Ebre 11:8-12
Ebre 11:8-12 1998 Haïtienne (HAT98)
Se konfyans nan Bondye ki fè Abraram te obeyi lè Bondye rele li. Li pati al nan peyi Bondye ta pral ba li pou eritaj la. Li leve, li kite peyi li san li pa te konnen ki bò li ta prale ojis. Paske li te gen konfyans nan Bondye, se anba tant twal li te rete. Li t'ap viv nan peyi Bondye te pwomèt li a tankou yon etranje ki depasaj. Se konsa Izarak ak Jakòb te fè tou, yo menm ki te resevwa menm pwomès la nan men Bondye. Paske, Abraram menm t'ap tann lavil ki gen bon fondasyon solid la. Se Bondye ki te fè plan lavil sa a, epi se li menm tou ki te bati li. Se konfyans nan Bondye ki fè Sara te rive fè pitit, atout li pa te kapab epi li te fin depase laj. Li te sèten Bondye t'ap kenbe pwomès li. Se konsa, yon sèl nonm ki te tou fin mouri rive gen kantite pitit pitit moun pa ka konte: yo tankou zetwal nan syèl la, yo tankou grenn sab bò lanmè.
Ebre 11:8-12 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Abraham a cru en Dieu, alors il a répondu à son appel, il a obéi. Il est parti vers un pays que Dieu devait lui donner à posséder, et il est parti sans savoir où il allait. Abraham a cru en Dieu, alors il est allé habiter comme un étranger dans le pays promis par Dieu. Il a habité sous des tentes avec Isaac et Jacob. Eux aussi ont reçu la même promesse qu’Abraham. Abraham attendait la ville qui a des fondations solides . Et c’est Dieu qui a fait les plans de cette ville, c’est lui qui l’a construite. Sara a cru en Dieu, alors Dieu l’a rendue capable d’avoir un enfant. Pourtant elle était très vieille, mais elle était sûre d’une chose : Dieu tient ses promesses. C’est pourquoi un seul ancêtre, Abraham, qui allait bientôt mourir, a donné la vie à une grande famille. Les enfants de cette famille sont aussi nombreux que les étoiles du ciel ou que les grains de sable au bord de la mer, et on ne peut pas les compter.
Ebre 11:8-12 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Abraram te gen lafwa nan Bondye. Bondye rele Abraram pou l kite peyi l pou l te ale yon lòt kote li te pwomèt l ap ba li. Abraram te pati, menm lè li pa t menm konnen ki kote l prale. Abraram te viv tankou moun ki de pasaj nan pwòp tè Bondye te pwomèt li yo. Abraram te gen lafwa nan Bondye, se sa ki fè li te viv anba tant menm jan ak Izarak ak Jakòb ki te vin eritye menm pwomès la. Abraram t ap tann yon vil ki gen yon fondasyon reyèl. Li t ap tann vil Bondye te fè plan bati epi li te bati a. Sara pa t ka fè pitit epi Abraram te fin granmoun. Men malgre sa Abraram te gen lafwa nan Bondye. Li te kwè Bondye ap kenbe pwomès li. Konsa, Bondye te ba yo pitit. Abraram te tèlman granmoun lanmò te gentan make l. Poutan, pitit granmoun sa a ta pral tèlman fè pitit, pitit sa yo te vin anpil tankou zetwal yo ki nan syèl la, ak tankou grenn sab bò lanmè.
Ebre 11:8-12 New International Version (NIV)
By faith Abraham, when called to go to a place he would later receive as his inheritance, obeyed and went, even though he did not know where he was going. By faith he made his home in the promised land like a stranger in a foreign country; he lived in tents, as did Isaac and Jacob, who were heirs with him of the same promise. For he was looking forward to the city with foundations, whose architect and builder is God. And by faith even Sarah, who was past childbearing age, was enabled to bear children because she considered him faithful who had made the promise. And so from this one man, and he as good as dead, came descendants as numerous as the stars in the sky and as countless as the sand on the seashore.
Ebre 11:8-12 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Par la foi, Abraham a obéi à l’appel de Dieu qui lui ordonnait de partir pour un pays qu’il devait recevoir plus tard en héritage. Il est parti sans savoir où il allait. Par la foi, il a séjourné en étranger dans le pays qui lui avait été promis, vivant sous des tentes, de même qu’Isaac et Jacob qui sont héritiers avec lui de la même promesse. Car il attendait la cité aux fondements inébranlables dont Dieu lui-même est l’architecte et le constructeur. Par la foi, Sara, elle aussi, qui était stérile, a été rendue capable de devenir mère alors qu’elle en avait depuis longtemps passé l’âge. En effet, elle était convaincue que celui qui avait fait la promesse est fidèle. C’est pourquoi aussi, d’un seul homme – plus encore : d’un homme déjà marqué par la mort – sont issus des descendants aussi nombreux que les étoiles du ciel et que les grains de sable qu’on ne saurait compter sur le rivage de la mer .