Ebre 11:32-40

Ebre 11:32-40 1998 Haïtienne (HAT98)

Kisa m ta di nou ankò? Se tan mwen pa genyen pou m ta pale nou sou Gedeyon, Barak, Samson, Jefte, David, Samyèl ak tout pwofèt yo. Ak konfyans yo te gen nan Bondye a, yo goumen, yo pran peyi lòt moun nan men yo, yo gouvènen san patipri, yo resevwa sekou Bondye te pwomèt la. Yo fèmen bouch lyon yo, yo touye gwo gwo dife, yo chape anba men moun ki te vle touye yo ak nepe. Yo te fèb, men yo vin gen fòs, sa te rann yo vanyan anpil nan lagè, kifè yo te ka kraze lame etranje yo. Se konfyans nan Bondye ki fè anpil fanm te wè moun pa yo ki te mouri tounen reviv ankò. Gen ladan yo yo matirize jouk yo mouri. Yo refize asepte okenn moun vin delivre yo, pou yo te ka leve sòti nan lanmò, antre nan yon lavi ki pi bon. Gen lòt ladan yo moun pase anba betiz, yo bat yo byen bat. Gen lòt ankò yo mare yo ak chenn, yo jete yo nan prizon. Yo touye yo anba kout wòch, yo siye yo fè de moso, yo touye yo ak nepe. Se kouri yo t'ap kouri sòti yon kote al nan yon lòt tèlman moun t'ap pèsekite yo, tèlman yo t'ap maltrete yo. Se po mouton ak po kabrit yo pran sèvi rad tèlman yo te pòv. Moun konsa, latè pat bon ase pou yo. Yo t'ap kouri moute kouri desann nan dezè yo, nan mòn yo. Yo t'ap viv nan twou wòch ak nan twou tè. Tout moun sa yo, Bondye te dakò ak yo paske yo te gen konfyans nan li. Men, atousa, yo pat resevwa sa Bondye te pwomèt la. Bondye te sere yon pi bon bagay ankò pou nou. Li pat vle pou moun sa yo te rive bon nèt kite nou dèyè. Sèl jan pou moun sa yo te ka rive bon nèt, se ansanm ak nou.

Ebre 11:32-40 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Qu’est-ce que je peux dire encore ? Le temps va me manquer pour parler en détail de Gédéon, Barac, Samson, Jefté, David, Samuel et des prophètes. Parce que ces hommes ont cru en Dieu, ils ont vaincu des royaumes. Ils ont fait ce qui est juste, ils ont reçu ce que Dieu avait promis, ils ont fermé la gueule des lions. Ils ont éteint des feux violents, ils ont évité d’être tués par l’épée. Ils sont tombés malades et ils ont retrouvé des forces. Pendant les guerres, ils ont été courageux, ils ont repoussé des armées étrangères. Des femmes ont cru en Dieu. Alors elles ont retrouvé leurs morts, parce que ceux-ci sont revenus à la vie. D’autres hommes ont été torturés mais ils n’ont pas voulu qu’on les délivre. En effet, ils préféraient revenir de la mort à une vie meilleure. D’autres ont supporté des insultes et des coups de fouet. On a attaché certains avec des chaînes et on les a mis en prison. On les a tués en leur jetant des pierres, ou bien on les a sciés en deux, ou on les a tués par l’épée. D’autres sont allés d’un endroit à un autre, habillés avec des peaux de moutons ou des peaux de chèvres. Ils manquaient de tout. On les faisait beaucoup souffrir et on les traitait vraiment mal. Pourtant le monde n’était pas digne de ces gens-là. Ils sont allés d’un endroit à un autre, dans les déserts, dans les montagnes, dans les abris des rochers et dans les trous de la terre. Ils ont tous cru en Dieu, c’est pour cela qu’on les a donnés en exemple, mais ils n’ont pas reçu ce que Dieu avait promis. En effet, Dieu avait prévu quelque chose de meilleur encore pour nous. C’est pourquoi ils ne devaient pas devenir parfaits sans nous.

Ebre 11:32-40 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Que dirai-je encore ? Le temps me manquerait pour parler en détail de Gédéon, de Baraq, de Samson, de Jephté, de David, de Samuel et des prophètes. Grâce à la foi, ils ont remporté la victoire sur des royaumes, exercé la justice, obtenu la réalisation de promesses, fermé la gueule des lions. Ils ont éteint des feux violents, ont échappé au tranchant de l’épée. Ils ont été remplis de force alors qu’ils étaient faibles. Ils se sont montrés vaillants dans les batailles, ils ont mis en fuite des armées ennemies ; des femmes ont vu leurs morts ressusciter pour leur être rendus. D’autres, en revanche, ont été torturés ; ils ont refusé d’être délivrés, afin d’obtenir ce qui est meilleur : la résurrection. D’autres encore ont enduré les moqueries, le fouet, ainsi que les chaînes et la prison. Certains ont été lapidés, d’autres ont été torturés, sciés en deux ou mis à mort par l’épée. D’autres ont mené une vie errante, vêtus de peaux de moutons ou de chèvres, dénués de tout, persécutés et maltraités, eux dont le monde n’était pas digne. Ils ont erré dans les déserts et sur les montagnes, vivant dans les cavernes et les antres de la terre. Dieu a approuvé tous ces gens à cause de leur foi, et pourtant, aucun d’eux n’a reçu ce qu’il leur avait promis. C’est que Dieu avait prévu quelque chose de meilleur pour nous : ils ne devaient donc pas parvenir sans nous à la perfection.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an