Jenèz 44:1-34

Jenèz 44:1-34 1998 Haïtienne (HAT98)

Apre sa, Jozèf bay chèf domestik la lòd sa a: — Plen sak mesye yo manje mezi yo ka pote. Mete lajan chak moun nan bouch sak yo. W'a pran gwo gode m lan, gode an ajan an, w'a mete l nan bouch sak pi piti a ansanm ak tout lajan l lan. Chèf domestik la fè sa Jozèf te di l fè a. Nan denmen maten, byen bonè, yo voye mesye yo al fè wout yo ak tout bourik yo. Yo te fin kite lavil la dèyè, men yo pat pi lwen pase sa, lè Jozèf di domestik li a: — Leve, kouri dèyè mesye yo. Lè w'a trape yo, w'a di yo: Poukisa nou aji mal konsa ak moun ki fè nou byen? Poukisa nou pran gwo gode mèt mwen an? Se ladan l li bwè, se ak li li sèvi pou l konnen sa ki pral pase. Sa nou fè a pa bon menm. Lè domestik la trape yo, li repete tou sa mèt li a te di l. Men yo reponn: — Men mesye, nou pa konprann sa w'ap di la a. Pou n ta fè bagay konsa? Mande Bondye padon! Gade, lajan nou te jwenn premye fwa a nan bouch sak nou yo, nou pote l tounen ba ou sòti peyi Kanaran. Ki jan ou vle wè pou nou ta vòlò ajan osinon lò kay mèt la? Si ou jwenn gwo gode a nan men yonn nan nou, se pou moun sa a mouri. Nou menm lòt yo, se pou yo fè nou tounen esklav. Domestik la di: — Dakò. Men, si yo jwenn gode a nan men yonn nan nou, se moun sa a m'ap pran pou sèvi m esklav. Lòt yo lib, yo mèt ale. Lamenm, yo prese mete sak yo atè, chak moun louvri sak yo. Chèf domestik Jozèf la pran fouye sak yo yonn apre lòt. Li konmanse ak sak pi gran an pou l fini ak sak pi piti a. Yo jwenn gode a nan sak Benjamen an. Sa ou tande a, yon sèl lapenn pran mesye yo, yo chire rad sou yo. Chak moun chaje bourik yo ankò, yo tounen lavil. Lè Jida ak frè l yo rive lakay Jozèf, Jozèf te la toujou. Yo bese tèt yo jouk atè devan li. Jozèf di yo: — Kisa nou fè konsa? Eske nou pa konnen yon nonm tankou mwen gen pouvwa pou m wè tou sa ki pral rive? Jida reponn li: — Mèt, nou pa konn sa pou nou di. Nou pa ka pale. Pa gen savon pou lave nou devan ou. Se Bondye menm ki fè ou dekouvri nou. Mèt, se poutèt sa se pa sèlman moun ki te gen gode a nan men l lan ki esklav ou, se nou tout ki esklav ou. Men Jozèf di: — Mande Bondye padon! Mwen pa ka fè sa. Moun ki te gen gode a, se li menm sèlman k'ap rete pou sèvi m esklav. Lòt yo mèt tounen lakay papa yo ak kè poze jan yo te vini an. Lè sa a, Jida pwoche bò kote Jozèf, li di l konsa: — Tanpri, mèt. Kite m di ou yon ti pawòl. Ou pa bezwen fache sou mwen. Mwen konnen ki di ou menm di farawon an. Mèt, ou te mande nou eske papa nou la, eske nou gen lòt frè. Nou te reponn ou: Wi, nou gen yon papa ki fin vye granmoun ak yon ti frè, pitit papa nou te fè nan vyeyès li. Ti bway la te gen yon lòt frè menm manman avè l. Men, li mouri. Nan de pitit manman l yo, se li menm ase ki rete. Lèfini papa nou renmen l anpil. Ou te mande nou pou nou mennen l isit la pou ou te ka wè l. Nou te reponn ou, mèt, ti bway la pat ka kite papa l. Si li kite l, chagren va touye papa a. Men, ou te kenbe pawòl ou pi rèd, ou te di nou si ti frè nou an pa vini ak nou, nou pa bezwen parèt devan ou. Lè nou tounen kay papa nou, nou rakonte l tou sa ou te di nou. Apre sa, papa di nou: Tounen al achte manje pou mwen. Nou di l: Non, papa. Nou pa ka desann paske si ti frè nou an pa ale ak nou, nou p'ap ka parèt devan chèf la. Men, si ou dakò pou ti frè nou an ale ak nou, n'a desann. Lè sa a, papa nou di: Nou konnen madanm mwen te fè de sèl pitit gason pou mwen. Gen yonn ki pati kite m. Mwen kwè se bèt nan bwa ki dwe devore l, paske mwen pa janm wè l jouk kounyeya. Jòdi a, si nou pran sa a nan men m, si yon malè rive l, avèk tout laj sa ki sou tèt mwen an, mwen p'ap ka sipòte lapenn sa a, chagren va touye m. Kounyeya atò, mèt, si mwen tounen al jwenn papa m san pitit gason l sa a, ki de je nan tèt li, kou l'a gade li wè pitit li a pa la, l'ap mouri. Se nou menm ki va lakòz lapenn sa a k'ap twòp pou granmoun lan. Papa nou va mouri sou kont nou. Wi, se mwen menm ki te bay papa m garanti m'ap tounen ak pitit la. Mwen te di l: Si m pa mennen l tounen ba li, se mwen menm k'ap pote fòt la devan l jouk jou mwen mouri. Se poutèt sa, mèt, tanpri, kite ti bway la ale avèk frè l yo, kite m pran plas li. Gade m pou esklav ou. Mwen pa konnen ki pye pou m ta mete devan pou m tounen kay papa m san ti gason an pa avèk nou. Mwen pa ta vle wè lapenn sa a tonbe sou papa m.

Jenèz 44:1-34 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Plus tard, Joseph donne cet ordre à son intendant : « Remplis les sacs de ces gens-là. Donne-leur autant de nourriture qu’ils peuvent en porter. Remets aussi l’argent de chacun à l’ouverture de son sac. Dans le sac du plus jeune, remets la somme qu’il voulait payer. Mets aussi ma coupe en argent. » L’intendant fait ce que Joseph lui a commandé. Le jour suivant, au lever du soleil, on laisse partir ces gens avec leurs ânes. Ils sortent de la ville, mais ils ne sont pas encore très loin. Alors Joseph dit à son intendant : « Cours derrière ces gens, rattrape-les. Interroge-les en disant : “Vous avez rendu le mal pour le bien, pourquoi donc ? Vous avez volé la coupe que mon maître utilise pour boire et pour deviner l’avenir. Ce que vous avez fait là, c’est mal.” » L’intendant les rattrape et il leur dit ces paroles. Les frères de Joseph répondent : « Monsieur l’intendant, pourquoi nous accuser de cette façon ? Nous ne sommes pas capables de faire une chose pareille ! Nous avons rapporté de Canaan l’argent que nous avons retrouvé à l’ouverture de nos sacs. Ce n’est sûrement pas pour voler de l’argent ou de l’or dans la maison de ton maître ! Monsieur l’intendant, si on trouve une coupe dans les bagages de l’un de nous, il faut le faire mourir. Et nous, nous serons tes esclaves. » L’intendant répond : « D’accord ! Faisons comme vous dites. Mais celui chez qui on trouvera la coupe, celui-là sera mon esclave, et les autres seront libres. » Chacun descend rapidement son sac de blé et il l’ouvre. L’intendant fouille tous les sacs. Il commence par le sac du frère aîné et il finit par celui du plus jeune. On trouve la coupe dans le sac de Benjamin. Alors ils déchirent leurs vêtements. Chacun remet le sac sur son âne, et ils retournent à la ville. Juda et ses frères arrivent à la maison de Joseph. Joseph est encore là. Ils s’inclinent jusqu’à terre devant lui. Joseph leur dit : « Pourquoi est-ce que vous avez agi de cette façon ? Un homme comme moi a le pouvoir de tout deviner, vous ne savez pas cela ? » Juda prend la parole et dit : « Monsieur le Gouverneur, nous ne pouvons rien répondre. Aucune parole ne peut prouver que nous ne sommes pas coupables. C’est Dieu qui a découvert notre faute. Nous serons donc tes esclaves avec celui qui avait la coupe dans son sac. » Joseph leur dit : « Non, je ne ferai pas cela, quelle horreur ! Celui qui avait la coupe dans son sac, c’est celui-là seulement qui sera mon esclave. Vous, rentrez en paix chez votre père. » Juda s’avance vers Joseph et dit : « Monsieur le Gouverneur, tu es aussi important que le roi d’Égypte. C’est pourquoi, je t’en prie, ne te mets pas en colère contre moi. Mais permets-moi de te dire quelque chose. La première fois, tu nous as demandé si nous avions encore notre père et un autre frère. Nous avons répondu : “Nous avons encore notre vieux père et un frère plus jeune. Notre père a eu cet enfant quand il était déjà vieux et il l’aime beaucoup. En effet, c’est le seul enfant qui lui reste de sa femme préférée. L’autre fils est mort.” Tu nous as dit : “Amenez-le-moi, je veux m’occuper de lui.” Nous avons répondu : “Cet enfant ne peut pas quitter son père. S’il le quitte, son père mourra.” Mais tu nous as dit : “Si votre plus jeune frère ne revient pas avec vous, je ne vous recevrai pas.” Donc, quand nous sommes retournés auprès de notre père, ton serviteur, nous lui avons répété tes paroles. Plus tard, notre père nous a dit : “Allez encore acheter de la nourriture.” Nous lui avons répondu : “Nous ne pouvons pas aller en Égypte sans notre plus jeune frère. S’il vient avec nous, nous irons là-bas. S’il ne vient pas avec nous, le gouverneur d’Égypte ne nous recevra pas.” Notre père nous a répondu : “Vous le savez, ma femme Rachel m’a donné seulement deux fils. L’un des deux m’a quitté et j’ai dit : Une bête sauvage l’a sûrement dévoré. En effet, jusqu’à maintenant, je ne l’ai jamais revu. Vous voulez encore m’enlever ce fils ! Je suis vieux. Si un malheur lui arrive, je mourrai de chagrin par votre faute.” « Maintenant donc, Monsieur le Gouverneur, je ne peux pas rentrer chez mon père sans ramener l’enfant. La vie de mon père est trop liée à la sienne. S’il ne le voit pas revenir, il va mourir. Nous serons alors coupables de l’avoir fait mourir de chagrin dans sa vieillesse. De plus, j’ai déclaré que j’étais responsable de l’enfant devant mon père. Je lui ai dit : “Si je ne le ramène pas auprès de toi, je porterai cette faute devant toi toute ma vie.” Je t’en prie, permets-moi de rester ici comme esclave à ton service, à la place de l’enfant. Laisse-le repartir avec ses frères. Je ne pourrai jamais retourner chez mon père si l’enfant n’est pas avec moi. Je ne supporterais pas de voir le malheur qui frapperait mon père. »

Jenèz 44:1-34 New International Version (NIV)

Now Joseph gave these instructions to the steward of his house: “Fill the men’s sacks with as much food as they can carry, and put each man’s silver in the mouth of his sack. Then put my cup, the silver one, in the mouth of the youngest one’s sack, along with the silver for his grain.” And he did as Joseph said. As morning dawned, the men were sent on their way with their donkeys. They had not gone far from the city when Joseph said to his steward, “Go after those men at once, and when you catch up with them, say to them, ‘Why have you repaid good with evil? Isn’t this the cup my master drinks from and also uses for divination? This is a wicked thing you have done.’ ” When he caught up with them, he repeated these words to them. But they said to him, “Why does my lord say such things? Far be it from your servants to do anything like that! We even brought back to you from the land of Canaan the silver we found inside the mouths of our sacks. So why would we steal silver or gold from your master’s house? If any of your servants is found to have it, he will die; and the rest of us will become my lord’s slaves.” “Very well, then,” he said, “let it be as you say. Whoever is found to have it will become my slave; the rest of you will be free from blame.” Each of them quickly lowered his sack to the ground and opened it. Then the steward proceeded to search, beginning with the oldest and ending with the youngest. And the cup was found in Benjamin’s sack. At this, they tore their clothes. Then they all loaded their donkeys and returned to the city. Joseph was still in the house when Judah and his brothers came in, and they threw themselves to the ground before him. Joseph said to them, “What is this you have done? Don’t you know that a man like me can find things out by divination?” “What can we say to my lord?” Judah replied. “What can we say? How can we prove our innocence? God has uncovered your servants’ guilt. We are now my lord’s slaves—we ourselves and the one who was found to have the cup.” But Joseph said, “Far be it from me to do such a thing! Only the man who was found to have the cup will become my slave. The rest of you, go back to your father in peace.” Then Judah went up to him and said: “Pardon your servant, my lord, let me speak a word to my lord. Do not be angry with your servant, though you are equal to Pharaoh himself. My lord asked his servants, ‘Do you have a father or a brother?’ And we answered, ‘We have an aged father, and there is a young son born to him in his old age. His brother is dead, and he is the only one of his mother’s sons left, and his father loves him.’ “Then you said to your servants, ‘Bring him down to me so I can see him for myself.’ And we said to my lord, ‘The boy cannot leave his father; if he leaves him, his father will die.’ But you told your servants, ‘Unless your youngest brother comes down with you, you will not see my face again.’ When we went back to your servant my father, we told him what my lord had said. “Then our father said, ‘Go back and buy a little more food.’ But we said, ‘We cannot go down. Only if our youngest brother is with us will we go. We cannot see the man’s face unless our youngest brother is with us.’ “Your servant my father said to us, ‘You know that my wife bore me two sons. One of them went away from me, and I said, “He has surely been torn to pieces.” And I have not seen him since. If you take this one from me too and harm comes to him, you will bring my gray head down to the grave in misery.’ “So now, if the boy is not with us when I go back to your servant my father, and if my father, whose life is closely bound up with the boy’s life, sees that the boy isn’t there, he will die. Your servants will bring the gray head of our father down to the grave in sorrow. Your servant guaranteed the boy’s safety to my father. I said, ‘If I do not bring him back to you, I will bear the blame before you, my father, all my life!’ “Now then, please let your servant remain here as my lord’s slave in place of the boy, and let the boy return with his brothers. How can I go back to my father if the boy is not with me? No! Do not let me see the misery that would come on my father.”

Jenèz 44:1-34 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Joseph ordonna à l’intendant de sa maison : Remplis les sacs de ces hommes d’autant de vivres qu’ils peuvent en contenir, et remets l’argent de chacun à l’entrée de son sac. Tu mettras ma coupe, la coupe d’argent, à l’ouverture du sac du plus jeune, avec l’argent de son blé. L’intendant exécuta les ordres de Joseph. Le lendemain matin, dès qu’il fit jour, on laissa partir ces gens avec leurs ânes. Ils venaient de quitter la ville, et n’en étaient pas encore bien loin, quand Joseph dit à son intendant : Va, poursuis ces gens ! Quand tu les auras rejoints, tu leur demanderas : « Pourquoi avez-vous rendu le mal pour le bien ? Pourquoi avez-vous volé la coupe dont mon maître se sert pour boire et pour lire les présages ? Vous avez mal agi. » L’intendant les rattrapa donc et leur parla comme son maître le lui avait dit. Ils lui répondirent : Pourquoi mon seigneur dit-il pareille chose ? Tes serviteurs n’ont jamais eu la pensée de commettre une telle action ! Nous t’avons rapporté du pays de Canaan l’argent que nous avons trouvé à l’ouverture de nos sacs. Pourquoi aurions-nous donc volé de l’argent ou de l’or dans la maison de ton maître ? Que celui de tes serviteurs chez qui on trouvera cette coupe soit mis à mort et que nous-mêmes nous devenions esclaves de mon seigneur ! L’intendant répondit : Bien ! Je vous prends au mot ! Celui sur qui on la trouvera sera mon esclave, mais les autres seront innocentés. Ils se hâtèrent de déposer chacun son sac par terre et de l’ouvrir. L’intendant fouilla leurs sacs en commençant par celui de l’aîné et en finissant par celui du plus jeune. Et la coupe fut trouvée dans le sac de Benjamin. Ils déchirèrent leurs vêtements, chacun rechargea son âne, et ils retournèrent à la ville. Juda se rendit avec ses frères à la maison de Joseph ; celui-ci s’y trouvait encore ; ils se prosternèrent à terre devant lui. Joseph leur dit : Qu’est-ce que vous avez fait là ? Ne saviez-vous pas qu’un homme tel que moi a un pouvoir de divination ? Juda dit : Que répondrons-nous à mon seigneur ? Que dirions-nous ? Comment nous justifier ? Dieu a mis à découvert la faute de tes serviteurs. Nous voici donc les esclaves de mon seigneur, nous, ainsi que celui qui avait la coupe dans son sac. Mais Joseph déclara : Il ne me viendrait pas à l’idée d’agir ainsi ! L’homme dans le sac duquel on a trouvé la coupe sera mon esclave ; mais vous, retournez tranquillement chez votre père. Alors Juda s’avança et dit : De grâce, mon seigneur, permets à ton serviteur de dire une parole à mon seigneur, sans que ta colère s’enflamme contre ton serviteur, car tu es l’égal du pharaon. La première fois, mon seigneur a questionné ses serviteurs en leur demandant : « Avez-vous un père ou un autre frère ? » Et nous avons répondu à notre seigneur : « Nous avons un père âgé et un jeune frère qui lui est né dans sa vieillesse et dont le frère est mort, celui-ci est le seul fils qui soit resté de sa mère, et son père l’aime. » Tu as commandé à tes serviteurs : « Amenez-le-moi pour que je le voie de mes propres yeux. » Nous avons répondu à mon seigneur : « Le jeune garçon ne peut pas quitter son père ; sinon celui-ci en mourra. » Alors tu as déclaré à tes serviteurs : « Si votre jeune frère ne vient pas avec vous, vous ne serez plus admis en ma présence. » Lorsque nous sommes revenus auprès de ton serviteur, mon père, nous lui avons rapporté les paroles de mon seigneur. Et lorsque notre père a dit : « Retournez là-bas pour nous acheter quelques vivres », nous lui avons répondu : « Nous ne pouvons y retourner qu’à la condition d’emmener notre jeune frère, car s’il n’est pas avec nous, nous ne serons pas admis auprès de cet homme. » Alors ton serviteur, mon père, nous a dit : « Vous savez vous-mêmes que ma femme m’a donné deux fils. Le premier, parti de chez moi, a été, je pense, dévoré par une bête sauvage, et jusqu’à ce jour, je ne l’ai plus revu. Vous prenez encore celui-ci pour l’emmener loin de moi ; s’il lui arrive malheur, vous me ferez mourir de douleur à mon grand âge. » Maintenant donc, si je retourne auprès de ton serviteur, mon père, sans ramener avec nous le jeune homme auquel il est tellement attaché, quand il verra que le garçon n’est pas là, il mourra, et tes serviteurs seront responsables de l’avoir fait mourir de douleur dans son grand âge. Car moi, ton serviteur, j’ai pris la responsabilité du jeune homme devant mon père ; je lui ai dit : « Si je ne te le ramène pas, je serai pour toujours coupable envers mon père. » Maintenant donc, je te prie, permets à ton serviteur de rester comme esclave de mon seigneur à la place du jeune homme, et qu’il reparte avec ses frères. Comment pourrais-je retourner chez mon père sans le garçon ? Ah, que je ne sois pas témoin du malheur qui frapperait mon père !