka defèt sa l te gentan fè a. Tankou pèp Bondye a jodi a, nou pako rive bò mòn yo ka touche a, ki gen gwo dife k ap boule, ki kouvri ak fènwa, tenèb ak tanpèt. Pa gen son twonpèt ni vwa k ap pale pawòl tankou sa pèp la te tande yo. Moun ki te tande vwa a pale te tèlman anba lapèrèz, yo te mande pou yo pa tande yon mo ankò. Yo pa t ka sipòte lòd sa a: “Menmsi se yon bèt ki touche mòn nan se pou yo kalonnen l ak kout wòch pou touye l.” Sa yo te wè te tèlman fè yo pè, menm Moyiz te di: “M tranble tèlman m pè!” Men nou vini bò mòn Siyon an, vil Bondye vivan an, Jerizalèm selès la, kote ki gen zanj pa milye ki rasanble pou selebre. Nou vini nan asanble premye pitit Bondye yo. Yo gen non yo ekri nan syèl la. Nou vini bò kote Bondye ki se jij lemonn antye. Nou vini jwenn tout lespri moun ki jis yo, moun Bondye te fè rive nan pèfeksyon yo. Nou vini bò kote Jezi, li menm ki vini ak nouvo kontra Bondye siyen ak pèp li a. Yo te aspèje w ak san Jezi ki te koule a, san k ap di bagay ki pi bon pase san Abèl la. Fè atansyon epi pa fè tèt di lè Bondye pale. Moun yo ki te refize koute Bondye yo pa t chape anba pinisyon an. Pou nou menm, se depi nan syèl la Bondye ap pale avèk nou. Si nou vire do ba li, bagay la ap pi mal pou nou toujou. Latè te tranble lè l te pale premye fwa a. Kounye a, li fè pwomès sa: “Yon lòt fwa ankò non sèlman m ap fè latè tranble, syèl la ap tranble tou.” Mo “yon lòt fwa ankò” a montre aklè Bondye pral sekwe tout bagay ki nan kreyasyon an epi li pral disparèt tout sa ki pa dire yo. Se sèlman sa ki pa ka sekwe k ap rete. Men nou menm nou mèt di Bondye mèsi, paske nou resevwa yon wayòm pèsonn pa ka sekwe. An nou adore Bondye avèk anpil respè ak krentif, paske Bondye nou an se yon dife ki ka kraze brize.

Ebre 12:1-29 New International Version (NIV)

Therefore, since we are surrounded by such a great cloud of witnesses, let us throw off everything that hinders and the sin that so easily entangles. And let us run with perseverance the race marked out for us, fixing our eyes on Jesus, the pioneer and perfecter of faith. For the joy set before him he endured the cross, scorning its shame, and sat down at the right hand of the throne of God. Consider him who endured such opposition from sinners, so that you will not grow weary and lose heart. In your struggle against sin, you have not yet resisted to the point of shedding your blood. And have you completely forgotten this word of encouragement that addresses you as a father addresses his son? It says, “My son, do not make light of the Lord’s discipline, and do not lose heart when he rebukes you, because the Lord disciplines the one he loves, and he chastens everyone he accepts as his son.” Endure hardship as discipline; God is treating you as his children. For what children are not disciplined by their father? If you are not disciplined—and everyone undergoes discipline—then you are not legitimate, not true sons and daughters at all. Moreover, we have all had human fathers who disciplined us and we respected them for it. How much more should we submit to the Father of spirits and live! They disciplined us for a little while as they thought best; but God disciplines us for our good, in order that we may share in his holiness. No discipline seems pleasant at the time, but painful. Later on, however, it produces a harvest of righteousness and peace for those who have been trained by it. Therefore, strengthen your feeble arms and weak knees. “Make level paths for your feet,” so that the lame may not be disabled, but rather healed. Make every effort to live in peace with everyone and to be holy; without holiness no one will see the Lord. See to it that no one falls short of the grace of God and that no bitter root grows up to cause trouble and defile many. See that no one is sexually immoral, or is godless like Esau, who for a single meal sold his inheritance rights as the oldest son. Afterward, as you know, when he wanted to inherit this blessing, he was rejected. Even though he sought the blessing with tears, he could not change what he had done. You have not come to a mountain that can be touched and that is burning with fire; to darkness, gloom and storm; to a trumpet blast or to such a voice speaking words that those who heard it begged that no further word be spoken to them, because they could not bear what was commanded: “If even an animal touches the mountain, it must be stoned to death.” The sight was so terrifying that Moses said, “I am trembling with fear.” But you have come to Mount Zion, to the city of the living God, the heavenly Jerusalem. You have come to thousands upon thousands of angels in joyful assembly, to the church of the firstborn, whose names are written in heaven. You have come to God, the Judge of all, to the spirits of the righteous made perfect, to Jesus the mediator of a new covenant, and to the sprinkled blood that speaks a better word than the blood of Abel. See to it that you do not refuse him who speaks. If they did not escape when they refused him who warned them on earth, how much less will we, if we turn away from him who warns us from heaven? At that time his voice shook the earth, but now he has promised, “Once more I will shake not only the earth but also the heavens.” The words “once more” indicate the removing of what can be shaken—that is, created things—so that what cannot be shaken may remain. Therefore, since we are receiving a kingdom that cannot be shaken, let us be thankful, and so worship God acceptably with reverence and awe, for our “God is a consuming fire.”

Ebre 12:1-29 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

C’est pourquoi, nous aussi qui sommes entourés d’une si grande nuée de témoins, débarrassons-nous de tout fardeau, et du péché qui nous cerne si facilement de tous côtés, et courons avec endurance l’épreuve qui nous est proposée. Gardons les yeux fixés sur Jésus, qui nous a ouvert le chemin de la foi et qui la porte à la perfection. Parce qu’il avait en vue la joie qui lui était réservée, il a enduré la mort sur la croix, en méprisant la honte attachée à un tel supplice, et désormais il siège à la droite du trône de Dieu. Pensez à celui qui a enduré de la part des hommes pécheurs une telle opposition contre lui, pour que vous ne vous laissiez pas abattre par le découragement. Vous n’avez pas encore résisté jusqu’à la mort dans votre lutte contre le péché, et vous avez oublié cette parole d’encouragement que Dieu vous adresse comme à des fils : Mon fils, ne prends pas à la légère la correction du Seigneur et ne te décourage pas lorsqu’il te reprend. Car le Seigneur corrige celui qu’il aime : il châtie tous ceux qu’il reconnaît pour ses fils . Supportez vos souffrances : elles servent à vous corriger. C’est en fils que Dieu vous traite. Quel est le fils que son père ne corrige pas ? Si vous êtes dispensés de la correction qui est le lot de tous les fils, alors vous êtes des enfants illégitimes, et non des fils. D’ailleurs, nous avions notre père terrestre pour nous corriger, et nous le respections. N’allons-nous pas, à plus forte raison, nous soumettre à notre Père céleste pour avoir la vie ? Notre père nous corrigeait pour un temps limité, selon ses idées, mais Dieu, c’est pour notre bien qu’il nous corrige, afin de nous faire participer à sa sainteté. Certes, sur le moment, une correction ne semble pas être un sujet de joie mais plutôt une cause de tristesse. Mais par la suite, elle a pour fruit, chez ceux qui ont ainsi été formés, une vie juste, vécue dans la paix. C’est pourquoi : Relevez vos mains qui faiblissent et raffermissez vos genoux qui fléchissent . Faites-vous des pistes droites pour votre course , afin que le pied qui boite ne se démette pas complètement, mais qu’il guérisse plutôt. Faites tous vos efforts pour être en paix avec tout le monde et cultivez la sainteté sans laquelle nul ne verra le Seigneur. Veillez à ce que personne ne passe à côté de la grâce de Dieu, qu’aucune racine d’amertume ne pousse et ne cause du trouble en empoisonnant plusieurs d’entre vous. Qu’il n’y ait personne qui vive dans l’immoralité ou qui méprise les choses saintes, comme Esaü qui, pour un simple repas, a vendu son droit d’aînesse. Vous savez que plus tard, lorsqu’il a voulu recevoir en héritage la bénédiction de son père, il a été rejeté, car il n’a trouvé aucun moyen de revenir en arrière, bien qu’il l’ait cherché en pleurant. Car vous ne vous êtes pas approchés, comme les Israélites au désert, d’une réalité que l’on pourrait toucher : un feu ardent, l’obscurité, des ténèbres et un ouragan. Vous n’avez pas entendu de sonneries de trompettes, ni l’éclat d’une voix telle que ceux qui l’ont entendue ont demandé qu’elle ne s’adresse plus à eux. En effet, ils ne pouvaient supporter l’ordre qui leur avait été donné : Quiconque touchera la montagne – même si c’est un animal – sera tué à coups de pierres . Le spectacle était si terrifiant que Moïse s’est écrié : Je suis épouvanté et tout tremblant. Non, vous, au contraire, vous vous êtes approchés de la montagne de Sion, de la cité du Dieu vivant, de la Jérusalem céleste et de milliers d’anges en fête. Vous vous êtes approchés de l’assemblée des premiers-nés de Dieu dont les noms sont inscrits dans les cieux. Vous vous êtes approchés de Dieu, le Juge de tous les hommes, et des esprits des justes qui sont parvenus à la perfection. Vous vous êtes approchés de Jésus, le médiateur d’une alliance nouvelle, et de son sang répandu qui parle mieux encore que celui d’Abel. Prenez donc garde : ne refusez pas d’écouter celui qui vous parle. Les Israélites qui ont refusé d’écouter celui qui les avertissait sur la terre, n’ont pas échappé au châtiment. A combien plus forte raison en sera-t-il de même pour nous, si nous nous détournons de celui qui nous parle du haut des cieux. Celui dont la voix a fait alors trembler la terre fait maintenant cette promesse : Une fois encore j’ébranlerai, non seulement la terre, mais aussi le ciel . Ces mots : une fois encore signifient que tout ce qui peut être ébranlé , c’est-à-dire ce qui appartient à l’ordre ancien de la création, disparaîtra, pour que subsistent seules les réalités inébranlables. Le royaume que nous recevons est inébranlable : soyons donc reconnaissants et servons Dieu d’une manière qui lui soit agréable, avec crainte et profond respect, car notre Dieu est un feu qui consume .

Ebre 12:1-29

Ebre 12:1-29 HAT98Ebre 12:1-29 HAT98